89 Bible Verses About Decision Making
Bib Sen An (BSA)
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
-
2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.
5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a,
-
13 Mwen te bannou yon peyi pou sila nou pa t travay, vil ke nou pa t bati e nou te viv ladan yo. N ap manje nan chan rezen avèk chan doliv ke nou pa t plante.’
14 “Koulye a, pou sa, gen lakrent SENYÈ a e sèvi Li avèk bon kè ak verite. Mete akote dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a ak an Égypte pou sèvi SENYÈ a. 15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
28 Epi koulye a, timoun yo, rete nan Li, jis pou lè L vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini. 29 Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati ne de Li.
-
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”
-
26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
-
4 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;
enstwi m nan chemen Ou yo.
5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,
Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;
se Ou m ap tann tout lajounen.
-
14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
1 Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo? 2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. 3 Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.
4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”
6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”
7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.
11 Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li. 12 Gen yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?
13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste. 17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.
-
8 Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten,
e gerizon ou va vòltije vit devan ou.
Ladwati ou va ale devan ou,
e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.
9 Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn.
Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’.
“Si ou retire jouk la nan mitan nou,
sispann pwente dwat sou lòt
e sispann pale mechanste;
10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou,
e satisfè dezi a aflije a;
nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa,
e tristès ou va klere kon gran lajounen.
11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan,
satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo,
e bay fòs a zo ou yo.
Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze
e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.
-
13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14 Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
15 “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
15 Nou wè, jodi a Mwen te mete devan nou lavi avèk abondans, oswa lanmò avèk tout sa ki pa bon. 16 Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a. 17 Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo, 18 Mwen deklare a nou jodi a ke nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a. 19 Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo, 20 nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”
-
1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
4 si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
6 Paske, SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
-
26 Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: “Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!” Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li.
-
8 Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye. 9 Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
10 Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar. 11 Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.
-
8 Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten,
paske mwen mete konfyans mwen nan Ou.
Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a,
paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.
-
15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
-
31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.
-
16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
19 Pa etenn Lespri Sen an. 20 Pa meprize pawòl pwofetik yo. 21 Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an 22 e evite tout kalite mal.
-
24 Pa lafwa, Moïse lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an; 25 men li te chwazi pito sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo. 26 Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.
-
21 Élie te pwoche tout pèp la e te di: “Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.”
Men moun yo pa t reponn menm yon mo.
-
26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
-
Yon sòm David
1 Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li mennen m akote dlo pezib yo.
3 Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
5 Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
Tas mwen fin debòde nèt.
6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.
-
7 Lalwa SENYÈ a pafè
Li rekonfòte nanm.
Temwayaj SENYÈ a vrè,
k ap fè saj yo senp.
8 Prensip a SENYÈ yo dwat,
ki fè kè rejwi.
Kòmandman SENYÈ a san tach.
Li fè zye yo limen.
9 Lakrent SENYÈ a pi;
Li dire jis pou tout tan.
Jijman SENYÈ yo vrè;
Yo jis san manke.
10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.
Yo pi dous pase myèl, pase siwo a
ki tonbe nan gato myèl la.
11 Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a
resevwa avètisman pou fè atansyon.
Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.
-
104 Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann.
Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo.
NUN
105 Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e
yon limyè nan pa pye mwen.
-
38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.
39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”
41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”
-
15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
11 Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Koré a.
12 Moun sa yo se resif yo k ap kache nan fèt lanmou sen nou yo, lè yo vin fete avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van, bwa sezon fredi, san fwi, de fwa mò, dechouke menm; 13 volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite enpirite; zetwal eran pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.
14 Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye a moun sen pa Li yo, 15 pou egzekite jijman sou tout, epi pou rannkont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè san fwa yo te pale kont Li.”
16 Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fot, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flate moun, pou yo kapab gen yon avantaj.
17 Men nou, byeneme yo dwe sonje pawòl yo ki te pale oparavan pa apot a Senyè nou yo, Jésus Kri 18 ke yo t ap di a nou ke “Nan dènye tan yo, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.” 19 Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun k ap reflechi kon lemonn, ki san Lespri a.
20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl. 22 Fè mizerikòd sou kèk moun k ap doute, 23 sove lòt yo. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.
24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.
-
9 Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”
10 Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a. 11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, 12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou. 13 Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo. 14 Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”
-
14 Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe;
men ak anpil konseye, gen viktwa.
-
2 Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou. 3 Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.”
-
23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.
Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.
24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e
mennen mwen nan chemen etènèl la.
-
36 Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an 37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.
-
35 Li te di yo: “Moun Israël yo, veye nou menm ak sa nou gen entansyon fè avèk mesye sila yo, 36 Paske pa anpil jou avan sa, te leve yon Theudas ki t ap pretann li menm te yon pèsonaj, epi yon gwoup kat-san òm te vin jwenn avèk li. Men yo te touye li, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye, e pa t reyalize anyen.
37 “Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.
38 “Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a sòti nan lòm, li va boulvèse. 39 Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap goumen kont Bondye menm.”
-
8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen
nan sila ou dwe ale a.
Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
9 Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,
ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.
Otreman, yo p ap vin kote ou.
-
22 San konsèy, plan yo vin jennen;
men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.
-
18 Disip a Jean avèk Farizyen yo t ap fè jèn, epi yo te vin di L: “Poukisa disip a Jean avèk disip a Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè L?”
19 Jésus te di yo: “Pandan jenn gason k ap marye a avèk yo, èske patisipan fèt yo fè jèn? Non, depi jennonm nan la, yo pa kapab fè jèn. 20 Men jou yo ap vini lè jennonm nan va retire de yo. Konsa, nan jou sa a, ya fè jèn.
21 “Pèsòn pa koud yon mòso twal ki poko lave sou yon vye rad, pou lè l fin lave, twal nèf la pa sere e separe de li; nèf la va kite ansyen an, e rad la va vin chire pi mal. 22 E pèsòn pa mete diven nèf nan ansyen veso kwi; otreman, diven an va pete kwi a e diven an va vin pèdi, ansanm ak kwi a; men diven nèf toujou ale nan veso kwi ki fre.”
-
1 Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa yon lafwa menm jan ak nou yo, pa ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri: 2 Ke lagras ak lapè vin miltipliye a nou menm nan konesans a Bondye ak Jésus, Senyè nou an, 3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. 4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.
5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.
8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Paske, sila ki manke kalite sa yo avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo.
10 Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe. 11 Paske lè nou aji nan fason sa a, antre nan wayòm etènèl Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri, va toujou disponib a nou menm an abondans.
-
4 Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la. 5 Li te vin rive apre ke konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la. 6 Epi li te di a mesye pa li yo: “Se lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.” 7 David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li.
-
16 Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a. 17 Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa. 18 Men menm si li pa fè sa, kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.”
-
27 “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, 28 pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak volonte Ou te deja planifye, pou fèt.
-
6 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.
-
4 Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”
5 Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”
6 Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.
-
19 Konsa, Joseph te di yo: “Pa pè; èske mwen nan plas Bondye? 20 Pou nou menm, nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun.
-
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
36 Gédéon te di a Bondye: “Si Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a, 37 gade byen, mwen va mete yon touf len sou glasi a; si gen lawouze sèl sou touf la, e li sèch sou tout tè a, alò, mwen va konnen ke Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a.”
38 Epi se konsa sa te ye. Lè li leve granmaten e te peze touf la, li peze fè sòti nan touf la yon bòl plen dlo.
39 Alò, Gédéon te di a Bondye: “Pa kite kòlè ou brile kont mwen pou m kab pale yon fwa ankò. Souple, kite mwen fè yon tès yon fwa ankò avèk touf la. Kite sa fèt, koulye a, ke se sèl touf la ki sèch e kite l gen lawouze sou tout tè a.” 40 Bondye te fè sa nan nwit lan; paske li te seche sèl touf la e lawouze te sou tout tè a.
-
4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;
se li mwen va chache:
pou m ta kab rete lakay SENYÈ a
tout jou lavi m yo,
pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e
reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
-
9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,
men sila ki chache SENYÈ yo,
p ap manke okenn bon bagay.
11 Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
Chache lapè e fè efò pou twouve li.
15 Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.
Zòrèy Li koute kri yo.
-
13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
14 Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.
Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.
-
BETH
9 Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?
Nan kenbe li selon pawòl Ou.
-
11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,
pou m pa t peche kont Ou.
-
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
-
23 Konsa pale SENYÈ a:
“Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.
Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,
ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
-
8 Men Daniel te pran desizyon nan panse li pou li pa t souye tèt li ak meyè manje a wa a, ni ak diven li te konn bwè a. Konsa, li te chache pèmisyon a chèf nan linik yo pou li pa ta souye tèt li.
-
8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.
Ki sa SENYÈ a egzije de ou?
Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,
e mache nan imilite ak Bondye ou a?
-
19 Li te di yo: “Swiv Mwen e M ap fè nou vin fè lapèch moun.”
20 Lapoula, yo te kite filè yo pou yo te swiv Li.
-
13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
-
12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
-
35 Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv. 36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.
38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.
40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”
-
1 Li te antre Jéricho e t ap travèse.
2 La te gen yon mesye yo te rele Zachée. Li te chèf a kolektè kontribisyon yo, e li te rich. 3 Zachée t ap fè efò pou ta kab wè kilès Jésus te ye, paske li te piti nan tay. 4 Donk li te kouri devan yo, e li te monte yon pyebwa ki relesikomò pou l ta kapab wè Li, paske Li te gen pou pase pa la.
5 Lè Jésus te rive nan lye a, Li te gade anlè, e te di: “Zachée, fè vit desann, paske jodi a fòk Mwen rete lakay ou.”
6 Li te kouri desann, e te resevwa Li avèk jwa.
7 Lè yo te wè sa, yo tout te kòmanse plenyen pou di: “Li vin rete lakay a yon pechè.”
8 Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”
9 Jésus te di li: “Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se yon fis Abraham. 10 Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”
-
36 “Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”
37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.
-
19 “Konsa, se jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo, 20 men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san. 21 Paske Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li konn li nan sinagòg yo chak Saba.”
22 Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo.
-
28 “Paske li te parèt bon pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: 29 pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”
-
6 Yo te travèse rejyon a Phrygie ak Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie. 7 Lè yo te vini Mysie, yo te eseye antre Bithynie, men Lespri Jésus a pa t pèmèt yo. 8 Lè yo te kite Mysie, yo te desann Troas.
9 Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.” 10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.
-
25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.
26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.
27 Jandam prizon an te leve nan dòmi, e lè l te wè tout pòt yo te vin ouvri, li te rale nepe pou touye tèt li, paske li te sipoze ke prizonye yo te chape.
28 Men Paul te kriye ak yon vwa fò pou di l: “Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!”
29 Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan Paul ak Silas, 30 te mennen yo deyò, e li te mande yo: “Mesye yo kisa mwen dwe fè pou m ta sove?”
31 Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.” 32 Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.
33 Li te pran yo nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. 34 Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk tout lakay li.
-
9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.
-
15 Epi premyèman, se te nan konfyans sila ke m te gen entansyon pou vin kote nou an, pou nou ta kapab resevwa yon benediksyon doub. 16 Sa vle di, pou pase kote nou nan antre Macédoine, e osi nan soti Macédoine pou m vin kote nou, pou nou ta kapab ede m nan vwayaj mwen pou rive Judée. 17 Konsa, èske m te varye lè m te fè nou konnen entansyon sa a? Oswa sa ke m te propoze a, èske m te propoze li selon lachè? Konsa, li ta sanble wi e non ansanm k ap di nan menm lè a? 18 Men jan Bondye fidèl la, pawòl nou anvè ou menm se pa wi avèk non ansanm. 19 Paske Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm.
-
20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.
-
12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
-
10 Alò te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki fè Abram desann an Égypte pou pase yon tan, akoz gwo grangou a te tèlman di nan peyi a.
11 Li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl! 12 Lè Ejipsyen yo wè ou, yo va di: ‘Sa se madanm li.’ Konsa, yo va touye mwen, men yo va kite ou viv. 13 Souple, di ke se sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.”
-
1 Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar. 2 Konsa, Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an. Petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.
3 Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li.
-
1 Alò, lè pèp la te wè ke Moïse te fè reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble vè Aaron e yo te di li: “Vini, fè pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.”
2 Aaron te di yo: “Chire retire zanno lò ki nan zòrèy a Madanm nou yo, fis nou yo, ak fi nou yo, e pote yo ban mwen.” 3 Epi tout pèp la te chire zanno lò ki te nan zòrèy pa yo. Yo te pote yo bay Aaron. 4 Li te pran yo nan men yo; li te fè desen li avèk yon zouti pou grave, e li te fonn li pou fè yon jèn towo. Konsa yo te di: “Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou sòti nan peyi Égypte la.”
-
12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
-
23 Men Gédéon te di yo: “Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se SENYÈ a k ap renye sou nou.” 24 Men Gédéon te di yo: “Mwen ta fè yon demand a nou, pou nou chak ta ban mwen yon zanno soti nan piyaj li yo.” (Paske yo te gen zanno an lò, akoz se te Izmayelit ke yo te ye.)
25 Yo te di: “Anverite, n ap bay yo.” Konsa, yo te ouvri yon vètman e yo chak te jete yon zanno la soti nan piyaj yo. 26 Pèz a zanno lò sila ke li te mande yo se te mil-sèt-san sik, anplis bijou yo, kolye zòrèy yo, manto mov ki te pou wa Madian yo, e anplis, kolye kou chamo ki te sou kou chamo yo. 27 Gédéon te sèvi l pou fòme yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.
-
1 Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem. 2 Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li. 3 Konsa, David te voye mande konsèy sou fanm sa a. Epi youn te di: “Èske sa se pa Bath-Schéba, fis a Éliam nan, fanm a Urie a, Itit la?”
4 David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li.
-
14 Chache sa ki bon e pa sa ki mal,
pou nou ka viv;
epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,
jis jan nou te pale a!
15 Rayi mal e renmen sa ki bon,
e etabli jistis nan pòtay la!
Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo
ka fè gras a retay Joseph la.”
-
1 Pawòl SENYÈ a te vini a Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di: 2 “Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske mechanste yo monte devan Mwen.”
3 Men Jonas te leve al kacheTarsis pou evite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l evite prezans SENYÈ a.
4 Men SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt. 5 Answit, ouvriye bato yo te vin pè e yo chak te kriye a pwòp dye pa yo. Yo te vide chaj ki te nan bato a nan lanmè a pou te fè l pi lejè. Men Jonas te ale anba nan fon bato a, epi kote li te kouche a, li te tonbe dòmi. 6 Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve rele dye pa ou a. Petèt dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”
-
31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.
34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.
44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’
45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”
-
14 Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo. 15 Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?”
Yo te peze bay li trant pyès ajan. 16 Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.
-
1 Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò. 2 Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.
-
10 Judas Iscariot, ki te youn nan douz yo, te ale bò kote chèf prèt yo pou li ta kapab trayi Jésus a yo menm. 11 Yo te kontan lè yo te tande sa, e te pwomèt li lajan. Konsa, li t ap chache kijan pou trayi Li nan yon moman favorab.
-
9 “Donk Mwen di nou: Mande, e nou va resevwa. Chache e nou va twouve. Frape, e l ap ouvri bannou. 10 Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.
11 “Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon koulèv? 12 Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon? 13 Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”
-
16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
21 “Konsa se mesye a kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
-
26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen. 27 Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.
28 “Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l? 29 Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz. 30 Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
31 “Oubyen ki wa, lè li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabòkalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil? 32 Otreman, pandan lòt la toujou lwen, l ap voye yon delegasyon pou mande kondisyon pou fè lapè.
-
1 Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon mòso tè. 2 Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te mete l nan pye apòt yo.
3 Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. 4 Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”
5 Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.
6 Jennjan yo te leve li, vlope li nan yon twal e te pote l deyò pou te antere l.
7 Nan anviwon twazèdtan, madanm li, san konnen sa ki te rive a, te antre.
8 Pierre te di li: “Di m si ou te vann tè a pou yon pri konsa?” Li te di: “Wi, pou yon pri konsa”.
9 Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.”
10 Konsa li te tonbe atè e te rann dènye souf li. Jennjan yo te antre, yo twouve li tou mouri e te pote l ale. Yo te antere li bò kote mari li.
11 Yon gwo laperèz te vin tonbe sou tout legliz la, e sou tout sila ki te tande bagay sa yo.
-
1 Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.
2 Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo. 3 Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a. 4 Men nou menm nou va dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”
-
14 Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li. 15 Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.”
16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”
18 Lè li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò.
19 Konsa yo ale ansanm jis rive Bethléhem. Lè yo te rive Bethléhem, tout vil la te boulvèse akoz yo menm. Fanm yo te di: “Se Naomi sa a?” 20 Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske Toupwisan an te aji byen anmè avè m. 21 Mwen te sòti plen, men SENYÈ a mennen m tounen vid. Poukisa nou rele m Naomi, konsi SENYÈ a gen tan temwaye kont mwen, e Toupwisan an te aflije mwen?” 22 Konsa Naomi te retounen, epi avèk li, Ruth, Moabit la, bèlfi li ki te retounen soti nan peyi Moab la. Yo te vini Bethléhem nan kòmansman rekòlt lòj la.
Shows Read in context, Share and Copy.