51 Bible Verses About Teaching Children

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Teaching Children
  1. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  2. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

    4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  3. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  4. 18 Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou. 19 Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve. 20 Nou va ekri yo nan poto chanbrann lakay nou ak sou pòtay nou yo, 21 jis pou jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a.

    22 “Paske si nou fè atansyon pou kenbe tout kòmandman sa yo ke mwen ap kòmande nou pou fè yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan tout chemen Li yo e kenbe fèm a Li, 23 alò, SENYÈ a va chase tout nasyon yo soti devan nou; epi nou va deplase nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo. 24 Nenpòt kote ke pye nou pile va vin pou nou; lizyè nou va soti nan dezè a pou jis rive Liban, soti nan rivyè a, Rivyè Euphrate la, pou jis rive nan lanmè lwès la. 25 P ap gen pèsòn ki kapab kanpe devan nou. SENYÈ a, Bondye nou an, va mete gwo panik de nou ak laperèz nou sou tout peyi kote nou foule pye nou yo, jan Li te deja pale nou an.

  5. Yon Sòm a Asaph

    1  Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen.

    Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.

    2 Mwen va ouvri bouch mwen avèk yon parabòl.

    Mwen va pale pawòl fonse a tan ansyen yo,

    3 ke nou te tande, konnen e ke

    papa zansèt nou yo te fè nou konprann.

    4 Nou p ap kache yo a pitit nou yo,

    men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,

    fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.

    5 Paske Li te etabli yon temwayaj

    nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël,

    sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo

    pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.

    6 Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen.

    Menm pou sila ki poko fèt yo,

    pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,

    7 pou yo kab mete konfyans yo

    nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo,

    men kenbe kòmandman Li yo.

    8 Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo,

    yon jenerasyon tèt di e rebèl,

    yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl,

    ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.

  6. 13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

    14 Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”. 15 Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.

  7. 14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  8. 8 Oswa ki gran nasyon ki genyen avèk règleman ak jijman ki dwat tankou sa ke mwen ap mete devan nou jodi a?

    9 “Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo. 10 Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’

  9. 1 Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:

    2 pou konnen sajès avèk enstriksyon,

    Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,

    3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,

    ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;

    4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.

    5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li

    e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,

    6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.

    7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;

    sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.

    8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

    9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,

    ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

  10. 13 Pa ralanti disiplin sou yon timoun;

    malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.

    14 Ou va frape li ak baton

    pou delivre nanm li de sejou mò yo.

  11. 5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:

    “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,

    ni vin febli lè nou korije pa Li;

    6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,

    e Li fwete tout fis ke L resevwa.”

    7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

    9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  12. 21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.

  13. 3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

    6 Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.

  14. 24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;

    men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.

  15. 15 Foli mare nan kè a yon timoun;

    baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.

  16. 13 Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a;

    pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.

  17. 11 Vini, pitit, koute mwen.

    Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.

  18. 1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

    men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

    2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

    va vin ogmante sou ou.

  19. 18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

  20. 18 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;

    pa chache lanmò li.

  21. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  22. 13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.

    14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.

    15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.

    16 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.

  23. 1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”

    2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.

    5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen. 6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.

  24. 8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  25. 1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,

    e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,

    2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;

    e enkline zòrèy ou vè bon konprann,

    3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;

    e leve vwa ou vè bon konprann;

    4 si ou chache li kon ajan,

    e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;

    5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,

    e dekouvri konesans Bondye a.

    6 Paske, SENYÈ a bay sajès.

    Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.

    7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.

    Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,

    8 K ap veye chemen lajistis yo,

    e pwoteje chemen a fidèl Li yo.

    9 Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis,

    e menm egalite avèk tout bon chemen yo.

    10 Paske, sajès va antre nan kè ou,

    e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.

    11 Bon konprann va pwoteje ou,

    konesans va veye sou ou,

    12 pou pwoteje ou kont chemen mal la,

    kont lòm ki pale bagay pèvès yo.

    13 Kont sila ki kite chemen ladwati yo

    pou mache nan chemen fènwa yo;

    14 ki pran plezi nan fè sa ki mal

    e rejwi nan mechanste mal la.

    15 Chemen a sila ki vin kwochi yo

    e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.

    16 Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a,

    soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;

    17 ki kite konpanyen jenès li a,

    e ki bliye akò a Bondye li;

    18 paske lakay li mennen a lanmò

    e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.

    19 Pèsòn ki ale kote li menm, pa retounen ankò,

    ni yo pa jwenn pa lavi.

    20 Akoz sa a, ou va mache nan chemen a sila ki bon yo,

    e swiv tras a moun ladwati yo.

    21 Paske moun dwat yo va viv nan peyi a,

    e sila ki san tò yo va rete ladann;

    22 men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a,

    e moun trèt yo va dechouke de li.

  26. 15 Baton ak repwòch bay sajès;

    men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.

  27. 13 Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.

    14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo. 15 Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”

    16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.

  28. 14 Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt.

  29. 2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.

    3 Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo.

  30. 11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,

    pou m pa t peche kont Ou.

  31. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  32. 20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou

    e pa abandone enstriksyon manman ou.

    21 Mare yo tout tan sou kè ou;

    mare yo nan kou ou.

    22 Lè ou mache toupatou, yo va gide ou.

    Lè ou dòmi, yo va veye sou ou.

    Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.

  33. 36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

    40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

  34. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  35. 20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.

  36. 14 “Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la. 15 Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’ 16 Alò li va sèvi kòm yon sign sou men ou e kòm yon bando bwat kwi komemoratif ki mare sou fwon tèt ou; paske avèk yon men pwisan, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.”

  37. 1 Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,

    e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,

    2 Paske mwen bay ou bon konsèy;

    pa abandone enstriksyon mwen.

    3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m,

    byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,

    4 Alò, li te enstwi mwen e te di mwen:

    “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;

    kenbe lòd mwen yo pou ou viv.

  38. 21 “Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”

    22 Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”

    23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”. 24 Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.

  39. 12 Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.

    13 Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo bebe toujou. 14 Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.

  40. 19 Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”

  41. 11 Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.

    12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou. 13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.

  42. 19 Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la.

  43. 13 Nou rele M ‘Mèt’, epi ‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye. 14 Pou sa, si Mwen, Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt. 15 Paske Mwen te bay nou yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.

    16 “Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la. 17 Si nou konnen bagay sa yo, nou beni si nou fè yo.

  44. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.

    43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.

    44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.

    Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

  45. 17 Se pou rezon sa a, mwen voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo.

  46. 5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

  47. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

  48. 12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.

  49. 1 Paul yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus, 2 a Timothée fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.

    3 Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4 avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.

    5 Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.

  50. 1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2 se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3 Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an. 4 Epi lè Chèf Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.

    5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.

  51. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.