43 Bible Verses About Discouragement
Bib Sen An (BSA)
-
28 Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
-
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.
-
6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.
-
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
-
21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
-
9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.
-
4 Yo te sòti nan Mòn Hor pa wout Lamè Wouj la, pou travèse peyi Édom an. Epi pèp la te vin pèdi pasyans akoz vwayaj la. 5 Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e nou rayi move manje sila a.”
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo
va vin wont e dezonore.
Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo va peri.
12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,
men ou p ap jwenn yo.
Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo p ap egziste ankò.
13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
ki soutni men dwat Ou,
ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.
14 “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la,
nou menm mesye Israël yo.
Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a.
“Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.
-
3 Yon wozo ki brize, Li p ap kase,
e yon fisèl bouji ki brile fèb,
Li p ap etenn.
Ak fidelite, Li va mennen lajistis
e fè l vin parèt.
4 Li p ap dekouraje oswa vin kraze
jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè,
epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”
-
29 “Konsa, mwen te di nou: ‘Pa etone, ni pa pè yo. 30 SENYÈ a, li menm, ki ale devan nou an, va, Li menm, goumen pou nou, jis jan ke Li te fè pou nou an Égypte la devan zye nou, 31 epi nan dezè a kote nou te wè kijan SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’”
-
8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”
-
15 Epi li te di: “Koute, tout Juda avèk pèp Jérusalem nan ak Wa Josaphat: konsa pale SENYÈ a a nou menm: ‘Pa pè, ni pa pèdi kouraj akoz gran foul sila a, paske batay la pa pou nou, men se pou Bondye li ye.
-
6 O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen.
Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi
Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.
7 Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo.
Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.
8 SENYÈ a va òdone lanmou dous Li a nan lajounen,
chan Li yo va avèk mwen pandan nwit lan:
Yon lapriyè a Bondye lavi mwen an.
9 Mwen va di a Bondye, wòch mwen an:
“Poukisa Ou te bliye mwen?
Poukisa mwen antre nan tristès akoz opresyon lènmi an?”
10 Se tankou tout zo mwen yo kraze,
jan advèsè mwen yo anmède mwen,
pandan y ap di m tout lajounen:
“Kote Bondye Ou a”?
11 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?
Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen?
Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò,
O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.
-
9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.
-
10 Ankò, Filisten an te di: “Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!”
11 Lè Saül avèk tout Israël te tande pawòl a Filisten an, yo te sezi e pè anpil.
-
7 “Rete fò e pran kouraj, pa pè ni dekouraje akoz wa Assyrie a, ni tout gran foul la ki avè l yo; paske sila ki avèk nou an pi gran ke sila ki avè l yo.
-
9 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.
Zye m ak kò m ak nanm mwen;
tout fin gate nèt akoz doulè m.
10 Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,
ane mwen yo avèk soupi.
Fòs mwen fin ale akoz inikite m.
Kò mwen fin epwize.
11 Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te
devni yon objè abominab,
sitou a vwazen mwen yo, e yon
objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo.
Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.
12 Mwen fin bliye tankou yon moun mouri,
disparèt nan panse moun.
Mwen tankou yon veso ki fin kraze.
-
17 Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
-
22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.
Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
-
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
-
5 Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan. 6 Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an. 7 Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.
-
13 Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pasepou nou yo, paske yo se glwa nou.
-
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
-
8 Mwen va mennen nou nan peyi ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’”
9 Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a.
-
6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.
-
13 Mwen toujou gen konfyans sa a:
ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.
14 Tann SENYÈ a.
Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.
Wi, tann SENYÈ a.
-
3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.
Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
1 Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi nan vant pwason an. 2 Li te di:
“Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a,
e Li te reponn mwen.
Mwen te kriye pou sekou
depi nan pwofondè sejou mò yo.
Ou te tande vwa mwen.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
21 Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche. 22 La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”
-
11 Paske mwen anvi wè nou pou m kapab bannou kèk don Lespri a, pou nou kapab byen etabli. 12 Sa vle di, pou mwen menm kapab ankouraje ansanm avèk nou pandan mwen pami nou, nou chak pa lafwa a lòt, lafwa pa nou ak lafwa pa m tou.
-
2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
-
58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
-
11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
-
3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
Shows Read in context, Share and Copy.