45 Bible Verses About Fathers
Bib Sen An (BSA)
-
4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
-
13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
-
19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
-
11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
-
22 Koute papa ou ki te fè ou a,
e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
23 Achte verite e pa vann li!
Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,
e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
-
6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
-
7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.
9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.
-
12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
-
15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”
-
3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
-
9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
-
17 “Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou. 18 Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. 19 Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’ 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.
“Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.
22 “Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit potepi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li. 23 Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt. 24 Paske konsa, fis mwen an temouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.’ Epi yo te kòmanse fè fèt la.
-
8 Men pa fè tankou yo; paske Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li. 9 Pou tout sa, priye konsa:
“‘Papa nou ki nan syèl la,
ke non Ou kapab Sen.
10 Ke Wayòm Ou kapab vini,
ke volonte Ou kapab fèt sou latè
menm jan ke li fèt nan syèl la.
11 Bay nou pou jou sa a pen
ke nou bezwen an,
12 Epi padone nou ofans nou yo
menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.
13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.
Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a
se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
-
26 Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;
e pitit li yo va jwenn sekou.
-
13 Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.
-
7 Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;
A la beni fis ki vini apre li yo beni!
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
17 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
-
14 Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo. 15 Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an.
-
23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la.
-
15 Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
-
5 Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.
-
1 Pwovèb a Salomon yo.
Yon fis ki saj fè papa li kontan,
men yon fis ki plen ak foli
se yon gwo doulè pou manman l.
-
8 Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou,
nou se ajil la e se Ou ki mèt kanari a;
nou tout se zèv men Ou yo.
-
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou.
-
2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?)
-
17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
-
1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
-
4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.
-
3 “‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
-
10 Alò, Mica te di li: “Vin rete avè m pou vin yon papa ak yon prèt anvè mwen. Mwen va ba ou dis mòso ajan pa ane, yon vètman ak pran swen ou.” Konsa, Levit la te antre.
-
8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
-
1 Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
2 Paske mwen bay ou bon konsèy;
pa abandone enstriksyon mwen.
3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m,
byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,
4 Alò, li te enstwi mwen e te di mwen:
“Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;
kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
-
24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;
men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
-
2 Lè Belschatsar te goute diven an, li te pase lòd pou pote veso fèt an lò ak ajan ke Nebucadnetsar, papa li, te retire nan tanp ki te Jérusalem yo, pou wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo ta kapab bwè nan yo.
-
8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
-
5 Yon papa pou òfelen yo
e yon jij pou vèv yo,
se Bondye nan lye sen Li an.
6 Bondye fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an.
Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo,
men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.
-
20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
-
5 Yon moun ensanse refize disiplin a papa l;
men sila ki aksepte repwòch gen sajès.
-
16 Paske Ou se Papa nou,
malgre Abraham pa rekonèt nou,
ni Israël pa rekonèt nou.
Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou,
Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.
-
4 Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’”
5 Men nou di: “Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye, 6 li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an.
-
44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
-
14 Mwen pa ekri bagay sa yo pou fè nou wont, men pou avèti nou kòm pitit byeneme mwen. 15 Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen te devni papa nou akoz bòn nouvèl la. 16 Konsa, mwen egzòte nou, pou nou vin imitatè a mwen menm. 17 Se pou rezon sa a, mwen voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo.
-
1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.
-
4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa 5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis. 6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!”
Shows Read in context, Share and Copy.