53 Bible Verses About Guidance

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Guidance
  1. 1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

    men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

    2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

    va vin ogmante sou ou.

    3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

    5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  2. 6 Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm,

    nan yon lè ke Ou toujou disponib.

    Anverite, nan gran flèv dlo yo,

    yo p ap kab rive kote Li ankò.

    7 Ou se kote ke m konn kache a.

    Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.

    Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.

    8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen

    nan sila ou dwe ale a.

    Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.

    9 Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,

    ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.

    Otreman, yo p ap vin kote ou.

  3. 12 Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, ‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’ 13 Alò, pou sa, mwen priye Ou, si mwen twouve favè nan zye Ou, kite mwen konnen chemen pa Ou yo, pou m kapab konnen Ou, pou m kab jwenn favè nan zye Ou. Konsidere tou, ke nasyon sila a se pèp pa Ou.”

    14 Konsa, Li te di: “Prezans Mwen va ale avèk ou, e Mwen va bay ou repo.”

    15 Epi Moïse te di Li: “Si prezans Ou p ap prale avèk nou, pa mennen nou monte isit la. 16 Paske kijan pèp sa ka konnen ke mwen te twouve favè nan zye Ou, mwen avèk pèp Ou a? Èske se pa lè ou ale avèk nou, ke nou, mwen menm avèk pèp Ou a, kapab distenge pami tout lòt pèp ki rete sou fas tè a?”

    17 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen va osi fè bagay sa ke ou te pale a; paske ou twouve favè nan zye M, e Mwen konnen ou pa non Ou.”

  4. NUN

    105 Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e

    yon limyè nan pa pye mwen.

  5. 4 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;

    enstwi m nan chemen Ou yo.

    5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,

    Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;

    se Ou m ap tann tout lajounen.

  6. 23 Sepandan, mwen avè W tout tan.

    Ou te kenbe men dwat mwen.

    24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,

    e apre, resevwa mwen nan laglwa.

    25  Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?

    Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.

    26  Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,

    men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.

    27 Paske gade byen, sila ki lwen yo va peri.

    Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.

    28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.

    Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen,

    Pou m kab pale tout zèv Ou yo.

  7. 1 “Malè a bèje k ap detwi e gaye mouton patiraj Mwen yo!” deklare SENYÈ a. 2 Akoz sa, pale SENYÈ Bondye Israël la konsènan bèje k ap fè gadyen pèp Mwen yo: “Nou fin gaye bann mouton Mwen, chase yo ale, e nou pa t okipe yo. Gade byen, Mwen prèt pou regle nou pou mechanste a zak nou yo,” deklare SENYÈ a. 3 “Epi konsa, Mwen va rasanble retay bann mouton Mwen an soti nan tout peyi ke m te pouse yo ale yo, e mennen yo retounen nan patiraj yo. Yo va vin bay fwi e peple anpil. 4 Anplis, Mwen va leve bèje sou yo e yo va okipe yo. Konsa, yo p ap pè ankò, ni plen ak laperèz ni okenn moun p ap manke,” deklare SENYÈ a.

  8. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

    3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.

  9. 12 “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a. 13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14 Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.

    15 “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.

  10. 5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, 8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.

  11. 1 Alò, SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou. 2 Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon. 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”

    4 Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran.

  12. 10 SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo.

    Li anile pwojè a pèp yo.

    11 Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,

    e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.

  13. 133 Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou,

    e pa kite inikite vin domine sou mwen.

  14. 1 Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.

    2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”

    3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.

    4 Konsa, ranvwaye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre. 5 Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Jean te la pou ede yo.

  15. 6 Yo te travèse rejyon a Phrygie ak Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie. 7 Lè yo te vini Mysie, yo te eseye antre Bithynie, men Lespri Jésus a pa t pèmèt yo. 8 Lè yo te kite Mysie, yo te desann Troas.

    9 Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.” 10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.

  16. 34 Men ale koulye a, mennen pèp la kote Mwen te di ou a. Veye byen, zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.”

  17. 1 Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?”

    Epi SENYÈ a te di li: “Monte!”

    Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?”

    Epi Li te di: “Nan Hébron.”

    2 Pou sa, David te monte la ansanm akde madanm li yo tou, Achinoam, Jizreyelit la, avèk Abigaïl, Kamelit la, fanm a Nabal la.

  18. 17 Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a. 18 Alò, Filisten yo te vin gaye yo nan vale Rephaïm nan. 19 Konsa, David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?”

    SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”

    20 Konsa, David te vini Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim.

  19. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

  20. 8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;

    pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.

    9 Li dirije enb yo nan jistis, e

    Li va enstwi enb yo nan chemen Li.

    10 Tout chemen Bondye se nan

    lanmou dous avèk verite

    pou sila ki kenbe akò Li yo ak

    temwayaj Li yo.

  21. 11 “‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va chache mouton Mwen yo pou kont Mwen, e Mwen va chache jwenn yo. 12 Kon yon bèje konn pran swen bann mouton li nan jou ke li pami mouton ki gaye yo, konsa Mwen va pran swen mouton Mwen yo. Epi Mwen va delivre yo soti de tout peyi ke yo te gaye yo nan jou gwo nwaj ki te plen tristès la. 13 Mwen va mennen yo sòti pami pèp yo, rasanble yo soti nan peyi yo, e mennen yo nan pwòp peyi yo. Konsa, Mwen va bay yo manje sou mòn Israël yo, akote sous dlo yo ak tout kote ki abite nan peyi a. 14 Mwen va bay yo manje nan yon bon patiraj e pak kote yo manje a, va sou wotè mòn Israël yo. Nan yon bon pak yo va kouche. Yo va manje sou patiraj rich nan mòn Israël yo. 15 Mwen va bay manje a bann mouton pa M nan e Mwen va mennen yo nan repo,” deklare Senyè BONDYE a. 16 “Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo, e ranfòse sa ki te malad. Men sila ki gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje nan jistis.”’

  22. 3 Malgre sa, se te Mwen

    ki te montre Éphraïm jan pou l mache.

    Nan bra M, Mwen te pran yo;

    men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.

    4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,

    ak lyann lanmou.

    Konsa, Mwen te vini pou yo

    kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.

    Mwen te bese mete manje devan yo.

  23. 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”

  24. 35 Li te ale yon ti kras pi devan, te tonbe atè e te kòmanse priye pou, si se te posib, pou lè sa a ta kapab pase de Li. 36 Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”

  25. 3 Pou li menm, gadyen pòt la va ouvri, epi mouton yo tande vwa l. Li rele pwòp mouton li yo pa non yo, e mennen yo deyò. 4 Nenpòt lè L fè soti tout sa ki pou li yo, li ale devan yo, e mouton yo swiv li, paske yo rekonèt vwa li.

  26. 26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

    28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

  27. 13 Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy, 14 epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.

  28. 23 Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.

    Konsa, Li pran plezi nan chemen li.

    24 Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,

    paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.

  29. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  30. 11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan,

    satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo,

    e bay fòs a zo ou yo.

    Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze

    e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.

  31. 21 SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit. 22 Li pa t retire pilye nwaj la nan lajounen, ni pilye dife a nan lannwit devan pèp la.

  32. 31 “‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  33. 9 Panse a lòm fè plan pou wout li;

    men SENYÈ a dirije pa li yo.

  34. 7 Kite mechan an abandone chemen li an,

    ak pechè a, panse li yo.

    Kite li retounen kote SENYÈ a

    e Li va gen mizerikòd sou li;

    anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.

    8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,

    ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.

    9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,

    konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

    e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

    10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

    e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

    pou fè l donnen e boujonnen,

    pou fè l bay semans pou kiltivatè,

    ak pen pou sila k ap manje a;

    11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

    Li p ap retounen kote Mwen vid,

    san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

    san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

  35. 23 Mwen konnen, O SENYÈ, ke chemen a yon nonm pa nan li menm,

    ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.

  36. 19 Malè a sila ki di a yon mòso bwa: ‘Leve!”, a yon wòch ki pa ka pale: “Kanpe!” Èske se sila a ki ka enstwi? Men gade byen, li kouvri nèt ak lò ak ajan, e pa gen okenn souf ladann.

  37. 17 “Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen.

  38. 17 Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.”

    18 Pou sa, Bondye te mennen pèp la bò wout dezè a vè lanmè wouj la; epi fis Israël yo te monte byen prepare tankou yon lame pou kite peyi Égypte la.

  39. 2 “Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa t ap kenbe kòmandman Li yo.

    3 “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.

  40. 6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.

    7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.

    8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.

    9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  41. 7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.

    Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.

    8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.

    Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

  42. 11 Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ.

    Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.

  43. 19  Chemen Ou an te nan lanmè a,

    e vwa Ou nan dlo pwisan yo.

    Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.

    20 Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann,

    pa men Moïse avèk Aaron.

  44. 10 Enstwi mwen pou fè volonte Ou,

    paske se Ou menm ki Bondye mwen.

    Lespri Ou bon.

    Kondwi mwen sou tèren ladwati a.

  45. 14 Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe;

    men ak anpil konseye, gen viktwa.

  46. 12 Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm;

    men fen li se chemen lanmò an.

  47. 16 Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen,

    nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo.

    Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo

    e move kote yo va vin plat.

    Se bagay sa yo Mwen va fè

    e Mwen p ap kite yo pa fèt.

  48. 26 Men yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)

    27 Konsa, li te leve ale, epi konsa, te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e te la nan Jérusalem pou adore Bondye. 28 Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.

    29 Alò Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.

    30 Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”

    31 Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.

  49. 19 Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou. 20 Alò, leve desann eskalye a pou akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”

  50. 4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  51. 24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.

  52. 13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”

  53. 15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.