108 Bible Verses About Being Humble

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Being Humble
  1. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

  2. 4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.

    5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”

    6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

    7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.

  3. 5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.

    6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  4. 7 Alò, Li te kòmanse pale an parabòl a sila ki te envite yo, lè L te wè jan yo t ap chwazi chita nan plas donè sou tab la. Li t ap di yo: 8 “Lè nou envite pa yon moun nan yon fèt maryaj, pa pran plas donè paske yon moun pi distenge pase ou kapab deja envite pa mèt la. 9 Epi sila ki te envite nou toulède a ka petèt vin di ou: ‘Bay plas ou a nonm sila a, e answit akgwo wont, w ap vin okipe dènye plas la’.

    10 “Men, lè nou envite, ale chita nan dènye plas la, dekwa ke lè sila a ki te envite nou an vini, li kapab di nou: ‘Zanmivin pi devan’. Konsa, nou va gen onè nan zye a tout moun ki chita sou menm tab sa a avèk nou.

    11 “Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”

  5. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  6. 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.

  7. 13 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an, 14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo. 15 Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a.

  8. 33 Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;

    avan onè, fòk imilite.

  9. 18 Ògèy ale devan destriksyon

    e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.

    19 Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo,

    pase divize piyaj ak moun ògeye yo.

  10. 1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”

    2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.

  11. 9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

    15 Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.

    16 Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.

    17 “Anverite, Mwen di nou: ‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’”

  12. 4 Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a

    se richès, bon repitasyon, ak lavi.

  13. 15 Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,

    Sila ki viv jis pou tout tan an,

    non a Li se Sila ki Sen an, pale:

    “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,

    anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb,

    pou fè leve lespri a enb yo,

    e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.

  14. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  15. 8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  16. 8 “Men pa kite yo rele nou ‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye. 9 Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la. 10 Ni pa kite yo rele nou Direktè, paske nou gen yon sèl Direktè; se Kris la.

    11 “Men pi gran pami nou an va vin sèvitè nou. 12 Konsa, sila ki pran wo plas yo ap desann, e sila ki desann tèt yo ap vin gen yon wo plas.

  17. 12 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;

    men imilite ale devan onè.

  18. 25 Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.

    26 “Li pa konsa pami nou, men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou. 27 Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou. 28 Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”

  19. 2 Paske Li te grandi devan nou kon yon boujon vèt,

    e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk.

    Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li,

    ni majeste pou nou ta gade sou Li,

    ni aparans pou nou ta atire a Li.

    3 Li te meprize e abandone pa lòm;

    yon nonm ak gwo tristès

    ki te konnen gwo soufrans,

    ak tout maladi.

    Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,

    Li te vin meprize,

    e nou pa t bay Li okenn valè.

    4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote

    ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;

    men nou te rekonèt Li kon moun pini,

    frape pa Bondye e aflije.

    5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.

    Li te kraze pou inikite nou yo.

    Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,

    e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.

    6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.

    Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,

    men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.

    7 Li te vin oprime e aflije;

    malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li.

    Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa,

    e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila

    k ap taye lenn li yo,

    konsa Li pa t ouvri bouch Li.

    8 Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt.

    Selon jenerasyon Li,

    yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo,

    ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo.

  20. 3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.

  21. 2 Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv;

    men avèk moun enb lan, se sajès.

    3 Entegrite a moun dwat la va gide yo;

    men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.

  22. 5 Beni se sila yo ki enb;

    yo va resevwa tout latè kòm eritaj.

  23. 34 Li moke moun k ap moke,

    men Li bay gras a sila ki aflije yo.

  24. 23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba;

    men yon lespri enb va jwenn respè.

  25. 13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.

    14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.

    17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

  26. 2 “Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa t ap kenbe kòmandman Li yo.

    3 “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.

  27. 27 akoz kè ou te mou e ou te imilye ou menm devan Bondye lè ou te tande pawòl Li yo kont plas sa a, e kont pèp li a, akoz ou te imilye ou menm devan Mwen, ou te chire vètman ou e ou te kriye devan M, Mwen anverite te tande ou’, deklare SENYÈ a.

  28. 8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;

    pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.

    9 Li dirije enb yo nan jistis, e

    Li va enstwi enb yo nan chemen Li.

  29. 4 Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.

    Li va anbeli enb yo avèk sali Li.

  30. 13 Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize. 14 Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”

    15 Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.

  31. 1 Konsa pale SENYÈ a:

    “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M.

    Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen?

    Epi ki kote pou M ta ka repoze?

    2 Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo;

    se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a.

    “Men, anvè sila Mwen va gade;

    sila ki enb ak kè ki repanti a,

    e ki tranble devan pawòl Mwen yo.

  32. 42 Konsa, Jésus te rele yo a Li menm. Li te di yo: “Nou konnen ke sila ki rekonèt kon chèf pami payen yo domine sou yo, epi gwo chèf yo egzèse otorite sou yo. 43 Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou. 44 Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout. 45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”

  33. 46 Marie te di:

    “Nanm mwen egzalte Senyè a,

    47 Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.

    48 Paske li te gade eta ba sèvant Li an;

    paske gade byen, soti nan moman sa a

    jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.

    49 Paske Toupwisan an

    te fè gwo bagay pou mwen.

    Non Li sen.

  34. 27 Li te vin rive ke lè Achab te tande pawòl sa yo, li te chire rad li e li te mete twal sak sou li pou te fè jèn. Li te kouche nan twal sak e li te vin mache avèk chagren nèt.

    28 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Élie, Tichbit la, e te di: 29 “Èske ou wè kijan Achab te vin imilye li devan Mwen? Akoz li te imilye li devan mwen, Mwen p ap mennen mal la nan jou li yo; men Mwen va mennen mal la sou lakay li nan jou a fis li yo.”

  35. 9 Rejwi anpil, O fi a Sion an!

    Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!

    Gade byen wa ou ap vini kote ou;

    Li jis e Li gen Sali;

    Li enb e Li monte sou yon bourik,

    menm yon jenn pòtre,

    pitit a yon bourik.

  36. 12 Konsa, lè Li te lave pye yo, e te reprann vètman Li yo, Li te apiye sou tab la ankò, e te di yo: “Èske nou konnen kisa Mwen gen tan fè nou la a? 13 Nou rele M ‘Mèt’, epi ‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye. 14 Pou sa, si Mwen, Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt. 15 Paske Mwen te bay nou yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.

    16 “Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la. 17 Si nou konnen bagay sa yo, nou beni si nou fè yo.

  37. 9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.

  38. 24 Te leve osi yon diskisyon pami yo sou kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran. 25 Men Li te di yo: “Wa a payen yo domine yo, e sila ki gen otorite sou yo, yo rele ‘byenfetè’. 26 Men se pa konsa pou nou menm, men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a. 27 Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.

  39. 26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”

  40. 6 Paske malgre SENYÈ a egzalte,

    Li toujou okipe sila ki ba yo.

    Men moun ki ògeye yo,

    Li rekonèt yo de lwen.

  41. 5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.

    Bon konprann Li an san limit nèt.

    6 SENYÈ a bay soutyen a aflije yo.

    Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.

  42. 3 Jésus, byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye, 4 te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan kò Li. 5 Li te vide dlo nan basen an e te kòmanse lave pye a disip Li yo, e siye yo avèk twal ki te vlope L la.

    6 E konsa, lè L rive nan Simon Pierre, li te di Li: “Senyè, w ap lave pye mwen?”

    7 Jésus te reponn e te di Li: “Sa ke M ap fè la a koulye a, ou p ap konprann, men pita, ou va konprann.”

    8 Pierre te di Li: “Ou p ap janm lave pye mwen!” Jésus te reponn li: “Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen.”

  43. 18 Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan 19 pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz konplo a Jwif yo. 20 Kòman mwen pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay. 21 Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.

  44. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.

  45. 8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.

    9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:

    “Sila ki dezire lavi a,

    pou renmen e wè anpil jou ki bon,

    dwe gade lang li kont sa ki mal

    e lèv li kont bay manti.

    11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;

    kite li chache lapè e pouswiv li.

  46. 6 Pou sa, chèf Israël yo avèk wa a te imilye yo. Yo te di: “SENYÈ a jis.”

    7 Lè SENYÈ a te wè ke yo te imilye yo, pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, e te di: “Yo te imilye yo. Pou sa, Mwen p ap detwi yo, men Mwen va ba yo yon mezi delivrans, e lakòlè Mwen p ap vide sou Jérusalem pa mwayen a Schischak.

  47. 5 “Pale a fi Sion an,

    Men gade, Wa ou ap vin kote ou,

    dou, e monte sou yon bourik,

    yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.

  48. 33 Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?” 34 Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.

    35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”

    36 Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”

  49. 18 Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li, 19 ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.

  50. 1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.

    3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.

    4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.

    8 Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.

    9 Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.

  51. 10 mwen pa merite tout lanmou, mizerikòd ak fidelite ke ou te montre sèvitè ou a; paske se sèl avèk baton mwen ke m te travèse rivyè Jourdain an, men koulye a nou vin de konpanyen.

  52. 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”

  53. 43 Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen?

  54. 16 Joseph te reponn Farawon. Li te di: “Sa pa nan mwen, men Bondye va bay Farawon yon repons favorab.”

  55. 10 Men yo pa t repanti, menm jis rive jodi a, ni yo pa t gen lakrent, ni mache nan lalwa Mwen, ni règleman ke M te mete devan nou yo ak devan papa zansèt nou yo.’

  56. 27 Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”

  57. 29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye a. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”

  58. 30 “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.

    31 “Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè. 32 Gen yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè.

  59. 22 “Malgre sa, ou menm, fis li a, Belschatsar pa t imilye kè ou, malgre ou te konnen tout sa, 23 men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.

  60. 5 Lè Jésus te fin antre Capernaüm, yon chèf santenye Women an te vin sipliye Li: 6 “Senyè, sèvitè mwen an kouche paralize lakay mwen. L ap soufri anpil.”

    7 Jésus Li te di li: “M ap vin geri li.”

    8 Men santenye a te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri. 9 Paske mwen menm tou se yon moun anba otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”

    10 Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël. 11 Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la; 12 men fis a wayòm yo ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.” 13 Jésus te di a santenye a: “Ou mèt ale. Ke sa fèt pou ou jan ou kwè a.” Konsa, sèvitè li a te geri nan menm lè sa a.

  61. 27 Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann.

  62. 3 Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.

  63. 3 Alò, nonm Moïse la te trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.

  64. 29 Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans,

    e moun ki enb lan, Li va sove li.

  65. 1 Pa vin ògeye sou bagay demen,

    paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.

    2 Kite yon lòt moun ba ou lwanj,

    e pa fè ak pwòp bouch ou.

    Kite l fèt pa yon moun ou pa konnen,

    e pa de pwòp lèv ou.

  66. 1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.

    2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.

    5 “Lè nou ap fè lapriyè, pa fè l tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe pou fè lapriyè nan sinagòg yo ak nan kwen lari pou moun kapab wè yo. Anverite, Mwen di nou, yo gen tan twouve tout rekonpans yo.

    6 “Men nou menm, lè nou ap priye, ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.

    7 “Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo. 8 Men pa fè tankou yo; paske Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li.

  67. 19 Li p ap diskite, ni kriye;

    ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari.

    20 Yon wozo brize, Li p ap kase,

    e yon fisèl bouji k ap toufe,

    Li p ap tenyen,

    jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a.

  68. 37 Li te pran avè L Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès. 38 Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”. 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”

  69. 18 Men David te di a Saül: “Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?”

    19 Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a Adriel, Meolayit la, kòm madanm.

    20 Alò, Mical, pitit a Saül la, te renmen David. Lè yo te pale sa a Saül, bagay la te agreyab a li menm. 21 Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”

    22 Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’”

    23 Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?”

  70. 2 Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a.

    Enb yo va tande l, e yo va rejwi.

  71. 32 Enb yo te wè sa e yo kontan.

    Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.

    33 Paske SENYÈ a tande malere yo,

    e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.

  72. 11 Ògèy a lòm va vin bese

    e wotè a lòm va vin imilye.

    E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.

  73. 19 Anplis, moun enb yo va fè kè yo pi kontan ak SENYÈ a, e malere yo pami moun yo va rejwi nan Sila Ki Sen an Israël la.

  74. 4 Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo,

    pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige.

    Li fè M leve maten apre maten,

    Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.

    5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen.

    Mwen pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.

    6 Mwen te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo,

    ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo;

    Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.

  75. 37 Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.

  76. 3 Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a.

  77. 51 Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.

  78. 15 “Pa pè, O fi a Sion. Gade byen, Wa ou ap vini, byen chita sou yon jenn bourik.”

  79. 1 Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan!

  80. 23 Bagay sa yo ki gen, asireman, aparans a sajès nan kwayans relijye ki fèt pou kont li, avèk imilyasyon de li menm, ak move tretman kò a, men ki pa gen okenn valè kont plezi lachè a.

  81. 15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a.

  82. 11 Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?”

  83. 18 Epi David, wa a, te antre chita devan SENYÈ a. Li te di: “Se kilès mwen ye, O Mèt BONDYE e se kisa lakay mwen ye, pou Ou te mennen mwen jis rive isit la? 19 Epi anplis, sa te yon ti bagay nan zye Ou, O Mèt BONDYE, paske Ou te pale osi pa lakay sèvitè Ou a, de avni byen lwen an. Epi sa se koutim a lòm, O Mèt BONDYE

  84. 28  Ou fè sekou a sila ki aflije yo,

    men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo,

    pou Ou fè yo bese.

  85. 7 Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti.

  86. 24 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive pre lanmò. Li te priye a SENYÈ a. SENYÈ a te pale avèk li e te ba li yon sign. 25 Men Ézéchias pa t remèt anyen pou benefis li te resevwa a, paske kè li te plen ògèy. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te vini sou li avèk Juda ak Jérusalem. 26 Men Ézéchias te vin desann ògèy kè li a, ni li menm, ni pèp Jérusalem nan, jiskaske kòlè pa t rive sou yo pandan jou a Ézéchias yo.

  87. 27 Paske Ou sove yon pèp aflije,

    men sila ak zye ki leve wo yo, Ou bese yo.

  88. 17 Ògèy a lòm va vin imilye

    e wotè a lòm va vin desann.

    Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.

    18 Men zidòl yo va vin disparèt nèt.

  89. 8 Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!”

  90. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  91. 10 Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”

  92. 17 Otreman, nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.” 18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.

  93. 7 SENYÈ a fè pòv ak rich.

    Li abese e anplis, Li leve.

  94. 21 Saül te reponn: “Èske mwen pa yon Benjamit? Pi piti nan tout tribi Israël yo? Fanmi pa m nan ki pi piti ke tout fanmi nan tribi Benjamin an? Poukisa ou pale mwen konsa?”

  95. 8 Alò pou sa, konsa ou va di a sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo; Mwen te pran ou soti nan patiraj la, soti nan swiv mouton, pou devni yon chèf sou pèp Mwen an, Israël.

  96. 18 Men pou wa Juda a, ki te voye ou pou mande a SENYÈ a, konsa ou va pale ak li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘selon pawòl ke ou te tande yo: 19 Akoz kè ou te vin mou e ou te imilye ou devan SENYÈ a lè ou te tande sa Mwen te pale kont plas sa a ak kont sila ki rete ladann yo, pou yo ta devni yon dezolasyon ak yon malediksyon, epi akoz ou te chire rad ou e te kriye devan Mwen, anverite, Mwen te tande ou,’ deklare SENYÈ a. 20 Pou sa, byen gade, Mwen va ranmase ou a zansèt pa ou yo e ou va ranmase rive nan tonm pa ou a anpè. Zye ou p ap wè tout mal ke Mwen va mennen sou plas sa a.”

    Konsa, yo te mennen pote pawòl la bay wa a.

  97. 12 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, Bondye li a. Li pa t imilye li menm devan Jérémie, pwofèt ki te pale pou SENYÈ a.

  98. 4 “Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou?

    Mwen poze men m sou bouch mwen.

    5 Yon fwa mwen te pale e mwen pa p replike l;

    menm de fwa, men m pap wale pi lwen.”

  99. 4 Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale;

    Mwen va mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’

    5 “ Konsa, Mwen te konn tande de Ou nan zòrèy mwen yo,

    men koulye a, zye m wè Ou.

    6 Pou tout sa a, mwen rayi pwòp tèt mwen,

    e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”

  100. Yon chan pou monte vè tanp lan.

    1 O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans.

    Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè,

    ni nan sa ki twò wo pou mwen.

    2 Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen.

    Menm jan ke yon pitit poze sou manman l,

    anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre.

  101. 2 Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil.

  102. 15 Kisa mwen kapab di?

    Non sèlman Li te pale ak mwen,

    Men Li, Li menm, te fè l.

    Mwen va mache an règ pandan tout ane m yo

    akoz gou anmè kè m fin goute.

  103. 23 Konsa pale SENYÈ a:

    “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.

    Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,

    ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.

    24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;

    ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,

    ke Mwen se SENYÈ a,

    ki aji nan lanmou dous, jistis,

    ak ladwati sou latè a;

    paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.

  104. 46 Konsa, yon gwo diskisyon te leve pami yo sou kilès nan yo ki ta pi gran.

    47 Men Jésus, byen okouran a sa yo t ap panse nan kè yo a, te pran yon timoun. Li te mete li kanpe akote Li. 48 Li te di yo: “Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a nan non Mwen an resevwa Mwen; e nenpòt moun ki resevwa Mwen, resevwa Papa a, ki te voye Mwen an. Paske sila ki pi piti pami nou an, se li menm ki pi gran.”

  105. 24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.

    25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.

    26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.

    27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.

  106. 30 Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a feblès mwen.

  107. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

    3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.

    4 Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche.

  108. 3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye.