30 Bible Verses About Success

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Success
  1. 1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

    men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

    2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

    va vin ogmante sou ou.

    3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

    5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  2. 10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.

    11 “Donk, si nou pa fidèl nan sèvisrichès enjis yo, kilès ki va konfye nou vre richès yo.

  3. 14 “A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen an, Kòmansman kreyasyon Bondye a, di konsa: 15 Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.

    16 “Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen. 17 Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.

    18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.

    19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.

    20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.

    21 “Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.

    22 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.

  4. 13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”

    16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste. 17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.

  5. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  6. 24 Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen. 25 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li. 26 Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?

    27 “Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.

  7. 1 Alò, li te vin rive ke apre lanmò Moïse, sèvitè SENYÈ a, ke SENYÈ a te pale avèk Josué, fis a Nun nan, sèvitè Moïse la. Li te di: 2 “Moïse, sèvitè Mwen an, gen tan mouri. Pou sa, leve, travèse Jourdain sila a, ou menm avèk tout pèp sa a, nan peyi ke Mwen ap bay a yo menm, a fis Israël yo.

    3 “Chak kote ke pla pye ou va pile, Mwen ap ba ou li, jis jan ke Mwen te pale a Moïse la. 4 Soti nan dezè a ak Liban sila a, menm jis rive nan gran rivyè a, Rivyè Euphrate la, tout peyi Etyen an, jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche a va tèritwa pa nou. 5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou. 6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.

    7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.

    8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.

    9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  8. 2 SENYÈ a te avèk Joseph, e li te byen reyisi. Li te lakay mèt li, Ejipsyen an. 3 Alò mèt li a te wè ke SENYÈ a te avèk li, e ke li te fè tout sa li te antreprann byen reyisi nan men l. 4 Konsa, Joseph te twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li. Li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li. 5 Epi li te rive ke depi lè sa a li te fè li chèf lakay li, ak sou tout sa li te posede, ke SENYÈ a te beni lakay Ejipsyen an akoz Joseph. Benediksyon SENYÈ a te sou tout sa li te genyen, ni nan kay la, ni nan chan an. 6 Li te kite tout sa li te gen sou chaj Joseph. Konsa, li pa t okipe tèt li avèk anyen sof ke manje ke li te manje. Alò, Joseph te yon bo gason, ni nan fòm li, ni nan aparans li.

  9. 1 Lè tan pou David mouri an t ap pwoche, li te bay lòd a Salomon. Li te di: 2 “Mwen prale nan chemen a tout tè a. Pou sa, rete dyanm e montre ke se gason ou ye. 3 Kenbe lòd SENYÈ a, Bondye ou a, pou mache nan tout vwa li yo, pou kenbe règleman Li yo, kòmandman Li yo, òdonans Li yo, avèk temwayaj Li yo, selon sa ki ekri nan Lalwa Moïse la, pou ou kapab vin genyen nan tout sa ke ou antreprann ak nenpòt kote ke ou vire. 4 Pou SENYÈ a kapab akonpli pawòl ke li te pale konsènan mwen menm nan, lè l te di: ‘Si fis ou yo fè atansyon nan chemen pa yo, pou mache devan M nan verite avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo, ou p ap janm manke yon nonm pa ou sou twòn Israël la.’

  10. 3 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,

    e plan ou yo va etabli.

  11. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.

  12. 11 O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.”

    Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a.

  13. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”

    5 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”

    6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  14. 8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. 9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a. 10 Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, 11 pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a. 12 Se pa ke m rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.

    13 Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, 14 mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondyenan Kris Jésus a.

  15. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  16. 10 Alò, ou te swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans lanmou, pèseverans 11 pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m! 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.

    13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.

    14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  17. 18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.

  18. Liv I

    1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy

    mechan yo

    ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,

    2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.

    Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.

    3 Li va tankou yon pyebwa ki plante

    bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.

    Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.

  19. 3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.

    Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

    4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.

    Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.

    5 Dedye chemen ou a SENYÈ a.

    Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:

  20. 21 Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.

    22 Chèf Kasèl la te fè Joseph responsab tout prizonye yo ki te nan prizon an, jiskaske nenpòt sa ki te fèt ladann, li te vin responsab. 23 Chèf Kasèl la pa t sipèvize anyen ki te anba direksyon Joseph, paske SENYÈ a te avèk li, paske nenpòt sa li te fè, SENYÈ a te fè l pwospere.

  21. 1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,

    e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,

    2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;

    e enkline zòrèy ou vè bon konprann,

    3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;

    e leve vwa ou vè bon konprann;

    4 si ou chache li kon ajan,

    e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;

    5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,

    e dekouvri konesans Bondye a.

    6 Paske, SENYÈ a bay sajès.

    Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.

    7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.

    Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,

    8 K ap veye chemen lajistis yo,

    e pwoteje chemen a fidèl Li yo.

  22. 22 San konsèy, plan yo vin jennen;

    men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.

  23. 7 Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’

    8 “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo. 9 Nou vin modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt! 10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. 11 Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo. 12 “Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.

  24. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

  25. 34 Alò, yon nonm nan konsèy la ke yo te rele Gamaliel te kanpe, yon pwofesè nan Lalwa ki te gen bon repitasyon pami tout pèp. Li te mande yo mete apot yo deyò pou yon moman.

    35 Li te di yo: “Moun Israël yo, veye nou menm ak sa nou gen entansyon fè avèk mesye sila yo, 36 Paske pa anpil jou avan sa, te leve yon Theudas ki t ap pretann li menm te yon pèsonaj, epi yon gwoup kat-san òm te vin jwenn avèk li. Men yo te touye li, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye, e pa t reyalize anyen.

    37 “Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.

    38 “Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a sòti nan lòm, li va boulvèse. 39 Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap goumen kont Bondye menm.”

  26. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  27. 2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.

    Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.

    3 Paske mechan an ap vin ògeye sou dezi kè li a;

    li beni moun voras la,

    e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.

    4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,

    Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”

    5 Chemen pa li yo reyisi tout tan;

    Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.

    Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.

    6 Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm;

    Pandan tout jenerasyon yo,

    mwen p ap gen pwoblèm ditou.”

  28. 16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”

    17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’

    18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”

    20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’

    21 “Konsa se mesye a kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”

  29. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.

  30. 1 Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.

    Evite moun konsa yo. 6 Paske pami yo menm, gen moun ki antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa move lanvi de tout kalite, 7 k ap toujou aprann e ki pa janm rive a konesans verite a.