29 Bible Verses About Stealing
Bib Sen An (BSA)
-
15 Ou pa pou vòlè.
-
28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.
-
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Lè yon moun peche e aji avèk movèz fwa kont SENYÈ a, epi twonpe pwochen li an sou yon depo lajan oswa yon sekirite ke li te konfye bay li, oswa pa vòl, oubyen li te fè li pa vyòl konfyans, 3 oubyen, si l te twouve sa ki te pèdi a, te fè manti sou sa ak fo sèman, pouke li peche nan nenpòt nan bagay ke yon moun kapab fè yo; 4 alò li va rive, ke lè li peche e vin koupab, li va remèt sa ke li te pran pa vòl la, oubyen sa ke li te vin gen pa vyòl konfyans lan, oubyen depo ki te plase nan men li an, oubyen sa ki te pèdi ke li te twouve a, 5 oubyen, nenpòt de sa li te fè fo sèman an. Li va fè remèt li nèt e mete sou li yon senkyèm anplis. Li va bay li a sila li apatyen an, nan menm jou li prezante ofrann koupabilite li a.
-
6 Kalite pawòl sa a, Jésus te sèvi pou pale avèk yo, men yo pa t konprann bagay sa yo ke Li t ap di yo.
7 Pou sa, Jésus te di yo ankò, “Anverite, anverite, Mwen di nou, Mwen menm se pòt la pou mouton yo. 8 Tout sa yo ki te vini avan M se vòlè ak brigan, men mouton yo pa t tande yo.
9 “Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.
10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.
“Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
-
7 Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.
8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
9 Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè lòt dye ke nou pa t konnen, 10 epi konsa,vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo? 11 Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.
-
19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
-
7 “De bagay m te mande ou yo;
pa refize m yo avan m mouri:
8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.
Pa ban m richès ni povrete.
Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,
9 pou m pa vin plen e refize rekonèt Ou
pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’
oswa, pou m ta manke, vin vòlè
e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.
-
1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,
paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a:
Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
2 Gen joure ak madichon, vyole konfyans,
asasine moun, vòlè, fè adiltè.
Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san,
e vèse san fè san vèse plis.
3 Akoz sa, peyi a va fè dèy.
Tout moun ki rete ladann ap megri
menm ak tout sa ki viv.
Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo,
epi pwason lanmè yo va mouri.
-
7 Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’
8 “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo. 9 Nou vin modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt! 10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. 11 Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo. 12 “Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.
-
11 “‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.
-
16 Men a mechan yo Bondye di:
“Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo,
pou pran akò Mwen an nan bouch ou?
17 Paske ou rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.
18 Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l,
epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.
-
1 Answit, mwen te leve zye m ankò. Mwen te gade e mwen te wè, yon liv woulo ki t ap vole anlè. 2 Konsa, li te di mwen: “Kisa ou wè la a?”
Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.”
3 Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li. 4 Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”
-
8 Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”
9 Jésus te di li: “Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se yon fis Abraham. 10 Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”
-
19 Nou pa pou vòlè.
-
10 Pa mete konfyans nan peze kou moun desann.
Ni pa mete fo espwa nan vòlè.
Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.
-
19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”
-
7 “Si yo pran yon moun nan kidnape nenpòt nan sitwayen fis Israël yo, epi li te trete l kon esklav, oswa li te vann li; alò, vòlè sila a va mouri. Konsa, nou va retire mechanste pami nou.
-
26 Tankou vòlè vin wont lè l vin dekouvri,
se konsa lakay Israël vin wont—
wa yo, prens yo, ak prèt yo ak pwofèt yo!
-
17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
-
12 Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo. 13 Li te di yo: “Li ekri: ‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon twou kachèt pou vòlè!”
-
21 konsa, nou menm ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè?
-
9 Ankouraje esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon, 10 pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.
-
20 Konsa, Acan te reponn Josué e te di: “Anverite, mwen te peche kont SENYÈ a, Bondye a tout Israël la; men sa mwen te fè a: 21 Lè mwen te wè nan piyaj la yon bèl manto ki sòti Schinear ak de san sik ajan, yon ba lò a pèz senkant sik, alò, mwen te anvi yo e te pran yo. Epi gade byen, yo kache nan tè anndan tant mwen an avèk ajan an anba li.”
22 Konsa, Josué te voye mesaje yo. Yo te kouri vè tant lan, epi veye byen, li te kache nan tant li an avèk ajan an anba li. 23 Yo te pran yo soti anndan tant lan, epi yo te pote yo vè Josué avèk tout fis Israël yo pou yo te vide yo devan SENYÈ a.
24 Epi Josué ak tout Israël avèk li te pran Acan, fis a Zérach la, ajan an, manto a, ba lò a, fis li yo, fi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton li yo, tant li ak tout sa ki te pou li; epi yo te mennen yo monte nan vale Acor a.
25 Josué te di: “Poukisa ou te twouble nou? Jodi a, SENYÈ a va twouble ou.”
Konsa, tout Israël te lapide yo avèk kout wòch. Epi yo te brile yo avèk dife lè yo te fin lapide yo avèk kout wòch. 26 Yo te fè leve sou li yon gwo pil wòch ki kanpe jis rive jodi a. Epi SENYÈ a te vire kite gwo chalè kòlè Li a. Pou sa, non a plas sa a te vin rele Vale Acan jis rive jodi a.
-
10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
-
15 Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay; 16 Men, si yon moun soufri kòm yon Kretyen (yon moun k ap adore Kris), li pa dwe wont, men li dwe glorifye Bondye nan non sila a.
-
1 Si yon nonm ta vòlè yon bèf oswa yon mouton epi kòche li oswa vann li, li va peye senk bèf pou bèf la, e kat mouton pou mouton an.
2 Si vòlè a vin kenbe pandan l ap fonse antre, e bat jis li vin mouri, p ap gen koupabilite pou san li sou kont mèt kay la. 3 Men si solèy la gen tan leve sou li, va genyen koupabilite san sou li. Li va anverite peye dedonmajman an. Si li pa posede anyen, alò, y ap vann li pou vòl sa a. 4 Si sa li te vòlè a twouve nan posesyon li, menm si se yon bourik, oswa yon mouton, li va peye li doub.
-
1 Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a;
men yon pwa ki jis se plezi Li.
Shows Read in context, Share and Copy.