113 Bible Verses About The Heart

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About The Heart
  1. 10 Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,

    epi refè yon lespri ki dwat anndan m.

    11 Pa jete mwen lwen prezans Ou e

    pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.

    12 Restore nan mwen lajwa sali Ou a.

    Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.

    13 Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,

    e pechè yo va konvèti a Ou menm.

    14 Delivre mwen de koupabilite san vèse a,

    O Bondye, Bondye a sali mwen an.

    Konsa, lang mwen va chante avèk jwa

    selon ladwati a Ou menm nan.

    15 O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen

    pou m kab deklare lwanj Ou.

    16 Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis.

    Otreman, mwen ta bay li.

    Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.

    17 Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze.

    Yon kè brize e ki repantan, O Bondye,

    Ou p ap meprize l.

  2. 9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo.

    Nanpwen lasante ladann.

    Se kilès ki ka konprann li?

    10 “Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè;

    Mwen pase panse a leprèv,

    pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li,

    selon fwi a zèv li yo.”

  3. 22 “Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo. 23 Mwen va fè valè sentete a gwo non Mwen an ki te pwofane pami nasyon yo, ke nou te pwofane nan mitan yo. Nan lè sa a nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,” deklare Senyè BONDYE a: “lè M fè prèv sentete Mwen pami nou devan zye yo.

    24 “‘“Paske Mwen va retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an. 25 Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo. 26 Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè. 27 Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo. 28 Nou va rete nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo. Konsa, nou va pèp Mwen, e Mwen va Bondye pa nou.

  4. 23 Veye sou kè ou ak tout dilijans;

    paske de li, sous lavi yo koule.

  5. BETH

    9 Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?

    Nan kenbe li selon pawòl Ou.

    10 Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou.

    Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.

    11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,

    pou m pa t peche kont Ou.

    12 Beni se Ou menm SENYÈ a.

    Enstwi mwen nan règleman Ou yo.

    13 Avèk lèv mwen, mwen te pale selon

    tout òdonans bouch Ou yo.

    14 Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo,

    konsi se nan tout richès yo.

    15 Mwen va reflechi sou règleman Ou yo,

    e okipe chemen Ou yo.

    16 Mwen va rejwi nan lòd Ou yo.

    Mwen p ap bliye pawòl Ou.

  6. 8 Beni se sila yo ki gen kè pwòp nèt;

    yo va wè Bondye.

  7. 11 “Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.

    12 “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.

    13 “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.

    14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.

    15 “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.

  8. 12 Yon sanzave, yon moun mechan

    se sila ki mache ak yon bouch pèvès,

    13 ki bat zye li, ki fè siy ak pye li,

    ki pwente ak dwèt li;

    14 ki avèk pèvèsite nan kè l

    fè tout tan sa ki mal,

    ki gaye konfli.

    15 Pou sa, malè li va parèt sibitman;

    nan yon enstan li va kase nèt;

    e li p ap gen gerizon ditou.

    16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;

    wi sèt menm ki abominab devan l:

    17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,

    avèk men ki vèse san inosan,

    18 Yon kè ki divize plan mechan yo,

    pye ki kouri vit pou jwenn mal,

    19 Yon fo temwen ki bay manti,

    ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.

  9. 7 Li p ap krent move nouvèl.

    Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.

    8 Kè li kanpe dyanm.

    Li pa pè anyen, jiskaske dènye moman an lè

    li gade ak kè kontan advèsè li yo.

  10. 19 Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè, 20 pou yo ka mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo. 21 Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”

  11. 30 “Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye. 31 Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone. 32 Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan laj sila a ni nan laj k ap vini an.

    33 “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34 Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35 Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal.

  12. 17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.

    19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”

  13. 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

    19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondane nou, Bondye bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.

    21 Byeneme yo, si kè nou pa kondane nou, nou gen konfyans devan Bondye.

  14. 5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.

  15. 35 Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv. 36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

    40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

  16. 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.

  17. 14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.

  18. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

    22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.

  19. 21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.

  20. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  21. 4 Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen.

    Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.

    5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,

    li menm, mwen va detwi.

    Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.

  22. 13 Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi;

    men lè kè a tris, lespri a vin brize.

    14 Lespri a moun entèlijan an chache konesans;

    men bouch a moun sòt la, manje foli.

    15 Tout jou aflije yo move;

    men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.

  23. 7 Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”

  24. 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.

  25. 3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?

    Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?

    4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,

    ki pa leve nanm li vè sa ki fo,

    ni ki pa fè fo temwayaj.

  26. 20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  27. 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a.

  28. 5 Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, 6 pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. 7 Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm 8 nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.

    9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.

  29. 1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.

    3 Youn te rele a yon lòt epi te di:

    “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;

    tout latè plen ak glwa Li.”

    4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen. 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”

    6 Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou lotèl la ak pensèt. 7 Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”

    8 Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?”

    Epi mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”

    9 Li te di: “Ale di pèp sa a:

    ‘Kontinye koute, men pa wè;

    kontinye gade, men pa konprann.’

    10 Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè;

    otreman, petèt yo ta wè ak zye yo,

    tande ak zòrèy yo,

    konprann ak kè yo

    e retounen pou resevwa gerizon.”

  30. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

  31. 22 “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: ‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.

  32. 12 Paske tout moun ki fè peche san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a. 13 Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye. 14 Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo. 15 Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo. 16 Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.

  33. 9 “Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.

  34. 20 Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a;

    men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.

  35. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

  36. 21 Ou pa gen ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone.

  37. 1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  38. 26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

  39. 22 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi. 25 Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.

  40. 12 Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. 13 Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.

  41. 1 Anne te priye e te di:

    “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a!

    Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a.

    Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo,

    akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.

  42. 14 Tann SENYÈ a.

    Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.

    Wi, tann SENYÈ a.

  43. 112 Mwen te enkline kè m pou fè règleman Ou yo

    jis pou tout tan, jiska lafen.

  44. 26 Ban m kè ou, fis mwen an;

    kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.

    27 Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,

    e yon fanm adiltè se yon ti pwi etwat.

  45. 6 Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.

  46. 17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.

  47. 22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.

  48. 21 SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale.

  49. 14 Li te fè mal, paske li pa t aplike kè l pou konnen SENYÈ a.

  50. 7 Zye yo anfle nan mitan grès yo.

    Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.

  51. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  52. 1 Plan kè a sòti nan lòm;

    men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.

  53. 19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.

  54. 4 Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou?

  55. 14 Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di:

    ‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann;

    nou va kontinye gade, men nap manke apèsi.

    15 Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò.

    Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo;

    otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo,

    konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’

  56. 7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.

  57. 14 Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble. 15 Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.

    16 Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont. 17 Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.

  58. 37 Men nan maten, lè diven an te sòti nan Nabal, madanm li te di li bagay sa yo. Konsa kè l te mouri anndan li jiskaske li te vin tankou yon wòch.

  59. 9 Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”

  60. 11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, 12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou.

  61. 7 Ou te mete lajwa nan kè m plis pase

    lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.

  62. Pou direktè koral la; Yon sòm David

    1 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;

    Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.

  63. 6 Pa manje pen a yon mesye ki chich,

    ni anvi bèl bagay li;

    7 paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.

    Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.

  64. 3 Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo.

  65. 9 Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò,

    ni pale ankò nan non Li”,

    alò, anndan kè mwen vin kon yon

    dife k ap brile ki fèmen nan zo m.

    Mwen bouke kenbe l anndan m,

    mwen pa kapab.

  66. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  67. 23 Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive.

  68. 14 Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo. 15 Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.

  69. 26 Lè l te di:

    ‘Ale nan pèp sa epi di:

    “Nou va toujou tande,

    men nou p ap konprann.

    Nou va toujou gade,

    men nou p ap wè anyen.

    27 Paske kè a moun sa yo vin di.

    Zòrèy pa yo, yo manke tande.

    E yo fèmen zye yo;

    otreman pou yo ta wè avèk zye yo,

    tande avèk zòrèy yo,

    konprann avèk kè yo,

    e retounen, pou Mwen ta geri yo.’

  70. 28 Paske sa ki fè yon moun Jwif se pa sa ki parèt deyò a. Ni vre sikonizyon an se pa sa ki fèt nan chè eksteryè a. 29 Men yon vre Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.

  71. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

    12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

  72. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.

  73. 3 Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa enstwi yon lòt doktrin nèf; 4 ni pou yo pa prete atansyon a fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.

    5 Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè. 6 Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan diskou ki pa pote fwi, 7 ki ta vle mèt k ap enstwi lalwa, menmsi yo pa menm konprann ni sa y ap di a, ni sijè ke yo pale avèk plen konfyans lan.

  74. 19 Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a 20 pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li, 21 epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a, 22 annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp.

  75. 13 Selon Anne, li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou.

  76. 1 Lè tan pou David mouri an t ap pwoche, li te bay lòd a Salomon. Li te di: 2 “Mwen prale nan chemen a tout tè a. Pou sa, rete dyanm e montre ke se gason ou ye. 3 Kenbe lòd SENYÈ a, Bondye ou a, pou mache nan tout vwa li yo, pou kenbe règleman Li yo, kòmandman Li yo, òdonans Li yo, avèk temwayaj Li yo, selon sa ki ekri nan Lalwa Moïse la, pou ou kapab vin genyen nan tout sa ke ou antreprann ak nenpòt kote ke ou vire. 4 Pou SENYÈ a kapab akonpli pawòl ke li te pale konsènan mwen menm nan, lè l te di: ‘Si fis ou yo fè atansyon nan chemen pa yo, pou mache devan M nan verite avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo, ou p ap janm manke yon nonm pa ou sou twòn Israël la.’

  77. 3 Li te mache nan tout peche a papa li te fè devan li yo. Kè li pa t dedye nèt a SENYÈ a, Bondye li a, tankou kè a papa zansèt li a, David.

  78. 27  Beni se SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, ki te mete yon bagay konsa nan kè a wa a, pou fè bèl kay SENYÈ a ki Jérusalem nan; 28 epi te lonje bay lanmou dous Li a mwen menm devan wa a avèk konseye li yo e devan tout chèf pwisan a wa yo. Se te konsa mwen te ranfòse pa men SENYÈ a, Bondye mwen an, ki te sou mwen an, e mwen te rasanble mesye dirijan prensipal yo soti an Israël pou monte avè m.

  79. 3 Pa rale m sòti avèk mechan yo,

    avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo,

    pandan mechanste nan kè yo.

  80. LIV 3

    Yon Sòm Asaph

    1 Anverite, Bondye bon a Israël,

    a sila avèk kè ki san tach yo!

  81. 2  Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a.

    Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.

  82. 11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.

    Mwen va mache nan verite Ou.

    Fè kè m dispoze pou krent non Ou.

  83. 12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,

    pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.

  84. 1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,

    e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,

    2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;

    e enkline zòrèy ou vè bon konprann,

    3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;

    e leve vwa ou vè bon konprann;

    4 si ou chache li kon ajan,

    e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;

    5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,

    e dekouvri konesans Bondye a.

  85. 33 Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan;

    menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.

  86. 1 Pa fè anvi a moun mechan,

    ni dezire pou avèk yo;

    2 paske panse yo fòmante vyolans

    e lèv yo pale inikite.

  87. 13 Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè, 14 pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”

  88. 17 “Men zye ou ak kè ou rete sèlman

    sou richès ki ranmase nan zak malonèt,

    nan vèse san inosan,

    nan opresyon ak vyolans.”

  89. 29 “Nou konn tande afè ògèy Moab la.

    Li vrèman ògeye nan ensolans li,

    ògèy li, awogans kè li,

    ak leve pwòp tèt li byen wo.

  90. 16 Men pou laperèz a ou menm,

    awogans a kè ou te twonpe ou;

    ou menm ki rete nan twou wòch yo,

    ki okipe wotè a kolin nan.

    Malgre ou fè nich ou wo tankou èg,

    M ap rale ou desann soti la,”

    deklare SENYÈ a.

  91. 31 Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël?

  92. 2 Kè yo vin divize.

    Koulye a, yo gen pou pote pwòp koupabilite yo.

    SENYÈ a va kraze lotèl yo.

    Li va detwi pilye sakre yo.

  93. 27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.

  94. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.

    43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.

    44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.

    Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

  95. 1 M ap di nou verite nan Kris la, mwen p ap bay manti. Konsyans mwen temwaye pou mwen nan Lespri Sen an, 2 ke mwen gen yon gran tristès ak doulè san rete nan kè mwen.

  96. 11 Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj. 12 Nou pa anpeche nou, men ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w. 13 Koulye a, nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou.

  97. 6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” 7 Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.

  98. 15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.

  99. 61 “Pou sa, kite kè nou vin dedye nèt a SENYÈ a, pou mache nan règleman Li yo, kenbe kòmandman Li, menm jan sa ye nan jou sila a.”

  100. 8 Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”,

    kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ,

    se li mwen va chache.”

  101. 69 Awogan yo te fòje yon manti kont mwen.

    Avèk tout kè m, mwen va obsève tout òdonans Ou yo.

  102. QOPH

    145 Mwen te kriye ak tout kè mwen.

    Reponn mwen, O SENYÈ!

    Mwen va swiv tout règleman Ou yo.

  103. 20 Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon,

    e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.

  104. 12 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;

    men imilite ale devan onè.

  105. 15 Fis mwen an, si kè ou saj,

    pwòp kè m va kontan tou.

  106. 12 Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li.

  107. 20 L ap manje sou sann yo.

    Yon kè ki twonpe te mennen l sou kote.

    Li p ap kapab delivre nanm li menm.

    Ni li pa mande:

    “Èske pa gen manti nan men dwat mwen?”

  108. 14 Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?

  109. 19 Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a.

  110. 12 Sepandan, O SENYÈ dèzame yo,

    Ou menm ki sonde moun dwat yo,

    ki wè panse ak kè a;

    kite mwen wè vanjans Ou sou yo;

    paske a Ou menm, mwen te konfye ka m nan.

  111. 20 Men lè kè l te vin egzalte wo, lespri li te vin tèlman ògeye, ke li te aji ak awogans, li te depoze de twòn wayal li a, e glwa li a te rache soti nan men l.

  112. 8 Pèp sa a onore M avèk lèv yo,

    men kè yo byen lwen Mwen.

    9 An ven yo adore M;

    lè yo enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.

  113. 2 Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.

    3 Jésus, byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye, 4 te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan kò Li. 5 Li te vide dlo nan basen an e te kòmanse lave pye a disip Li yo, e siye yo avèk twal ki te vlope L la.