37 Bible Verses About School
Bib Sen An (BSA)
-
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
4 si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
6 Paske, SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
-
14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
-
9 Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo. 10 Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a. 11 Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt. 12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
-
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
4 Nou p ap kache yo a pitit nou yo,
men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,
fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
5 Paske Li te etabli yon temwayaj
nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël,
sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo
pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.
6 Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen.
Menm pou sila ki poko fèt yo,
pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,
7 pou yo kab mete konfyans yo
nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo,
men kenbe kòmandman Li yo.
8 Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo,
yon jenerasyon tèt di e rebèl,
yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl,
ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.
-
7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;
sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
-
23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
-
9 “Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo. 10 Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
24 Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, pou nou ta kapab jistifye pa lafwa. 25 Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba yon pwofesè lekòl ankò.
-
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
-
2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.
5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an.
-
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
-
17 Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.
-
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
-
6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
-
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
13 A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 Li pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se richès ak lonè.
17 Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
-
11 Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.
12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou.
-
16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
-
3 “Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a.
-
33 Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”
-
14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
-
15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
-
5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.
8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri.
-
7 Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”
-
20 Sila ki mache ak moun saj va vin saj;
men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
-
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”
-
1 Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann.
-
31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.
-
1 Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan! 2 Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè. 3 Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa fè lagè selon lachè, 4 paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. 5 N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la. 6 Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè obeyisans nou an fin ranpli.
-
11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
15 Pale, egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.
Shows Read in context, Share and Copy.