99 Bible Verses About Church
Bib Sen An (BSA)
-
36 “Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”
37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
-
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
-
15 Li te di yo: “Men nou menm, ki moun nou di Mwen ye?”
16 Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”
17 Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la. 18 Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li. 19 M ap bay ou kle wayòm syèl la; nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”
-
22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se manm a kò Li. 31 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.” 32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. 33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.
-
9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
-
26 Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.
27 Si yon moun pale an lang, li ta dwe pa plis ke de moun, o menm twa. Fòk li an lòd, youn apre lòt, e yon moun dweentèprete.
28 Men si pa gen entèprèt, li dwe rete an silans nan legliz la, e kite li pale ak tèt li e ak Bondye.
29 Kite de oubyen twa pwofèt pale, e kite lòt yo jije sa.
30 Men si yon revelasyon vin fèt a yon moun ki chita, premye a dwe fè silans.
31 Paske nou tout kapab pwofetize youn apre lòt, pou nou tout kapab konprann e nou tout kapab jwenn egzòtasyon.
32 Konsa, lespri a pwofèt yo se sijè a pwofèt yo.
33 Paske Bondye se pa yon Bondye ki mennen konfizyon, men lapè, tankou nan tout legliz a sen yo.
34 Ke fanm yo rete an silans nan legliz la; paske yo pa pèmèt pou yo pale, men kite yo vin anba lòd, jan Lalwa anplis konn di a.
35 Si yo dezire aprann yon bagay, kite yo mande pwòp mari yo lakay yo; paske se pa pwòp pou yon fanm pale nan legliz la.
36 Ki sa a? Èske se nan nou menm pawòl Bondye a te sòti premyèman? Oubyen èske li vini a nou menm sèlman?
37 Si yon moun panse ke li se yon pwofèt, oswa plen lespri, kite li rekonèt ke bagay ke mwen ekri a nou menm yo se kòmandman a Senyè a.
38 Men si yon moun pa rekonèt sa, li menm, osi li p ap rekonèt.
39 Konsa, frè m yo Se pou nou gen yon dezi sensè pou pwofetize, e pa anpeche moun pale an lang.
40 Men tout bagay dwe fèt byen pwòp ak nan lòd.
-
15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. 18 Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay. 19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.
-
1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2 se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3 Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an. 4 Epi lè Chèf Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.
5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.
-
1 Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.
2 Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo. 3 Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a. 4 Men nou menm nou va dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”
5 Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche. 6 Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin fè lapriyè, yo te poze men sou yo.
-
8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
-
1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5 yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, 6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.
-
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
-
26 Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris. 28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.
-
28 “Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.
29 “Mwen konnen ke apre mwen pati, lou sovaj va vini pami nou, lou ki p ap fè gras menm a bann twoupo a. 30 Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene disip yo pou yo ta swiv yo. 31 Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou avèk dlo nan zye m.
-
14 Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, 15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. 16 Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò. 17 “Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.” 18 Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan yon sèl Lespri a Papa a. 19 Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a, 20 ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm wòch la ki fòme ang prensipal la. 21 Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni yon tanp ki sen nan Senyè a. 22 Nan Li menm, nou osi ap vin bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.
-
16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
-
15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
18 “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.
19 “Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la. 20 Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”
21 Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”
22 Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.
-
9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a. 10 Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.
-
9 Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.
10 Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman. 11 Paske mwen enfòme o sijè de nou menm, frè m yo, pa moun Chloé yo, ke gen konfli pami nou. 12 Alò, men kisa m ap di. Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”. 13 Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin batize nan non Paul?
-
11 Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri. 12 Alò, si nenpòt moun bati sou fondasyon an avèk lò, ajan, bijou presye, bwa, zèb sèch, oswa pay, 13 zèv a chak moun va vin byen parèt. Paske lajounen va fè l vin parèt klè, akoz sa gen pou revele avèk dife. Epi dife a, li menm, va fè prèv valè zèv chak moun. 14 Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va resevwa yon rekonpans. 15 Si zèv a yon moun vin brile, li va soufri pèt, men li menm, li va sove kòmsi, se pa dife.
16 Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou? 17 Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.
-
5 Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.
6 Kidonk, si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.
7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li, 9 ki kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.
-
13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la. 14 Sepandan, nou te fè byen pou pataje avè m nan soufrans mwen an. 15 Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman. 16 Paske menm nan Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo. 17 Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou. 18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
-
1 Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.
2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”
3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.
-
8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp 9 men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp. 10 Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.
11 Fanm yo dwe menm jan an, dign pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.
12 Dyak yo dwe mari a yon sèl fanm, bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo. 13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.
14 M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan, 15 men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.
-
12 Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye. 13 Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.
14 Paske kò a se pa yon sèl manm, men anpil manm. 15 Si pye a ta di: “Akoz ke mwen se pa yon men, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa sa ki ta fè l okenn mwens yon pati nan kò a. 16 Epi si zòrèy la di: “Mwen pa yon zye, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa pou rezon sa a li pa omwen yon pati nan kò a. 17 Si tout kò a te yon zye, kote zòrèy la t ap ye? Si tout kò a te sèl zòrèy, kote nen pou santi t ap ye? 18 Men koulye a Bondye byen plase manm yo, yo chak nan kò a jis jan Li te vle a. 19 Si yo tout te yon sèl manm, kote kò a t ap ye? 20 Men koulye a gen anpil manm, men yon sèl kò. 21 Konsa, zye a pa kapab di a men an: “Mwen pa bezwen ou” ni ankò, tèt la a pye yo: “Mwen pa bezwen nou.” 22 Okontrè, li pi vre ke manm kò ki sanble pi fèb yo nesesè. 23 Epi manm nan kò yo ke nou estime mwens onorab yo, sou yo nou bay plis onè, e manm ki mwens prezantab nou yo, vin pi prezantab, 24 pandan ke manm pi prezantab nou yo pa bezwen sa. Men Bondye byen ranje kò a pou bay plis onè a manm ki manke onè yo, 25 jis pou pa vin gen divizyon nan kò a, men pou manm yo kapab gen menm sousi pou youn lòt. 26 Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.
27 Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn manm de li. 28 Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo. 29 Èske se tout ki apot? Non! Èske tout se pwofèt? Non! Èske tout se enstriktè? Non Èske se tout ki fè mirak? Non! 30 Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non! 31 Men swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.
-
14 “Mwen se bon bèje a. Mwen rekonèt sa yo ki pou Mwen, e pa Mwen yo rekonèt Mwen. 15 Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.
16 “Epi Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.
-
18 Paske nou pa t vin kote yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt 19 ni a gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò. 20 Paske yo pa t kapab sipòte dekrè a: “Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.” 21 Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: “Mwen plen lakrent ak tranbleman”.
22 Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, 23 anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, 24 epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.
-
1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
-
20 “Mwen pa mande pou sila yo sèlman, men pou sa yo osi ki kwè nan Mwen pa pawòl pa yo. 21 Pou yo tout kapab fè yon sèl. Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M. 22 Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl. 23 Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.
-
10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
-
14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.
-
1 Paul, aple kon apot Jésus Kri pa volonte Bondye a, ak Sosthène, frè nou, 2 A legliz Bondye ki nan vil Corinthe lan, a sila ki gen tan sanktifye nan Jésus Kri yo, sen pa apèl Bondye yo, avèk tout sila yo nan tout kote ki rele non Senyè nou an, Jésus Kri; Senyè pa yo e pa nou. 3 Gras pounou ak lapè Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.
-
14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 17 Konsa,
“‘Soti nan mitan yo,
e separe de yo’, di Senyè a.
‘Pa touche sa ki enpi.
Mwen va akeyi nou.
18 Mwen va yon Papa pou nou,
e nou va fis ak fi pou Mwen,’
di Senyè Tou Pwisan an.”
-
22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.
-
1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9 Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
-
17 Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo. 18 Paske Lekriti a di: “Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”
-
1 Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang 2 epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali, 3 si vrèman nou te goute dousè a Senyè a. 4 Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.
5 Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.
-
25 Barnabas te kite Tarse pou ale jwenn Saul. 26 Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun.
Disip yo te premyèman rele “Kretyen” la a, nan Antioche.
27 Alò nan tan sa a, kèk pwofèt te sòti Jérusalem pou rive Antioche.
28 Youn nan yo ke yo te rele Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.
29 Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a frè yo nan Judée. 30 Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.
-
10 Beni se sila yo ki te pèsekite pou ladwati;
wayòm syèl la se pou yo.
11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen. 12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.
13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
-
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.
15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
-
31 Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.
32 Alò pandan Pierre t ap vwayaje nan rejyon sa yo, li te desann osi bò kote fidèl ki te rete nan Lydde yo.
-
22 Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo. 23 Yo te voye lèt sa a avèk yo:
“Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.
-
13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. 14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a. 15 Konsa, priyè ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. 16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.
-
1 Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila ki chwazi davans yo, 2 selon konesans davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.
-
8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9 Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.
10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun. 33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
36 Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an 37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.
-
1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.
-
3 Paske Li te konte dign de plis glwa ke Moïse, menmjan ke konstriktè kay la gen plis onè pase kay la li menm. 4 Paske tout kay bati pa yon moun, men Sila ki bati tout bagay la, se Bondye. 5 Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon sèvitè pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo; 6 Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.
-
23 Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a.
-
11 Koulye a, ke Bondye e Papa nou an Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm. 12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13 Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.
-
1 “A zanj legliz nan Sardes la, ekri: Sila ki gen sèt Lespri Bondye ak sèt zetwal yo, di sa a: Mwen konnen zèv nou yo, ke nou gen repitasyon ke nou vivan, men nou mouri. 2 Reveye nou, e ranfòse bagay ki rete yo, ke ou te prèt pou jete deyò; paske Mwen pa twouve zèv nou yo konplè nan zye Bondye. 3 Donk, sonje sa nou te resevwa e tande a. Kenbe l e repanti. Konsa, si nou pa reveye nou, Mwen va vini tankou yon vòlè, e nou p ap konnen a kilè Mwen va vini sou nou an.
4 “Men nou gen kèk moun nan Sardes ki pa t sal vètman yo. Yo va mache avèk Mwen abiye an blan, paske yo dign de sa.
5 “Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.
-
1 “Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a, 2 pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje.
3 “O Israël, ou dwe koute e fè atansyon ak sa, pou sa kapab ale byen pou nou, e pou nou kapab miltipliye anpil, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo te pwomèt nou an, nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.
-
16 Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la? 17 Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen. 18 Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?
19 Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay? 20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.
21 Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo. 22 Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?
-
2 Alò, li va vin rive nan dènye jou yo,
ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo.
Li va leve pi wo pase kolin yo,
e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.
3 Konsa, anpil pèp va vini e yo va di:
Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a,
lakay Bondye a Jacob la;
pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo,
e pou nou kapab mache nan pa Li yo.
Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion,
e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.
4 Li va jije pami nasyon yo,
e Li va rann desizyon pou anpil pèp.
Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a,
ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo.
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon
e jis pou tout tan,
yo p ap vin aprann fè lagè ankò.
-
20 Manman a fis Zébédée yo te vin kote L avèk fis li yo. Li te bese devan L pou mande L yon favè.
21 Li te di L: “Kisa ou vle?”
Li te di L: “Pase lòd pou nan Wayòm ou an, de fis mwen yo kapab chita youn sou bò dwat Ou ak youn sou bò goch Ou.”
22 Men Jésus te reponn: “Nou pa konnen kisa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke Mwen prè pou M bwè a?”
Yo te di Li: “Nou kapab”.
23 Li te di yo: “Tas Mwen an nou ap bwè, men pou chita adwat Mwen, oubyen agoch Mwen, se pa Mwen ki pou bay li, men se pou sila papa M te prepare li yo.”
24 Konsa, lè dis yo te tande sa, yo te vin trè fache avèk de frè yo.
25 Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.
26 “Li pa konsa pami nou, men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou. 27 Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou. 28 Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”
-
17 Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm.
-
19 Legliz Asie yo salye nou. Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk legliz ki lakay yo a. 20 Tout frè yo salye nou. Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.
-
1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
3 Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
6 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. 7 Konsa, pa vin yon pati ak yo. 8 Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. 9 Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, 10 ki fè prèv de sa k ap fè Senyè a plezi. 11 Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo. 12 Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm.
-
16 Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba. 17 Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vre sibstans lan apatyen a Kris. 18 Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li, 19 ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.
-
2 Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a.
-
16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a. 26 Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.
-
7 Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a. 8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo. 9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11 Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an. 12 Nan Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans.
-
13 Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite 14 oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo. 15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.
16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye. 17 Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.
-
1 “Mwen se vre pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an. 2 Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.
3 “Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an. 4 Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.
5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen. 6 Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile. 7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.
9 “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen. 10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.
11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.
17 “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.
-
5 Salye osi tout legliz la ki reyini lakay yo a. Salye Épaïnète, zanmi byeneme m, ki te premye konvèti an Asie a.
-
9 Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.
-
1 Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. 2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini. 3 Konsa, lè m rive nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem;
-
6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
-
1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo.
-
15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.
16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.
-
5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.
6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.
8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
-
1 “A zanj nan legliz Éphèse la, ekri: Sila ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat Li a, Sila ki mache pami sèt chandelye fèt an lò yo, di sa a:
2 “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo. 3 Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.
4 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou kite premye lanmou nou an. 5 Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti. 6 Poutan nou genyen sa a, ke nou rayi zèv Nikolayityen yo, ke Mwen menm, Mwen rayi tou.
7 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.
-
7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.” 8 Yo te bay a lamarye a pou abiye li an len fen, briyan e pwòp, paske len fen an se zak ladwati a sen yo.
9 Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vre pawòl a Bondye.”
-
15 Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an. 16 Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.
-
4 Alò, pandan yo t ap travèse vil yo, yo t ap livre bay desizyon ki te detèmine pa apòt yo ak ansyen yo nan Jérusalem.
-
1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. 2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim. 3 Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. 4 Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.
5 Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun vin byen konvenk nan konsyans pa li. 6 Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman. 7 Paske pa gen youn nan nou ki viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li. 8 Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a. 9 Pou rezon sa a Kris te mouri , Li te resisite, e Li te viv ankò, pou Li te kapab Senyè pou ni sa ki mouri ak sa ki vivan.
10 Men nou menm, poukisa nou jije frè nou an? Oswa, nou menm ankò, poukisa nou meprize frè nou an? Paske nou tout va kanpe devan chèz jijman Bondye a. 11 Paske sa ekri:
“Jan Mwen vivan an, di Senyè a,
tout jenou ap bese devan Mwen,
e tout lang ap bay lwanj a Bondye”.
12 Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.
-
5 Men si yon moun fè nou tris, se pa mwen li fè tris la, men, nan yon sèten sans, (jis pou m pa di twòp) a nou tout. 6 Sifi pou yon moun konsa se pinisyon ki te enpoze pa majorite a. 7 Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit. 8 Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a. 9 Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou obeyisan nan tout bagay. 10 Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou nan prezans a Kris la 11 pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske nou pa inyoran de manèv li yo.
-
26 Men Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout.
-
24 Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo.
-
15 Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak legliz ki lakay li a.
-
2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?)
-
9 Nenpòt moun ki fin ale byen lwen e ki pa kontinye nan doktrin Kris la, pa gen Bondye. Sila ki rete nan doktrin nan, li gen ni Papa a, ni Fis la.
10 Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li, 11 paske sila ki salye li a patisipe nan zak malveyan li yo.
-
18 ke yo t ap di a nou ke “Nan dènye tan yo, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.” 19 Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun k ap reflechi kon lemonn, ki san Lespri a.
20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.
-
6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.
7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
-
44 Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.
45 Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou. 46 Paske yo te tande yo pale an lang, e egzalte Bondye.
Alò, Pierre te reponn: 47 “Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?” 48 Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri.
Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
9 Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;
10 Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.
11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
12 Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?
13 Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.
-
1 Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo olye devan sen yo? 2 Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo? 3 Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a? 4 Donk, si konsa, nou sèvi ak tribinal pou regle pwoblèm nan lavi sa, èske nou chwazi kon jij sila ki pa kab reprezante anyen nan legliz yo? 5 Mwen di nou sa pou wont nou. Si se konsa, ke pa gen yon moun saj pami nou ki kapab deside antre frè li yo? 6 Men frè ale devan lalwa avèk frè, e tout sa devan enkwayan yo. 7 Alò konsa, sa se deja yon defèt pou nou, pou n ap fè pwosè avèk youn lòt. Poukisa nou pa pito soufri lenjistis? Poukisa nou pa pito aksepte sibi fwod? 8 Okontrè, nou menm, nou fè lenjistis ak fwod la. Nou fè sa menm kont frè nou yo.
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
1 Èske mwen pa lib? Èske mwen pa yon apòt? Èske mwen pa wè Jésus, Senyè nou an? Èske nou se pa zèv mwen nan Senyè a?
2 Si pou lòt yo mwen pa yon apòt, omwen mwen se yon apòt pou nou. Paske nou se so a ki fè m apòt nan Senyè a.
-
8 Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, 9 pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 10 Nou toujou ap pote nan kò a, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou. 11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an.
-
11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo.
-
9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman. 10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la; 11 Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.
12 Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la. 13 Paske anprizonman mwen pou koz a Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo. 14 Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.
-
1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
-
12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.
Viv nan lapè avèk youn lòt.
-
16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
-
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
20 O Timothée, gade byen sa ki konfye a ou menm nan, e evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan, 21 ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin egare kite lafwa.
Ke lagras avèk nou. Amen.
-
10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
Shows Read in context, Share and Copy.