69 Bible Verses About Hope
Bib Sen An (BSA)
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. 24 Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? 25 Men si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.
-
12 Esaïe di ankò:
“Li va gen rasin Jessé a;
Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo.
Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”
13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
-
5 Konsa pale SENYÈ a:
“Modi se moun ki mete konfyans nan lòm,
ki fè lachè vin fòs li,
ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.
6 Paske li va tankou bwa raje nan dezè;
li p ap janm wè lè bonè rive,
men li va viv pami wòch savann nan dezè a,
nan yon peyi sale, san moun ki rete ladann.
7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,
ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,
ki lonje rasin li akote yon sous dlo.
Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.
Li p ap twouble nan ane sechrès la,
ni sispann bay fwi.
-
18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.
20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj. 21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22 Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati.
-
3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.
-
18 Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,
sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
19 pou delivre nanm pa yo devan lanmò,
e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
20 Nanm nou ap tann SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.
21 Paske kè nou rejwi nan Li, akoz
nou mete konfyans nou nan sen non Li.
22 Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,
selon esperans ke nou te mete nan Ou a.
-
11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
-
15 Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.
-
2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
-
17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. 18 Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an. 19 Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki menm antre anndan vwal tanp lan, 20 kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.
-
16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an.
-
8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
-
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
-
23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
-
5 Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap tann esperans ladwati a. 6 Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
-
13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.
-
4 Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.
-
28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan;
men entansyon mechan an va peri.
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou.
-
10 Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la. 11 Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa.
12 Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo. 13 Se pa tankou Moïse ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la. 14 Men tèt yo te vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve.
-
4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an;
-
1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.
2 Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te vin apwouve.
-
11 Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele “Ensikonsi” pa sila ki rele pwòp tèt yo “Sikonsi” yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm, 12 sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan. 13 Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la. 14 Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, 15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. 16 Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò.
-
9 Men byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale.
10 Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo. 11 Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen, 12 pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.
-
7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a.
Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd.
Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.
8 Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.
-
24 Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj,
nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.
-
3 Pa mete konfyans nan prens yo.
Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.
4 Lespri li pa rete; li retounen nan tè a.
Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.
-
6 Men byen konprann ke yon pati se te Sadiseyen yo, e lòt la, Farizyen yo, Paul te kòmanse kriye fò nan konsèy la: “Frè m yo, mwen menm se yon Fariziyen, yon fis a Farizyen. Mwen ap jije devan tribinal a pou esperans nan rezirèksyon a mò yo!”
-
19 Konsa, si nou te mete espwa nou nan Kris sèlman nan vi sa a, nou pami moun ki pi pitwayab ke tout moun.
-
11 “Èske jon kab grandi san ma dlo?
Èske wozo konn pouse san dlo?
12 Pandan li toujou vèt e san koupe a,
l ap fennen avan tout lòt plant yo.
13 Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo.
Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,
14 sila a ak konfyans frajil la
kap mete konfyans li nan fil arenye a.
15 Arenye a mete konfyans sou lakay li,
men li p ap kanpe.
Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.
-
10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse esperans nou sou Bondye vivan an, ki se Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.
-
18 Paske sou yon bò, yo mete sou kote ansyen kòmandman an akoz de feblès ak initilite li. 19 (Paske Lalwa pa t fè anyen pafè), epi sou lòt bò, yo mennen yon pi bon espwa, e atravè li menm nou vin rapwoche de Bondye. 20 E kòmsi, li pa t fèt yon prèt san yon sèman, 21 paske vrèman prèt lalwa yo te vin prèt san sèman, men Li menm avèk yon sèman, atravè Sila ki te di Li a:
“Senyè a gen tan sèmante e Li p ap chanje tèt Li;
‘Ou se yon prèt pou tout tan’.”
Selon modèl a Melchisédek la.”
22 Konbyen anplis ke sa, Jésus gen tan vin garanti a yon pi bon akò.
-
13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan,
-
7 Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan?
Espwa m se nan Ou.
-
14 Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan.
Mwen va bay Ou lwanj plis toujou.
-
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
-
11 SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,
sila ki tann lanmou dous Li yo.
-
12 Lespwa jennen fè kè a malad;
men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
-
5 Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,
Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.
-
17 Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo,
men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
18 Anverite, gen davni,
e espwa ou p ap anile.
-
20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
-
18 Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan,
ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.
-
9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.
Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
-
2 O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen.
Pa kite mwen vin wont;
pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.
3 Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;
sila ki fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.
-
11 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?
Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen?
Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò,
O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.
-
5 Nanm mwen tann an silans sèlman Bondye.
Paske espwa mwen se nan Li.
-
5 Mwen tann SENYÈ a.
Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li,
mwen mete espwa m.
-
4 Paske, nenpòt moun ki jwenn ansanm ak lòt vivan yo gen espwa; anverite, yon chen vivan pi bon pase yon lyon ki mouri. 5 Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt. 6 Anverite, lanmou yo, rayisman yo, ak fòs kouraj yo deja fin mouri, e yo pa gen pati ankò nan tout sa ki fèt anba solèy la.
-
16 Senyè a va gwonde soti nan Sion,
e va sone vwa Li soti Jérusalem.
Syèl yo ak tè a va tranble,
men SENYÈ a se yon refij pou pèp Li a,
ak yon sitadèl pou fis Israël yo.
-
26 Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj.
Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,
27 paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo,
ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.
-
13 Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te sele nan Li menm avèk Lespri Sen a pwomès la, 14 ki bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.
-
18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa.
Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
19 Ou va kouche dòmi e okenn moun p ap deranje ou.
Wi, anpil moun va mande favè ou.
-
8 Paske ki espwa sila ki san Bondye a genyen
lè l koupe retire nèt,
lè Bondye fè l oblije bay lavi li?
-
24 Si se nan lò mwen te mete espwa m,
pou m te di lò fen an, ‘se ou ki konfyans mwen,’
25 Si mwen te rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran,
e akoz men m te tèlman ranmase anpil;
26 si mwen te gade solèy la lè l t ap brile,
oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,
27 epi kè m te vin sedwi an sekrè,
e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,
28 sa osi ta yon inikite ki merite jijman,
paske mwen t ap abandone Bondye anwo a.
-
19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.
Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
20 Gade nanm mwen e delivre mwen.
Pa kite m vin wont, paske mwen
pran refij nan Ou menm.
21 Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,
paske se Ou m ap tann.
-
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
-
18 Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen. 19 Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a. 20 Selon volonte sensè ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris la va menm koulye a, kon toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò.
-
15 Men li sove yo de nepe a pwop bouch yo,
e menm malere a chape nan men pwisan an.
16 Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa,
e inikite oblije pe bouch li.
-
13 Si mwen chache Sejou mò yo kon lakay mwen,
si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;
14 Si mwen kriye a fòs tonbo a:
‘Se ou ki papa m’; epi a vè a:
“Ou se manman m ak sè m’;
15 Alò, koulye a, se kibò espwa mwen ye?
Epi se kilès k ap okipe espwa m?
-
5 Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa?
Epi poukisa ou twouble anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen
va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.
-
11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye.
SENYÈ a va bay gras avèk glwa.
Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
-
4 Li p ap dekouraje oswa vin kraze
jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè,
epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”
-
13 O SENYÈ, espwa Israël la,
tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont.
Sila yo ki kite Mwen sou latè yo,
sou latè non yo va vin enskri,
akoz yo te abandone SENYÈ a,
sous dlo vivan an.
-
18 Konsa mwen di: “Fòs mwen fin peri,
ansanm ak espwa m ki sòti nan SENYÈ a.”
-
21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;
pou sa, mwen gen espwa.
22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,
paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 Yo renouvle chak maten.
Gran se fidelite Ou.
-
7 Men pou mwen menm,
mwen va gade vè SENYÈ a.
Mwen va tann Bondye a sali mwen an.
Bondye mwen an va koute mwen.
-
21 Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.”
-
1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
Shows Read in context, Share and Copy.