30 Bible Verses About Envy

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Envy
  1. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

    25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a. 26 Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.

  2. 13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.

    14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.

    17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.

  3. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a.

  4. 30 Yon kè trankil se lavi pou kò a;

    men pasyon fè tout zo yo pouri.

  5. 1 Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang 2 epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali, 3 si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.

  6. 1 Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo. 2 Mwen te bannou lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab, 3 pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl? 4 Paske lè youn di: “Mwen se moun Paul”, epi yon lòt: “Mwen se moun Appollos”, èske nou p ap aji kòmsi se lòm natirèl ke nou ye?

  7. 4 Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.

    5 Moun ensanse a pliye men l e manje pwòp chè li. 6 Yon men plen repo se miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.

    7 Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la. 8 Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm konn mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.

  8. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

  9. 3 Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5 diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.

    6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.

    8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.

    9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.

  10. 1 “Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn?

    A kilès nan sen fidèl yo ke ou va vire?

    2 Paske rankin va touye moun ki plen foli,

    e jalouzi va touye moun senp lan.

    3 Mwen te wè moun san konprann ki t ap pran rasin,

    e byen vit, mwen te denonse kay li.

  11. 1 Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo? 2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. 3 Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.

    4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.

    5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”

    6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

    7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.

  12. 17 Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo,

    men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.

    18 Anverite, gen davni,

    e espwa ou p ap anile.

  13. 15 Alò, nan fèt la, gouvènè a te abitye lage pou pèp la yon sèl prizonye selon volonte pa yo. 16 Nan moman sa a, yo te gen yon move prizonye byen rekonèt, yo te rele Barabbas.

    17 Konsa, lè yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: “Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus ke yo rele Kris la?” 18 Paske li te byen konprann ke se jalouzi ki te fè yo livre Li.

  14. Yon Sòm David

    1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.

    2 Paske yo va fennen vit tankou zèb chan,

    e disparèt tankou zèb ki vèt.

    3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.

    Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

    4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.

    Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.

  15. 11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.

  16. 6 Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik. 7 Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di:

    “Saül te touye dè milye pa li menm

    e David dè di-milye pa li menm.”

    8 Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?” 9 Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè.

  17. 44 Nan pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.

    45 Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.

  18. 3 Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a. 4 Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo.

    Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la, 5 men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.

    6 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? 7 Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”

    8 Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.

  19. 31 Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,

    ni pa chwazi chemen li yo.

    32 Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a;

    men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.

  20. 20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  21. 3 Paske mwen te gen anvi awogan yo,

    lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.

  22. 1 Pa fè anvi a moun mechan,

    ni dezire pou avèk yo;

    2 paske panse yo fòmante vyolans

    e lèv yo pale inikite.

  23. 15 Asireman kèk nan yo menm ap preche Kris avèk lanvi ak konfli, men kèk tou ap preche l avèk senserite.

  24. 12 Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li. 13 Mesye a te vin rich e li te kontinye vin pi rich jiskaske li te vin ranmase anpil gwo richès. 14 Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li.

  25. 1 Alò, lè Rachel te wè ke li pa t fè pitit pou Jacob, li te vin jalou. Li te di a Jacob: “Ban mwen pitit, oswa, m ap mouri.”

    2 Epi chalè Jacob te brile kont Rachel. Li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te anpeche vant ou bay fwi a?”

  26. 3 Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè. 4 Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye.

  27. 17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.

  28. 16 Yo te vin jalou a Moïse nan kan an,

    ak Aaron, fidèl sen a SENYÈ a.

    17 Akòz sa a,tè a te louvri vale Dathan,

    epi te anglouti tout konpanyen Abiram yo.

    18 Konsa, yon gwo dife te vin monte nan mitan konpanyen yo.

    Flanm nan te manje mechan yo.

  29. 20 Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj.

  30. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a