34 Bible Verses About Gossip

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Gossip
  1. 20 Akoz mank bwa, dife a etenn;

    lè ti koze sispann, rayisman vin kalme.

    21 Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife,

    se konsa yon moun tchenpwèt chofe pwoblèm pou limen konfli.

    22 Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan,

    vin tankou bèl ti mòso delika.

    Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.

  2. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

  3. 11 Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo;

    men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.

    12 Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt;

    men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.

    13 Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo;

    men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.

  4. 11 Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye. 12 Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a. 13 An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.

    14 Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.

  5. 28 Yon nonm pèvès gaye konfli,

    e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.

  6. 6 Lèv a yon moun ensanse mennen konfli;

    bouch li ap mande kou.

    7 Bouch a moun san konprann nan se dega li;

    e lèv li se pèlen pou nanm li.

    8 Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan

    se tankou bonbon ki gen gou dous;

    se jis nan fon kò a yo desann.

  7. 19 Sila ki difame moun devwale sekrè;

    pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.

  8. 16 “‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an.

    Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.

  9. 20 Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj.

  10. 18 Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;

    e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.

  11. 9 Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou;

    men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.

  12. 33 “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34 Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35 Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36 Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”

  13. 1 Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.

  14. 5 Lènmi m yo pale mal kont mwen:

    “Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”

    6 Si li vin wè m, li bay manti.

    Kè li ranmase mechanste pou kont li.

    Lè l sòti deyò, li pale sa.

    7 Tout sila ki rayi mwen yo

    soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt.

    Kont mwen, yo fè plan pou

    donmaje mwen epi yo di:

    8 “Yon bagay mechan gen tan pran l,

    pou lè l kouche, pou l pa leve ankò.”

  15. 3 Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.

    Veye dri sou pòt lèv mwen yo.

  16. 19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;

    men sila ki frennen lèv li gen sajès.

  17. 23 Sila ki veye bouch li ak lang li

    pwoteje nanm li kont gwo twoub.

  18. 5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,

    li menm, mwen va detwi.

    Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.

  19. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.

  20. 9 Diskite pwòp ka pa ou devan vwazen ou,

    e pa devwale sekrè a yon lòt,

    10 oswa sila ki tande ou a, va fè ou repwòch,

    e move rapò sou ou menm p ap janm disparèt.

  21. 10 Men lè frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.

    11 Konsa, Jwif yo t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: “Kote Li ye?”

    12 Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.” 13 Malgre sa, pèsòn pa t pale ouvètman konsènan Li, paske yo te pè Jwif yo.

  22. 5 Konsa, Sanballat te voye sèvitè li kote mwen yon senkyèm fwa avèk yon lèt ouvri nan men l. 6 Ladann, li te ekri: “Gen yon rapò k ap fèt pami nasyon yo, e Gaschmu ap di ke ou menm avèk Jwif yo gen plan pou fè rebelyon. Ke se pou sa ke w ap rebati miray la. Epi se ou menm ki va wa yo, selon rapò yo. 7 Anplis ke ou te chwazi pwofèt Jérusalem yo pou fè pwoklamasyon pou ou menm, pou ‘Yon wa nan Juda!’ Konsa, yon rapò va voye kote wa a sou rapò sila yo. Pou sa a, vin kounye a, pou nou fè konsèy ansanm.”

    8 Konsa, mwen te voye kote li. Mwen te di: “Kalite bagay sa yo ke w ap pale yo, pa t janm fèt, men w ap envante yo nan pwòp panse ou.”

  23. 23 Van nò pote lapli

    e yon lang medizan, pote yon move vizaj.

  24. 11 Moun san konprann toujou fache;

    men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.

  25. 2 Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil. 3 Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon moun ensanse, ak anpil pawòl.

  26. 11 Fanm yo dwe menm jan an, dign pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.

  27. 1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.

    2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.

    3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

    6 Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.

    9 Ankouraje esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon, 10 pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.

    11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.

    15 Pale, egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.

  28. 1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.

  29. 13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,

    e lèv ou pou pa bay manti.

  30. 9 Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li;

    men ak konesans, moun dwat yo va delivre.

  31. 21 Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;

    e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.

  32. 15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.

  33. 31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.

  34. 26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.