71 Bible Verses About Humility

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Humility
  1. 6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

    7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.

  2. 5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.

    6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  3. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo,

  4. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye.

  5. 11 “Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”

  6. 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.

  7. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  8. 13 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an, 14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.

  9. 18 Ògèy ale devan destriksyon

    e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.

    19 Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo,

    pase divize piyaj ak moun ògeye yo.

  10. 6 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,

    e bese m ba devan Bondye anlè a?

    Èske mwen ta vini ak ofrann brile,

    ak ti bèf ki gen yon lane?

    7 Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo?

    Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?

    Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay

    pou zak rebelyon mwen yo?

    Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?

    8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  11. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  12. 1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”

    2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.

  13. 33 Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;

    avan onè, fòk imilite.

  14. 4 Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a

    se richès, bon repitasyon, ak lavi.

  15. 10 Ni pa kite yo rele nou Direktè, paske nou gen yon sèl Direktè; se Kris la.

    11 “Men pi gran pami nou an va vin sèvitè nou. 12 Konsa, sila ki pran wo plas yo ap desann, e sila ki desann tèt yo ap vin gen yon wo plas.

  16. 9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

  17. 15 Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,

    Sila ki viv jis pou tout tan an,

    non a Li se Sila ki Sen an, pale:

    “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,

    anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb,

    pou fè leve lespri a enb yo,

    e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.

  18. 2 Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv;

    men avèk moun enb lan, se sajès.

    3 Entegrite a moun dwat la va gide yo;

    men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.

  19. 12 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;

    men imilite ale devan onè.

  20. 3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.

  21. 23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba;

    men yon lespri enb va jwenn respè.

  22. 34 Li moke moun k ap moke,

    men Li bay gras a sila ki aflije yo.

  23. 2 “Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa t ap kenbe kòmandman Li yo.

    3 “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.

  24. 8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;

    pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.

    9 Li dirije enb yo nan jistis, e

    Li va enstwi enb yo nan chemen Li.

  25. 1 Konsa pale SENYÈ a:

    “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M.

    Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen?

    Epi ki kote pou M ta ka repoze?

    2 Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo;

    se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a.

    “Men, anvè sila Mwen va gade;

    sila ki enb ak kè ki repanti a,

    e ki tranble devan pawòl Mwen yo.

  26. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun.

  27. 27 Li te vin rive ke lè Achab te tande pawòl sa yo, li te chire rad li e li te mete twal sak sou li pou te fè jèn. Li te kouche nan twal sak e li te vin mache avèk chagren nèt.

    28 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Élie, Tichbit la, e te di: 29 “Èske ou wè kijan Achab te vin imilye li devan Mwen? Akoz li te imilye li devan mwen, Mwen p ap mennen mal la nan jou li yo; men Mwen va mennen mal la sou lakay li nan jou a fis li yo.”

  28. 4 Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.

    Li va anbeli enb yo avèk sali Li.

  29. 27 akoz kè ou te mou e ou te imilye ou menm devan Bondye lè ou te tande pawòl Li yo kont plas sa a, e kont pèp li a, akoz ou te imilye ou menm devan Mwen, ou te chire vètman ou e ou te kriye devan M, Mwen anverite te tande ou’, deklare SENYÈ a.

  30. 6 Paske malgre SENYÈ a egzalte,

    Li toujou okipe sila ki ba yo.

    Men moun ki ògeye yo,

    Li rekonèt yo de lwen.

  31. 5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.

    Bon konprann Li an san limit nèt.

    6 SENYÈ a bay soutyen a aflije yo.

    Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.

  32. 29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye a. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”

  33. 18 Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li,

  34. 1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.

  35. 2  Konsa, yo te di: “Èske SENYÈ a vrèman te pale sèlman ak Moïse? Èske Li pa t pale ak nou menm tou?” Epi SENYÈ a te tande sa.

    3 Alò, nonm Moïse la te trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.

  36. 33 Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?” 34 Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.

    35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”

    36 Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”

  37. 24 Te leve osi yon diskisyon pami yo sou kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran. 25 Men Li te di yo: “Wa a payen yo domine yo, e sila ki gen otorite sou yo, yo rele ‘byenfetè’. 26 Men se pa konsa pou nou menm, men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a. 27 Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.

  38. 18 Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan 19 pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz konplo a Jwif yo. 20 Kòman mwen pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay. 21 Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.

  39. 3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye.

  40. 2 Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a.

    Enb yo va tande l, e yo va rejwi.

  41. 3 Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.

  42. 1 Pa vin ògeye sou bagay demen,

    paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.

    2 Kite yon lòt moun ba ou lwanj,

    e pa fè ak pwòp bouch ou.

    Kite l fèt pa yon moun ou pa konnen,

    e pa de pwòp lèv ou.

  43. 19 Anplis, moun enb yo va fè kè yo pi kontan ak SENYÈ a, e malere yo pami moun yo va rejwi nan Sila Ki Sen an Israël la.

  44. 23 Konsa pale SENYÈ a:

    “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.

    Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,

    ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.

    24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;

    ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,

    ke Mwen se SENYÈ a,

    ki aji nan lanmou dous, jistis,

    ak ladwati sou latè a;

    paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.

  45. 3 Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a.

  46. 43 Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou. 44 Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout. 45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”

  47. 9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.

  48. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  49. 21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.

  50. 17 Otreman, nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.” 18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.

  51. 28  Ou fè sekou a sila ki aflije yo,

    men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo,

    pou Ou fè yo bese.

  52. 11 Konsa, enb yo va fè eritaj peyi a.

    Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.

  53. 27 Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”

  54. 43 Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen?

  55. 13 Nou rele M ‘Mèt’, epi ‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye. 14 Pou sa, si Mwen, Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt. 15 Paske Mwen te bay nou yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.

    16 “Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la.

  56. 24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.

    25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.

    26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.

    27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.

  57. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  58. 27 Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann.

  59. 18 Epi David, wa a, te antre chita devan SENYÈ a. Li te di: “Se kilès mwen ye, O Mèt BONDYE e se kisa lakay mwen ye, pou Ou te mennen mwen jis rive isit la? 19 Epi anplis, sa te yon ti bagay nan zye Ou, O Mèt BONDYE, paske Ou te pale osi pa lakay sèvitè Ou a, de avni byen lwen an. Epi sa se koutim a lòm, O Mèt BONDYE

  60. 2 Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil.

  61. 17 Ògèy a lòm va vin imilye

    e wotè a lòm va vin desann.

    Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.

  62. 9 Rejwi anpil, O fi a Sion an!

    Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!

    Gade byen wa ou ap vini kote ou;

    Li jis e Li gen Sali;

    Li enb e Li monte sou yon bourik,

    menm yon jenn pòtre,

    pitit a yon bourik.

  63. 14 Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”

  64. 8 Men santenye a te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri.

  65. 32 Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a:

    “Li te mennen kon yon mouton nan labatwa.

    Kon yon jenn mouton an silans

    devan sa k ap taye lenn sou do l,

    li pa t louvri bouch li.

    33 Nan imilyasyon, jistis li te rachte.

    Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la?

    Paske vi Li retire sou tè a.”

  66. 9 Paske mwen se pi piti a pami apot yo, e ki pa menm dign pou rele apot, paske mwen te konn pèsekite legliz Bondye a.

  67. 17 Men “Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a.” 18 Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se sila ki rekòmande pa Bondye a.

  68. 14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan.

  69. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  70. 3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

    6 Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.

    9 Ankouraje esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon, 10 pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.

    11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a;

  71. 9  Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li; 10 e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt.