49 Bible Verses About Apologizing
Bib Sen An (BSA)
-
10 Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.
-
8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
-
21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
23 “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, 24 kite ofrann ou an la devan lotèl la e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.
25 “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon. 26 Anverite Mwen di nou, nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan.”
-
37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
-
30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.
-
6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;
rele Li pandan Li toupre a.
7 Kite mechan an abandone chemen li an,
ak pechè a, panse li yo.
Kite li retounen kote SENYÈ a
e Li va gen mizerikòd sou li;
anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
-
Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.
1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.
Selon grandè a mizerikòd ou,
efase transgresyon mwen yo.
2 Lave m nèt de inikite mwen yo e
netwaye m de peche mwen an.
3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.
Peche mwen yo devan m tout tan.
4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,
e te fè mal devan zye Ou.
Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
5 Gade byen, mwen te fèt nan inikite,
e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
-
3 “Fè atansyon! Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l. 4 Epi si li peche kont nousèt fwa pa jou, e retounen vè nou sèt fwa pou di ‘Mwen repanti’, padone l.”
-
19 “Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;
-
20 Li te kòmanse repwoche vil kote pi fò mirak yo te fèt yo, paske yo pa t repanti. 21 Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann. 22 Malgre sa Mwen di nou, l ap pi tolerab pou Tir ak Sidon nan jou jijman an pase pou nou menm. 23 Epi nou menm, Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a. 24 Malgre sa, Mwen di nou ke li va pi tolerab pou peyi Sodome nan jou jijman an pase pou nou menm.
-
13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;
men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
-
14 Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi. 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen san Bondye tankou Esaü ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
-
13 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an, 14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
-
30 “Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li,” deklare Senyè BONDYE a. “Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe. 31 Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël? 32 Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri,” deklare Senyè BONDYE a. “Akoz sa, repanti pou viv.”
-
32 Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.
-
18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
-
5 Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti.
-
5 “ Konsa, Mwen te konn tande de Ou nan zòrèy mwen yo,
men koulye a, zye m wè Ou.
6 Pou tout sa a, mwen rayi pwòp tèt mwen,
e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”
-
14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
-
14 Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15 Li te di: “Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”
-
18 Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
-
4 Konsa, padone peche nou yo, paske nou
menm osi padone tout sila ki dwe nou.
Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”
-
33 Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.
-
21 Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”
22 Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.
-
21 Mwen te ba li tan pou repanti, e li pa vle repanti de imoralite li yo.
-
8 Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.
-
17 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:“Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”
-
12 Epi padone nou ofans nou yo
menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.
-
59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.
-
30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
-
10 Koulye a, kè David te vin twouble lè li te fin konte pèp la. Konsa, David te di a SENYÈ a: “Mwen te fè gwo peche nan sa mwen te fè a. Men koulye a, O SENYÈ, souple retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te aji nan foli.”
-
16 Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis.
Otreman, mwen ta bay li.
Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.
17 Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze.
Yon kè brize e ki repantan, O Bondye,
Ou p ap meprize l.
-
1 Vini, annou retounen kote SENYÈ a;
paske li te chire nou,
men Li va geri nou.
Li te blese nou,
men Li va panse nou.
2 Li va fè nou vin refè apre de jou;
Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve.
Konsa, nou va viv devan Li.
3 Annou rekonèt SENYÈ a;
annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a.
Aparans Li asire tankou solèy
k ap leve granmmaten.
Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,
tankou lapli prentan k ap wouze latè.
-
12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a,
“retounen kote Mwen ak tout kè nou;
avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”
13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”
Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,
paske Li plen gras ak mizerikòd,
lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,
e konn ralanti nan fè malè.
-
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”
-
22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone.
-
23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.
24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.
-
9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
-
20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. 21 Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.
-
24 Alò, Saül te di a Samuel: “Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo. 25 Alò, pou sa, souple, padone peche mwen e retounen avè m pou m kapab adore SENYÈ a.”
26 Men Samuel te di a Saül: “Mwen p ap retounen avè w; paske ou te rejte pawòl a SENYÈ a e SENYÈ a te gentan rejte ou kòm wa sou Israël.”
-
15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
-
24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.
25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo. 26 Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”
-
13 Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.”
Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri. 14 Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.”
-
17 “Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou. 18 Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. 19 Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’
-
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
-
6 Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat;
okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di:
‘Kisa mwen te fè la a?’
Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo,
tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.
-
12 Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. 13 Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.
14 Paske nou gen tan devni patisipan an Kris si nou kenbe fèm a premye asirans nou an jiska lafen;
Shows Read in context, Share and Copy.