51 Bible Verses About Bearing Fruit

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Bearing Fruit
  1. 1 “Mwen se vre pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an. 2 Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.

    3 “Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an. 4 Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.

    5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen. 6 Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile. 7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.

  2. 15 “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. 16 Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. 17 Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. 18 Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 19 Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. 20 Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.

    21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’

  3. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

  4. 8 Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.

  5. 16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.

    17 “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.

  6. 4 Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te oblije mouri a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye. 5 Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te fè move pasyon yo leve nan nou, ki t ap travay nan manm kò nou yo, pou donnen fwi pou lanmò. 6 Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.

  7. 11 Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt. 12 Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon.

  8. 6 Li te kòmanse pale parabòl sila a: “Yon sèten mesye te gen yon pye fig frans ki te plante nan chan li. Li te vini pou chache fwi sou li, e li pa t twouve anyen. 7 Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’ 8 Li te reponn pou di l: ‘Kite li nan plas li mesye, pou lane sila a toujou, jis lè ke m fouye tè otou de li pou mete angrè. 9 Si li pote fwi lane pwochèn, sa bon, men si sa pa fèt, koupe l jete.’”

  9. 8 Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo. 9 Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”

  10. 17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

  11. 8 Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. 9 Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, 10 ki fè prèv de sa k ap fè Senyè a plezi.

  12. 1 Yon ti tan apre, Li te kòmanse ale de yon vil ak yon bouk a lòt, poupwoklame e preche wayòm syèl la. Douz yo te avèk Li. 2 Anplis te gen avèk yo kèk fanm ki te geri de move lespri yo ak maladi yo. Te gen Marie, ke yo te rele Magdala a, sou kilès sèt dyab yo te sòti a, 3 avèk Jeanne, madanm Chouza a, entandan Hérode la, ak anpil lòt ki t ap kontribye a soutyen ki sòti nan mwayen pèsonèl yo.

    4 Lè yon gran foul t ap rasanble, e sila yo ki sòti nan plizyè vil t ap vwayaje rive kote Li, Li te pale nan yon parabòl: 5 “Semè a te sòti pou simen semans li; e pandan li t ap simen, kèk te tonbe akote wout la; epi yo te vin foule anba pye, e zwazo anlè yo te manje yo. 6 Lòt semans te tonbe nan tè plen wòch, e pandan yo t ap grandi, yo te fennen akoz ke li pa t gen dlo. 7 Lòt semans te tonbe pami pikan; epi pikan yo te grandi avè l, e te trangle yo. 8 Lòt semans te tonbe nan bon tè, te grandi, e te pwodwi yon rekòlt san fwa pi gran.”

    Pandan Li t ap di bagay sa yo, Li t ap rele fò: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.”

    9 Disip Li yo te kòmanse poze L kesyon sou sa ke parabòl sa a ta kapab vle di.

    10 Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.

    11 “Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.

    12 “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.

    13 “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.

    14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.

    15 “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.

  13. 9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.

  14. 33 “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34 Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35 Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36 Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”

  15. 1 Nan jou sa a, Jésus te sòti nan kay la e te chita bò kote lanmè a. 2 Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a. 3 Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn. 4 Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la, e zwazo te vin manje yo. 5 Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè. 6 Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen. 7 Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo. 8 Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa. 9 Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”

  16. 43 “Paske nanpwen bon ab ki pote move fwi; e lòt kote, yon move ab ki pwodwi bon fwi. 44 Paske chak ab rekonèt pa pwòp fwi li. Konsa, lèzòm pa ranmase fig frans nan bwa zepin, ni yo p ap rekòlte fwi rezen nan yon touf pikan.

    45 “Yon bon nonm, nan trezò a kè li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va fè parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli kè li.

  17. 23 Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa.

    24 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi.

  18. 14 Moun pa nou yo dwe osi aprann angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke bay fwi.

  19. 27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.

    29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou;

  20. 13 Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou.

  21. 10 Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”

  22. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.

  23. 9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman. 10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la; 11 Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.

  24. Liv I

    1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy

    mechan yo

    ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,

    2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.

    Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.

    3 Li va tankou yon pyebwa ki plante

    bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.

    Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.

  25. 12 Moun dwat la va fleri tankou palmis.

    Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.

    13 Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis.

    Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.

    14 Yo va bay fwi toujou lè yo vin vye.

    Yo va plen ak dlo bwa vèt.

    Y ap rete vèt nèt.

  26. 11 Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.

    12 Konsa, pa kite peche renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. 14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.

  27. 5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.

    8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Paske, sila ki manke kalite sa yo avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo.

    10 Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe. 11 Paske lè nou aji nan fason sa a, antre nan wayòm etènèl Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri, va toujou disponib a nou menm an abondans.

  28. 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou tout bagay Lespri yo. 6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.

  29. 1 Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.

  30. 4 Beni va fwi a vant nou, pòtre a bèt nou yo, kwasans a twoupo nou yo ak jenn pòtre a bann mouton nou yo.

  31. 12 Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo;

    men rasin ladwati yo va donnen fwi li.

  32. 10 Di a moun dwat yo sa prale byen pou yo,

    paske yo va manje fwi a zèv yo.

    11 Malè a mechan an!

    Sa prale mal pou li.

    Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.

  33. 7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,

    ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

    8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,

    ki lonje rasin li akote yon sous dlo.

    Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.

    Li p ap twouble nan ane sechrès la,

    ni sispann bay fwi.

  34. 18 “Pou sa, tande parabòl moun ki t ap simen an. 19 Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la. 20 Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa; 21 men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite. 22 Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi. 23 Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”

  35. 12 Nan demen, lè yo te kite Béthanie, Li te vin grangou. 13 Li te wè nan distans, yon pye fig etranje avèk tout fèy yo. Li te ale pou wè si petèt li t ap twouve kèk bagay sou li. Lè l rive, li pa t twouve anyen sof ke fèy yo, paske li pa t nan sezon fwi. 14 E Li te pale a li: “Ke pèsòn pa janm manje fwi ki sòti nan ou ankò!”

    E disip Li yo te tande l.

  36. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye.

  37. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

  38. 22 Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.”

  39. 15 Alò, Bondye te pale avèk Noé. Li te di: 16 Sòti nan lach la, ou menm avèk madanm ou, fis ou yo, avèk madanm a fis ou yo. 17 Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a.

  40. 7 Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”

  41. 9 Epi SENYÈ a, Bondye nou an, va fè nou vin pwospere anpil nan travay men nou, nan fwi zantray nou yo, nan pòtre a bèt nou yo ak nan pwodwi ki sòti nan tè yo; paske SENYÈ a va ankò rejwi de nou pou bonte nou, jis jan ke Li te rejwi de zansèt nou yo, 10 si nou obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe kòmandman Li yo ak lwa Li yo ki ekri nan liv lalwa sila a, si nou vire vè SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè ak nanm nou.

  42. 8 Li te plante nan bon tè, akote anpil dlo, pou l te ka fè anpil branch ak bay fwi, e vin yon pye rezen byen bèl.”

  43. 12 Akote rivyè a, arebò li, soti yon kote a yon lòt, va grandi tout pyebwa ki bay manje. Fèy yo p ap fennen e fwi yo p ap manke. Yo va donnen chak mwa akoz dlo yo koule soti nan sanktyè a, fwi pa yo va pou manje e fèy yo va pou gerizon.”

  44. 22 Pa pè, nou menm bèt chan yo;

    paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt,

    paske pyebwa a vin bay fwi li.

    Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.

  45. 18 Alò nan maten, Li te retounen nan vil la. Li te vin grangou. 19 Li te wè yon sèl pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.

    20 Lè yo wè sa, disip yo te etone. Yo te di: “Kijan fig frans sa a fè vin fennen nan yon moman konsa?”

    21 Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt. 22 Epi tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”

  46. 42 Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an!

  47. 21 Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò. 22 Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl.

  48. 16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito.

  49. 25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.

  50. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.

  51. 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.