67 Bible Verses About Compassion

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Compassion
  1. 35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37 Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38 Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”

  2. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  3. 8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.

    9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.

  4. 30 Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.

    31 “Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.

    32 “Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.

    33 “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’

    36 “Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”

    37 Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.

  5. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  6. 13 Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.

    14 Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.

  7. 29 Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.

    30 Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la!”

    31 Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.

    32 Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”

    33 Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.

    34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.

  8. 30 Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi.

    31 Li te di yo: “Vini apa pou kont nou nan yon plas apa pou pran yon ti repo”. Paske anpil moun t ap antre, sòti, e yo pa t menm gen tan manje.

    32 Yo te kite la nan yon kannòt pou ale nan yon plas apa pou kont yo. 33 Konsa, lè pèp la te wè ke yo t ap prale, anpil moun te rekonèt yo. Yo te kouri jwenn yo apye, sòti nan tout vil yo, epi yo te rive avan yo.

    34 Lè Jésus te rive atè, Li te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.

  9. 11 Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun. 12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l. 13 Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.” 14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!” 15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.

  10. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

  11. 8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di: 9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vre jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’

  12. 3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la.

  13. 40 Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.

    41 Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”. 42 Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.

    43 Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale. 44 Li te di li: “Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”

    45 Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.

  14. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. 3 Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. 4 Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5 Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.

    6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.

    7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  15. 15 Men Ou menm, O SENYÈ,

    Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

  16. 13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,

    se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.

    14 Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.

    Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.

    15 Men pou lòm, jou li yo se tankou zèb.

    Tankou yon flè nan chan, se konsa li fleri.

    16 Depi van fin pase sou li, li pa la ankò e

    plas li a pa rekonèt li ankò.

    17 Men lanmou dous a SENYÈ a,

    soti pou tout tan jis rive pou tout tan

    sou sila ki gen lakrent Li yo

    e ladwati Li a pitit pitit li yo,

    18 pou sila ki kenbe akò Li yo,

    e sonje règleman Li yo pou fè yo.

  17. 15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,

    pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?

    Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.

    16 Gade byen, Mwen te enskri ou nan pla men Mwen.

    Miray ou yo devan Mwen tout tan.

  18. 14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  19. 17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,

    e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.

  20. 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.

    “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li.

  21. 8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.

    9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li

    lonje rive sou tout zèv Li yo.

  22. 32 Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: “Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la.”

    33 Disip Li yo te mande L: “Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?”

    34 Jésus te mande yo: “Konbyen pen nou genyen”?

    Yo te di: “Sèt, avèk kèk ti pwason.”

    35 Li te kòmande foul la chita atè. 36 Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la. 37 Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran panyen byen plen.

  23. 5 Fi a Farawon an te vin desann pou benyen nan Nil lan avèk sèvant li yo e yo t ap mache akote Nil lan. Konsa, li te wè panyen an pami wozo yo. Li te voye sèvant li an pou pote bay li. 6 Lè li te ouvri li; li te wè pitit la, e gade byen, li t ap kriye. Konsa, li te gen pitye pou li e te di: “Sa se youn nan pitit Ebre yo.”

  24. 8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,

    lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.

  25. 15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.

  26. 3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.

    Ladwati li dire pou tout tan.

    4 Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a;

    Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.

    5 L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete;

    Li va prezève koz li a nan jijman an.

  27. 22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

  28. 33 Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble. 34 Li te di: “Kibò nou mete Li?”

    Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”

    35 Jésus te kriye.

    36 E Jwif yo t ap di: “Gade kijan Li te renmen l.” 37 Men kèk nan yo te di: “Èske nonm sila a ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?”

    38 Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon kav e yon wòch te apiye sou Li.

    39 Jésus te di: “Retire wòch la.” Marthe, sè mò a te di Li: “Senyè, pou lè sa, li va santi. Li la depi kat jou.”

    40 Jésus te di li: “Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va wè glwa Bondye?”

    41 Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus te leve zye Li e te di: “Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M. 42 Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”

    43 Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.” 44 E sila ki te mouri an te sòti byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e yon twal ki te vlope figi li.

    Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.”

  29. 1 “Konsa li va ye lè tout bagay sa yo fin vini sou nou, benediksyon an avèk madichon an ke mwen te mete devan nou pou nou sonje yo nan tout nasyon kote SENYÈ a va egzile nou yo, 2 epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou a, pou obeyi vwa Li ak tout kè e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo. 3 Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo. 4 Si moun egzil sa yo nan lòt pwent tè a, soti la, SENYÈ a, Bondye nou an, va ranmase nou. Epi soti la, Li va mennen nou tounen.

  30. 18 Konsa, SENYÈ a ap tann. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!

  31. 41 Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse kriye sou li. 42 Li t ap di: “Si ou te konnen nan jou sa, menm ou menm, bagay ki konn fè lapè! Men koulye a, bagay sa yo kache de zye ou.

    43 “Paske jou yo ap vini sou ou lè lènmi ou yo va fè monte yon barikad devan ou, antoure ou, e kwense nou ladann tout kote. 44 Konsa, yo va raze ou a nivo latè avèk zanfan ou tout ladann. Ni yo p ap kite nan ou menm yon wòch sou yon lòt, akoz ke ou pa t rekonèt lè ou te vizite a.”

  32. 38 Men Li menm, akoz mizerikòd Li,

    te padone inikite yo, e pa t detwi yo.

    Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.

  33. 31 Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.

    32 Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive;

    alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.

    33 Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije,

    oswa pou atriste fis a lòm yo.

    34 Pou kraze anba pye, tout prizonye nan mond lan,

    35 pou retire jistis sou yon nonm nan prezans a Pi Wo a,

    36 pou fè yon nonm tò nan pwosè legal pa li,

    sou bagay sa yo, Senyè a p ap dakò.

  34. 11 Fo temwen sovaj yo leve.

    Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.

    12 Yo remèt mwen mal pou byen,

    jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen.

    13 Men pou mwen menm, lè yo te malad,

    rad mwen te vin twal sak;

    Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn,

    epi lapriyè m te kontinye retounen

    nan kè m.

    14 Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen.

    Mwen te koube ak gwo tristès,

    tankou yon moun ta fè dèy pou manman li.

  35. 13 Rele fò ak jwa, O syèl yo!

    Rejwi, O latè!

    Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!

    Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.

    Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.

  36. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  37. 3 Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.

  38. 11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.

  39. 20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl. 22 Fè mizerikòd sou kèk moun k ap doute, 23 sove lòt yo. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.

  40. 1 Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li. 2 Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.

    3 Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp. 4 Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”

  41. 14 Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt! 15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” 16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la.

  42. 17 “Anyen nan zafè entèdi sa a p ap kole nan men nou, pou SENYÈ a kapab detounen nan kòlè Li k ap brile a, epi montre mizerikòd anvè nou, gen konpasyon pou nou, e fè nou vin miltipliye jan Li te sèmante a zansèt nou yo, 18 si nou va koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, e kenbe tout kòmandman Li yo ke mwen ap kòmande nou jodi a; epi fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye nou an.

  43. 9 Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li.”

  44. 15 Gade anba depi nan syèl la

    e wè soti nan abitasyon sen Ou

    ki plen ak glwa Ou.

    Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo?

    Santiman a kè ou ak konpasyon Ou

    te vin anpeche de mwen.

    16 Paske Ou se Papa nou,

    malgre Abraham pa rekonèt nou,

    ni Israël pa rekonèt nou.

    Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou,

    Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.

  45. 18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,

    ki padone inikite,

    e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?

    Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,

    akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.

    19 Li va gen konpasyon pou nou ankò.

    Li va foule inikite nou yo anba pye L.

    Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.

    20 Ou va bay verite a Jacob

    ak mizerikòd a Abraham,

    tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo

    depi nan jou ansyen yo.

  46. 42 Nenpòt moun ki nan non a yon disip, bay youn nan pitit sa yo menm yon tas dlo frèt pou bwè; anverite, Mwen di nou li p ap pèdi rekonpans li.

  47. 11 Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamit lan. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò. 12 Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la. 13 Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.

  48. 25 Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub?

    Èske nanm mwen pa t plen tristès pou malere a?

  49. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

    4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

  50. 2 Konsa,wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès.

  51. 15 Epi mesye ki te chwazi pa non yo te leve, pran kaptif yo, yo te mete rad ki sòti nan piyaj la sou sila ki te toutouni yo. Yo te bay yo rad avèk sandal, yo te bay yo manje e te bay yo bwè, e yo te onksyone yo avèk lwil. Yo te mennen tout sila ki te fèb yo sou bourik e te fè yo rive Jéricho, vil palmis yo, kote frè yo. Konsa, yo te retounen Samarie.

  52. 156 Gran se mizerikòd Ou yo, O SENYÈ.

    Fè m reprann fòs mwen selon òdonans Ou yo.

  53. 21 Sila ki meprize vwazen li fè peche;

    men sila ki fè gras a malere a, beni.

  54. 16 Lave nou pou nou vin pwòp;

    retire zak malonèt nou yo devan zye M.

    Sispann fè mechanste.

    17 Aprann fè sa ki bon;

    chache lajistis,

    fè sekou oprime yo,

    defann òfelen yo,

    plede ka a vèv la.

  55. 14 Konsa pale SENYÈ a de tout vwazen mechan k ap atake eritaj ke Mwen te bay a pèp Mwen an, Israël: “Gade byen, Mwen prèt pou dechouke yo depi nan peyi pa yo. Anplis, Mwen va dechouke lakay Juda soti nan mitan yo. 15 Epi li va vin rive ke apre Mwen dechouke yo, Mwen va ankò gen konpasyon pou yo. Mwen va mennen yo retounen, yo chak a eritaj pa yo, e yo chak nan pwòp peyi pa yo.

  56. 1 Ankò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, fè Jérusalem konnen abominasyon li yo. 3 Di li: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a a Jérusalem: “Orijin ou ak nesans ou se te nan peyi Canaan, papa ou se te yon Amoreyen e manman ou yon Etyèn. 4 Pou nesans ou, nan jou ou te fèt la, kòd lonbrit ou pa t koupe, ni ou pa t lave ak dlo pou vin pwòp. Ou pa t fwote ak sèl, ni menm vlope nan rad. 5 Pa t gen zye ki te gen pitye pou ou, ni ki te gen konpasyon pou ou. Pito ou te jete nan yon chan ouvri, paske yo te twouve ou abominab depi jou ke ou te fèt la.

    6 “‘“Lè m te pase bò kote ou, e Mwen te wè ou t ap tòde nan san ou, Mwen te di ou pandan ou te nan san ou an: ‘Viv’! Wi, Mwen te di ou pandan ou te nan san ou an: ‘Viv’! 7 Mwen te fè ou vin anpil, tankou plant nan chan yo. Ou te vin grandi, ou te vin wo, e ou te vin rive nan laj pou bèl flè. Tete ou te fòme e cheve ou te grandi. Malgre sa, ou te toutouni e san rad.

    8 “‘“Mwen te pase bò kote ou pou te wè ou e gade byen, ou te vin nan lè pou fè renmen. Alò konsa, mwen te lonje jip Mwen sou ou pou te kouvri toutouni ou an. Anplis, Mwen te sèmante a ou menm, e te antre nan yon akò avèk ou pou ou te vin pou Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.

    9 “‘“Mwen te benyen ou ak dlo, lave fè san sòti sou ou e Mwen te onksyone ou avèk lwil. 10 Anplis, Mwen te abiye ou ak twal ak bèl bwodri, Mwen te mete sandal fèt ak po bazann nan pye ou. Mwen te vlope ou ak len fen e te kouvri ou ak swa. 11 Mwen te fè ou bèl ak dekorasyon. Mwen te mete braslè nan men ou ak yon kolye nan kou ou. 12 Anplis, mwen te mete yon zanno nan nen ou, zanno nan zòrèy ou ak yon bèl kouwòn nan tèt ou. 13 Konsa, ou te anbeli ak lò ak ajan e wòb ou te fèt ak len fen, oswa ak twal bwodri. Ou te manje farin fen, siwo myèl, ak lwil. Konsa, ou te tèlman vin bèl, e vin avanse nan yon pozisyon wayal. 14 Answit, rekonesans ou te ale toupatou pami nasyon yo akoz bèlte ou. Paske li te pafè, akoz mayifisans ke Mwen te fè poze sou ou a,” deklare Senyè BONDYE a.

  57. 8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  58. 23 “Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo. 24 Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.) 25 Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesye a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.

    26 “Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’ 27 Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.

    28 “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.

    29 “Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’ 30 Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.

    31 “Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.

    32 “Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m. 33 Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a? 34 Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.

    35 “Konsa Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”

  59. 36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.

  60. 6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”

  61. 7 “Pou yon ti tan kout, Mwen te kite ou;

    men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.

    8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,

    men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,

    Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.

  62. 14 “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,

    li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;

    menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.

  63. 13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”

    Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

    paske Li plen gras ak mizerikòd,

    lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

    e konn ralanti nan fè malè.

  64. 12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.

  65. 41 Paske nenpòt moun ki bay nou yon tas dlo pou bwè akoz nou nan Kris yo, anverite Mwen di nou, li p ap pèdi rekonpans li.

  66. 11 Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.

    12 Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L. 13 Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, Mèt, fè nou gras!”

    14 Lè Li te wè yo, Li te di yo: “Ale montre nou menm a prèt yo.” Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.

    15 Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. 16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.

    17 Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? 18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?” 19 Epi Li te di li: “Leve al fè wout ou. Lafwa ou geri ou.”

  67. 20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”