43 Bible Verses About Death of a Loved One

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Death of a Loved One
  1. 13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.

    15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.

    16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.

    18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

  2. 1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.

    2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.

    3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”

    5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”

  3. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”

    5 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”

    6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  4. 3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la.

  5. 6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a. 9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi.

  6. 1 Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L. 2 Li te louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:

    3 “Beni se sila yo ki malere an espri;

    paske wayòm syèl la se pou yo.

    4 Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;

    yo va konsole.

  7. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  8. 1 Moun dwat la peri,

    men pèsòn pa pran sa a kè.

    Sila ak mizerikòd vin retire,

    men pèsòn pa konsidere

    ke moun dwat la retire pou anpeche mal la rive l.

    2 Li antre nan lapè.

    Chak antre nan pwòp kabann pa l;

    tout sila ki te mache dwat nan chemen li yo.

  9. 23 Jésus te di li: “Frè ou ap leve ankò.”

    24 Marthe te reponn Li: “Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”

    25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”

  10. 25 Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li. 26 Dènye lènmi ki va aboli a se lanmò.

  11. 52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”

    55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”

    56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.

    57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.

  12. 17 Moun dwat kriye.

    SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.

    18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

    epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

  13. 1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—

    2 Yon tan pou ne,

    yon tan pou mouri;

    yon tan pou plante,

    ak yon tan pou dechouke

    sa ki plante a.

    3 Yon tan pou touye

    e yon tan pou geri;

    yon tan pou demoli

    e yon tan pou bati.

    4 Yon tan pou kriye

    e yon tan pou ri;

    yon tan pou fè dèy

    e yon tan pou danse.

  14. 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  15. Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson

    1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,

    yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.

    2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè

    ta chanje e malgre mòn yo

    ta chape antre nan fon lanmè.

    3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,

    malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan

  16. 15 Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.

  17. 3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.

  18. 33 Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble. 34 Li te di: “Kibò nou mete Li?”

    Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”

    35 Jésus te kriye.

  19. 4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  20. 26  Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,

    men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.

  21. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  22. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  23. 21 Paske si se pa yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. 22 Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.

  24. 16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.

  25. 13 “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”:

    “Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”

  26. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  27. 8 Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a.

  28. 42 Menm jan an tou pou rezirèksyon a mò yo. Li simen kòm yon kò perisab, men li leve kòm yon kò enperisab.

    43 Li simen nan dezonè, li leve nan laglwa. Li simen nan feblès, li leve nan pouvwa.

    44 Li simen kòm yon kò natirèl; li leve kòm yon kò espirityèl. Si gen yon kò natirèl, anplis gen yon kò espirityèl.

    45 Menm jan an osi sa ekri: “Premye lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi.

  29. 1 Alò, Sarah te viv pandan san-ven-sèt ane. Men sa yo ki te lane a Sarah. 2 Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.

  30. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

    28 “Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M. 29 E koulye a Mwen gen tan di nou avan li rive, pou lè l rive, nou kapab kwè.

  31. 22 “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.

  32. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  33. 10 Alò, Ephron te chita pami fis a Heth yo. Ephron, Ethyen an, te reponn Abraham nan prezans fis a Heth yo, menm tout moun yo ki t ap antre nan pòtay vil la. Li te di:

  34. 11 Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen;

    vini ak gwo kri lajwa a Sion yo.

    Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo.

    Yo va jwenn kè kontan ak lajwa,

    e tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.

  35. 28 “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, 29 epi ap vin parèt. Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.

  36. 18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan.

  37. 5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,

    men Bonte Li se pou tout tan.

    Kriye a kapab dire pou nwit lan,

    men kri lajwa a vin parèt nan maten.

  38. 14 Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan.

    Li va gide nou jiska lanmò.

  39. 7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo. 8 Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.

  40. 31 Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.

    32 Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive;

    alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.

    33 Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije,

    oswa pou atriste fis a lòm yo.

  41. 15 Konsa, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 16 “Fis a lòm, gade byen, Mwen prèt pou retire sou ou dezi zye ou yo ak yon sèl kou; men ou p ap plenyen, ni ou p ap kriye, ni dlo p ap vini nan zye ou. 17 Plenn nan gòj san fè bri. Pa fè dèy pou mò. Mare mòso twal long ou nan tèt ou, mete soulye nan pye ou. Pa kouvri bouch ou e pa manje pen fè dèy la.”

    18 Konsa, mwen te pale ak pèp la nan maten an, e nan aswè, madanm mwen te mouri. Konsa, nan maten an, mwen te fè jan yo te kòmande mwen an.

  42. 27 Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an,

  43. 7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.