78 Bible Verses About Deliverance
Bib Sen An (BSA)
-
17 Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri:
18 “Lespri Senyè a sou Mwen,
paske Li te onksyone M pou preche
bòn nouvèl la a malere yo.
Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,
pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
19 Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.
-
14 Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kraze pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; 15 e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.
16 Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo.
17 Pou sa ta vin rive, li te oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo. 18 Paske akoz ke Li menm te tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.
-
1 David te pale pawòl a chan sila yoa SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül. 2 Li te di:
“SENYÈ a se wòch mwen,
fòterès mwen ak liberatè mwen;
3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila
mwen twouve pwotèj la;
boukliye e kòn delivrans mwen,
sitadèl mwen ak refij mwen.
Se konsa mwen va sove devan lènmi mwen yo.
-
14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
-
21 Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an, 23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.
-
13 Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a. Paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè. 14 SENYÈ a va goumen pou nou pandan nou rete an silans.”
-
13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.
-
23 Konsa, li te nesesè pou kopi a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.
24 Paske Kris pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vre a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou. 25 Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a. 26 Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.
27 Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.
-
2 SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen;
Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
-
18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
7 Ou se kote ke m konn kache a.
Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.
Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
-
24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.
-
9 Jésus te di li: “Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se yon fis Abraham. 10 Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”
-
12 “Pandan mwen te angaje konsa, mwen te fè yon vwayaj nan Damas avèk otorite ak pèmisyon a chèf prèt yo. 13 Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo. 14 Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan lang Ebre a: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’
15 “Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’
“E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. 16 Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm; 17 k ap delivre ou de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo, 18 pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’
-
16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou.
-
7 SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo. 8 Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo. 9 Alò, gade byen kri fis Israël yo gen tan rive devan M. Anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a. 10 Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”
-
16 Alò, SENYÈ a te fè leve jij ki te livre yo soti nan men a sila ki t ap piyaje yo.
-
1 Anne te priye e te di:
“Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a!
Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a.
Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo,
akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.
-
21 Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”
-
55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
-
8 Paske nou pa vle nou inyoran, frè m yo, de afliksyon ki te vini sou nou an Asie yo, ke nou te peze anpil anpil, menm depase fòs nou, pou nou te kab menm vin dezespere de lavi nou. 9 Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a, 10 ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou; 11 nou osi ki jwenn avèk nou menm nan lapriyè, pou remèsiman kapab bay pa anpil moun pou nou, pou gras ke nou resevwa atravè priyè anpil moun.
-
17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. 18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19 Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.
-
3 Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri, 4 ki te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte Bondye ak Papa nou an. 5 A li menm laglwa pou tout tan. Amen.
-
1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9 Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
-
9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
-
8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
-
6 “Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.
7 “‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.
-
15 Rele Mwen nan jou twoub la.
Mwen va delivre ou e ou va onore M.”
-
13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.
Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a
se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
-
14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.
15 Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
19 M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon.
-
3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.
-
25 Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.
-
5 Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou. 6 Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou dèzane sa yo, e gen senk ane toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt. 7 Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.
-
37 Epi David te di: “SENYÈ a ki te delivre mwen soti nan pat lyon ak nan pat lous yo, Li va delivre mwen soti nan men a Filisten sila a.”
Konsa, Saül te di a David, “Ale e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
-
46 SENYÈ a viv! Beni se wòch mwen an.
Leve byen wo, se Bondye a sali mwen an.
47 Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,
e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.
48 Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo.
Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki
fè rebèl kont mwen yo.
Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.
-
4 Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,
epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
-
17 Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
-
Yon Sòm David
1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,
e pa janm bliye benefis Li yo,
3 ki padone tout inikite ou yo,
ki geri tout maladi ou yo,
4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,
ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk
mizerikòd;
5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,
Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.
-
32 Epi li va vin rive ke nenpòt moun
ki rele non SENYÈ a, li va delivre;
paske nan Mòn Sion ak Jérusalem,
va gen sila ki chape yo,
jan SENYÈ a te di a,
menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.
-
9 “Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.
10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.
“Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
11 “Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.
-
38 “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm. 39 Selon Li menm, tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.
-
1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a.
-
13 Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon pa Lespri a ak lafwa nan verite a.
-
15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a.
-
19 Frè m yo si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen, 20 fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.
-
1 Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di:
“Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonan.
Cheval la avèk moun ki monte l la,
Li te voye yo nan lanmè.
2 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen
epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen.
Sa se Bondye pa m,
e mwen va louwe Li;
Bondye a papa m nan,
e mwen va leve Li wo.
-
8 Delivrans se nan SENYÈ a.
Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.
-
36 Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakòlè Bondye va rete sou li.
-
12 “Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”
-
6 Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.
7 Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!”
Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.
8 Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”
9 Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te yon vizyon ke li t ap fè. 10 Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.
11 Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”
-
23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
-
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
-
11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
-
8 SENYÈ a se fòs yo.
Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.
9 Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a.
Devni bèje yo tou,
e bay yo soutyen jis pou tout tan.
-
19 Chemen Ou an te nan lanmè a,
e vwa Ou nan dlo pwisan yo.
Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
20 Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann,
pa men Moïse avèk Aaron.
-
17 Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo
e akoz inikite yo, yo te aflije.
18 Nanm yo te rayi tout kalite manje
e yo te rive toupre pòtay lanmò yo.
19 Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo,
e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.
20 Li te voye pawòl Li pou te geri yo,
pou te delivre yo sòti nan destriksyon yo.
21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,
ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
22 Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo
e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.
-
1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ki gen non ekri nan liv la.
-
23 Men pandan yo t ap ale sou vwal a, Li te tonbe nan dòmi. Epi yon gwo van te vin desann sou lak la, e yo te kòmanse inonde e te vin an danje.
24 Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: “Mèt, Mèt, n ap peri!”
Lè L vin leve, Li te reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.
25 Li te di yo: “Kote lafwa nou ye?”
Yo te ranpli avèk lakrent. Yo te etone, e te di youn lòt: “Alò, kilès nonm sa ye ki kòmande menm van avèk dlo a, e yo obeyi a?”
-
24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi p ap vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.
-
16 Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon. 17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.
18 Konsa, kòm pa yon transgresyon, kondanasyon a tout moun te rive, menm jan an ak yon sèl aksyon ladwati te rive jistifikasyon anvè lavi pou tout moun. 19 Paske menm jan ke dezobeyisans a yon moun te fè tout moun vin pechè, menm jan an, obeyisans a yon moun va fè anpil moun vin jis.
-
19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.
-
13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
-
10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse esperans nou sou Bondye vivan an, ki se Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.
-
18 Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ.
-
16 Li te voye soti an wo.
Li te pran m.
Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
17 Li te delivre mwen nan men
advèsè mwen byen fò;
de sila yo ki te rayi mwen yo,
paske yo te twò fò pou mwen.
18 Yo te konfwonte mwen nan jou malè mwen,
men SENYÈ a te pwotèj mwen.
19 Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj.
Li te fè m sekou, akoz Li te pran plezi nan mwen.
-
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a.
Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.
2 Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,
sòti deyò gwo ma ajil la.
Li te mete pye m sou wòch la e
te fè m kanpe byen fèm.
3 Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen,
yon chan lwanj Bondye nou an.
Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va
mete konfyans nan Bondye.
-
1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,
akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.
Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,
pou pwoklame libète a kaptif yo
e delivrans a prizonye yo;
2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a
e jou a vanjans Bondye nou an;
pou konsole tout moun ak kè ki tris,
-
18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye.
-
4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa 5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis. 6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” 7 Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.
-
12 Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis.
13 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an, 14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
-
17 Nou pa bezwen goumen nan batay sila a. Pran pozisyon nou e kanpe gade delivrans SENYÈ a anfavè nou, O Juda, avèk Jérusalem. Pa pè, ni pa pèdi kouraj. Demen sòti pou parèt devan yo, paske SENYÈ a avèk nou.’”
-
12 Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye.
Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.
13 Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò.
Ou te anpeche pye mwen glise tonbe,
pou m ta kab mache devan Bondye
nan limyè a moun vivan yo.
-
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l.
1 Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen;
Plase mwen byen wo an sekirite
byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.
2 Delivre m de sila ki fè inikite yo,
e sove mwen de moun ki vèse san yo.
-
13 Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ,
nan yon lè ki bon,
nan grandè lanmou dous Ou a.
Reponn mwen avèk sali verite Ou a.
14 Delivre mwen sòti nan labou a.
Pa kite mwen fonse nèt ladann.
Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.
15 Pa kite inondasyon dlo yo vin anvayi mwen,
ni fon an vale m,
ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.
-
11 Men nou kwè ke nou sove pa lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.”
-
12 Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè sèt chandelye ki fèt an lò. 13 Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò. 14 Tèt Li ak cheve Li te blan tankou lèn blanch, tankou lanèj. Zye li te tankou yon flanm dife. 15 Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo. 16 Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.
17 Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a, 18 e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.
Shows Read in context, Share and Copy.