43 Bible Verses About Death
Bib Sen An (BSA)
-
50 Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.
51 Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje, 52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
-
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
-
1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
-
9 Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.
10 Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo.
11 Paske Sila ki fè moun sen an, ni sila ki vin sen yo, yo tout soti nan yon sèl Papa. Se pou rezon sa a, Li pa wont rele yo frè. 12 Li di:
“Mwen va pwokame non Ou a frè m yo.
Nan mitan asanble a, Mwen va chante lwanj Ou.
13 Epi ankò:
“Mwen va mete konfyans Mwen nan Li.”
E ankò:
“Gade, Mwen menm avèk pitit
ke Bondye te ban Mwen yo.”
14 Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kraze pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; 15 e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.
-
12 Pou sa, se konsa pa yon sèl moun peche te antre nan lemonn, e lanmò pa peche a, konsa lanmò te rive a tout moun paske tout moun fè peche. 13 Paske jiska Lalwa a te rive, peche te deja nan lemonn, men peche pa t kapab resevwa jijman kote ki pa gen lalwa. 14 Malgre sa, lanmò te renye soti nan Adam jiska Moïse, menm sou sila ki pa t fè peche yo sanblab ak ofans Adam an, ki se te yon pòtre a Sila ki te gen pou vini an.
15 Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun. 16 Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon. 17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.
-
18 Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen. 19 Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a. 20 Selon volonte sensè ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris la va menm koulye a, kon toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò. 21 Paske pou mwen menm viv se Kris e mouri se avantaj. 22 Men si mwen viv toujou nan lachè, sa va pote fwi pou travay mwen. Konsa, mwen pa menm konnen kilès pou m ta pito. 23 Men mwen santi presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil, 24 men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm.
-
23 Jésus te di li: “Frè ou ap leve ankò.”
24 Marthe te reponn Li: “Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”
25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”
-
Yon sòm David
1 Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li mennen m akote dlo pezib yo.
3 Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
5 Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
Tas mwen fin debòde nèt.
-
19 “Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak len fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.
20 “Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare tekouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng. 21 Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.
22 “Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan senAbraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere. 23 Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li. 24 Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.
25 “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè. 26 Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’
-
10 Men lòm mouri pou kouche plat.
Lòm mouri e kibò li ye?
11 Tankou dlo lanmè fè vapè monte
e rivyè a vin sèch,
12 konsa lòm kouche, e li pa leve ankò.
Jiskaske syèl yo vin disparèt,
li p ap reveye, ni leve ankò.
13 O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an,
pou ou ta kapab fè m kache jiskaske chalè Ou
retounen kote Ou!
Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m!
14 Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò?
Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann
jiskaske lè rive pou yo lage m.
15 Ou ta rele e mwen ta reponn Ou;
Konsa, Ou ta anvi anpil zèv men Ou yo.
-
27 Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an,
-
11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.
12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.
15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
-
4 SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo.
Fè m konnen ke m fèb anpil.
5 Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole
tankou lajè a men m ki louvri.
Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.
Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.
6 Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.
Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.
Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
-
23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
-
16 Senyè Bondye a te kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, 17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.”
-
1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a. 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou tout bagay Lespri yo. 6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
-
20 Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo. 21 Paske si se pa yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. 22 Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.
23 Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo lè L vini. 24 Answit va vini lafen, lè Li livre wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo. 25 Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li. 26 Dènye lènmi ki va aboli a se lanmò.
27 Paske “Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.
28 Lè tout bagay soumèt a Li menm, answit Fis la, Li menm, osi va vin soumèt a Sila ki te soumèt tout bagay a Li menm nan, pou Bondye kapab tout nan tout bagay.
-
10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
-
1 Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,
avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:
“Mwen pa pran plezi nan yo;”
2 Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,
e nwaj yo retounen apre lapli yo;
3 nan jou ke gadyen kay la tranble a,
e mesye pwisan yo vin koube a.
Lè sila k ap moulen yo rete san travay
akoz anpil nan yo ki manke,
e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.
4 Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba,
e yon moun va leve ak son zwazo a,
epi tout fi chanson yo va rete ba.
5 Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas
ak gwo danje k ap vini a.
Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la,
e dezi gason an pa ka.
Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a,
pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.
6 Sonje Li avan kòd ajan an kase,
e bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann,
e wou sitèn nan vin kraze.
7 Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a,
e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.
8 “Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”
-
32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
19 Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
-
1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus,
-
5 Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt. 6 Anverite, lanmou yo, rayisman yo, ak fòs kouraj yo deja fin mouri, e yo pa gen pati ankò nan tout sa ki fèt anba solèy la.
-
19 “Malgre sa, ou di: ‘Poukisa fis la pa pote pinisyon pou inikite a papa li? Lè fis la pratike jistis ak ladwati, swiv tout lòd Mwen yo e fè yo, anverite, li va viv. 20 Moun ki fè peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.
21 “Men si moun mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri. 22 Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz ladwati ke li te vin pratike a, li va viv. 23 Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?” deklare Senyè BONDYE a: “pou M pa pito ke li ta vire kite chemen li an pou viv?”
24 “Men, lè yon nonm ladwati vire kite ladwati li a, komèt inikite e fè selon tout abominasyon ke yon nonm mechan konn fè, èske li va viv? Tout zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje akoz trèt ke li te fè ak peche ke li te komèt la. Nan peche li ke li te peche a, li va mouri.
-
7 Paske pa gen youn nan nou ki viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li. 8 Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a.
-
1 Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la. 2 Paske vrèman, nan kay sila a, nou plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la; 3 kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò. 4 Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl.
-
14 Mwen va rachte yo soti
anba pouvwa a Sejou mò yo;
mwen va rachte yo soti anba lanmò.
O lanmò! Kote pikan ou yo?
O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an?
Repantans va vin kache devan zye M.
-
6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a.
-
11 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. Sila ki venkè a, p ap soufri donmaj pa dezyèm lanmò a.
-
2 Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.
-
24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi p ap vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.
26 “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm.
-
6 Paske mwen deja ap vide kòm yon ofrann bwason, e lè pou m ale a gen tan rive. 7 Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa. 8 A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.
-
39 Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”
40 Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an? 41 Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.” 42 Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”
43 Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”
44 Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 45 Solèy la te kache nèt, e vwal tanp lan te chire an de bout. 46 Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.
47 Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.” 48 Alò tout foul la ki te vini ansanm pou espektak sila a, lè yo te wè sa ki te rive a, yo te retounen e t ap bat lestomak yo. 49 Epi tout sila ki te rekonèt Li yo, ak fanm Galilée ki te akonpanye Li yo, te kanpe a yon distans e t ap gade tout bagay sa yo.
-
11 Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: “Zanmi nou Lazare gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi.”
12 Konsa, disip Li yo te di L: “Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè.” 13 Alò Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vre dòmi.
14 Pou sa, Jésus te di yo byen klè: “Lazare gen tan mouri,
-
1 Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? 2 Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li? 3 Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? 4 Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.
5 Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou.
-
8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, 9 ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la.
-
29 Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt.
Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
10 Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.
12 Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv.
-
4 Answit mwen te wè twòn yo ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.
5 Rès mò yo pa t retounen a lavi jiskaske mil ane yo fini. Sa se premye rezirèksyon an. 6 Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.
-
5 Poukisa mwen ta gen krent nan move jou yo,
Lè inikite a lènmi m yo antoure m?
6 Malgre sila ki mete konfyans nan richès yo,
ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—
7 nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen sove frè li,
ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.
8 Paske redanmsyon nanm li koute chè.
Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,
9 pou l ta viv toujou jis pou letènite,
pou li pa ta janm tonbe nan pouriti menm.
10 Paske li wè ke menm moun saj yo mouri.
Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan.
Yo kite byen yo pou lòt yo.
-
17 Mò yo pa louwe SENYÈ a,
ni sila ki desann antre nan silans yo.
-
8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
Shows Read in context, Share and Copy.