78 Bible Verses About Stars

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Stars
  1. 1 Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande; 2 “Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”

    3 Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li. 4 Li te rasanble tout chèf prèt yo avèk skrib a pèp la, e te kòmanse mande yo kote Kris la t ap fèt la.

    5 Yo te di li: “Nan Bethléem a Judée jan li te ekri pa pwofèt la”;

    6 “E ou menm, Bethléem, peyi Judée,

    ou pa manke valè pami chèf Judée yo:

    paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm,

    Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël”.

    7 Konsa, Hérode te rele mesye saj yo an sekrè pou fè yon ankèt egzakt pou konnen kilè zetwal la te parèt la. 8 Li te voye yo Bethléem e li te di yo: “Ale Chèche pou twouve Pitit la, e lè nou jwenn li, voye di m sa, pou m ka ale adore Li tou.”

    9 Lè yo fin tande wa a, yo ale fè wout yo, e konsa zetwal la ke yo te wè nan lès la, te ale devan yo jiskaske li te vin kanpe kote menm ke Pitit la te ye a. 10 Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa. 11 Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami. 12 Men akoz ke yo te avèti nan yon rèv ke yo pa t dwe retounen kote Hérode, yo te ale nan peyi yo pa yon lòt wout.

  2. 14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; 15 ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt. 16 Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. 17 Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, 18 epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon. 19 Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.

  3. 7 Li kòmande solèy la pou l pa klere

    e ki mete yon so sou zetwal yo.

    8 Se Li menm sèl ki rale lonje syèl yo

    e bese vag lanmè yo.

    9 Li sèl ki fè sou syèl la gwo Ourse la ak Orion an,

    avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.

    10 Li menm ki fè gwo bagay mèvèy yo,

    avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.

  4. 16 Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.

    17 Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a, 18 e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.

    19 “Konsa, ekri bagay ke ou gen tan wè yo, bagay ki la yo, ak bagay ki va rive pi devan an. 20 Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”

  5. 9 Gade byen, jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo. 10 Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.

  6. 2 Louwe Li, tout zanj Li yo.

    Louwe Li tout lame Li yo!

    3 Louwe Li, solèy ak lalin nan.

    Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!

    4 Louwe Li, pi wo syèl yo,

    ak dlo ki anwo syèl yo.

    5 Kite yo louwe non SENYÈ a,

    paske Li te pase lòd, e sa te fèt.

    6 Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan.

    Li te pase yon dekrè ki p ap janm disparèt.

  7. 3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.

    4 Li konte fòs kantite zetwal yo.

    Li bay non a yo tout.

    5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.

    Bon konprann Li an san limit nèt.

  8. 3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,

    lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,

    4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?

    Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?

    5 Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye,

    e te kouwone li ak glwa avèk lonè!

  9. 3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.

  10. 17 Mwen wè li, men pa koulye a.

    Mwen gade l, men pa toupre.

    Yon zetwal va sòti nan Jacob.

    Yon baton a wa va leve sòti an Israël.

    Li va kraze travèse fwon Moab la,

    e li va dechire tout fis a Seth yo.

  11. 6 a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    7 a Sila ki te fè gran limyè yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    8 solèy ki pou domine lajounen an,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

  12. 1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”

    2 Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” 3 Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”

    4 Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”

    5 Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”

    6 Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.

  13. 16 “Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”

  14. 8 Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo,

    ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten,

    ki etenn lajounen pou fè lannwit,

    ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a;

    SENYÈ a, se non L.

    9 Se Li menm ki jayi ak destriksyon

    sou moun pwisan yo,

    jiskaske destriksyon sa a rive sou sitadèl la.

  15. 39 Tout chè pa menm kalite chè. Gen yon chè pou lòm, e yon lòt chè pou bèt, yon lòt chè pou zwazo, e yon lòt pou pwason. 40 Gen osi kò selès ak kò tèrès, men laglwa selès la se youn, e laglwa tèrès la se yon lòt. 41 Gen yon glwa nan solèy la, yon lòt glwa nan lalin lan, e yon lòt nan zetwal yo; paske chak zetwal apa nan glwa li.

  16. 10 Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak sous dlo yo. 11 Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.

    12 Katriyèm zanj lan te sone, epi yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.

  17. 15 “Pou sa, veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a, 16 pou nou pa aji yon jan konwonpi, e fè yon imaj taye pou nou menm nan fòm a okenn bagay, ki sanble a ni mal, ni femèl, 17 sanblab a nenpòt bèt ki sou latè, oswa sanblab a nenpòt zwazo a zèl ki vole anlè, 18 ki sanblab a nenpòt sa ki ranpe atè, ki sanblab a nenpòt pwason ki nan dlo anba tè a. 19 Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la. 20 Men SENYÈ a te pran nou e mennen nou sòti nan founo fè a, an Égypte, pou nou kapab yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, tankou jodi a.

  18. 1 Yon gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal. 2 Li te gwo ansent e te kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche.

    3 Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn. 4 Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè.

    Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.

  19. 42 “Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo:

    ‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri

    ofrann ak sakrifis

    karant ane nan dezè a, O lakay Israël.

    43 Men nou te pran anplis, tabènak Moloch la,

    ak zetwal a dye Remphan an;

    imaj ke nou te fè pou adore yo.

    Pou sa a Mwen osi va retire nou jis rive lòtbò Babylone.’

  20. 26 “Sila ki venkè a, e sila ki kenbe zèv Mwen yo jiska lafen an, a li menm Mwen va bay otorite sou nasyon yo. 27 Li va gouvène yo avèk yon baton fè, tankou veso ajil ki vin kraze an mòso, jan Mwen menm te resevwa otorite soti nan Papa M nan; 28 epi Mwen va ba li zetwal maten an.

  21. 31 “Èske ou konn mare chenn zetwal Pleiades yo,

    oswa lage kòd zetwal Orion yo?

    32 Èske ou kab mennen fè parèt tout sign Zodyak yo nan sezon yo,

    oswa gide zetwal Gran Lous la ak pitit li yo?

    33 Èske ou konnen tout règleman syèl la,

    oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?

  22. 26 Leve zye nou anlè,

    e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo;

    Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo.

    Li rele yo tout pa non yo.

    Akoz grandè a pwisans Li

    ak fòs pouvwa Li,

    nanpwen youn nan yo ki manke.

    27 Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël:

    “Chemen Mwen an kache de SENYÈ a

    e jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?

    28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

    29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

  23. 25 Èske nou te pote ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël? 26 Anplis nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, ak zetwal dye nou, ke nou te fè pou nou menm yo. 27 “Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.

  24. Pou direktè koral la; yon sòm David

    1 Syèl yo ap pale glwa Bondye a.

    Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.

    2 Jou apre jou, l ap pale san rete;

    Nwit apre nwit, li revele konesans.

    3 Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl

    kote nou pa tande vwa yo.

    4  Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,

    ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.

    Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,

    5 ki tankou yon jennonm ki fenk marye

    k ap sòti nan chanm li.

    Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.

    6 Li leve soti nan yon pwent syèl,

    pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan.

    Anyen pa chape devan chalè li.

  25. 12 Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo! 13 Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo!

  26. 13 Ou vin fatige ak tout konseye yo.

    Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo,

    k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo,

    vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.

    14 Gade byen, yo tankou pay.

    Dife ap brile yo.

    Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo.

    P ap gen chabon ki pou chofe kò yo,

    ni flanm dife pou yo chita devan l!

    15 Men kijan tout travay lavi w ap tèmine:

    Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo

    va mache egare nan chemen pa yo;

    nanpwen moun ki pou ta sove ou.

  27. 4 “Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan?

    Pale si ou gen bon konprann,

    5 Se kilès ki te etabli mezi li? Konsi ou konnen?

    Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?

    6 Sou kilès baz li yo te fonse?

    Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,

    7 lè zetwal maten yo te chante ansanm,

    e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?

  28. 8 Malgre sa, moun sa yo fè menm bagay la. Ak rèv ke yo fè, yo souye lachè a, rejte otorite a, epi meprize zanj majestik yo. 9 Men lakanj Michel, lè li te defye dyab la, epi te dispite sou kò Moise la, pa t menm tante pwononse yon jijman cho, men te di “Ke Bondye bay ou repwòch.” 10 Men moun sa yo meprize sa ke yo pa menm konprann. Konsa, se pa bagay yo ke yo konnen pa ensten, kon bèt ki pa ka menm rezone, ke yo vin detwi.

    11 Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Koré a.

    12 Moun sa yo se resif yo k ap kache nan fèt lanmou sen nou yo, lè yo vin fete avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van, bwa sezon fredi, san fwi, de fwa mò, dechouke menm; 13 volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite enpirite; zetwal eran pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.

  29. 7 Konsa, lè M etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo

    e fè zetwal yo fènwa.

    Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj,

    e lalin nan p ap bay limyè.

    8 Tout limyè k ap briye nan syèl la,

    Mwen va fè yo vin nwa sou ou, e

    va mete fènwa sou peyi ou a,”

    deklare Senyè BONDYE a.

  30. 29 “Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.

    30 “Epi nan moman sa a, sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa,

  31. 10 Devan yo, tè a souke.

    Syèl yo tranble.

    Solèy la ak lalin nan vin tou nwa,

    e zetwal yo vin pèdi briyans yo.

    11 Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a.

    Anverite, kan Li vin byen gran,

    paske byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a.

    Anverite, jou SENYÈ a gran.

    Li tèrib anpil!

    Se kilès ki ka sipòte li?

  32. 24 “Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè. 25 Epi zetwal yo va ap tonbe soti nan syèl la, e pouvwa ki nan syèl yo va sekwe nèt.

    26 “Nan lè sa a yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk gwo pouvwa avèk glwa. 27 Li va voye zanj Li yo, e yo va ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.

  33. 19 Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.

    20 Men konnen sa davans, ke nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive. 21 Paske okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.

  34. 4 Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel. 5 Li te mete deyò tout prèt zidòl ke wa Juda yo te chwazi pou brile lansan nan wo plas yo nan vil Juda yo ak nan andwa Jérusalem yo. Anplis, sila ki te brile lansan a Baal yo, a solèy la, lalin nan, avèk tout gwoup zetwal yo ak tout lame syèl yo.

  35. 12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.

  36. 15 Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa,

    e zetwal yo va pèdi briyans yo.

  37. 10 “Nan moman sa a, ou gen pou kraze kanari a devan zye a tout moun ki akonpanye ou. 11 Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Se konsa Mwen va kraze pèp sa a ak vil sa a, jis jan ke yon moun kraze yon po kanari, pou l pa ka repare ankò. Yo va antere Topheth, jis lè pa gen plas pou antere ankò. 12 Se konsa, mwen va trete plas sa a ak moun ki rete ladann yo,” deklare SENYÈ a, “pou fè vil sa a tankou Topheth. 13 Lakay Juda ak lakay a wa Juda yo va vin souye kon Topheth, akoz anwo twati a tout kay yo te brile sakrifis a tout lame syèl yo, e te vide bwason kon ofrann a lòt dye yo.”’”

  38. 35 SENYÈ a ki bay solèy kon limyè nan lajounen

    e ki etabli lòd pou lalin ak zetwal yo pou bay limyè nan aswè,

    ki boulvèse lanmè a jis lanm li gwonde—

    SENYÈ dèzame yo se non Li, k ap di:

    36 “Si lòd sa a vin deregle devan M, deklare SENYÈ a:

    “Alò desandan Israël yo osi va sispann

    kon yon nasyon devan M, jis pou tout tan.”

    37 Konsa pale SENYÈ a: “Si syèl anwo yo ka mezire,

    e fondasyon tè yo ka kontwole pa anba;

    alò, Mwen va osi jete tout desandan Israël yo nèt

    pou tout sa yo te fè yo,” deklare SENYÈ a.

  39. 5 Li renmen ladwati avèk jistis.

    Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.

    6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:

    pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.

    7 Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.

    Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.

    8 Kite tout latè krent SENYÈ a.

    Kite tout sila ki rete nan mond lan

    kanpe etone nèt pa Li menm.

  40. 1 Rapwoche, O nasyon yo pou tande!

    Koute, o pèp yo!

    Kite latè ak tout sa ki ladann tande,

    e lemonn ak tout sa ki ladann.

    2 Paske gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo

    e jijman Li brile kont tout lame yo.

    Li te detwi yo nèt.

    Li te donnen yo a yon gwo masak.

    3 Konsa, mò yo va jete deyò.

    Kadav yo va fè movèz odè,

    e mòn yo va tranpe ak san yo.

    4 Tout lame syèl la va vin efase.

    Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv;

    e tout lame li yo va vin fennen nèt,

    tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an,

    oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.

  41. 16 Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te adore tout lame selès la e yo te sèvi Baal. 17 Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li. 18 Pou sa, SENYÈ a te byen fache avèk Israël e Li te retire yo devan zye Li. Okenn moun pa t rete sof tribi Juda a.

    19 Anplis, Juda pa t kenbe kòmandman SENYÈ a, Bondye pa yo a, men te mache nan koutim ke Israël te etabli yo. 20 SENYÈ a te rejte tout desandan a Israël yo. Li te aflije yo e Li te livre yo nan men a piyajè jiskaske Li te jete yo deyò vizaj Li.

  42. 1 “Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “yo va mennen fè vin parèt zo a wa a Juda yo, ak zo a prens pa yo, zo a prèt yo ak zo a pwofèt yo, e zo a pèp Jérusalem yo soti nan tonm pa yo. 2 Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè. 3 Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.

  43. 10 Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, e li te ponpe sou yo.

  44. 15 Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la, 16 e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an, 17 anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo. 18 Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te obeyi vwa Mwen.”

  45. 1 Alò, Bildad, Shouachyen an te reponn:

    2 Tout pouvwa ak lakrent apatyen a Sila

    ki etabli lapè nan wotè Li yo.

    3 Èske fòs kantite sòlda Li yo kab kontwole?

    Epi sou kilès ke limyè Li pa leve?

    4 Konsa, se kijan yon nonm kapab dwat devan Bondye?

    Oswa, kijan sila ki te fèt de fanm nan kapab vin pwòp?

    5 Nan zye pa Li, menm lalin pa klè, ni zetwal yo pa pwòp,

    6 Konbyen, anmwens lòm, yon vè,

    ak fis la a lòm nan, vè a menm nan!

  46. 4 Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout prèt zidòl yo, 5 sila ki adore sou twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa Milcom, 6 sila ki te vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”

  47. 12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

    14 Fè tout bagay san plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven.

  48. 22 Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.

  49. 2 “Si sa twouve nan mitan nou, nan okenn vil nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, yon nonm oswa yon fanm ki fè sa ki mal nan zye SENYÈ Bondye nou an, nan transgrese akò Li a, 3 epi te ale sèvi lòt dye yo pou adore yo, kit se solèy la, lalin nan, oswa nenpòt nan lame syèl la, ke mwen pa te kòmande, 4 epi si yo di nou sa, e nou te tande sa, alò, nou va fè yon ankèt avèk dilijans. Veye byen, epi si se vre, e se sèten ke bagay abominab sila a te fèt an Israël, 5 alò, nou va mennen nonm sa a oswa fanm sa a ki te fè zak mechan sa a nan pòtay nou yo, e nou va lapide li ak kout wòch jiskaske li mouri.

    6 “Sou temwayaj a de temwen oswa twa temwen, sila ki dwe mouri an, va vin mete a lanmò. Li p ap mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen. 7 Se men a temwen yo k ap premye kont li pou mete li a lanmò; epi apre, se men a tout pèp la. Konsa nou va netwaye mechanste a soti nan mitan ou.

  50. 1 Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a e li te renye senkann-senk ane Jérusalem. Manman li te rele Hephtsiba. 2 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te rache devan fis Israël yo. 3 Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi li te monte lotèl pou Baal yo, e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo. 4 Li te bati lotèl lakay SENYÈ a, sou sila SENYÈ a te di: “Nan Jérusalem, Mwen va mete non Mwen.” 5 Li te bati lotèl pou tout lame syèl la nan de lakou lakay SENYÈ a. 6 Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.

  51. 23 Men David pa t kontwole sila nan laj ventan oswa mwens yo, akoz SENYÈ a te di Li ta miltipliye Israël kon zetwal syèl yo.

  52. 6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl dè syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.

  53. 8 Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. 9 Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la. 10 Paske li t ap chache vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.

    11 Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la. 12 Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”

  54. 9 Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.”

    10 Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo. Papa li te reprimande li e te di l: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?”

  55. 1 Answit, senkyèm zanj lan te sone, e mwen te wè yon zetwal nan syèl la ki te tonbe sou tè a. Epi kle a fòs labim nan te bay a li menm.

  56. 11 Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël

    ak Kreyatè li a:

    “Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo

    e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!

    12 Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li.

    Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M

    e mete tout lame selès pa yo an lòd.

  57. 1 “A zanj nan legliz Éphèse la, ekri: Sila ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat Li a, Sila ki mache pami sèt chandelye fèt an lò yo, di sa a:

    2 “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo. 3 Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.

    4 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou kite premye lanmou nou an. 5 Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti. 6 Poutan nou genyen sa a, ke nou rayi zèv Nikolayityen yo, ke Mwen menm, Mwen rayi tou.

    7 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.

  58. 21 Konsa, nou te kontinye travay la avèk mwatye nan yo ki te kenbe lans yo soti nan maten jis rive lè zetwal yo te vin parèt. 22 Nan lè sa a, mwen te di pèp la ankò: “Kite chak mesye yo ansanm avèk sèvitè li pase nwit lan Jérusalem pou yo kab fè yon bon gad pou nou pandan nwit lan, e sèvi kon yon ouvriye nan lajounen.” 23 Konsa, ni mwen menm, ni frè m yo, sèvitè mwen yo, ni mesye nan gad ki te swiv mwen yo, okenn pa t retire rad yo, chak moun te pote zam li, menm lè yo ale chache dlo.

  59. 9 Kite zetwal lannwit li yo vin etenn.

    Kite li espere limyè, men pa twouve l.

    E kite li pa wè maten vin parèt,

  60. 12 “Èske Bondye pa nan wotè syèl la?

    Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!

  61. 22 Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”

  62. 25 Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo. 26 Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle. 27 Answit yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa.

  63. 20 Akoz ni solèy, ni etwal pa t parèt pandan anpil jou, e se pa yon ti kras tanpèt ki t ap atake nou an, depi la, tout espwa pou nou ta sove te disparèt.

  64. 4 “Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni,

  65. 1 Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,

    avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:

    “Mwen pa pran plezi nan yo;”

    2 Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,

    e nwaj yo retounen apre lapli yo;

    3 nan jou ke gadyen kay la tranble a,

    e mesye pwisan yo vin koube a.

    Lè sila k ap moulen yo rete san travay

    akoz anpil nan yo ki manke,

    e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.

    4 Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba,

    e yon moun va leve ak son zwazo a,

    epi tout fi chanson yo va rete ba.

    5 Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas

    ak gwo danje k ap vini a.

    Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la,

    e dezi gason an pa ka.

    Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a,

    pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.

    6 Sonje Li avan kòd ajan an kase,

    e bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann,

    e wou sitèn nan vin kraze.

    7 Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a,

    e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.

    8 “Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”

  66. 13 Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’”

  67. 1 “A zanj legliz nan Sardes la, ekri: Sila ki gen sèt Lespri Bondye ak sèt zetwal yo, di sa a: Mwen konnen zèv nou yo, ke nou gen repitasyon ke nou vivan, men nou mouri.

  68. 10 SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil, e gade byen, jodi a nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.

  69. 1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.

  70. 16 Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou.

    Ou te prepare limyè a avèk solèy la.

  71. 19 Li te fè lalin nan pou sezon yo.

    Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.

  72. 16 Konsa, Li te mennen mwen antre nan lakou enteryè lakay SENYÈ a. Epi vwala, nan antre tanp SENYÈ a, antre galri ak lotèl la, anviwon venn-senk òm, avèk do yo bay tanp SENYÈ a, e figi yo vè lès. Epi yo t ap pwostène yo nan lès vè solèy la.

    17 Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Èske se yon bagay twò piti pou lakay Juda ta komèt abominasyon ke yo te komèt isit la? Paske yo te ranpli peyi a ak vyolans e te pwovoke M plizyè fwa? Gade byen, y ap vekse M menm ak ti branch bwa yo poze sou nen yo. 18 Akoz sa, anverite, Mwen va aji ak gwo kòlè. Zye m p ap gen pitye, ni Mwen p ap epanye pèsòn. Malgre yo kriye nan zòrèy Mwen ak gwo vwa, malgre sa, Mwen p ap koute yo.”

  73. 3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. 4 Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te separe limyè a avèk tenèb la. 5 Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.

  74. 1 Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.

    2 Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. 3 Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.

  75. 26 si mwen te gade solèy la lè l t ap brile,

    oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,

    27 epi kè m te vin sedwi an sekrè,

    e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,

    28 sa osi ta yon inikite ki merite jijman,

    paske mwen t ap abandone Bondye anwo a.

  76. 5 Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ,

    ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo.

  77. 31 Solèy la va vin tou nwa,

    e lalin nan tankou san

    devan gwo jou tèrib SENYÈ a.

  78. 1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt.