36 Bible Verses About Bitterness
Bib Sen An (BSA)
-
14 Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi. 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen san Bondye tankou Esaü ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
-
30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
-
25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo.
-
20 Malè a sila ki rele mal la bon,
ak bon an mal la;
sila ki prezante tenèb la tankou limyè a,
ak limyè a kon tenèb la;
sila ki prezante sa ki anmè a kon dous,
e sa ki dous kon anmè.
-
26 “Vin fache, e malgre sa, pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27 epi pa bay Dyab la opòtinite.
-
22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. 23 Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e mare nan inikite.”
-
13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.
-
19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
-
22 Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan dezè Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo. 23 Lè yo rive nan Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara. 24 Alò, pèp la te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”
25 Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous.
La menm, Li te fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo pase a leprèv. 26 Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
27 Alò, yo te rive nan Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.
-
14 Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;
-
18 Konsa, prèt la va fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, kite très cheve tèt a fanm nan vin desann, mete ofrann sonje a nan men li, ki se ofrann sereyal jalouzi a, pandan prèt la kenbe dlo anmè ki pote madichon an. 19 Prèt la va fè fanm nan sèmante. Li va di li: “Si nanpwen gason ki te kouche avèk ou, si ou pa t vin vire pou antre nan sa ki pa pwòp, alò akoz ou anba otorite mari ou, rete san afekte pa dlo anmè sa a ki mennen yon madichon.
-
1 “Mwen rayi pwòp lavi m;
mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt.
Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
-
10 Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li;
men ak lòt, sa p ap pataje.
-
25 Pandan yon lòt mouri ak yon nanm anmè,
e pa janm goute nan sa ki bon.
-
25 Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l,
ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.
-
17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
-
19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.
-
14 Yo te fè vi yo vin amè avèk travay di nan mòtye avèk brik, e ak tout kalite travay nan chan an. Tout se te kòve ke yo te enpoze byen rèd sou yo.
-
23 Epi prèt la va ekri madichon sa yo sou yon woulo papye, e li va lave fè yo sòti nan dlo anmè a. 24 Epi li va fè fanm nan bwè dlo anmè ki pote madichon an, pou dlo ki pote madichon an kab antre nan li e li va fè l vin anmè.
-
11 Nan dezyèm mwa a, sou katòzyèm jou a, nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa, yo va obsève li. Yo va manje li avèk pen san ledven ak zèb anmè.
-
11 “Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen.
Mwen va pale nan doulè lespri m;
mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.
-
13 Li te fè flèch nan fouwo L yo
antre nan ren mwen.
14 Mwen te vin yon rizib pou tout pèp mwen an,
chante giyonnen yo sonnen tout lajounen.
15 Li te plen mwen ak amètim.
Li te fè m sou ak dlo absent.
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.
-
34 Lè Ésaü te tande pawòl a papa li yo, li te kriye avèk gwo kri ak yon vwa byen fò, e li te di papa l: “Beni m tou o papa mwen.”
-
8 “‘Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife, e yo va manje li avèk pen san ledven, ak zèb anmè.
-
3 Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo,
e pale li pi dous pase lwil;
4 men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl,
epi file kon yon nepe ki koupe de bò.
-
11 Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la?
-
11 Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.
-
1 Alò, Job te reponn:
2 Menm jodi a, plent mwen yo se rebelyon.
Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.
3 O ke m ta kab konnen kibò mwen ta kab twouve Li,
pou m ta kab pwoche chèz Li a!
4 Mwen ta prezante ka m nan devan L,
e plen bouch mwen ak diskou yo.
-
19 Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an;
dlo absent ak amètim ki nan kè m nan.
20 Anverite, nanm mwen sonje yo.
Li vin koube anndan mwen.
-
10 Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy;
tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon.
Mwen va fè nou pote twal sak sou senti a tout moun,
ak tèt chòv sou tout tèt.
Mwen va fè li tankou yon moman dèy
pou yon sèl fis inik,
e lafen li tankou yon jou anmè.
-
1 Lè Mardochée te vin aprann tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim.
-
12 Rayisman pwovoke konfli;
men lanmou kouvri tout fot.
-
7 Moun vant plen rayi siwo myèl;
men pou sila ki grangou,
nenpòt bagay anmè vin dous.
-
26 Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men pechè a va vin kaptire anba l.
Shows Read in context, Share and Copy.