58 Bible Verses About Murder

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Murder
  1. 13 Ou pa pou touye moun.

  2. 21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.

  3. 1 Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè. 2 Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la. Tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout livre nan men nou. 3 Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.

    4 “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li. 5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.

    6 “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm. 7 Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”

  4. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.

  5. 16 “‘Men si li te frape detwi li avèk yon objè an fè, pou l ta vin mouri, li se yon asasen. Yon asasen va, anverite, vin mete a lanmò. 17 Si li te frape li avèk yon wòch nan men l, pou l ta vin mouri, epi li mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò. 18 Oswa, si li te frape li avèk yon bout bwa nan men l pou li ta mouri, e li vin mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò. 19 Vanjè san an va, li menm, mete asasen an a lanmò. Li va mete li a lanmò depi li rankontre li. 20 Si li t ap pouse li akoz rayisman, oswa jete yon bagay sou li lè li kouche pou fè pèlen, e kòm rezilta, li te vin mouri, 21 oswa, si li te frape li avèk men l an rayisman, e li vin mouri, sila ki te frape li a va, vrèman, vin mete a lanmò. Li se yon asasen. Vanjè san an va mete asasen an a lanmò lè li rankontre li.

    22 “‘Men si li vin pouse li sibitman san rayisman, oswa li te jete yon bagay sou li san entansyon, 23 oswa, avèk nenpòt objè mòtèl an wòch, men san wè, li vin tonbe sou li e li vin mouri, pandan li pa t lènmi li, ni li pa t ap chache pou fè li mal, 24 alò, kongregasyon an va jije antre moun ki touye moun nan avèk vanjè san an, selon òdonans sa yo. 25 Kongregasyon an dwe pwoteje moun ki touye moun nan de men a vanjè san an, e kongregasyon an va voye li retounen nan vil azil kote li te sove ale a. Epi konsa, li va viv ladann jiskaske lanmò wo prèt ki te onksyone avèk lwil sen an.

    26 “‘Men si moun ki touye moun nan sòti pi lwen ke lizyè pwòp vil azil pa li a, kote li te gen dwa sove ale a, 27 epi vanjè san an vin jwenn li deyò lizyè vil azil li a; epi vanjè san an touye moun ki te touye moun nan, li p ap koupab de san an, 28 akoz li te dwe rete nan vil azil pa li a jiskaske wo prèt la vin mouri. Men apre lanmò wo prèt la, moun ki te touye moun nan va retounen vè peyi posesyon pa li a.

    29 “‘Bagay sa yo va yon òdonans lalwa pou tout jenerasyon nou yo nan tout abitasyon nou yo.

    30 “‘Si, yon moun touye yon moun, asasen an va vin mete a lanmò sou temwayaj temwen yo, men pèsòn pa pou mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen.

    31 “‘Anplis, nou pa pou pran ranson pou lavi a yon asasen ki koupab jiska lanmò. Li va, vrèman, vin mete a lanmò. 32 Nou pa pou pran ranson pou sila ki te sove ale nan vil azil la, pou l kab retounen viv nan peyi a avan lanmò a wo prèt la.

    33 “‘Alò, nou pa pou kontamine peyi kote nou rete a; paske san an va kontamine peyi a e nanpwen ekspiyasyon pou peyi pou san ki koule ladann, sof pa san a sila ki te fè vèse san an.

  6. 12 Sila ki frape yon mesye pou li mouri va vrèman mete a lanmò. 13 Men si sa pa t rive pa eksprè nan anbiskad, men Bondye kite sa rive, alò, Mwen va chwazi yon kote pou li kapab sove ale. 14 Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri.

    15 Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.

  7. 15 Nenpòt moun ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.

  8. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

  9. 8 Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.

    9 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”

    10 Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. 11 Koulye a ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an. 12 Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”

    13 Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! 14 Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”

    15 Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. 16 Konsa, Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou tèren Nod nan pati lès Eden an.

  10. 17 “‘Si yon nonm pran lavi a yon Kretyen vivan, li va vrèman vin mete a lanmò.

  11. 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.

    19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”

  12. 6 Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias la te vin danse devan yo, e Hérode te trè kontan. 7 Konsa, li menm te sèmante pou bay li nenpòt sa ke li te mande li. 8 Akoz ke fi a te ankouraje pa manman l, li te di: “Ban m isit la menm sou yon plato, tèt a Jean Baptiste.”

    9 Malgre sa te fè l tris, wa a te kòmande sa fèt akoz sèman an, e akoz tout vizitè ki te la avèk yo. 10 Li te voye fè yo koupe tèt a Jean nan prizon an. 11 Yo te pote tèt li sou yon plato e te bay fi a. Konsa, fi a te pote l bay manman l.

  13. 9 Poukisa ou te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo. 10 Koulye a, pou sa, nepe p ap janm kite lakay ou, akoz ou te meprize Mwen e te pran madanm a Urie, Itit la pou devni madanm ou.’

    11 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè leve mal kont ou soti nan pwòp kay ou. Mwen va menm pran madanm ou yo devan zye ou e bay a zanmi parèy ou e li va kouche avèk madanm ou yo gwo lajounen. 12 Anverite, ou te fè l an sekrè; men Mwen va fè bagay sa a devan tout Israël ak anba solèy la.’”

    13 Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.”

    Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri.

  14. 14 Asasen an leve granmmaten.

    Li touye malere a ak endijan an.

    Nan lannwit, se yon vòlè li ye.

  15. 44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.

    45 “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M.

  16. 8 Men nou konnen ke Lalwa bon, si yon moun itilize li nan yon fason lejitim. 9 Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki rebèl yo, pou sila ki san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo, 10 epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo, 11 selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.

  17. 17 Nou pa pou touye moun.

  18. 28 Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”

    29 Sèvitè a Absalom yo te fè Amnon jis jan ke Absalom te kòmande a. Epi tout fis a wa yo te leve monte milèt pa yo e te sove ale.

  19. 36 Pou sa, Sanchérib, wa Assyrie a, te sòti e te retounen lakay li pou te rete Ninive. 37 Konsa, li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc la, dye pa li a, ke Adrammélec avèk Scharetser te touye li avèk nepe, epi yo te chape nan peyi Ararat. Epi Ésar-Haddon, fis li a, te devni wa nan plas li.

  20. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

  21. 11 “Men si vin gen yon nonm ki rayi vwazen li, li kouche an kachèt pou li, li leve kont li pou frape li jiskaske li vin mouri, e li sove ale rive nan youn nan vil sa yo, 12 alò, ansyen nan vil li yo va voye pran li soti la. Konsa, yo va livre li nan men vanjè san an, pou li kapab mouri. 13 Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou.

  22. 5 Konsa fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, Récab, avèk Banna te pati pou te rive lakay Isch-Boscheth nan chalè lajounen an pandan li t ap pran repo midi a. 6 Yo te rive nan mitan kay la kòmsi yo t ap pran ble e yo te frape li nan vant. Epi Récab avèk Banna, frè li yo te chape ale. 7 Alò, lè yo te vin rive anndan kay la, pandan li te kouche sou kabann li nan chanm a dòmi li an, yo te frape li e te touye li. Yo te koupe tèt li e yo te vwayaje ak li nan chemen Araba a tout nwit lan. 8 Konsa, yo te mennen tèt a Isch-Boscheth kote David nan Hébron e yo te di a wa a: “Men gade, tèt a Isch-Boscheth, fis a Saül la, lènmi pa w la, ki te chache lavi ou a. Konsa, nan jou sa a, SENYÈ a te bay mèt mwen an, wa a, vanjans sou Saül avèk desandan li yo.”

    9 David te reponn Récab avèk Banna, frè li, fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, e te di yo: “Jan SENYÈ a viv la, ki te peye racha lavi m soti nan tout twoub yo, 10 lè yon moun te pale m e te di: ‘Gade, Saül mouri’ e te panse ke se bòn nouvèl ke li te pote, mwen te sezi li e te touye li Tsiklag, kòm rekonpans pou nouvèl la. 11 Alò, konbyen anplis, lè moun mechan yo vin touye yon nonm ladwati nan pwòp kay li sou kabann li! Èske se pa ke m ta oblije mande san li nan men nou e rache nou sou fas tè a?” 12 Alò, David te pase lòd sou jennonm yo. Yo te touye yo, yo te koupe men yo avèk pye yo, e te pann yo akote sous Hébron an. Men yo te pran tèt a Isch Boscheth e yo te antere li nan tonm Abner a nan Hébron.

  23. 7 Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.

    8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”

  24. 14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.

    15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.

  25. 15 Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè,

    Mwen va kache zye M de nou menm.

    Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo.

    Men nou kouvri ak san.

  26. 2 Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an,

    e se peche nou yo

    ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.

    3 Paske men nou souye ak san vèse,

    e dwèt nou ak inikite.

    Lèv nou fin pale sa ki fo,

    e lang nou plenyen mechanste.

  27. 8 Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.

    9 Men si nou montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè. 10 Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout. 11 Paske, Sila a ki te di: “Pa fè adiltè” a, Li te di tou: “Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa. 12 Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa lalwa libète a.

  28. 11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an ke nou dwe renmen youn lòt. 12 Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.

  29. 1 Abimélec, fis a Jerubbaal la te ale nan Sichem vè fanmi manman li. Li te pale ak yo e a tout fanmi lakay granpapa li bò kote manman l. Li te di: 2 “Pale koulye a, pou tout chèf Sichem yo tande: ‘Kisa k ap pi bon pou nou, ke swasann-dis lòm, tout fis a Jerubbaal yo vin renye sou nou, oswa ke yon sèl moun renye sou nou?’ Anplis, sonje byen ke mwen se zo nou ak chè nou.”

    3 Fanmi li yo te pale tout pawòl sila yo pou li menm kote pou tout chèf Sichem yo tande. Kè yo te apye vè Abimélec, akoz yo te di: “Li se fanmi nou.” 4 Yo te ba li swasann-dis pyès ajan soti lakay Baal-Berith, avèk sila Abimélec te anplwaye kalite mesye sanzave yo san kontwòl e yo te swiv li. 5 Konsa, li te ale lakay papa li nan Ophra e te touye frè li yo, fis a Jerubbaal yo, swasann-dis zòm, sou yon sèl wòch. Men Jotham, fis pi piti a Jerubbaal la te chape, akoz li te kache kò li. 6 Tout mesye a Sichem yo avèk tout Beth-Millo yo te rasanble ansanm pou yo te ale fè Abimélec wa kote bwadchenn nan akote pilye ki te Sichem nan.

  30. 5 Men Jézabel, madanm li, te vin kote li e te di li: “Kijan lespri ou tèlman ba ke ou pa manje manje a?”

    6 Konsa, li te di li: “Akoz mwen te pale Naboth, Jizreyelit la, e mwen te di li: ‘Ban mwen chan rezen ou an pou lajan; oswa, si li fè ou kontan, mwen va ba ou yon chan rezen pou ranplase li.’ Men li te di: ‘Mwen p ap ba ou chan rezen mwen an.’”

    7 Jézabel, madanm li te di li: “Èske koulye a se ou ki renye sou Israël? Leve, manje pen e kite kè ou kontan. Mwen va ba ou chan rezen a Naboth, Jizreyelit la.” 8 Konsa, li te ekri lèt nan non Achab e te sele yo avèk so pa li pou te voye yo bay ansyen yo avèk prens ki te rete avèk Naboth nan vil pa li a. 9 Alò, nan lèt sa yo li te ekri e te di: “Pwoklame yon jèn e fè Naboth chita sou tèt a pèp la. 10 Fè chita dèzòm sanzave devan li pou fè temwayaj kont li pou di: ‘Ou te modi Bondye avèk wa a.’ Konsa, pran li deyò e lapide li jiskaske li mouri.”

    11 Konsa, mesye lavil li yo, ansyen avèk prens ki te rete la yo, te fè jan Jézabel te voye di yo a, jis jan ke li te ekri nan lèt ke li te voye yo. 12 Yo te pwoklame yon jèn e te fè Naboth chita sou tèt a pèp la. 13 Epi dèzòm sanzave te antre ladann e te chita devan li. Epi de mesye sanzave yo te fè temwayaj kont li, menm kont Naboth, devan pèp la, e yo te di: “Naboth te modi Bondye avèk wa a.” Konsa, yo te pran l mennen deyò lavil la e yo te lapide l jiska lanmò avèk kout wòch. 14 Epi yo te voye kote Jézabel e te di: “Naboth te lapide e fin mouri.”

  31. 17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.

    20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

    21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

  32. 9 Joab te di Amasa: “Èske sa byen avèk ou, frè m?” Epi Joab te kenbe Amasa pa bab li avèk men dwat pou bo li. 10 Men Amasa pa t veye kont nepe ki te nan men Joab la. Konsa, li te frape li nan vant avèk li e zantray li te vide tonbe atè e san frape l ankò, li te mouri. Alò Joab avèk Abischaï, frè li a, te kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.

  33. 16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;

    wi sèt menm ki abominab devan l:

    17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,

    avèk men ki vèse san inosan,

    18 Yon kè ki divize plan mechan yo,

    pye ki kouri vit pou jwenn mal,

    19 Yon fo temwen ki bay manti,

    ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.

    20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou

    e pa abandone enstriksyon manman ou.

  34. 33 Bann sèpan, nich ranpli ak koulèv; kijan pou nou ta kapab chape de chatiman lanfè a?

    34 “Pou sa, gade, Mwen ap voye bannou pwofèt ak moun saj, ak Skrib yo. Kèk nan yo, nou va touye e krisifye. Kèk nan yo, nou ap bay kout fwèt nan sinagòg nou yo, e pèsekite yo soti nan yon vil jiska yon lòt, 35 pou sa rive ke sou nou kapab tonbe koupabilite pou tout san ki te vèse sou latè yo, kòmanse avèk Abel ki te jis, pou rive jouk nan san Zacharie, fis a Barachie a, ke nou te asasine antre tanp lan ak lotèl la.

    36 “Anverite, Mwen di nou ke tout bagay sa yo ap rive sou jenerasyon sila a.

    37 “O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.

  35. 6 Alò, nan fèt la, li te konn lage pou yo, yon prizonye ki chwazi selon demann pa yo. 7 Epi te gen yon mesye yo rele Barabbas, ki te vin pran prizon, ansanm avèk sila ki t ap fè revòlt yo. Mesye sa yo, te responsab touye moun. 8 Foul la te pwoche Pilate, e te kòmanse mande l fè sa ke li te gen abitid fè pou yo a. 9 Pilate te reponn yo. Li te mande: “Èske nou vle ke m ta lage pou nou Wa a Jwif yo?” 10 Paske li te byen konprann ke chèf prèt yo te livre Li akoz jalouzi.

    11 Men chèf prèt yo te chofe foul la pou mande Pilate, olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.

    12 Epi Pilate te reponn yo ankò: “Ebyen, kisa pou m ta fè avèk Li menm ke nou rele Wa Jwif yo?”

    13 Konsa, yo te rele fò: “Krisifye Li!”

    14 Men Pilate t ap di yo: “Poukisa? Ki mal Li fè?” Men yo te rele pi fò: “Krisifye Li!”

    15 Akoz ke li te vle satisfè foul la, Pilate te lage Barabbas pou yo. Lè li te fin fè yo bat Jésus ak fwèt, li te livre L, pou L ta krisifye.

  36. 12 Men avan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen. 13 Sa va ouvri yon chemen pou temwayaj nou. 14 Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou. 15 Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti. 16 Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò. 17 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen.

  37. 54 Alò, lè yo te tande sa, yo te blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.

    55 Men ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki te kanpe bò men dwat Bondye. 56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”

    57 Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa, 58 e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.

    59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.

  38. 15 Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay;

  39. 16 Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te fè sa, anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a.

  40. 16 Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.

  41. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  42. 11 Li te vin rive nan jou sa yo ke lè Moïse te fin grandi, li te sòti vè frè li yo, e li te wè fado yo. Li te wè yon Ejipsyen ki t ap bat yon Ebre, youn nan frè li yo. 12 Alò li te gade toupatou e lè l pa t wè pèsòn, li te touye li, e li te kache li nan sab la.

    13 Li te sòti nan pwochen jou a, e gade, de Ebre t ap goumen youn avèk lòt. Li te di a sa ki gen tò a: “Poukisa ou ap frape pwochen ou an?”

    14 Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè. Konsa li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”

    15 Lè Farawon te tande afè sila a, li te eseye touye Moïse.

    Men Moïse te sove ale de prezans li, li te vin demere nan peyi Madian, e li te vin chita la akote yon pwi.

  43. 21 Konsa, Éhud te lonje men goch li, te pran nepe a soti nan kwis dwat li e te pase l nèt travèse vant li.

  44. 27 Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.

  45. 24 Men lè yo te rive nan kan Israël la, Izrayelit yo te leve e te frape Moabit yo jiskaske yo te kouri devan yo. Epi yo te avanse nan peyi a e te fè yon gwo masak pami Moabit yo. 25 Konsa, yo te detwi vil yo, epi chak moun te jete yon wòch sou chak mòso bon tè pou te plen yo. Epi yo te bouche tout sous dlo yo e te koupe tout bon pyebwa yo, jis yo rive nan Kir-Haréseth kote se sèl wòch li yo ki rete. Men mesye fistibal yo te antoure li e te frape li. 26 Lè wa Moab la te wè ke batay la te twò mechan pou li, li te pran avèk li sèt-san mesye ki te rale nepe pou ouvri yon pasaj pou rive kote wa Édom an; men yo pa t kapab. 27 Alò, li te pran pi gran fis li a ki te gen pou renye nan plas li, e li te ofri li kòm yon ofrann brile sou mi an. Epi te vin gen lakòlè byen cho kont Israël, e yo te kite li pou retounen nan peyi pa yo.

  46. 12 Hazaël te di: “Poukisa mèt mwen ap kriye a?”

    Alò, li te reponn: “Paske mwen konnen mal la ke ou va fè a fis Israël yo: Fòterès ke ou va brile ak jennonm pa yo ke ou va touye avèk nepe, pitit pa yo ke ou va kraze an mòso ak fanm gwo vant yo ke ou va chire nèt.”

  47. 15 Nan jou swivan an, li te pran yon gwo kouvèti a, li te fonse l nan dlo e li te ouvri li sou figi li, jiskaske wa a te mouri. Konsa, Hazaël te vin wa nan plas li.

  48. 8 Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;

    nan anbiskad yo, li touye inosan yo.

    Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.

    9 Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li.

    Li kache pou kenbe aflije yo;

    li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.

    10 Li akwoupi, li pare kò l;

    konsa malere a vin tonbe

    pa grif pwisan li yo.

  49. 38 Yo te vèse san inosan, san a pwòp fis ak fi yo,

    ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo.

    Peyi a te kontamine nèt ak san.

  50. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

  51. 10 Moun k ap vèse san rayi inosan an;

    men moun dwat yo pwoteje lavi li.

  52. 21 Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li,

    pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo.

    Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo,

    e li p ap kache mò li yo ankò.

  53. 17 “Men zye ou ak kè ou rete sèlman

    sou richès ki ranmase nan zak malonèt,

    nan vèse san inosan,

    nan opresyon ak vyolans.”

  54. 24 Konsa, lè Pilate te wè ke li pa t ap rezoud anyen, men okontrè, pèp la te kòmanse ap fè tenten, li te pran dlo pou te lave men li devan pèp la, e te di: “Mwen inosan a san Nonm sila a; fè l nou menm”.

  55. 52 Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine.

  56. 1 Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo. 2 Li te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe.

    3 Lè l te wè ke sa te fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo.

  57. 26  “Vin fache, e malgre sa, pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a,

  58. 9 Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la nanm a sila yo yo te touye akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.

    10 Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?” 11 Yo te ba yo chak yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, pou konplete kous pa yo.