86 Bible Verses About Demons

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Demons
  1. 16 Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te geri tout malad yo. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: “Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”

    18 Lè Jésus te wè yon foul t ap antoure l, Li te pase lòd pou pati ale lòtbò lanmè a.

    19 Yon sèten skrib te parèt. Li te di L: “Mèt, m ap swiv ou nenpòt kote ou ale.”

    20 Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”

    21 Yon lòt nan disip Li yo te di Li: “Senyè, kite mwen premyèman ale antere papa m.”

    22 Men Jésus te di li: “Swiv Mwen. Kite mò yo antere mò parèy yo.”

    23 Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li. 24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi. 25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”

    26 Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.

    27 Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”

    28 Lè li te rive lòtbò nan peyi Gadarenyen yo, de moun ki te gen move lespri te rankontre li pandan yo t ap soti nan tonm yo. Yo te tèlman vyolan ke pèsòn pa t kapab pase nan chemen sa a. 29 Epi yo te kriye e te di: “Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?” 30 A yon distans, te gen yon bann kochon ki t ap manje. 31 Epi lespri yo te kòmanse sipliye Li konsa: “Si ou ap mete nou deyò, voye nou nan bann kochon sa yo.”

    32 Li te di yo: “Ale!”

    Yo te pati e te ale nan kochon yo. Lapoula, tout bann kochon yo te kouri desann falèz la, tonbe nan lanmè, pou mouri nan dlo a.

    33 Gadyen yo te kouri ale antre nan vil la kote yo te fè rapò tout bagay sa yo, ansanm avèk sa ki te rive moun move lespri yo. 34 Konsa, tout vil la te soti pou rankontre Jésus. Lè yo te wè L, yo te sipliye Li pou kite peyi yo a.

  2. 22 Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè. 23 Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab Fis a David?” 24 Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”

    25 Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe. 26 Si se Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe? 27 Epi si Mwen menm pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou. 28 Men si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou. 29 Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.

    30 “Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye.

  3. 26 Yo te kouri a vwal jouk lè yo rive nan peyi a Jerazenyen yo ki anfas Galilée. 27 Lè Li te desann atè, Li te rankontre pa yon sèten mesye nan vil la, ki te domine pa dyab. Li pa t konn mete rad depi lontan, e li pa t viv nan kay, men nan tonbo.

    28 Lè l wè Jésus, li te kriye fò e te tonbe devan Li. Li te di ak yon gwo vwa: “Kisa m gen avè ou Jésus, Fis a Pi Wo Bondye a? Mwen sipliye ou, pa toumante mwen.”

    29 Paske Li te kòmande lespri enpi a pou sòti nan mesye a. Paske li te konn sezi li anpil fwa; e li te mare avèk chenn avèk fè nan pye li, e Li te kenbe anba gad. Li te konn pete tout kontrent sa yo pou dyab yo ta pouse l nan dezè a. 30 Jésus te mande li: “Kòman yo rele ou?” E li te di: “Lejyon”, paske anpil dyab te gen tan antre nan li. 31 Yo t ap sipliye L pou pa voye yo nan abim nan. 32 Alò te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan, e dyab yo te sipliye Li pou kite yo antre nan kochon yo. Konsa, Li te bay yo pèmisyon. 33 Dyab yo te sòti nan mesye a, e te antre nan kochon yo, bann nan te kouri desann pant falèz la, tonbe nan lak la, e te mouri nan dlo a. 34 Lè gadyen kochon yo te wè sa ki rive a, yo te kouri ale bay rapò a nan vil la avèk tout landwa andeyò yo.

    35 Pèp la te sòti vin wè sa ki te rive a, e yo te vin kote Jésus. Yo te twouve nonm ki te konn gen dyab la. Li te chita nan pye Jésus, byen abiye, e nan bon tèt li. Yo te vin pè.

    36 Sila yo ki te wè sa, te eksplike yo kijan nonm nan ki te posede pa dyab yo, te vin geri.

    37 Tout pèp Jerazenyen yo an ak landwa andeyò yo te mande pou L ta kite yo paske yo te ranpli avèk yon gwo perèz. Li te antre nan kannòt la, e te pati.

    38 Men mesye a ke dyab yo te kite a te sipliye L pou L ta kapab ale avèk li, men Li te voye li ale e te di: 39 “Retounen lakay ou pou eksplike yo ki gwo bagay ke Bondye te fè pou ou.”

    Donk li te ale, e te pwoklame toupatou nan tout vil la ki gwo bagay Bondye te fè pou li.

  4. 10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.

  5. 23 Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò 24 pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”

    25 Konsa Jésus te reprimande L. Li te di l: “Pe la, e sòti nan li!”

    26 Move lespri a te boulvèse li avèk gwo kriz. Li te kriye ak yon vwa fò, e te kite li.

    27 Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”

    28 Byen vit nouvèl la te kouri toupatou nan tout anviwon Galilée a.

  6. 1 Yo te vini lòtbò lanmè a nan peyi Gadarenyen yo. 2 Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li. 3 Li t ap viv pami tonm yo, e pèsòn pa t kab mare l ankò, menm avèk yon chèn. 4 Paske li te konn mare souvant avèk gwo fè avèk chèn nan pye li. Chèn yo te konn vin chire separe nèt pa fòs li, e fè yo te kase an mòso. Pèsòn pa t kab donte l. 5 Konsa, tout tan, lajounen kon lannwit, pami tonm yo ak nan mòn yo, li t ap kriye fò e t ap blese kò l avèk wòch.

    6 Lè l wè Jésus a distans, li kouri pwoche L pou l bese devan L. 7 Li te kriye avèk yon vwa fò, e te di: “Kisa m gen avè w Jésus, Fis a Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!”

    8 Paske Li t ap di a li menm: “Sòti nan mesye sa a, ou menm move lespri a!” 9 Konsa, Li te mande l: “Kòman yo rele ou?”

    Li te di L: “Yo rele m Lejyon, paske nou anpil.” 10 Li te kòmanse sipliye Li seryezman pou Li pa voye yo deyò peyi a.

    11 Konsa, te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan. 12 Tout move lespri yo te sipliye Li e te di: “Voye nou nan kochon yo pou nou kapab antre nan yo”. 13 Jésus te bay yo pèmisyon. Konsa nan sòti a, move lespri yo te antre nan kochon yo, e bann nan te kouri desann pant falèz mòn nan, jouk rive nan lanmè. Te gen anviwon de-mil nan yo, e yo te mouri nan dlo lanmè a.

    14 Konsa, gadyen yo te kouri kite lye a, e te bay rapò sa nan vil la, tankou andeyò. E moun yo te vini pou wè sa ki te rive a. 15 Yo te vin kote Jésus e yo te wè mesye ki te konn gen move lespri a byen chita, byen abiye avèk tout bon lespri li. Se te menm moun ki te gen “Lejyon an”, e yo te vin gen krent. 16 Konsa, sila ki te wè l yo, te pale ak yo sou jan sa te rive mesye move lespri a, ak tout afè kochon yo. 17 E yo te kòmanse sipliye L pou L kite landwa sa a.

    18 Pandan Li t ap antre nan kannòt la, mesye ki te gen move lespri a te sipliye L pou l ta kapab ale avèk Li. 19 Men Li pa t kite L ale, men te di li: “Ale lakay moun ou yo e bay yo rapò sou ki gran bagay SENYÈ a te fè pou ou, ak jan Li te fè ou gras.” 20 Li te sòti, e te kòmanse pwoklame nan Decapolis ki kalite bon bagay Jésus te fè pou li, e tout moun te etone.

  7. 32 E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li yon moun bèbè avèk yon move lespri. 33 Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: “Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”

    34 Men Farizyen yo t ap di: “Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”

  8. 31 Konsa, Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a. 32 Yo te etone de enstriksyon Li, paske mesaj Li yo te avèk otorite.

    33 Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò: 34 “Kite nou pou kont nou! Kisa nou gen avè Ou, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”

    35 Jésus te reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.

    36 Sezisman te pran yo tout. Yo t ap diskite youn avèk lòt e t ap di: “Ki mesaj sa a? Paske avèk otorite ak pwisans Li kòmande lespri enpi yo, e yo te sòti.” 37 Nouvèl a Li menm t ap gaye toupatou nan distri ozanviwon yo.

  9. 13 Men osi kèk nan Jwif ki te konn chase move lespri yo, ki te ale soti yon kote a yon lòt, te eseye rele non Jésus sou sila ki te gen move lespri yo, e t ap di: “Mwen bay ou lòd pa Jésus ke Paul preche a.” 14 Sèt fis a Scéva yo, yon chèf prèt Jwif, t ap fè sa a.

    15 Epi move lespri yo te reponn e te di yo: “Mwen rekonèt Jésus, e mwen konnen Paul, men ki moun nou ye?”

    16 Mesye ki te gen move Lespri a te vòltije sou yo tout e te tèlman domine yo, ke yo te kouri kite kay la toutouni, e blese.

    17 Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.

  10. 17 Swasann-dis yo te retounen avèk jwa. Yo te di: “Senyè, menm dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.

    18 Li te di yo: “Mwen t ap gade Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj. 19 Veye byen, Mwen bannou otorite poumache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.

    20 “Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”

  11. 14 Answit, Li t ap chase yon dyab nan yon bèbè. Lè dyab la te fin sòti, gason bèbè a te pale. Konsa, foul la te etone.

    15 Men kèk nan yo te di: “Li chase dyab yo pa Béelzébul, mèt dyab yo.” 16 Gen Lòt yo, pou teste L, t ap mande L yon sign ki sòti nan syèl la. 17 Men Li te konnen panse yo. Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont tèt li va detwi. E yon kay divize kont tèt li ap tonbe. 18 Si Satan osi divize kont tèt li, kijan wayòm li an va kanpe? Paske nou di ke Mwen chase dyab yo pa Béelzébul. 19 Men si Mwen menm pa Béelzébul chase dyab yo, pa kilès fis nou yo konn chase yo? Konsa, se yo menm k ap jij nou yo. 20 Men, si Mwen chase dyab yo ak dwèt Bondye a, alò, wayòm syèl la gen tan vini sou nou. 21 Lè yon nonm fò, plen zam, veye pwòp kay li, byen li yo rete ansekirite. 22 Men lè yon moun avèk plis fòs pase l vin atake l, li bat li, e li retire nan men li tout zam li yo, pou l vin divize piyaj la. 23 Sila ki pa avèk Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa rasanble avè Mwen an, ap gaye.

  12. 14 Lè yo rive bò kote foul la, yon mesye te vin tonbe sou jenou devan Li. Li te di L: 15 “Senyè, gen pitye pou fis mwen an. Li se yon epileptik; li byen malad. Souvan li tonbe nan dife a, e pafwa menm nan dlo. 16 Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”

    17 Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!” 18 Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.

    19 Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”

    20 Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.

  13. 1 Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.

    2 Konsa, nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: 3 Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou sila ke nou te tande ki t ap vini an, epi koulye a ki deja nan lemonn lan.

    4 Timoun yo, nou a Bondye, epi nou te venk lespri sa ki fo a, paske pi gran an se Li ki nan nou an, pase li ki nan lemonn nan. 5 Yo sòti nan lemonn. Akoz sa yo pale tankou lemonn, epi lemonn koute yo.

    6 Nou a Bondye: sila ki konnen Bondye a va koute nou. Sila ki pa a Bondye a p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri a sa ki fo a.

  14. 37 Nan jou swivan an, lè yo te desann sòti nan mòn nan, yon gwo foul te rankontre Li. 38 Konsa yon mesye nan foul la te rele fò: “Mèt, mwen sipliye ou pou gade wè fis mwen an, paske se li sèl gason ke m genyen. 39 Yon lespri konn sezi li. Li rele fò, lespri a jete li nan gwo kriz ki fè bouch li kimen, e pandan lespri a ap kite li, li kontinye maspinen l nèt jiskaske li ale. 40 Mwen te sipliye disip ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”

    41 Jésus te reponn: “O jenerasyon enkredil, e pèvès! Pou jis kilè M ap avèk nou, pou sipòte nou? Mennen pitit ou a isit la.”

    42 Pandan Li t ap pwoche, dyab la te voye l atè, e te jete l nan yon gwo kriz. Men Jésus te repwòche lespri enpi a; Li te geri gason an, e te remèt li bay papa l.

  15. 7 Epi te gen lagè nan syèl la. Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk zanj pa li yo t ap fè lagè. 8 Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la. 9 Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.

  16. 13 Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa lespri sal tankou krapo. 14 Se te lespri a demon yo, ki t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.

  17. 16 Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo. 17 Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè a Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, chemen sali a.” 18 Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou.

    Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E lespri a te sòti de li nan menm moman an.

    19 Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te trennen yo nan mache a devan otorite yo.

  18. 32 Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt la.

    34 Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.

    35 Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.

    36 Konsa, Simon avèk sila ki te avè l yo t ap chèche Li. 37 Yo te twouve li, e te di L: “Tout moun ap chèche Ou”.

    38 Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.” 39  Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.

  19. 40 Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo. 41 Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.

  20. 19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble.

  21. 43 “Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn. 44 Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd. 45 Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”

  22. 14 Lè yo te retounen kote disip yo, yo te wè yon gwo foul ki te antoure yo, e kèk skrib ki t ap diskite avèk yo. 15 Imedyatman, lè tout foul la te wè Li, yo te etone, e yo te kouri vini salye Li.

    16 E Li te mande yo: “Kisa nou ap diskite avèk yo la a?”

    17 Epi yon moun nan foul la te reponn Li: “Mèt, mwen te pote bay Ou fis Mwen an, ki gen yon move lespri ki fè l bèbè; 18 epi lè li sezi l, li voye li atè. Li kimen nan bouch e manje dan l; kò li vin tou rèd. Mwen te pale disip Ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”

    19 Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”

    20 Yo te pote gason an kote Li. E lè li te wè L, lapoula lespri a te jete li nan yon gwo kriz. Li te tonbe atè, te kòmanse woule toupatou e kimen nan bouch.

    21 Jésus te mande papa li: “Depi kilè bagay sa a konn rive li?” Li te di: “Depi li timoun. 22 Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”

    23 Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”

    24 Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”

    25 Lè Jésus te wè yon foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”

    26 Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”

    27 Men Jésus te pran li pa men li, te leve l, e Li te kanpe.

    28 Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”

    29 Li te di yo: “Kalite sila a p ap kab sòti pa anyen, sof ke lapriyè.”

  23. 37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  24. 19 Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay? 20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.

    21 Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo.

  25. 23 Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.

    24 Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.

  26. 41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.

    44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’

    45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”

  27. 13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.

  28. 1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.

  29. 16 Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo.

    Avèk bagay abominab,

    yo te pwovoke Li a lakòlè.

    17 Yo te fè sakrifis a dyab ki pa t Bondye yo,

    a dye ke yo pa t janm konnen,

    dye nèf ki fenk parèt,

    ke zansèt nou yo pa t janm bay lakrent.

  30. 25 Men lè yon fanm ak yon tifi ki te gen yon move lespri te tande de Jésus, li te vin kote L nan menm moman an, e te tonbe nan pye Li. 26 Alò, fanm sila a te yon moun etranje nan ras Siwofonisyèn. E li te kontinye mande L pou chase move lespri a sou pitit li a.

    27 Jésus te di li: “Kite zanfan yo satisfè avan, paske li pa bon pou pran pen timoun yo pou jete l bay chen.”

    28 Men fanm nan te reponn Li: “Wi Mèt, men menm ti chen anba tab yo manje ti mòso ke timoun yo lese tonbe yo.”

    29 Konsa Li te di li: “Akoz repons sa a, al fè wout ou; move lespri a gen tan kite fi ou a.”

    30 E lè fanm nan te retounen lakay li, li te twouve tifi a byen kouche sou kabann nan, e move lespri a te gen tan kite li.

  31. 7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.

  32. 36 Yo te sèvi zidòl yo, ki te devni yon pèlen pou yo.

    37 Se te menm pwòp fi ak fis yo ke yo ofri kon sakrifis a dyab yo.

    38 Yo te vèse san inosan, san a pwòp fis ak fi yo,

    ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo.

    Peyi a te kontamine nèt ak san.

    39 Konsa, yo te vin pa pwòp nan abitid yo,

    e te jwe pwostitiye nan zèv yo.

  33. 11 Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.

    12 Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”. 13 Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.

  34. 16 Te vini osi foul ki te sòti nan vil ki te antoure Jérusalem yo, ki t ap pote moun malad, ak sila ki te twouble pa move Lespri yo, e yo tout te geri.

  35. 12 Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.

  36. 8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.

  37. 11 E nenpòt lè ke move lespri yo te wè L, yo t ap tonbe devan Li, kriye fò e di: “Ou se Fis Bondye a!”

  38. 24 Lè lespri enpi a kite yon nonm, li travèse kote ki sèch pou chache repo. Lè l pa twouve, li di: ‘Mwen va retounen lakay mwen kote m sòti a.’

    25 “Lè l vini, li touve l byen bale, e mete an lòd. 26 Answit li sòti pou chache pran sèt lòt dyab pi mal pase li menm, e yo vin antre pou viv la. Konsa, dènye eta a nonm sa a pi mal pase premye a.”

  39. 22 Abimélec te renye sou Israël pandan twazan. 23 Epi Bondye te voye yon move lespri antre nan Abimélec avèk mesye Sichem yo. Konsa mesye a Sichem yo te aji an movèz fwa avèk Abimélec, 24 jiskaske vyolans ki te fèt a swasann-dis fis Jerubbaal yo te kapab remonte e san pa yo ta kapab vin poze sou Abimélec, frè yo a, ki te touye yo, ak sou mesye Sichem yo, ki te ranfòse men li pou l ta kab touye frè li yo. 25 Mesye Sichem yo te mete moun an anbiskad kont li sou tèt mòn yo e yo te vòlè tout moun ki te pase bò kote yo nan wout la. Tout sa te pale a Abimélec.

  40. 9 Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè. 10 Nan jou aprè a, yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l. 11 Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa.

  41. 1 Jésus te rele douz disip li yo. Li te bay yo pouvwa sou move lespri yo, pou chase yo deyò, e pou geri tout kalite enfimite avèk maladi.

  42. 22 Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon move lespri.”

    23 Men Li pa t reponn li yon mo.

    Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.

    24 Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou mouton pèdi nan lakay Israël la.”

    25 Men fanm nan te vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”

    26 Men Li te reponn: “Li pa bon pou pran manje ki pou timoun yo pou jete l bay chen.”

    27 Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”

    28 Jésus te reponn li: “Men fanm, lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.

  43. 1 Yon ti tan apre, Li te kòmanse ale de yon vil ak yon bouk a lòt, poupwoklame e preche wayòm syèl la. Douz yo te avèk Li. 2 Anplis te gen avèk yo kèk fanm ki te geri de move lespri yo ak maladi yo. Te gen Marie, ke yo te rele Magdala a, sou kilès sèt dyab yo te sòti a, 3 avèk Jeanne, madanm Chouza a, entandan Hérode la, ak anpil lòt ki t ap kontribye a soutyen ki sòti nan mwayen pèsonèl yo.

  44. 8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.

  45. 15 Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an. 16 Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane. 17 Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf; 18 yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.”

  46. 21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’

    24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”

    28 Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a. 29 Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.

  47. 38 Jean te di Li: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase move lespri yo nan non Ou, e nou te eseye fè l sispann, paske li pa t ap swiv nou.”

    39 Men Jésus te di: “Pa anpeche li, paske pa gen moun k ap fè yon mirak nan non Mwen, e apre byen vit ki ka pale mal de Mwen. 40 Paske sila ki pa kont nou an, li pou nou. 41 Paske nenpòt moun ki bay nou yon tas dlo pou bwè akoz nou nan Kris yo, anverite Mwen di nou, li p ap pèdi rekonpans li.

  48. 44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.

  49. 19 Konsa te leve yon divizyon pami Jwif yo akoz pawòl sa yo.

    20 Anpil t ap di: “Li gen yon dyab epi Li fou. Poukisa nou ap koute Li?”

    21 Lòt t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl a yon move lespri. Yon dyab p ap kab ouvri zye a yon moun ki avèg. Nou ta kwè sa?”

  50. 20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo.

  51. 2 Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab.

  52. 14 Alò, Lespri SENYÈ a te vin kite Saül e yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a te teworize li. 15 Sèvitè a Saül yo te di li: “Gade byen, koulye a, yon move lespri ki sòti nan Bondye ap teworize ou. 16 Kite mèt nou an kòmande sèvitè li yo pou chache yon nonm ki fò nan jwe ap. Konsa li va rive lè move lespri ki sòti nan Bondye a vini sou ou, ke li va jwe ap la avèk men l e ou va vin geri.”

  53. 19 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li. 20 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab pou ale monte e tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sesi e youn te di sela.”

    21 Alò, yon lespri te parèt devan SENYÈ a e te di: “Mwen va sedwi li.”

    22 SENYÈ a te di li: “Kijan?”

    Epi li te reponn: “Mwen va sòti deyò pou devni yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt li yo.”

    Epi Li te di: “Ou gen non sèlman pou sedwi li, men pou vin genyen li nèt. Ale fè sa.” 23 “Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt pa ou yo; epi SENYÈ a te pwoklame dega nèt kont ou.”

  54. 19 Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo? 20 Vire kote lalwa ak akò a! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini. 21 Yo va pase nan peyi a, plen gwo pwoblèm ak grangou nèt. Li va vin rive ke lè yo grangou, y ap vin anraje e modi wa yo ak Bondye pandan y ap gade anlè. 22 Epi konsa, y ap gade vè latè, gade byen, gwo twoub ak fènwa, dezolasyon ak gwo lapèn. Konsa, yo va chase ale nan tenèb.

  55. 17 Jésus te desann avèk yo, e Li te kanpe nan yon kote pla. Te gen yon gwo foul disip Li yo, ak yon gwo foul moun ki te sòti nan tout Juda avèk Jérusalem, avèk zòn kot Tyr avèk Sidon. 18 Yo te vin pou tande Li, e pou geri de maladi yo; epi sila ki te twouble avèk lespri enpi yo t ap geri. 19 Tout foul la t ap eseye touche Li, paske pouvwa t ap sòti sou Li, e t ap geri yo tout.

  56. 4 Konsa sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.

    5 Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.

    6 Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo. 7 Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te paralize e bwate te geri. 8 Donk, te gen anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.

  57. 3 Men si levanjil nou an vwale, li vwale pou sila k ap peri yo. 4 Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.

  58. 9 Alò, te genyen yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a sou Saül pandan li te chita lakay li avèk yon frenn nan men li, pandan David t ap jwe ap la avèk men li. 10 Saül te tante frennen David pou kloure li nan mi an avèk frenn nan, men li te chape kite prezans a Saül. Konsa, frenn nan te kloure nan mi an. David te sove ale e te pran flit menm nwit lan.

  59. 22 Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.

    23 Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò? 24 Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe. 25 Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe. 26 Si Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini!

    27 “Men pèsòn p ap kapab antre lakay a yon nonm fò, e piyaje byen li, sof ke premyèman li mare mesye fò a; e apre sa, l ap piyaje kay li.

    28 “Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè; 29 men nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”

    30 Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”.

  60. 9 Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo. 10 Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye. 11 Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, yo te refize kwè sa.

  61. 12 Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo! 13 Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo! 14 Mwen va monte piwo nwaj yo! Mwen va fè mwen menm tankou Pi Wo a!” 15 Sepandan, ou va pouse desann nan Sejou mò yo, kote fon a gwo fòs la ye a.

  62. 49 Jean te reponn. Li te di: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase dyab nan non Ou, e nou te eseye anpeche li akoz ke li p ap swiv ak nou.”

    50 Men Jésus te di l: “Pa anpeche lipaske sila ki pa kont nou an pou nou.”

  63. 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo.

  64. 6 Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandone pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman nan gran jou a.

  65. 27 “‘Alò, yon nonm oswa yon fanm ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’”

  66. 10 Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga, 11 ni youn pami nou ki fè cham, k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte. 12 Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou.

    13  “Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.

    14 “Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa.

  67. 7  Li te rele douz yo e te kòmanse voye yo sòti de pa de, e Li te bay yo otorite sou move lespri yo. 8 Konsa, Li te avèti yo ke yo pa t pou pran anyen pou vwayaj la sof ke yon baton; ni pen, ni yon sak, ni lajan pou mete nan senti yo; 9 men yo te gen pou mete sapat yo, e Li te di anplis: “Pa menm mete de tinik (yon wòb lejè)”.

    10 Li te di yo: “Nenpòt kote nou antre nan yon kay, rete la jouk lè nou kite vil la. 11 Epi nenpòt kote ki pa resevwa nou, oswa koute nou, pandan nou ap kite la, souke retire menm pousyè ki anba pye nou kon temwayaj kont yo. Asireman mwen di ou, l ap pi tolerab pou Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a!”

    12 Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti. 13 Yo t ap chase anpil move lespri, yo t ap onksyone malad yo avèk lwil, e t ap geri yo.

  68. 7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen.

  69. 3 Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn. 4 Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè.

    Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.

  70. 31 “‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  71. 22 Konsa, Pierre te mennen L akote. Li te di L: “Ke Bondye anpeche sa, Senyè! Sa p ap janm rive Ou.”

    23 Men Li te vire bò kote Pierre: “Mete ou dèyè M Satan! Ou menm, ou se yon wòch chite pou Mwen. Ou pa mete tèt ou nan enterè Bondye, men nan enterè a lòm.”

  72. 1 Li te rele douz yo ansanm, e te bay yo pouvwa avèk otorite sou tout dyab, e pou geri maladi. 2 Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.

    3 Konsa, Li te di yo: “Pa pran anyen pou vwayaj nou, ni yon baton, ni yon sak, ni pen, ni lajan. Pa menm pote yon dezyèm vètman. 4 Nan nenpòt kay ke nou antre, rete la jiskaske nou kite vil sa a. 5 Pou sila yo ki pa resevwa nou, lè n ap kite vil sa a, souke pousyè sòti nan pye nou kon yon temwayaj kont yo.”

    6 Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.

  73. 48 Jwif yo te reponn e te di Li: “Èske nou pa di vrèman ke Ou se yon Samariten epi ke Ou gen yon move lespri?”

    49 Jésus te reponn: “Mwen pa gen yon move lespri. Men Mwen onore Papa M, e nou dezonore M. 50 Men Mwen pa chache glwa pa M. Men gen youn ki chache, epi ki jije.

    51 “Anverite, anverite Mwen di nou, si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.”

    52 Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’

  74. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm.

  75. 19 Nou konnen ke nou menm nou se a Bondye, epi tout lemonn rete nan pwisans a mechan an.

  76. 9 Yo te monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.

    10 Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.

    11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.

    12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.

    14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.

    15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.

  77. 1 Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”

    2 Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; 3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”

    4 Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” 5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.

    6 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje. 7 Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.

  78. 23 Epi li te rive ke nenpòt lè move lespri ki sòti nan Bondye a te vin kote Saül, David te pran ap la, e li te jwe avèk men li. Konsa, Saül te renouvle, li te vin sen e move lespri a te vin kite li.

  79. 18 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a: Mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou twòn li an ak tout lame syèl la ki te kanpe adwat Li ak agoch Li. 19 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab, wa Israël la, pou monte tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sa, pandan yon lòt te di yon lòt bagay. 20 Alò, yon lespri te parèt e te kanpe devan SENYÈ a. Li te di: Mwen va sedwi li.’”

    “Epi SENYÈ a te di: ‘Kijan’?

    21 “Li te reponn: ‘Mwen va ale fè l tankou yon lespri manti nan bouch a tout pwofèt li yo.’

    “Epi Li te di: ‘Ou dwe sedwi li e genyen li tou. Ale fè sa.’

    22 “Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri manti nan bouch a sila yo, pwofèt ou yo, paske SENYÈ a te pwoklame dega kont ou.”

  80. 5 Douz sila yo Jésus te voye lè Li te fin enstwi yo konsa: “Pa antre nan chemen payen yo, ni pa antre nan okenn vil ki pou Samariten yo, 6 Men pito ale vè mouton ki pèdi lakay Israël yo. 7 Pandan n ap prale, preche epi di: ‘Wayòm syèl la prèt pou rive.’ 8 Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis. 9 Nou pa pou pran ni lò, ni lajan ni kwiv pou mete nan bous senti nou, 10 Ni yon sak pou vwayaj nou, pa menm de chemiz, ni sapat, ni baton; paske yon ouvriye merite soutyen li.

    11 “Nan nenpòt vil oubyen bouk ke nou antre, mande kilès ki gen merit nan li, epi ak li pou nou rete jis lè nou kite vil sa a. 12 Pandan n ap antre nan kay la, bay li salitasyon nou. 13 Epi si kay la gen merit, ke benediksyon lapè nou rete sou li, men si li pa gen merit, ke benediksyon lapè nou retounen sou nou. 14 Nenpòt moun ki pa resevwa nou, ni pa okipe pawòl nou, lè nou kite kay sa a, oubyen vil sa a, souke pye nou pou pousyè li pa rete. 15 Anverite Mwen di nou, l ap pi tolerab pou peyi Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a.”

  81. 18 Paske Jean te vini san manje ni bwè, e yo di: ‘Li gen yon move lespri’! 19 Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”

  82. 13 Li te monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li. 14 Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche, 15 e pou yo ta kab gen otorite pou chase move lespri yo:

  83. 33 Paske Jean-Baptiste te vinisan manje pen, ni bwè diven; epi nou di ke li te gen yon dyab! 34 Fis a Lòm nan vini nan manje, ak bwè; epi nou di: ‘Gade, yon nonm ki manje twòp, yon moun sou, yon zanmi a kolektè kontribisyon avèk pechè yo! 35 Men sajès lajistifye pa tout pitit li yo.

  84. 31 Koulye a jijman vini sou mond sa a. Koulye a mèt mond sa a va jete deyò.

  85. 11 Bondye t ap fè mirak ekstrawòdinè pa men Paul 12 jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.

  86. 3 Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa fè lagè selon lachè, 4 paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. 5 N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la. 6 Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè obeyisans nou an fin ranpli.