48 Bible Verses About False Prophets
Bib Sen An (BSA)
-
15 “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. 16 Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. 17 Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. 18 Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 19 Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. 20 Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.
21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
-
13 “Anplis, pami pwofèt Samarie yo,
Mwen te wè yon betiz.
Yo te pwofetize pa Baal
e yo te egare pèp Mwen an, Israël.
14 Osi, pami pwofèt Jérusalem yo, Mwen te wè yon move bagay:
Zak adiltè, e yo mache nan sa ki fo.
Yo ranfòse men a malfektè yo,
pou okenn moun pa vire kite mechanste li.
Yo tout vin pou Mwen tankou Sodome
e abitan li yo kon Gomorrhe.
15 Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo konsènan pwofèt yo:
“Gade byen, Mwen ap bay yo manje bwa lanmè
e fè yo bwè dlo anpwazone;
paske soti nan pwofèt Jérusalem yo,
tout kalite pouriti gaye nan tout peyi a.”
16 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Pa koute pawòl a pwofèt k ap fè pwofesi devan nou yo.
Y ap mennen nou nan bagay ki pou ryen.
Yo pale yon vizyon ki sòti nan pwòp imajinasyon pa yo,
men pa nan bouch SENYÈ a.
17 Yo kontinye di a sila k ap meprize Mwen yo,
‘SENYÈ a te di: “Nou va gen lapè”’”
e pou tout sila k ap mache nan pwòp tèt di yo, yo di:
“Malè p ap rive nou.”
18 Men se kilès ki te kanpe nan konsèy a SENYÈ a,
pou l ta wè e tande pawòl li?
Kilès ki te prete atansyon a pawòl Mwen, e te koute l?
-
1 Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo. 2 Anpil va swiv vi sansyèl yo, e akoz de yo, chemen laverite a va meprize. 3 Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi. 4 Paske si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an; 5 epi pa t epagne ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a, 6 epi si Li te kondane vil Sodome ak Gomorrhe pou destriksyon e te redwi yo an sann, epi te fè yo yon egzanp pou sila ki ta vin mennen yon vi san Bondye pi devan yo; 7 epi si li te delivre Lot ki te yon nonm ladwati, oprime pa sansyalite a mesye san prensip yo, 8 (paske pa sa ke li te wè e tande nonm ladwati sila a, pandan li t ap viv pami yo, te santi nanm dwat li a te toumante jou apre jou pa zèv san règ ni lwa yo.) 9 Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an. 10 Sitou sila ki satisfè lachè a nan dezi konwonpi li yo, e ki meprize otorite. Plen kouraj e awogan, yo pa menm tranble lè yo ensilte zanj majeste yo, 11 malgre zanj ki pi gran an pwisans ak pouvwa yo pa janm pote yon move jijman kont yo devan Senyè a. 12 Men sa yo, tankou bèt san rezon, fèt tankou kreyati ki aji san refleksyon, ki fèt pou kapte e touye, ki mal pale kote yo pa gen konesans, va osi detwi nan destriksyon a kreyati sila yo.
13 Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou. 14 Ak zye plen adiltè ki pa janm sispann fè peche, yo sedwi nanm ki pa stab yo. Kè yo ki antrene pou lanvi tout bagay, se pitit madichon yo ye. 15 Nan abandone bon chemen an, yo vin egare pou swiv chemen Balaam, fis Bosor a, ki te renmen salè inikite yo. 16 Men li te resevwa yon repwòch pou pwòp transgresyon li. Paske yon bourik bèbè te pale avèk vwa yon moun, e te mete fren a foli a pwofèt la.
17 Sa yo se sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la. 18 Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo, 19 k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.
20 Paske si, apre yo fin chape de tout bagay sal mond sa a pa konesans Senyè ak Sovè a Jésus Kri, yo bwouye ladan yo ankò e vin simonte dènye eta yo a vin pi mal pase premye a. 21 Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te livre a yo menm nan. 22 Men sa ki vin rive a yo menm selon vre pwovèb la: “Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benyen, li retounen woule kò l nan labou a.”
-
18 “‘Mwen va fè leve yon pwofèt soti nan mitan Izrayelit parèy yo tankou ou, Mwen va mete pawòl Mwen nan bouch li, e li va pale avèk yo tout sa ke Mwen kòmande li. 19 Li va vin rive ke nenpòt moun ki pa koute pawòl Mwen yo ke li va pale nan non Mwen, Mwen Menm, Mwen va egzije sa de li menm. 20 Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’
21 “Nou kapab di nan kè nou: ‘Kijan nou va konnen pawòl ke SENYÈ a pa t pale?’ 22 Lè yon pwofèt pale nan non SENYÈ a, si bagay la pa fèt, oswa pa rive vre, se bagay sa ke SENYÈ a pa t pale a. Pwofèt la te pale li avèk awogans. Nou pa pou pè li.
-
1 Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.
2 Konsa, nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: 3 Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou sila ke nou te tande ki t ap vini an, epi koulye a ki deja nan lemonn lan.
4 Timoun yo, nou a Bondye, epi nou te venk lespri sa ki fo a, paske pi gran an se Li ki nan nou an, pase li ki nan lemonn nan. 5 Yo sòti nan lemonn. Akoz sa yo pale tankou lemonn, epi lemonn koute yo.
6 Nou a Bondye: sila ki konnen Bondye a va koute nou. Sila ki pa a Bondye a p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri a sa ki fo a.
-
13 Men “A, Senyè, BONDYE a!” Mwen te di: “Gade, pwofèt yo ap di yo: ‘Ou p ap wè nepe, ni gwo grangou, men se lapè k ap rete nèt nan plas sa a.’”
14 Konsa, SENYÈ a te di Mwen: “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo. 15 Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo! 16 Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va vide pwòp mechanste pa yo sou yo.
-
1 “Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; si l anonse de nou yon sign oswa yon mèvèy, 2 epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, pou l te di: ‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t konnen yo); epi annou sèvi yo,’ 3 nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap pase nou a leprèv pou wè si nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou.
4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li. 5 Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.
-
3 Pandan Li t ap chita sou Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”
4 Jésus te reponn yo: “Fè atansyon pou pèsòn pa kondwi nou nan erè!” 5 Konsa, anpil moun ap vini nan non Mwen k ap di: ‘Se Mwen ki Kris La’, e yo va kondwi anpil moun nan erè.
6 “Nou va tande afè lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an. 7 Paske nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo. 8 Men tout bagay sa yo se sèlman kòmansman an; tankou premye doulè a fanm k ap akouche a.
9 “Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.
10 “Konsa, nan tan sa a, anpil moun ap chite. Youn ap denonse lòt, e youn ap rayi lòt. 11 Epi anpil fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè. 12 Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt. 13 Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.
-
28 “Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.
29 “Mwen konnen ke apre mwen pati, lou sovaj va vini pami nou, lou ki p ap fè gras menm a bann twoupo a. 30 Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene disip yo pou yo ta swiv yo. 31 Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou avèk dlo nan zye m.
32 “Epi koulye a, mwen rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.
-
13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
-
25 “Mwen te tande sa pwofèt ki fè fo pwofesi nan non Mwen yo te di. Y ap di: ‘Mwen te fè yon rèv, mwen te fè yon rèv!’ 26 Pou konbyen de tan? Èske gen yon bagay nan kè pwofèt ki fè fo pwofesi yo, menm pwofèt sila ki twonpe pwòp kè yo? 27 Yo gen entansyon fè pèp Mwen an bliye non Mwen ak rèv ke yo repete youn ak lòt yo, menm jan ke papa zansèt yo te bliye non M akoz Baal? 28 Pwofèt ki fè rèv la, kite li repete rèv li a. Epi sila ki gen pawòl pa M, kite l pale pawòl pa M nan ak verite. Kisa gen nan pay ki sanble ak sereyal? 29 Èske pawòl Mwen pa tankou yon dife?” deklare SENYÈ a: “Èske li pa tankou yon mato ki kraze fann wòch?”
30 Pou sa, gade byen, “Mwen kont pwofèt yo,” deklare SENYÈ a: “Ki vòlè pawòl Mwen yo soti nan youn lòt.” 31 “Gade byen, Mwen kont pwofèt yo”, deklare SENYÈ a: “Ki sèvi lang yo pou deklare, ‘SENYÈ a deklare’. 32 Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.
-
23 “Nan lè sa a, si yon moun di nou: ‘Gade, men Kris la isit la’, oubyen ‘Men Li la’, pa kwè li. 24 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo. 25 Veye, Mwen avèti nou davans.
26 “Si yo di nou ‘Men Li nan dezè a’ pa ale la; oubyen ‘Gade la, Li la nan chanm pa anndan an, pa kwè yo. 27 Paske menm jan ke kout eklè a sòti nan lès pou klere jouk rive nan lwès, konsa n ap wè vini Fis a Lòm nan. 28 Nenpòt kote kadav la ye, se la ou va twouve votou yo.
-
3 Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo. 4 Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.
-
11 Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.
12 Li egzèse tout otorite a premye bèt la nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a. 13 Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo. 14 E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.
15 Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè tout sila ki refize adore bèt la touye.
-
6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou yon lòt levanjil; 7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. 8 Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. 9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.
-
3 Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5 diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman.
-
19 Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo? 20 Vire kote lalwa ak akò a! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.
-
17 Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm. 18 Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.
-
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
-
1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo.
-
30 “Yon bagay degoutan e etonan te rive nan peyi a: 31 Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?
-
3 Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa enstwi yon lòt doktrin nèf; 4 ni pou yo pa prete atansyon a fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.
5 Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè. 6 Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan diskou ki pa pote fwi, 7 ki ta vle mèt k ap enstwi lalwa, menmsi yo pa menm konprann ni sa y ap di a, ni sijè ke yo pale avèk plen konfyans lan.
-
16 Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.
17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète: 18 Moun ki te egare kite verite yo nan di ke rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.
19 Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”
-
20 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl.
-
1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, pwofetize kont pwofèt Israël ki pwofetize. Di a sila kap pwofetize pawòl ki soti nan pwòp enspirasyon pa yo, ‘Koute pawòl SENYÈ a: 3 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè a pwofèt san konprann k ap swiv pwòp lespri pa yo, e ki pa t vrèman wè anyen. 4 O Israël, pwofèt nou yo te tankou rena pami pil mazi ki fin kraze. 5 Nou pa t antre nan brèch yo, ni nou pa t bati yon miray pou antoure lakay Israël pou l ta ka kanpe nan batay nan jou SENYÈ a. 6 Yo wè tout sa ki fo, ak divinò k ap bay manti yo, k ap di: ‘Pawòl SENYÈ a deklare’, lè se pa SENYÈ a ki te voye yo. Malgre sa, yo gen espwa ke pawòl yo va vin akonpli. 7 Èske nou pa t fè yon fo vizyon, e pale ak lang ki t ap bay manti lè nou te di: ‘SENYÈ a deklare’, men se pa Mwen ki te pale a?”’”
8 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te pale sa ki fo, e te wè yon manti; akoz sa, gade byen, Mwen kont nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9 “Konsa, men Mwen va kont pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”
10 “‘Akoz, anverite yo te egare pèp Mwen an lè yo te di: “Lapè,” lè pa t gen lapè. Lè nenpòt moun bati yon miray, gade byen, yo fè l randwi ak lacho. 11 Donk, pale a sila ki randwi li ak lacho yo, ke li va tonbe. Yon inondasyon lapli va vini, e nou menm, o gran lagrèl, va tonbe. Yon van vyolan va pete l. 12 Gade byen, lè miray la fin tonbe, èske yo p ap mande nou: “Kote lacho ke nou te sèvi nan randwi li a?”
-
6 Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten majisyen Jwif, yon fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus 7 ki te avèk pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.
8 Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a. 9 Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li. 10 Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a? 11 Koulye a, gade byen men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.”
Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.
12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.
-
10 Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.
-
11 Kijan ke nou pa konprann ke Mwen pa t pale avèk nou pou afè pen? Men fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
12 Konsa, yo te vin konprann ke Li pa t pale de ledven nan pen, men enstriksyon a Farizyen ak Sadiseyen yo.
-
8 Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris.
-
8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
11 Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout ki pa t kwè nan verite a, men ki te pran plezi nan mechanste, kapab jije.
-
16 Pou sa, se konsa SENYÈ a pale: ‘Gade byen, Mwen prèt pou retire ou sou sifas tè a. Ane sa a, ou va mouri, akoz ou te konseye rebelyon kont SENYÈ a.’” 17 Se konsa Hanania, pwofèt la, te mouri nan menm ane sa a nan setyèm mwa a.
-
8 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Pa kite pwofèt ki rete nan mitan nou yo ak divinò nou yo twonpe nou, ni pa koute rèv ke yo fè. 9 Paske yo fè fo pwofesi bannou nan non Mwen. Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a.
-
28 Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo vizyon ak divinasyon manti pou yo; divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale.
-
5 Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.
6 Akoz sa, li fènwa sou nou—san vizyon
e fènwa pou nou—san apèsi davni.
Solèy la va kouche sou pwofèt yo,
e lajounen va vin fènwa sou yo.
7 Vwayan yo va wont
e divinò yo va nan konfizyon.
Anverite, yo tout va kouvri bouch yo
akoz Bondye pa reponn.
-
2 “Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire pwofèt yo ak lespri pa pwòp la soti nan peyi a. 3 Lè yon moun va pwofetize, alò, papa l ak manman l ki te fè l la va di li: ‘Ou p ap viv, paske ou pale sa ki fo nan non SENYÈ a.’ Konsa, papa li ak manman li ki te fè l la, va fwennen l lè li pwofetize. 4 Anplis, li va vin rive nan jou sa a, ke tout pwofèt yo va vin wont de vizyon yo fè, lè yo ap pwofetize. Yo p ap mete gwo wòb fèt an pwal pou twonpe moun; 5 men yon pwofèt va di: ‘Mwen pa yon pwofèt; mwen se yon kiltivatè tè a, paske mwen se yon sèvitè atache nèt depi mwen jèn.’ 6 Konsa, yon moun va vin di l: ‘Ki blesi sa ki nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blesi ke mwen te pran lakay zanmi mwen yo.’
-
22 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo va parèt, e va montre nou sign ak mèvèy jis, si te posib, pou sedwi menm eli yo. 23 Men fè atansyon, gade byen, Mwen te di nou tout bagay davans.
-
2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach. 3 Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la. 4 Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa.
-
20 Men konnen sa davans, ke nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive. 21 Paske okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.
-
9 Nenpòt moun ki fin ale byen lwen e ki pa kontinye nan doktrin Kris la, pa gen Bondye. Sila ki rete nan doktrin nan, li gen ni Papa a, ni Fis la.
10 Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li,
-
3 Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou lite fò pou lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo. 4 Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejte sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.
-
13 Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa lespri sal tankou krapo. 14 Se te lespri a demon yo, ki t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.
-
10 Lè m te antre lakay Schemaeja, fis a Delaja a, fis a Mehétabeel la, ki pa t kab kite lakay li, li te di: “Annou reyini ansanm lakay Bondye a, anndan tanp lan, annou fèmen pòt tanp yo, paske yo ap vin touye ou. Wi, y ap vini pandan lannwit lan pou touye ou.”
11 Men mwen te di: “Èske yon nonm tankou mwen ta dwe sove ale kache? Epi èske yon moun tankou mwen ta antre nan tanp lan pou sove lavi li? Mwen p ap antre.” 12 Konsa, mwen te vin apèsi ke anverite, Bondye pa t voye li, men li te eksprime pwofesi a kont mwen akoz Tobija avèk Sanballat te anplwaye li. 13 Li te anplwaye li pou rezon sa a; pou m ta kapab vin pè pou aji konsa e peche, pou yo menm ta kab gen yon move rapò kon repwòch kont mwen. 14 Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo.
-
15 Tèt la se ansyen ki byen respekte a
e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.
16 Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo.
Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.
-
11 Chèf li yo fè jijman
pou jwenn sa ki glise anba tab,
e prèt li yo enstwi pou kòb,
pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan.
Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a.
Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou?
Okenn malè p ap rive sou nou.”
-
2 Paske zidòl lakay yo pale inikite;
divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè,
ke yo repete kon fo rèv.
Yo bay rekonfò an ven.
Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;
yo aflije akoz yo pa gen bèje.
-
6 Jésus te di yo: “Veye e fè atansyon pou ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
-
20 Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.
-
13 Paske soti nan pi piti pami yo jis rive nan pi gran yo;
yo tout se voras dèyè richès.
Soti nan pwofèt la, jis rive nan prèt la.
Tout se malonèt.
Shows Read in context, Share and Copy.