59 Bible Verses About Truth

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Truth
  1. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”

    5 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”

    6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen. 7 Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou. Depi koulye a, nou konnen Li, e wè Li.”

  2. 17 Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.

  3. 1 Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: 2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.

    3 Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo. 4 Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.

  4. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.

    25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.

  5. 31 Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen. 32 E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”

  6. 36 Jésus te reponn: “Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”

    37 Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?”

    “Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”

    38 Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a.

  7. 42 Jésus te di yo: “Si Bondye te Papa nou, nou ta renmen M, paske Mwen sòti nan Li, e se nan Li ke M vini. Mwen pa vini pou kont Mwen, men se Li ki voye M.

    43 “Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.

    44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.

    45 “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M. 46 Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?

    47 “Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”

  8. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.

  9. 1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.

    3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.

  10. 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.

    13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.

    14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  11. 23 Achte verite e pa vann li!

    Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.

  12. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

  13. 17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat;

    men yon fo temwen twonpe.

  14. 12 Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou,

    e peche nou yo temwaye kont nou.

    Paske transgresyon nou yo rete avèk nou

    e nou konnen inikite nou yo:

    13 Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a.

    Nou vire kite Bondye nou an,

    ak pawòl opresyon ak rebèl.

    Nan kè a, nou fòmante

    e fè vin parèt pawòl manti.

    14 Lajistis vin detounen

    e ladwati vin kanpe byen lwen.

    Paske verite a fin glise tonbe nan lari

    e ladwati p ap ka antre.

    15 Wi, verite a manke;

    epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la,

    fin fè pwòp tèt li yon viktim.

    Alò, SENYÈ a te wè

    e sa pa t fè plezi devan zye L,

    ke pa t gen jistis.

  15. 5 Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib.

    Yo refize pale verite.

    Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;

    yo vin fatige nèt nan fè inikite.

    6 Abitasyon ou se nan mitan desepsyon.

    Nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.

  16. 16 Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo.

  17. 16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.

  18. 13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini.

  19. 2 Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.

  20. 11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.

  21. 1 Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.

    2 Konsa, nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: 3 Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou sila ke nou te tande ki t ap vini an, epi koulye a ki deja nan lemonn lan.

    4 Timoun yo, nou a Bondye, epi nou te venk lespri sa ki fo a, paske pi gran an se Li ki nan nou an, pase li ki nan lemonn nan. 5 Yo sòti nan lemonn. Akoz sa yo pale tankou lemonn, epi lemonn koute yo.

    6 Nou a Bondye: sila ki konnen Bondye a va koute nou. Sila ki pa a Bondye a p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri a sa ki fo a.

  22. 20 Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè a. Konsa, nou nan Li ki se vrè a, nan Fis Li a , Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.

  23. 22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;

    men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.

  24. 3 O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t santi doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.

  25. 17 Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.

  26. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”

  27. 24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”

  28. 18 Sila ki pale pou kont li chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.

  29. 13 Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te sele nan Li menm avèk Lespri Sen a pwomès la, 14 ki bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.

  30. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a,

  31. 8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

    10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.

  32. 19 Bondye se pa yon nonm ke li ye

    pou L ta bay manti,

    ni fis a yon nonm pou L ta repanti.

    Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?

  33. 4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.

    Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.

  34. 6 Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.

    Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.

  35. 10 Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,

    epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.

  36. 160 Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e

    tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan.

  37. 18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,

    tout sila ki rele li ak verite yo.

  38. 19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan;

    men lang ki bay manti a rete pou yon moman.

  39. 28 Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo.

  40. 1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,

    paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a:

    Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.

  41. 26 “Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen.

  42. 7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou.

  43. 8 Konsa, annou selebre fèt la pa avèk vye ledven an, ni avèk move ledven an ak mechanste, men avèk pen san ledven nan plen senserite ak verite a.

  44. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a.

  45. 16 Èske konsa mwen vin lènmi nou akoz ke m di nou Verite a?

  46. 6 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. 7 Konsa, pa vin yon pati ak yo. 8 Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. 9 Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, 10 ki fè prèv de sa k ap fè Senyè a plezi.

  47. 8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.

  48. 13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.

    15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.

    16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.

    18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

  49. 6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.

    7 Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.

  50. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

    19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondane nou, Bondye bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.

    21 Byeneme yo, si kè nou pa kondane nou, nou gen konfyans devan Bondye. 22 Pou sa a, nenpòt sa ke nou mande, nou va resevwa l de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay ki fè plezi devan zye Li yo.

    23 Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen youn lòt, kon Li te kòmande nou an.

    24 Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.

  51. 3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:

    “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,

    O Senyè, Bondye Toupwisan an!

    Jis e vrè, se chemen Ou yo,

    Wa a nasyon yo.

  52. 7 Konsa, mwen te tande lotèl la ki t ap di: “Wi, O Bondye Senyè, Sila Ki Toupwisan an, vrè e jis se jijman Ou yo.”

  53. 11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.

    Mwen va mache nan verite Ou.

    Fè kè m dispoze pou krent non Ou.

  54. 33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. 34 Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye; 35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a. 36 Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. 37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.

  55. 3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”

  56. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.

  57. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.

  58. 1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.

  59. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.