51 Bible Verses About Betrayal
Bib Sen An (BSA)
-
14 Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo. 15 Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?”
Yo te peze bay li trant pyès ajan. 16 Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.
17 Alò, nan premye jou Fèt Pen San Ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: “Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?”
18 Li te di yo: “Ale nan vil la a yon sèten mesye e di li: ‘Mèt la di nou “Lè Mwen prèske rive. M ap fè fèt Jou Pak la lakay ou avèk disip Mwen yo.”’”
19 Disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a. Konsa, yo te prepare Jou Pak la.
20 Alò, lè fènwa te vin rive, Jésus te lonje sou tab la avèk douz disip yo. 21 Pandan yo t ap manje, Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M”.
22 Avèk yon doulè pwofon, yo chak te kòmanse mande L: “Asireman, se pa mwen menm, Senyè?”
23 Li te reponn: “Sila ki mete men l avèk mwen nan bòl la, se li menm k ap trayi Mwen an. 24 Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan! Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
25 Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?”
Li te reponn li: “Se ou menm ki di l.”
26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”
27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”
30 Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.
31 Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a, paske sa ekri: ‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a, epi tout mouton va gaye.’ 32 Men lè M leve, M ap prale devan nou Galilée.”
33 Men Pierre te reponn e te di Li: “Menm lè tout lòt yo fè bak akoz de Ou menm, mwen menm, mwen p ap fè bak.”
34 Jésus te di li: “Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”
35 Pierre te di Li: “Menm si mwen oblije mouri avèk Ou, mwen p ap janm nye Ou.” Tout lòt disip yo te di menm bagay sila a tou.
-
10 Judas Iscariot, ki te youn nan douz yo, te ale bò kote chèf prèt yo pou li ta kapab trayi Jésus a yo menm. 11 Yo te kontan lè yo te tande sa, e te pwomèt li lajan. Konsa, li t ap chache kijan pou trayi Li nan yon moman favorab.
12 Nan premye jou Pen San Ledven an, lè jenn mouton Pak la t ap touye kon sakrifis la, disip Li yo te di Li: “Kote Ou vle nou ale fè preparasyon pou Ou kapab manje Pak la?”
13 Li te voye de nan disip Li yo. Li te di yo: “Antre nan vil la, e yon mesye k ap pote yon krich dlo ap rankontre nou. Swiv li. 14 Epi nenpòt kote li antre, di a mèt kay la: Mèt la mande: ‘Kote chanm vizitè Mwen an, pou M kab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’ 15 Li menm va montre nou yon gran chanm anlè, byen founi e prè. Prepare pou nou la.”
16 Konsa, disip yo te sòti e te vini nan vil la. Yo te twouve l jan ke Li te eksplike yo a. Konsa, yo te prepare Pak la la.
17 Lè li te fènwa, li te vini avèk douz yo.
18 Pandan yo te chita a tab e t ap manje, Jésus te di: “Anverite, Mwen di nou ke youn nan nou va trayi Mwen; li menm k ap manje avè M.”
19 Yo te kòmanse tris. Yo t ap mande Li youn pa youn: “Asireman se pa mwen!”
20 Li te di yo: “Se youn nan douz yo; youn ki tranpe manje l nan veso ansanm avè M nan. 21 Paske Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke sa ekri sou Li a; men malè a nonm sa a, pa li menm Fis a Lòm nan trayi a. Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
22 Pandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di: “Pran sa; se kò Mwen.”
23 Li te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann. 24 Konsa Li te di yo: “Sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun. 25 Anverite Mwen di nou, Mwen p ap janm bwè fwi rezen ankò jouk jou ke M bwè l de nouvo nan wayòm Bondye a.”
26 Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.
27 Jésus te di yo: “Akoz Mwen menm, nou tout va fè lachit aswè a; paske sa ekri: ‘Mwen va frape bèje a atè, e mouton yo va gaye’.
28 “Men apre M fin leve, M ap prale devan nou Galilée.”
29 Men Pierre te di Li: “Menm si tout moun chite; mwen menm, m p ap fè sa.”
30 Jésus te di l: “Anverite, Mwen di ou, ke, nan menm nwit sa a, ou va nye Mwen twa fwa avan kòk la gen tan chante de fwa.”
31 Men Pierre te kontinye pèsiste: “Menm si mwen oblije mouri avè Ou, Mwen p ap nye Ou.” Konsa, yo tout t ap di menm bagay la tou.
-
45 Apre Li te vin kote disip Li yo. Li te mande yo: “Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, lè a rive. Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo. 46 Leve, annou ale. Men gade, sila k ap trayi Mwen an gen tan rive!”
47 Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo. 48 Konsa, sila ki t ap trayi Li a te deja bay yo yon sinyal. Li te di: “Sila ke m bo a, se Li menm. Sezi Li.” 49 Touswit, Li te ale kote Jésus. Li te di: “Bonswa Rabbi (Mèt)!” e li te bo Li.
50 Jésus te di Li: “Zanmi M, poukisa ou vini la.” Konsa yo vin mete men yo sou Li, e te sezi Li.
-
12 Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch.
Konsa, mwen ta kab sipòte l.
Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen.
Konsa, mwen ta kab kache de li.
13 Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.
14 Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm,
ki te mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.
15 Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo.
Kite yo desann tou vivan kote mò yo ye.
Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a.
16 Pou mwen, mwen va rele Bondye.
SENYÈ a va sove mwen.
17 Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen.
Li va tande vwa m.
18 Li te rachte nanm mwen anpè,
soti nan batay ki kont mwen an,
malgre yo anpil, k ap lite avè m yo.
19 Bondye ki sou fotèy L jis pou tout tan,
va tande e reponn yo. Tan
Nan sila pa gen chanjman an.
Yo pa gen krent Bondye a.
20 Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a.
Li te vyole akò li a.
21 Pawòl li te pi dous pase bè,
men ak kè, li te fè lagè.
Pawòl li yo te pi dous pase lwil,
men se nepe rale yo te ye.
22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.
Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
23 Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an.
Moun ki vèse san e ki bay manti
p ap rive fè mwatye nan jou yo.
Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.
-
1 Alò, fèt Pen San Ledven an ki rele Pak Jwif la, t ap pwoche. 2 Konsa, Chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan yo ta kapab mete L a lanmò; paske yo te pè pèp la.
3 Konsa, Satan te antre nan Judas ki te rele Iscariot, ki te konte pami douz yo. 4 Li te sòti, e te diskite avèk chèf prèt avèk ofisye yo sou jan li ta kapab trayi Li a yo menm. 5 Yo te kontan, e te vin dakò pou bay li lajan. 6 Donk, li te antann li avèk yo, e te kòmanse chache yon bon okazyon pou livre Li bay yo kote pa t gen foul moun.
-
1 Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò. 2 Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.
3 Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo. 4 Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.”
Men yo te reponn li: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”
5 Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan sanktyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.
6 Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: “Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san.” 7 Konsa, yo te mete tèt yo ansanm. Avèk kòb la, yo te achte yon chan yo te rele Chan Kanari a pou yon simityè pou etranje yo. 8 Pou rezon sa a, yo rele chan sa a Chan San an, jiska jodi a.
9 Epi sa ki te pale pa pwofèt Jérémie a te akonpli, sa ki te di:
“Yo te pran trant pyès ajan,
pri sou Sila a ke yo te etabli yon pri;
ke kèk nan fis Israël yo te etabli,
10 epi yo te bay yo pou Chan Kanari a
jan Senyè a te dirije m nan.”
-
47 Pandan Li te toujou ap pale, men yon foul te parèt avèk sila ki te rele Judas a, youn nan douz yo, ki t ap mennen yo. Li te pwoche Jésus pou bo L. 48 Men Jésus te di li: “Judas, èske w ap trayi Fis a Lòm nan avèk yon bo?”
-
7 Tout sila ki rayi mwen yo
soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt.
Kont mwen, yo fè plan pou
donmaje mwen epi yo di:
8 “Yon bagay mechan gen tan pran l,
pou lè l kouche, pou l pa leve ankò.”
9 Menm zanmi ki te pre m nan,
nan sila mwen te mete konfyans la,
li ki te manje pen mwen an,
te leve talon li kont mwen.
-
9 Joab te di Amasa: “Èske sa byen avèk ou, frè m?” Epi Joab te kenbe Amasa pa bab li avèk men dwat pou bo li. 10 Men Amasa pa t veye kont nepe ki te nan men Joab la. Konsa, li te frape li nan vant avèk li e zantray li te vide tonbe atè e san frape l ankò, li te mouri. Alò Joab avèk Abischaï, frè li a, te kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.
-
16 Soti nan dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.” 17 Gwo laperèz, twou fòs ak pèlen vin devan nou menm ki rete sou latè.
-
18 “Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’
19 “Depi koulye a, M ap di nou avan li rive, pou lè li rive, nou kapab kwè ke Mwen menm se Li.
20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an.”
21 Lè Jésus te fin di sa, Li te vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.”
22 Disip yo te kòmanse gade youn a lòt, san okenn lide sou kilès nan yo Li t ap pale a.
23 Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la. 24 Konsa, Simon Pierre te fè l siyal, e te di li: “Di nou kilès nan nou ke L ap pale a.” 25 Sila ki te apiye sou pwatrin Jésus a, te di Li: “Senyè, kilès li ye?”
26 Pou sa, Jésus te reponn: “Sila a ke M ap bay mòso pen ke M pral tranpe bay li a.” Lè L tranpe mòso a Li te pran li bay Judas, fis a Simon Iscariot.
27 Epi apre mòso a, Satan te antre nan li. Konsa, Jésus te di l: “Sa w ap fè a, fè vit.”
28 Pèsòn pami sa yo sou tab la pa t konnen pou ki rezon Li te di l sa.
-
1 Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi;
epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w.
Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt.
Depi ou fin fè trèt, lòt moun va fè trèt kont ou.
-
43 Nan menm moman an, pandan Li toujou t ap pale, Judas, youn nan douz yo, te vin parèt, akonpanye pa yon foul avèk nepe ak baton ki te sòti nan chèf prèt yo, avèk skrib yo, ak ansyen yo.
44 Alò, sila ki t ap trayi Li a, te bay yo yon siyal lè l te di: “Nenpòt moun ke m bo, se Li menm. Sezi Li e mennen Li ale anba gad yo.” 45 Lè l rive, l ale lapoula bò kote Li, e te di: “Mèt!”, e te bo Li.
46 Yo te mete men sou Li e te sezi Li.
-
28 Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”
29 Sèvitè a Absalom yo te fè Amnon jis jan ke Absalom te kòmande a. Epi tout fis a wa yo te leve monte milèt pa yo e te sove ale.
-
9 “Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.
10 “Konsa, nan tan sa a, anpil moun ap chite. Youn ap denonse lòt, e youn ap rayi lòt. 11 Epi anpil fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè.
-
66 Akoz sa a, anpil nan disip Li yo te retire kò yo, e pa t ap mache avèk Li ankò.
67 Pou sa, Jésus te di a douz yo: “Epi nou menm pa vle ale tou?”
68 Simon Pierre te reponn Li: “Senyè, a kibò nou ta ale? Ou gen pawòl lavi etènèl yo. 69 Nou te kwè, epi te vin konnen ke Ou se Li Menm ki Kris la, Fis a Bondye vivan an.”
-
18 Lè Delila te wè ke li te di li tout sa ki te nan kè li, li te rele prens a Filisten yo e li te di yo: “Vini yon fwa ankò; paske li fin di mwen tout sa ki te nan kè li.” Epi prens a Filisten yo te vin kote li, e yo te pote lajan pou li a nan men yo. 19 Li te fè li dòmi sou jenou li, li te rele yon mesye pou te fè l pase razwa retire tout sèt très cheve li yo. Alò, li te kòmanse aflije li e fòs li a te vin kite l.
-
15 Li te ekri nan lèt la, e te di: “Mete Urie pa devan nan chan kote batay la pi rèd la e retounen kite li, pou l kab tonbe mouri.”
-
9 Diskite pwòp ka pa ou devan vwazen ou,
e pa devwale sekrè a yon lòt,
10 oswa sila ki tande ou a, va fè ou repwòch,
e move rapò sou ou menm p ap janm disparèt.
-
6 Paske menm frè ou yo ak lakay papa ou a;
menm yo menm, te fè trèt avèk ou!
Menm yo menm, te rele dèyè ou.
Pa kwè yo, malgre bèl pawòl dous.
-
10 Èske se pa yon sèl papa nou genyen? Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo? 11 Juda te aji nan enfidelite, e yon abominasyon te fèt an Israël ak Jérusalem; paske Juda te pwofane sanktyè a SENYÈ a, ke li renmen, e te vin marye ak fi a yon dye etranje. 12 SENYÈ a va koupe retire nonm nan ki fè sa a, sila ki leve e sila ki reponn nan, soti nan tant a Jacob yo, oswa sila ki prezante ofrann a SENYÈ Dèzame yo.
13 “Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. 14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a. 16 Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.
-
17 Alò, Saül te di a David: “Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”
-
16 Konsa, kèk nan fis a Benjamin yo te vin rive nan fò a David la. 17 David te sòti pou rankontre yo. Li te di yo: “Si se nan lapè nou vin kote mwen, pou ede m, kè m va reyini ansanm avèk nou. Men si se pou trayi mwen a advèsè mwen yo, akoz nanpwen mal nan men m, ke Bondye a zansèt nou yo gade sou sa pou deside.” 18 Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo,
“Nou se pa w, O David,
Epi avèk ou, O fis a Jesse a!
Lapè, lapè a ou menm
Epi lapè avèk sila ki ede ou!
Anverite, Bondye ou a ap ede ou!”
Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.
-
21 Frè va livre frè l a lanmò, e papa va livre Pitit li. Zanfan yo ap leve kont paran yo e fè mete yo a lanmò. 22 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.
23 Men nenpòt lè ke yo pèsekite nou nan yon vil, sove ale nan yon lòt. Paske anverite Mwen di nou, nou p ap gen tan fin pase nan tout vil Israël yo, pou lè Fis a Lòm nan vini.
-
12 “Konsa, frè va livre frè a lanmò, e yon papa, pitit li. Pitit yo va leve kont paran yo, e fè mete yo a lanmò.
-
2 Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann.
-
1 Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo.
2 Anplis, Judas osi, ki t ap trayi Li a te konnen plas la, pwiske Jésus te konn reyini la souvan ak disip Li yo. 3 Konsa, Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.
4 Jésus, byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”
5 Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.”
Li te di yo: “Mwen menm se Li”.
Judas osi ki t ap trayi Li a, te kanpe avèk yo. 6 Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,” yo te fè bak epi tonbe atè.
-
1 Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.
Evite moun konsa yo.
-
8 Konsa, li te ekri lèt nan non Achab e te sele yo avèk so pa li pou te voye yo bay ansyen yo avèk prens ki te rete avèk Naboth nan vil pa li a. 9 Alò, nan lèt sa yo li te ekri e te di: “Pwoklame yon jèn e fè Naboth chita sou tèt a pèp la. 10 Fè chita dèzòm sanzave devan li pou fè temwayaj kont li pou di: ‘Ou te modi Bondye avèk wa a.’ Konsa, pran li deyò e lapide li jiskaske li mouri.”
-
8 Anverite, Ou pa t konn tande yo,
ni ou pa t konnen yo.
Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri,
paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken.
Depi nan nesans ou, se rebèl ou te ye.
-
35 Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36 Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li.
-
1 Lè Jésus te fin pale tout pawòl sa yo, Li te di a disip Li yo: 2 “Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L.”
3 Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la. 4 Epi yo te fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li. 5 Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.”
-
16 Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò.
-
12 Se te nan lè sa yo ke Li te kon ale nan mòn nan pou priye. Li te pase tout nwit lan nan lapriyè ak Bondye. 13 Lè li te fè jou, Li te rele disip Li yo kote Li. Konsa, Li te chwazi douz pami yo ke Li te osi nome kòm apòt: 14 Simon, ke Li te osi rele Pierre, André, frè li, Jacques, Jean, Philippe, Barthélemy; 15 Matthieu, Thomas; Jacques, fis de Alphée; Simon ki te rele Zelòt la; 16 Jude, fis a Jacques; ak Judas Iscariot, ki te devni yon moun trèt.
-
20 Pou nou menm, nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun.
-
14 Joab te di: “Mwen p ap gaspiye tan avè w isit la.” Konsa, li te pran twa frenn nan men l e li te frennen fè yo pase sou kè Absalom pandan li te toujou vivan nan mitan bwadchenn nan. 15 Epi dis jennonm ki te pote zam pou Joab yo te antoure li, yo te frape Absalom e te touye li.
-
6 Fidèl se blese a yon zanmi;
men twonpri se bo a yon ènmi.
-
22 Paske anverite, Fis a Lòm nan va ale jan sa te deja detèmine a. Men malè a moun ki trayi Li a!”
-
33 Men Mwen p ap retire lanmou dous sou li,
ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen.
-
12 Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou,
e peche nou yo temwaye kont nou.
Paske transgresyon nou yo rete avèk nou
e nou konnen inikite nou yo:
13 Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a.
Nou vire kite Bondye nou an,
ak pawòl opresyon ak rebèl.
Nan kè a, nou fòmante
e fè vin parèt pawòl manti.
-
2 Li kriye byen anmè nan nwit lan.
Dlo zye li kouri desann figi l.
Pami tout sila ki te renmen l yo,
nanpwen moun ki pou bay li rekonfò.
Tout zanmi li yo fè l trèt;
yo te tounen lènmi l.
-
5 Pa fè konfyans ak yon vwazen.
Pa fè konfyans ak yon zanmi.
Ak fi k ap kouche ak ou a,
gade pòt bouch ou!
6 Paske fis la derespekte papa a,
e fi a leve kont manman li,
bèlfi a kont bèlmè li;
lènmi a yon nonm se anndan lakay li.
7 Men pou mwen menm,
mwen va gade vè SENYÈ a.
Mwen va tann Bondye a sali mwen an.
Bondye mwen an va koute mwen.
-
22 Pandan yo t ap rasanble Galilée, Jésus te di yo: “Fis a Lòm nan prèt pou livre nan men a lèzòm. 23 Yo va touye Li, e Li va leve nan twazyèm jou a.” Yo te byen tris.
-
1 Alò, li te rive apre sa ke Absalom te fè pwovizyon pou tèt li yon cha avèk cheval ak senkant mesye pou kouri devan li. 2 Absalom te konn leve granmmaten e kanpe akote chemen an devan pòtay la. Konsa, lè yon moun ta gen yon pwosè, e te vin kote wa a pou jijman, Absalom te rele li e di: “Nan ki vil ou sòti?”
Epi li ta di: “Sèvitè ou a sòti nan youn nan tribi Israël yo.”
3 Alò, Absalom ta di a li: “Ou wè, ka ou yo bon e jis; men nanpwen pèsòn ki pou koute ou nan non a wa a.” 4 Anplis, Absalom te di: “Oswa ke yon moun ta chwazi mwen jij nan peyi a; alò, konsa chak moun ki te gen yon ka oswa yon pwosè ta kapab vin kote mwen e mwen ta ba li jistis.” 5 Epi lè yon mesye ta vin kote li pou bese li menm devan li, li ta lonje men li, kenbe li e bo li. 6 Nan jan sa a, Absalom te konn aji avèk tout Israël lè yo te pwoche wa a pou jijman. Konsa, Absalom te vòlè kè a mesye Israël yo.
7 Alò, li te rive ke nan fen karant ane ke Absalom te di a Wa a: “Souple, kite mwen ale peye ve ke m te fè a SENYÈ a, nan Hébron. 8 Paske sèvitè ou a te fè yon ve pandan mwen t ap viv Gueschur Aram, e li te di: ‘Si SENYÈ a va vrèman mennen mwen retounen Jérusalem; alò, mwen va sèvi SENYÈ a’”.
9 Wa a te di li: “Ale anpè.”
Konsa, li te leve ale Hébron. 10 Men Absalom te voye espyon toupatou pami tout tribi Israël yo. Li te di: “Depi ou tande son a twonpèt la, alò, ou va di: ‘Absalom se wa nan Hébron.’”
11 Konsa, de-san mesye yo te ale avèk Absalom soti Jérusalem. Yo te envite; yo te ale nan inosans, san yo pa konnen anyen. 12 Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis.
-
2 Sanballat avèk Guéschem te voye kote mwen epi te di: “Vini, annou reyini ansanm nan Chephirim nan plèn Ono.” Men se mal ke yo te gen entansyon pou fè m.
-
12 Mwen te di yo: “Si sa bon nan zye nou, peye m salè mwen an, men si se pa sa, pa okipe w.” Konsa, yo te peze trant sik ajan kòm salè mwen an. 13 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Jete sa vè bòs potye a—pri manyifik valè M ki te estime pa yo menm nan!” Konsa, mwen te pran trant sik ajan, e mwen te jete yo vè bòs potye a, lakay SENYÈ a.
-
51 “Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo. 52 Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine. 53 Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon òdonans pa zanj yo, te vyole li.”
-
23 Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an. 24 Lè L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: “Pran, manje. Sa se kò Mwen ki kase pou nou. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”
-
8 Epi Haman te di a Wa Assuérus: “Genyen yon sèten pèp ki gaye toupatou pami pèp la nan tout pwovens nan wayòm ou an; lwa pa yo pa menm ak tout lòt pèp nan pwovens a wayòm ou an. Yo menm, yo pa swiv lwa a wa a, e konsa, li pa nan enterè a wa a pou kite yo rete la.
-
12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
-
9 Fè tout efò pou vini kote mwen byen vit, 10 paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie. 11 Se sèl Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an. 12 Men Tychique, mwen te voye li Éphèse. 13 Lè ou vini, pote manto ke m te kite Troas avèk Carpus la, menm ak liv yo, sitou woulo yo.
14 Alexandre, bòs fòjewon an, te fè mwen anpil mal. Senyè a va rann li sa selon zèv li. 15 Veye kont li ou menm, paske li te opoze ak fòs a enstriksyon nou an.
Shows Read in context, Share and Copy.