89 Bible Verses About God's Sovereignty

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God's Sovereignty
  1. 14 Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt! 15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” 16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la. 17 Paske Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.” 18 Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.

    19 Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? Kilès ki kab reziste a volonte Li.” 20 Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa? 21 Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen? 22 Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo. 23 Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li, 24 menm nou menm ke Li te rele osi yo, non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo. 25 Jan Li di osi nan Osée a:

    “Mwen va rele sila ki pa te pèp mwen yo, ‘pèp mwen’,

    e sila ki pa t byeneme Mwen yo, ‘byeneme’”

    26 “Epi li va rive ke nan plas kote Li te di yo a: ‘Nou pa pèp mwen’,

    la menm, yo va rele yo fis a Bondye Vivan an.’”

  2. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

    31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?

  3. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm 11 nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li, 12 afenke nou menm ki te premye espere nan Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.

  4. 8 Sonje sa e kanpe fèm kon gason;

    kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.

    9 Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo,

    paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt.

    Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,

    10 ki deklare lafen depi nan kòmansman

    e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.

    Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”

    11 M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès,

    yon nonm volonte Mwen an,

    k ap soti nan yon peyi lwen.

    Anverite, Mwen te pale.

    Anverite, Mwen va fè sa rive.

    Mwen ki te fè plan an;

    Mwen k ap fè l rive.

  5. 11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.

  6. 32 Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”

    33 Lapoula, pawòl konsènan Nebucadnetsar a te vin akonpli. Li te chase ale lwen de moun, li te kòmanse manje zèb tankou bèf, kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske cheve li te vin gran kon plim a yon èg, e zong li kon zong a yon zwazo.

    34 Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an;

    Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan

    epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.

    35 Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen,

    men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la

    e pami sila ki rete sou latè yo;

    epi nanpwen moun ki ka evite men Li,

    ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”

  7. 3 Men Bondye nou an nan syèl yo.

    Li fè sa Li pito.

  8. 15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. 18 Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay. 19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.

  9. 1 Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;

    Li vire l kote Li vle.

  10. 1 Job te reponn SENYÈ a. Li te di:

    2 “Mwen konnen ke Ou ka fè tout bagay,

    e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.

    3 Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’”

    “Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan;

    bagay twò etonan pou mwen, ke m pa t konnen yo.

    4 Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale;

    Mwen va mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’

    5 “ Konsa, Mwen te konn tande de Ou nan zòrèy mwen yo,

    men koulye a, zye m wè Ou.

    6 Pou tout sa a, mwen rayi pwòp tèt mwen,

    e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”

  11. 6 Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,

    nan syèl la oswa sou tè a,

    nan lanmè yo ak nan tout fon yo.

    7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.

    Ki fè rive loray avèk lapli yo,

    ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.

  12. 23 Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon lotèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.

    24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.

    26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.

    28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.

    30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”

  13. 33 O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!

    34 Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?”

    Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”

    35 Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay

    pou Li kapab repeye li ankò?”

    36 Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.

  14. 6 ke lèzòm ka konnen depi solèy leve

    jiskaske solèy kouche,

    ke nanpwen lòt sof ke Mwen menm.

    Mwen se SENYÈ a e nanpwen lòt;

    7 Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a,

    ki fè bonè e ki kreye malè.

    Mwen se SENYÈ a,

    ki fè tout sila yo.

    8 Degoute depi anwo, O syèl yo,

    e kite nwaj yo vide fè ladwati desann.

    Kite latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi,

    pou fè ladwati vòltije monte avè l.

    Mwen, SENYÈ a te kreye l.

    9 Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a—

    yon veso fèt ak tè pami veso latè yo!

    Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’

    Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?

    10 Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’

    Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’”

    11 Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël

    ak Kreyatè li a:

    “Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo

    e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!

    12 Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li.

    Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M

    e mete tout lame selès pa yo an lòd.

    13 Mwen te fè leve nan li ladwati

    e Mwen va fè wout li yo swa.

    Li va bati vil Mwen,

    e va kite egzile Mwen yo vin libere,

    pa pou pèyman oswa rekonpans,”

    pale SENYÈ dèzame yo.

  15. 26 Pou sa, pa pè yo; paske pa gen anyen ki kouvri ki p ap dekouvri, e kache ki p ap revele. 27 Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la. 28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.

    29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo. 32 Pou sa, tout moun ki konfese M devan lòm, Mwen menm osi, M ap konfese l devan Papa m ki nan syèl la. 33 Men nenpòt moun ki renye m devan lòm, M ap renye l devan papa M ki nan syèl la.

  16. 13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”

    16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste.

  17. 20 Pou nou menm, nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun.

  18. 5 Konsa, Josaphat te kanpe nan asanble Juda a avèk Jérusalem, lakay SENYÈ a devan tribinal nèf la. 6 Li te di: “O SENYÈ, Bondye a zansèt pa nou yo, èske se pa Ou menm ki Bondye nan Syèl yo? Èske se pa Ou menm ki renye sou tout wayòm a nasyon yo? Pwisans avèk majeste, se nan men Ou, jiskaske nanpwen moun ki kab kanpe kont Ou.

  19. 33 Tiraj osò fèt nan fon wòb;

    men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.

  20. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.

  21. 16 Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  22. 14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann. 15 Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm. 16 Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.

    17 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.

  23. 9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

  24. 1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. 2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.

    3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè.

  25. 9 Panse a lòm fè plan pou wout li;

    men SENYÈ a dirije pa li yo.

  26. 21 Plan nan kè lòm yo anpil;

    men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.

  27. 13 Konsidere zèv Bondye yo, paske se kilès ki ka drese sa ke Li menm te koube? 14 Nan jou bonè yo fè kè kontan; men nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.

  28. 24 SENYÈ dèzame yo fin sèmante. Li te di: “Anverite, jan ke Mwen te fè plan an, se konsa li va rive! Jan ke M te planifye a, se konsa l ap kanpe! 25 Pou M kraze Assyrie nan peyi Mwen an e pou M foule li sou mòn Mwen yo. Konsa jouk li va retire sou yo e gwo chaj li va sòti sou zepòl yo. 26 Sa se plan a ki te fòme kont tout tè a. Sa se men ki lonje kont tout nasyon yo. 27 Paske SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?”

  29. 26 Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”

  30. 13 Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm

    e pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M;

    Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”

  31. 37 Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive,

    amwenske Senyè a te pase lòd la?

    38 Èske sa ki bon ak sa ki mal

    pa soti nan bouch a Pi Wo a?

    39 Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen,

    yon nonmta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?

    40 Annou egzamine e sonde wout nou yo

    pou nou retounen kote SENYÈ a.

  32. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  33. 12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

  34. 19 SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la

    e souverènte li regne sou tout bagay.

    20 Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo,

    pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li,

    ki obeyisan a vwa pawòl Li!

    21 Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo,

    nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.

    22 Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo,

    nan tout kote nan wayòm Li an.

    Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

  35. 51 Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li.

    Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.

    52 Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo,

    e Li egzalte sila ki enb yo.

    53 Li ranpli sila ki grangou yo avèk bon bagay;

    e Li voye rich yo ale avèk men vid.

  36. 44 Pèsòn pa kapab vini a Mwen menm sof ke Papa a ki te voye M nan atire li, epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.

  37. 65 E Li t ap di: “Pou rezon sa a Mwen te di nou ke pèsòn pa kapab vin kote Mwen, sof ke se Papa a ki pèmèt sa.”

  38. 10 SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an.

    Wi, SENYÈ a chita kon Wa jis pou tout tan.

  39. 1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.

    3 Youn te rele a yon lòt epi te di:

    “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;

    tout latè plen ak glwa Li.”

    4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen. 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”

    6 Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou lotèl la ak pensèt. 7 Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”

  40. 27 “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, 28 pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak volonte Ou te deja planifye, pou fèt.

  41. 38 “Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a sòti nan lòm, li va boulvèse. 39 Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap goumen kont Bondye menm.”

  42. 26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”

  43. 1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.

    2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.

    Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.

  44. 11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.

    12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.

    14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.

    15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.

  45. 39 Pou sa, konnen jodi a e fè sa antre nan kè nou, ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a; nanpwen lòt.

  46. 10 Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt.

    Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo.

    SENYÈ a ki va jije,

    jis rive nan tout ekstremite latè yo.

    Konsa, Li va bay kouraj a wa Li;

    Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”

  47. 31 Kite syèl yo kontan e

    kite lemond rejwi:

  48. 28 Paske wayòm nan se pou SENYÈ a,

    e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.

  49. 9 Paske Li te pale e mond lan te fèt.

    Li te kòmande e li te kanpe fèm.

    10 SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo.

    Li anile pwojè a pèp yo.

    11 Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,

    e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.

  50. 2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,

    ki te fè syèl la ak tè a.

  51. 4 SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li;

    menm mechan yo pou jou jijman an.

  52. 21  Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande?

    Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman?

    Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo?

    22 Se Li menm ki chita anwo wonn tè a

    ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan;

    ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido

    e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.

    23 Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen,

    ki fè jij latè yo vin san sans.

    24 Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen,

    apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a,

    Li sèlman soufle sou yo,

    e yo fennen poutanpèt la pote yo ale tankou pay.

    25 “Alò, ak kilès ou va konpare Mwen,

    pou M ta kapab vin egal avè l?”

    pale Sila Ki Sen an.

    26 Leve zye nou anlè,

    e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo;

    Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo.

    Li rele yo tout pa non yo.

    Akoz grandè a pwisans Li

    ak fòs pouvwa Li,

    nanpwen youn nan yo ki manke.

  53. 15 Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, Kreyatè Israël la, Wa nou an.”

  54. 37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”

  55. 17 Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  56. 11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.

    12 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.

    14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an len fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.

    15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an. 16 Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”

    17 Answit, mwen te wè yon zanj ki te kanpe nan solèy la. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa e t ap di a tout zwazo ki vole nan mitan syèl yo, “Vin rasanble pou gwo resepsyon Bondye a; 18 pou nou kapab manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, piti kou gran.”

    19 Konsa, mwen te wè bèt la, wa latè ak lame yo rasanble pou fè lagè kont Sila ki te chita sou cheval la ak kont lame Li a.

    20 Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.

    21 Rès la te touye avèk nepe ki te sòti nan bouch a Sila ki te chita sou cheval la, e tout zwazo yo te vin ranpli avèk chè yo.

  57. 11 SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa kilès ki te fè l bèbè, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a?

  58. 39 Vin wè ke Mwen menm se Li.

    Nanpwen dye sof ke Mwen.

    Se Mwen ki mete a lanmò,

    e se Mwen ki bay lavi.

    Se Mwen ki te fè blese

    e se Mwen ki fè gerizon.

    Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.

  59. 11 Lè nou vin tande sa, kè nou te fonn. Pa t gen kouraj ki te rete nan okenn moun ankò akoz nou menm, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a.

  60. 1 Alò, nan premye ane Cyrus, wa a Perse la, pou pawòl SENYÈ a te kab akonpli pa bouch a Jérémie, SENYÈ a te vire lespri a Cyrus, wa Perse la, pou l te voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an, e anplis pou l ta ekri li pou te di:

    2 “Konsa pale Cyrus, wa a Perse la, ‘SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè epi Li te chwazi mwen pou bati yon kay pou Li Jérusalem, ki nan Juda. 3 Nenpòt moun ki pami nou nan tout pèp li a, ke Bondye pa li a kapab avèk li! Lese l monte Jérusalem ki nan Juda pou rebati lakay SENYÈ a, Bondye Israël la (Se Li ki Bondye), ki nan Jérusalem nan. 4 Nenpòt nan yo ki toujou vivan, nenpòt kote ke li ta rete, kite moun nan plas sa yo bay li soutyen avèk ajan avèk lò, avèk byen ak bèt, ansanm avèk yon ofrann bòn volonte pou lakay Bondye ki Jérusalem nan.’”

  61. 6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl dè syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.

  62. Yon sòm David

    1 Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann;

    lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.

    2 Li te fonde li sou lanmè yo,

    e te etabli li sou rivyè yo.

  63. 6 Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan;

    Baton ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.

  64. 2 Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent.

    Li se Gran Wa a sou tout latè a.

  65. 1 SENYÈ a renye!

    Li abiye an majeste!

    SENYÈ a te abiye Li ak fòs.

    Anverite, mond lan etabli byen solid.

    Li pa ebranle menm.

  66. 2 Twòn Ou etabli depi tan ansyen an.

    Ou la depi nan etènite.

  67. Yon chan pou monte vè tanp lan.

    1 A Ou menm, mwen leve zye mwen,

    O Ou menm ki chita sou

    twòn Ou nan syèl la!

  68. 3 Ke SENYÈ a beni ou soti nan Sion,

    Sila ki te fè syèl la avèk tè a.

  69. 16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

  70. 8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,

    ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.

    9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,

    konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

    e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

  71. 1 Konsa pale SENYÈ a:

    “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M.

    Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen?

    Epi ki kote pou M ta ka repoze?

  72. 7 Se kilès ki pa ta krent Ou,

    O Wa a nasyon yo?

    Anverite, se sa Ou merite!

    Paske pami tout moun saj nan nasyon yo,

    ak nan tout wayòm yo,

    nanpwen okenn tankou Ou.

  73. 7 Nan yon moman, Mwen ka pale konsa konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou dechouke li, pou jete li atè, oswa pou detwi li. 8 Men si nasyon sa a ke Mwen te pale a, vin kite mechanste li a, Mwen va vin repanti konsènan gwo twoub ke m te gen entansyon fè rive l la. 9 Oswa, nan yon lòt moman, Mwen ka pale konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou bati li, oswa pou etabli li. 10 Men si li fè mal nan zye M e pa obeyi vwa M, alò, Mwen va repanti de byen nan ke M te fè pwomès fè yo.

  74. 17 ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,

  75. 27 “Gade byen, Mwen se SENYÈ a, Bondye a tout chè yo. Èske gen bagay twò difisil pou Mwen?

  76. 19 Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan;

    twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.

  77. 26 Alò, anwo gwo espas ki te anwo tèt yo a, te gen yon bagay ki te sanble ak yon twòn, tankou yon pyè safì nan aparans. Epi sou sa ki te sanble a yon twòn nan, byen wo, te gen yon fòm ak aparans a yon nonm. 27 Sa mwen te wè, te soti nan aparans a ren Li ak piwo, yon bagay tankou metal klere ki te sanble dife toutotou anndan l. Soti nan aparans a ren Li e piba, mwen te wè yon bagay tankou dife, epi te gen yon ekla limyè ki te antoure Li. 28 Menm jan ak aparans a lakansyèl nan nwaj yo nan jou l ap fè lapli, konsa aparans a ekla limyè ki te antoure li a te ye.

    Konsa aparans a imaj a glwa a SENYÈ a te ye. Lè m te wè l, mwen te tonbe sou figi mwen, e mwen te tande yon vwa ki t ap pale.

  78. 19 Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon vizyon lannwit lan. 20 Daniel te di:

    “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,

    paske sajès ak pouvwa se pou Li.

    21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.

    Li retire wa e Li etabli wa.

    Li bay sajès a moun saj yo,

    e konesans a moun ki gen bon konprann.

    22 Se Li menm ki revele sekrè pwofon yo.

    Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,

    e se limyè a ki rete avè L.

    23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,

    mwen remèsye Ou.

    Mwen bay Ou lwanj,

    paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.

    Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa

    ke nou te mande Ou a,

    Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”

  79. 9 “Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase.

    Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita.

    Abiman Li te tankou lanèj blan,

    e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach.

    Twòn Li te briyan akoz flanm yo,

    e wou li yo te yon dife ki t ap brile.

    10 Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L;

    Milye dè milye t ap okipe L.

    Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L.

    Jijman an te etabli.

    Liv yo te vin ouvri.

  80. 9 Epi SENYÈ a va wa sou tout tè a. Nan jou sa a, SENYÈ a va yon sèl, e non Li va yon sèl.

  81. 6 “Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye. 7 Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.

  82. 3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. 4 Nan Li se te lavi, epi lavi se te limyè a lòm.

  83. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.

  84. 1 “Mwen se vre pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an. 2 Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.

    3 “Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an. 4 Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.

    5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen. 6 Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile.

  85. 10 Pou sa, Pilate te di L: “Ou pa pale avè m? Èske Ou pa konnen ke m gen otorite pou krisifye Ou?”

    11 Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”

  86. 5 Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè, 6 malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.

  87. 8 Men a Fis la, Li di:

    “Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou

    Tout tan e pou tout tan.

    E otorite san patipri a

    se otorite wayòm Li an.

  88. 17 Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.

  89. 6 Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandone pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman nan gran jou a.