37 Bible Verses About God's Beautiful Creation
Bib Sen An (BSA)
-
1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. 2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. 4 Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te separe limyè a avèk tenèb la. 5 Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.
6 Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”. 7 Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk dlo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye. 8 Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
9 Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt. 10 Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.
11 Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt. 12 Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon. 13 Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; 15 ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt. 16 Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. 17 Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, 18 epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon. 19 Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
20 Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” 21 Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman. Dlo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l. Bondye te wè ke sa te bon. 22 Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.” 23 Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.
24 Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. 25 Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
-
Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.
Yon sòm David.
1 O SENYÈ, Senyè nou an,
A la non Ou gran sou tout latè!
Ou te fè parèt klè mayifisans Ou
piwo pase syèl yo!
2 Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,
Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,
pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.
3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,
lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?
Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
5 Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye,
e te kouwone li ak glwa avèk lonè!
6 Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.
Ou te mete tout bagay anba pye li:
7 Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,
8 zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,
ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.
9 O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.
-
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Syèl yo ap pale glwa Bondye a.
Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
2 Jou apre jou, l ap pale san rete;
Nwit apre nwit, li revele konesans.
3 Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl
kote nou pa tande vwa yo.
4 Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,
ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.
Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,
5 ki tankou yon jennonm ki fenk marye
k ap sòti nan chanm li.
Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.
6 Li leve soti nan yon pwent syèl,
pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan.
Anyen pa chape devan chalè li.
-
18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo.
-
Yon sòm David
1 Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
2 Li te fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
-
1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran.
Ou abiye avèk bèlte ak majeste.
2 Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto.
Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.
3 Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo.
Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li.
Li mache sou zèl van an.
4 Li fè van yo vin mesaje Li.
Flanm dife yo se minis Li.
5 Li te etabli tè a sou pwòp fondasyon li,
pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.
6 Ou te kouvri li avèk fon an tankou yon vètman.
Dlo yo te kanpe anwo mòn yo.
7 Ak repwòch Ou, yo te sove ale.
Lè vwa Ou te sone, yo te kouri ale.
8 Mòn yo te leve, vale yo te vin fon
nan plas ke Ou te kòmande pou yo a.
9 Ou te plase yon limit pou dlo yo pa ta depase,
pou yo pa retounen kouvri tè a.
10 Li fè sous yo vin koule nan vale yo.
Yo koule antre mòn yo.
11 Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo.
Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.
12 Akote yo, zwazo syèl yo va poze kay.
Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.
13 Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo.
Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.
14 Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi
pou zèv a lòm nan,
pou li kab fè manje sòti nan tè a,
15 e diven ki fè kè a lòm kontan an,
pou li kab fè figi li klere ak lwil,
ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.
16 Pyebwa a SENYÈ yo bwè dlo jiskaske yo plen,
pye sèd Liban ke Li te plante yo,
17 kote zwazo yo fè nich yo.
Sigòy ki fè kay li nan pye sipre yo.
18 Mòn wo yo se pou kabrit mawon yo.
Gwo falèz yo se yon kote pou daman yo kache.
19 Li te fè lalin nan pou sezon yo.
Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.
20 Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit,
pou tout bèt forè yo mache toupatou.
21 Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo,
e chache manje yo nan men Bondye.
22 Solèy la vin leve.
Yo retire yo pou ale kouche nan tanyè yo.
23 Lòm ale fè travay li.
Li fè fòs jis lannwit rive.
24 O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil!
Nan sajès, Ou te fè tout bagay.
Latè ranpli ak byen Ou yo.
25 Genyen lanmè, gran e vast.
Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte
gwo bèt, kòn ti bèt.
26 Genyen gwo bato k ap pase ladann, ak
levyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.
27 Yo tout ap tann Ou pou bay yo manje nan lè yo.
28 Ou bay yo, e yo ranmase li.
Ou ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.
29 Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt.
Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
30 Ou voye Lespri Ou deyò; yo vin kreye.
Konsa, Ou renouvle fas tè a.
31 Kite glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan.
Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.
32 Li gade tè a e tè a vin tranble.
Li touche mòn yo e yo fè lafimen.
33 Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.
34 Kite refleksyon mwen yo fè L plezi.
Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.
35 Kite pechè yo vin disparèt sou tè a,
E mechan yo vin pa la ankò.
Beni SENYÈ a, O nanm mwen.
Bay SENYÈ a lwanj!
-
24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.
26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.
28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.
-
7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;
ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.
8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.
Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.
9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen
ke se men SENYÈ a ki fè sa?
10 Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,
ansanm ak souf tout limanite a.
-
1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt.
-
4 Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a te fè tè a avèk syèl la. 5 Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. 6 Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. 7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
8 Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. 9 Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
-
12 Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li.
Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M
e mete tout lame selès pa yo an lòd.
-
11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”
-
5 Li renmen ladwati avèk jistis.
Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.
6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:
pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.
7 Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.
Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.
8 Kite tout latè krent SENYÈ a.
Kite tout sila ki rete nan mond lan
kanpe etone nèt pa Li menm.
9 Paske Li te pale e mond lan te fèt.
Li te kòmande e li te kanpe fèm.
-
3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e
yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a.
Pwent mòn yo osi se pou Li.
5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l.
Ak men L, Li te fòme tè sèch la.
-
13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,
e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.
16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
-
19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit.
-
10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
-
Yon Sòm Asaph
1 Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale.
Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la
jis rive nan kote li kouche a.
2 Soti nan Sion, bèlte pafè a,
Bondye fè limyè Li parèt.
3 Bondye nou vin parèt.
Li pa rete an silans.
Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.
4 Li rele tout syèl yo anwo,
avèk latè pou jije pèp Li a:
5 “Rasanble fidèl Mwen yo kote M,
Sila ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.
6 Epi syèl yo deklare ladwati Li,
paske Bondye, Li menm, se Jij. Tan
-
1 Louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo!
Louwe Li kote ki wo yo!
2 Louwe Li, tout zanj Li yo.
Louwe Li tout lame Li yo!
3 Louwe Li, solèy ak lalin nan.
Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!
4 Louwe Li, pi wo syèl yo,
ak dlo ki anwo syèl yo.
5 Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske Li te pase lòd, e sa te fèt.
6 Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan.
Li te pase yon dekrè ki p ap janm disparèt.
7 Louwe SENYÈ a soti sou latè,
gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.
8 Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj,
van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.
9 Mòn yo ak tout kolin yo,
pye fwi yo ak tout pye sèd yo,
10 Bèt sovaj yo ak tout bèt chan yo,
sa ki trennen atè ak bèt ki vole yo,
11 wa latè yo ak tout pèp yo,
prens yo ak tout jij latè yo,
12 ni jennonm, ni vyèj,
granmoun ak timoun.
13 Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske se sèl non Li ki leve wo.
Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
14 Li te leve yon kòn pou pèp Li a,
Lwanj pou tout fidèl Li yo,
menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li.
Louwe SENYÈ a.
-
11 Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.
-
5 “Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen.
-
28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?
“Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo.
-
29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
-
7 Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid.
Li fè mond lan pandye san anyen p ap kenbe l.
8 Li vlope dlo yo nan nwaj Li yo,
e nwaj la pa pete anba fòs yo.
9 Li fè kache figi gwo lalin nan
e gaye nwaj Li sou li.
10 Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo,
ak pou limit tenèb la ak limyè a.
11 Pilye syèl yo tanmen tranble,
e yo etone lè L repwòche yo.
12 Ak pwisans Li, li kalme lanmè a,
e ak bon konprann Li, li te brize Rahab.
13 Ak souf Li, li dekore syèl yo.
Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.
14 Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo.
Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li!
Men tonnè pwisans Li an!
Se kilès ki kab konprann li?
-
11 Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè nwaj la vin lou;
Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.
12 Li chanje; Li gide l vire tounen
pou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout sifas tè a.
13 Se swa pou koreksyon, oswa pou mond Li an,
oswa pou lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.
14 “Tande sa byen, O Job;
Kanpe, e obsève mèvèy Bondye yo.
15 Èske ou konnen kijan Bondye etabli tout sila yo,
e fè ekleraj nan nwaj Li yo vin limen?
16 Èske ou konnen bagay a chak kouch nan nwaj yo,
mèvèy a Sila a ki pafè nan konesans?
-
11 Syèl yo se pou Ou.
Tè a se pa Ou tou.
Lemond ak tout sa ki ladann,
se Ou menm ki te etabli yo.
-
15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
-
11 Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.
Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.
Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa
13 devan SENYÈ a, paske L ap vini.
Paske L ap vini pou jije latè. Li va jije mond lan
avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.
-
13 Lè Li fè vwa L sone,
dlo yo mele nan syèl yo.
Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a.
Li fè loray pou lapli,
e Li fè van sòti nan depo Li yo.
-
8 Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo,
ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten,
ki etenn lajounen pou fè lannwit,
ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a;
SENYÈ a, se non L.
9 Se Li menm ki jayi ak destriksyon
sou moun pwisan yo,
jiskaske destriksyon sa a rive sou sitadèl la.
-
27 “Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menmSalomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo.
-
6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl dè syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.
-
1 Gade byen, SENYÈ a va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann. 2 Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a. 3 Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a. 4 Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt. 5 Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la. 6 Akoz sa, yon malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete.
-
28 Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
-
17 Paske gade byen,
Mwen va kreye yon syèl tounèf,
ak yon tè tounèf;
epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò,
ni p ap menm antre nan panse.
18 Men fè kè kontan e rejwi nou
jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo;
paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans,
e pèp li a pou kè kontan.
-
6 Konsa, SENYÈ Bondye a te chwazi yon plant lyann. Lyann nan te monte grandi sou Jonas pou l ta sèvi kon abri sou tèt li, pou delivre l de mekontantman li an. Epi lyann nan te fè Jonas byen kontan. 7 Men Bondye te chwazi yon cheni nan granmmaten nan pwochen jou a. Li te atake lyann nan e li te vin fennen. 8 Lè solèy la te leve, Bondye te chwazi yon van lès byen cho, solèy la te bat tèt Jonas jiskaske li te vin fèb. Konsa, li t ap mande ak tout nanm li, e te di: “Lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
9 Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?”
Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.”
10 Konsa, SENYÈ a te di: “Ou te gen konpasyon pou plant sila ke ou pa t fè okenn travay pou li a, ke ou menm pa t fè grandi, ki te vin parèt nan yon nwit e te vin peri nan yon nwit. 11 Èske Mwen pa ta dwe gen konpasyon pou Ninive, gwo vil la, nan sila ki genyen plis ke san-ven-mil moun ki pa konn diferans antre men dwat ak men goch yo ak yon gwo kantite bèt, tou?”
-
6 “Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye.
Shows Read in context, Share and Copy.