90 Bible Verses About God's Judgment
Bib Sen An (BSA)
-
1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. 2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. 3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? 4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.
-
11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.
12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.
15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
-
9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi. 10 Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou.
-
10 Men nou menm, poukisa nou jije frè nou an? Oswa, nou menm ankò, poukisa nou meprize frè nou an? Paske nou tout va kanpe devan chèz jijman Bondye a. 11 Paske sa ekri:
“Jan Mwen vivan an, di Senyè a,
tout jenou ap bese devan Mwen,
e tout lang ap bay lwanj a Bondye”.
12 Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.
13 Konsa, annou pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè. 14 Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la.
-
9 “Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase.
Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita.
Abiman Li te tankou lanèj blan,
e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach.
Twòn Li te briyan akoz flanm yo,
e wou li yo te yon dife ki t ap brile.
10 Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L;
Milye dè milye t ap okipe L.
Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L.
Jijman an te etabli.
Liv yo te vin ouvri.
-
21 Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou bay yo lavi, menm jan an Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
22 “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men Li te bay tout jijman a Fis la, 23 Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi p ap vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.
26 “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm. 27 Li te bay Li otorite pou egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.
28 “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, 29 epi ap vin parèt. Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.
-
30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
-
1 Kite yon moun gade nou konsa, kòm sèvitè a Kris e jeran a mistè ki pou Kris yo.
2 Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl. 3 Men pou mwen se yon ti bagay tou piti pou mwen ta kab jije pa nou menm, oswa nenpòt lòt tribinal moun. Anverite, mwen pa menm jije pwòp tèt mwen. 4 Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a. 5 Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
-
14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.
-
27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va koupab de kò ak san Senyè a. 28 Men yon moun dwe egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la. 29 Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a. 30 Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk mouri. 31 Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije. 32 Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.
-
19 Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye. 20 Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.
21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye. 12 Pou sa, se konsa pa yon sèl moun peche te antre nan lemonn, e lanmò pa peche a, konsa lanmò te rive a tout moun paske tout moun fè peche. 13 Paske jiska Lalwa a te rive, peche te deja nan lemonn, men peche pa t kapab resevwa jijman kote ki pa gen lalwa. 14 Malgre sa, lanmò te renye soti nan Adam jiska Moïse, menm sou sila ki pa t fè peche yo sanblab ak ofans Adam an, ki se te yon pòtre a Sila ki te gen pou vini an.
15 Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun. 16 Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon. 17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.
-
9 Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la nanm a sila yo yo te touye akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.
10 Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?” 11 Yo te ba yo chak yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, pou konplete kous pa yo.
12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
15 Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn. 16 Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an. 17 Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”
-
36 Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
-
5 Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè. 6 Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandone pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman nan gran jou a. 7 Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, te prezante kon yon egzanp, e te pase nan pinisyon dife etènèl la.
-
1 “Pa jije pou nou menm pa vin jije. 2 Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou. 3 E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an? 4 O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w? 5 Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.
-
9 Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.
10 Selon gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a. 11 Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri. 12 Alò, si nenpòt moun bati sou fondasyon an avèk lò, ajan, bijou presye, bwa, zèb sèch, oswa pay, 13 zèv a chak moun va vin byen parèt. Paske lajounen va fè l vin parèt klè, akoz sa gen pou revele avèk dife. Epi dife a, li menm, va fè prèv valè zèv chak moun. 14 Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va resevwa yon rekonpans. 15 Si zèv a yon moun vin brile, li va soufri pèt, men li menm, li va sove kòmsi, se pa dife.
-
15 Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.
18 “Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”
-
47 “Si nenpòt moun tande pawòl Mwen yo, e pa kenbe yo, Mwen pa jije li. Paske Mwen pa t vini nan lemonn pou jije lemonn, men pou sove lemonn.
48 “Sila a ki rejte Mwen, epi pa resevwa pawòl Mwen yo, gen youn k ap jije li. Pawòl ke Mwen te pale a se li k ap jije li nan dènye jou a.
-
27 Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.
-
26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.” 31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.
-
9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
10 Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? 12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a!
-
20 Li te kòmanse repwoche vil kote pi fò mirak yo te fèt yo, paske yo pa t repanti. 21 Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann. 22 Malgre sa Mwen di nou, l ap pi tolerab pou Tir ak Sidon nan jou jijman an pase pou nou menm. 23 Epi nou menm, Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a. 24 Malgre sa, Mwen di nou ke li va pi tolerab pou peyi Sodome nan jou jijman an pase pou nou menm.
-
12 “Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè. 13 Mwen se Alfa a ak Omega a, premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”
14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.
15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
16 “Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”
17 Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi san frè a vini.
-
16 Anplis, mwen te wè anba solèy la ke nan plas lajistis gen mechanste; e nan plas ladwati gen mechanste. 17 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Bondye va jije ni sila ki dwat la, ni sila ki mechan an,” paske gen yon tan pou chak zèv ak chak bagay.
-
14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.
-
1 Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo olye devan sen yo? 2 Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo? 3 Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a? 4 Donk, si konsa, nou sèvi ak tribinal pou regle pwoblèm nan lavi sa, èske nou chwazi kon jij sila ki pa kab reprezante anyen nan legliz yo?
-
6 Paske mwen deja ap vide kòm yon ofrann bwason, e lè pou m ale a gen tan rive. 7 Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa. 8 A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.
-
1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ki gen non ekri nan liv la. 2 Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. 3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
-
18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.
-
7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 8 Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.
9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.
10 Frè m yo, pran pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans. 11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.
12 Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.
-
1 Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3 Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou. 5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak mò yo a.
-
4 Paske si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an; 5 epi pa t epagne ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a, 6 epi si Li te kondane vil Sodome ak Gomorrhe pou destriksyon e te redwi yo an sann, epi te fè yo yon egzanp pou sila ki ta vin mennen yon vi san Bondye pi devan yo; 7 epi si li te delivre Lot ki te yon nonm ladwati, oprime pa sansyalite a mesye san prensip yo, 8 (paske pa sa ke li te wè e tande nonm ladwati sila a, pandan li t ap viv pami yo, te santi nanm dwat li a te toumante jou apre jou pa zèv san règ ni lwa yo.) 9 Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an. 10 Sitou sila ki satisfè lachè a nan dezi konwonpi li yo, e ki meprize otorite. Plen kouraj e awogan, yo pa menm tranble lè yo ensilte zanj majeste yo,
-
6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.
9 Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou an.
-
9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou,
e kite kè ou rete kontan
pandan ane de laj jenès ou yo.
Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,
men konnen byen ke Bondye
va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.
-
29 Pandan foul la t ap ogmante, Li te kòmanse di: “Jenerasyon sila a se yon jenerasyon pèvès; l ap chache yon sign, men okenn sign p ap bay, sof ke sign a Jonas la. 30 Paske menm jan ke Jonas te vin yon sign pou Ninivit yo, menm jan an Fis a Lòm nan va ye pou jenerasyon sila a.
31 “Rèn Sid la va leve avèk lèzòm a jenerasyon sila a nan jijman, e kondane yo; akoz li menm te vini soti nan lekstremite tè a pou tande sajès a Salomon, e konsa, veye byen, gen yon bagay pi gran pase Salomon isit la.
32 “Lèzòm Niniv yo va kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman an, e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche. Konsa, veye byen, gen yon bagay pi gran ke Jonas isit la.
-
45 “Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou; 46 mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon lè ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.
47 “Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt. 48 Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk.
“Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.
49 “Mwen vini pou voye dife sou latè; e kijan Mwen ta kontan si li te deja limen!
50 “Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!
-
1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a.
-
14 Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye a moun sen pa Li yo, 15 pou egzekite jijman sou tout, epi pou rannkont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè san fwa yo te pale kont Li.”
-
7 Men SENYÈ a la jis pou tout tan;
Li te etabli twòn Li pou jijman.
8 Li va jije mond lan avèk ladwati;
Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.
9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;
yon sitadèl nan tan twoub la.
-
9 devan SENYÈ a,
paske l ap vini pou jije latè.
Li va jije lemonn ak ladwati Li
E pèp yo avèk jistis.
-
47 “Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason. 48 Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo. 49 Konsa sa ap ye nan fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo. 50 Epi y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.
-
1 Konsa, nan kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye, 2 lenstriksyon sou lave ak poze men yo, rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la. 3 Tout sa nou va fè si Bondye kite l fèt.
4 Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo, 5 te goute bon pawòl Bondye a ak pouvwa a tan k ap vini an, 6 e ki answit, te vin tonbe, se enposib pou renouvle yo ankò a repantans, paske yo ankò krisifye pou kont yo Fis Bondye a e ekspoze Li a lawont piblik.
7 Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye. 8 Men si li pote pikan ak zepeng, li san valè e prèt pou vin madichonnen, e fini pa brile.
-
17 Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?
18 Epi si se avèk difikilte ke moun jis yo sove, kisa ki va rive nonm ki san Bondye a, ak pechè a?
-
1 Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje, 2 pou nou kab sonje pawòl ki te pale oparavan pa pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.
3 Konnen sa dabò, ke nan dènye jou yo mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo, 4 epi yo va di: “Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”
5 Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te fòme avèk dlo e pa dlo. 6 Pa dlo sa a mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo. 7 Men, pa pawòl Li syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.
-
20 Epi SENYÈ a te di: “Gwo kri kont Sodome avèk Gomorrhe a byen gran, e peche pa yo grav depase. 21 Mwen va desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.”
22 Alò, mesye yo te vire kite la, e te ale vè Sodome, pandan Abraham toujou kanpe devan SENYÈ a.
23 Abraham te vin pwoche, e te di L: “Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo? 24 Sipoze ke gen senkant moun ki dwat nan vil la; èske vrèman Ou va fè l disparèt, e pa prezève kote a pou koz a senkant moun dwat ki ladann yo?
25 “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”
-
21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
-
36 Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”
37 Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se Fis a Lòm nan. 38 Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki fis a mechan an. 39 Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo. 40 Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo. 41 Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste. 42 L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo. 43 Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.
-
42 Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.
-
12 “Mwen di nou, li va pi tolerab nan jou sa pou Sodome ke pou vil sa a.
13 “Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.
14 “Men li va pi tolerab pou Tyr ak Sidon nan jijman an, pase pou nou menm.
15 “Epi nou menm, Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo.
-
31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.
34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.
44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’
45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”
-
1 Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè.
2 Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.
3 Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di:
‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwòch Mwen yo,
e devan tout pèp la Mwen va onore.’”
Konsa, Aaron te gade silans.
-
21 Mwen va rele yon nepe kont li sou tout mòn Mwen yo”, deklare Senyè BONDYE a. “Nepe a tout moun va kont frè yo. 22 Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf. 23 Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
-
41 Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la. 42 Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.
-
34 Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse a pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen. 35 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.
36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tout lemonn men l pèdi nanm li? 37 Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.
38 “Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”
-
4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
-
12 Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa lalwa libète a. 13 Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.
-
7 SENYÈ a fè pòv ak rich.
Li abese e anplis, Li leve.
8 Li leve malere sòti nan pousyè.
Li leve sila ki nan bezwen an
soti nan pil sann nan,
pou yo chita avèk prens yo,
e jwenn yon chèz donè kòm eritaj.
Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye.
Li te plase lemond sou yo.
9 L ap pwoteje pye a sen Li yo;
men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la;
paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.
10 Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt.
Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo.
SENYÈ a ki va jije,
jis rive nan tout ekstremite latè yo.
Konsa, Li va bay kouraj a wa Li;
Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”
-
4 Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: “Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”
5 Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? (M ap pale tankou yon moun)? 6 Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman Bondye va jije lemond?
-
5 Mwen te tande zanj a dlo yo k ap di: “Jis se Ou menm ki la e ki te la a, O Sila Ki Sen an, paske Ou te jije bagay sa yo. 6 Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”
7 Konsa, mwen te tande lotèl la ki t ap di: “Wi, O Bondye Senyè, Sila Ki Toupwisan an, vrè e jis se jijman Ou yo.”
-
1 Alò, li te rive ke lè lèzòm te kòmanse miltipliye sou sifas tè a, e yo te fè pitit fi, 2 ke fis Bondye yo te wè ke fi lèzòm yo te bèl. Konsa, yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.
3 Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.”
4 Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te antre nan pitit fi a lòm yo, e te fè pitit avèk yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.
5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. 6 Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te blese Li nan kè L.
7 SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.”
8 Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a.
-
35 “‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon,
nan lè pye yo va glise,
Paske jou malè a yo toupre,
E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’
36 Paske SENYÈ a va jije pèp Li a.
Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo,
lè Li wè fòs yo fin disparèt,
ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.
-
2 Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a,
paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.
-
1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a
e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li,
lespri a sajès ak bon konprann,
lespri a konsèy ak pwisans lan,
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.
Li p ap jije selon sa ke zye l wè,
ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
4 men ak ladwati, Li va jije malere yo,
e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.
Li va frape tè a ak baton bouch Li,
e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li
e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
6 Lou a va demere ak jèn mouton an,
leyopa va kouche ak jèn kabrit la,
jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;
epi yon tigason va mennen yo.
7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;
pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.
8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,
e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.
9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,
paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,
tankou dlo kouvri lanmè a.
-
34 Mwen va mennen nou soti nan tout pèp yo, rasanble nou soti nan peyi kote nou gaye yo, ak yon men pwisan, ak yon bra lonje e ak chalè kòlè Mwen vide nèt. 35 Epi Mwen va mennen nou antre nan dezè a pèp yo, e la Mwen va antre nan jijman avèk nou fasafas. 36 Jan Mwen te antre nan jijman ak papa zansèt nou yo nan dezè an Égypte la, konsa Mwen va antre nan jijman avèk nou”, deklare Senyè BONDYE a. 37 “Mwen va fè nou pase anba baton, e Mwen va mennen nou antre anba angajman akò a. 38 Mwen va fè retire pami nou, rebèl ak sila ki transgrese kont Mwen yo. Mwen va mennen yo sòti nan peyi kote yo demere a, men yo p ap antre nan peyi Israël. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
-
1 “Paske gade byen, nan jou sila yo
ak nan lè sa a,
lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,
2 Mwen va rasanble tout nasyon yo
pou mennen yo desann nan vale Josaphat a.
Epi Mwen va antre la nan jijman avèk yo
pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël,
ke yo te gaye pami nasyon yo.
Yo te divize tè Mwen an,
-
1 Gade byen, yon jou pou SENYÈ a ap vini, jou lè piyaj ke yo rache de nou menm yo, va divize andedan nou. 2 Paske Mwen va rasanble tout nasyon yo kont Jérusalem pou batay. Vil la va vin kaptire, kay yo va piyaje, fanm yo va vyole. Mwatye nan vil la va voye an egzil, men rès a pèp la p ap koupe retire de vil la. 3 Konsa, SENYÈ a va parèt pou goumen kont nasyon sila yo, jan Li goumen nan yon jou batay la. 4 Nan jou sa a, pye Li va poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid. 5 Nou va sove ale pa vale a mòn Mwen yo, paske vale a mòn yo va rive jis Atzel. Wi, nou va sove ale menm jan ke nou te sove ale devan tranbleman tè nan jou Ozias la, wa Juda a. Epi SENYÈ a, Bondye mwen an va vini e tout sen fidèl yo va avèk Li!
-
7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou. 8 E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. 9 Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen, 10 Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11 Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
-
13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.
18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit.
-
7 Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”
-
11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
12 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.
14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an len fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.
-
10 Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. 11 Koulye a ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an. 12 Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”
13 Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! 14 Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”
15 Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.
-
39 Vin wè ke Mwen menm se Li.
Nanpwen dye sof ke Mwen.
Se Mwen ki mete a lanmò,
e se Mwen ki bay lavi.
Se Mwen ki te fè blese
e se Mwen ki fè gerizon.
Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.
40 Anverite, Mwen leve men M vè syèl la E Mwen di:
Menm jan ke Mwen viv pou tout tan an,
41 si Mwen file nepe briyan Mwen an,
se men M ki kenbe lajistis.
Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo,
epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.
42 M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san,
e nepe Mwen va devore chè avèk san
a mò yo ak kaptif yo,
k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’
43 Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a,
paske L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo.
Li va rann vanjans sou advèsè Li yo,
e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”
-
13 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an, 14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
-
8 Se SENYÈ a ki jije pèp yo.
Fè m jistis O SENYÈ,
selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.
9 Alò, mete fen a mechanste malfektè yo,
men etabli sila ki dwat yo.
Paske se ladwati Bondye ki fè prèv
nan kè avèk panse moun.
-
3 Bondye nou vin parèt.
Li pa rete an silans.
Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.
4 Li rele tout syèl yo anwo,
avèk latè pou jije pèp Li a:
5 “Rasanble fidèl Mwen yo kote M,
Sila ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.
6 Epi syèl yo deklare ladwati Li,
paske Bondye, Li menm, se Jij. Tan
-
8 Ou te fè jijman tande soti nan syèl la.
Latè te krent, e te kanpe rete an plas
9 lè Bondye te leve nan jijman an,
pou sove tout enb sou latè yo. Tan
-
16 Pou sa, Senyè BONDYE a di: “Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm. 17 Mwen va fè jistis sèvi kon lign mezi e ladwati kon règ nivo. Lagrèl va bale tout fatra nèt ki fèt ak manti, e dlo yo va debòde antre nan kote sekrè a.
-
18 Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo:
jijman ak kòlè a advèsè Li yo,
rekonpans a lènmi Li yo;
a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.
19 Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès
e glwa Li soti kote solèy leve a;
paske Li va vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid.
Se van SENYÈ a kap pouse l.
-
24 Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo, e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann. Lye sen yo va vin gate nèt. 25 Lè gwo doulè a rive, yo va chache lapè, men p ap genyen menm. 26 Gwo dega va rive sou gwo dega, e gwo koze sou gwo koze. Konsa, yo va chache yon vizyon soti nan yon pwofèt, men lalwa va fin pèdi nan men prèt la, e p ap gen konsèy menm nan men ansyen yo. 27 Wa a va fè dèy, prens lan va abiye ak dezespwa, e men a pèp peyi a va pran tranble. Selon kondwit yo, Mwen va aji avèk yo, e selon jijman yo, Mwen va jije yo. Konsa, yo va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.’”
-
16 Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di :
“Va gen gwo lamantasyon tout kote
e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’
Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy,
yo va peye moun pou l fè lamantasyon.
17 Epi nan tout chan rezen yo, va gen gwo kri,
paske Mwen va pase nan mitan nou”,
di SENYÈ a.
18 Elas pou nou menm ki anvi wè jou SENYÈ a!
Pouki sa nou anvi wè jou SENYÈ a?
Li va yon jou tenèb olye limyè.
19 Tankou lè yon nonm kouri kite yon lyon pou l
rankontre yon lous;
oswa pou l rive lakay li,
apiye men l sou mi kay la,
pou yon koulèv vin mòde l.
20 Èske jou SENYÈ a p ap yon jou tenèb
olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?
21 Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo,
ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.
22 Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal,
Mwen p ap aksepte yo;
ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a
bèt gra nou yo.
23 Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;
Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.
24 Men kite jistis koule desann tankou dlo,
e ladwati tankou yon gwo larivyè,
-
27 Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la. 28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
-
24 “Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè. 25 Epi zetwal yo va ap tonbe soti nan syèl la, e pouvwa ki nan syèl yo va sekwe nèt.
-
37 “Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.
38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
-
7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.
-
1 Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.
2 Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis, 3 kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa?
Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo. 4 Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.
-
5 “Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.
-
19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.
-
1 Apre bagay sa yo, mwen te tande yon bagay tankou gwo vwa a yon gran foul nan syèl la ki t ap di: “Alelouya! Delivrans, laglwa ak pwisans apatyen a Bondye nou an. 2 Paske jijman Li yo vre e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”
3 “Yon dezyèm fwa, li te di: ‘Alelouya! Lafimen li an monte pou tout tan e pou tout tan.’”
Shows Read in context, Share and Copy.