61 Bible Verses About Feeling Alone

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Feeling Alone
  1. 5 Yon papa pou òfelen yo

    e yon jij pou vèv yo,

    se Bondye nan lye sen Li an.

    6 Bondye fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an.

    Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo,

    men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.

  2. 5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:

    “Senyè a se soutyen mwen.

    Mwen p ap pè.

    Sa lòm ka fè m?”

  3. 9 Pa kache figi Ou de mwen.

    Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou.

    Se Ou ki konn sekou mwen.

    Pa abandone mwen, ni kite m sèl,

    O Bondye delivrans mwen an.

    10 Paske papa m ak manman m te abandone mwen,

    Men SENYÈ a va ranmase mwen.

  4. 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  5. 18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

  6. 18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.

  7. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  8. 15 Zye m toujou vè SENYÈ a,

    paske Li va retire pye mwen nan pèlen an.

    16 Vire vè mwen e fè m gras,

    paske mwen abandone e aflije.

    17 Twoub a kè m yo vin plis.

    Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.

    18 Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,

    e padone tout peche mwen yo.

    19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.

    Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.

    20 Gade nanm mwen e delivre mwen.

    Pa kite m vin wont, paske mwen

    pran refij nan Ou menm.

    21 Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,

    paske se Ou m ap tann.

  9. 6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.

  10. 4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

    5 Ou ranje yon tab devan mwen

    nan prezans lènmi mwen yo.

    Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.

    Tas mwen fin debòde nèt.

    6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou

    va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,

    E mwen va viv lakay

    SENYÈ a jis pou tout tan.

  11. 7 Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la. 8 Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm konn mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.

    9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.

  12. 31 Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a? 32 Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.

    33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  13. 7 Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje.

  14. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  15. 15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.

    16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.

    18 “Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.

  16. 16 Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo. 17 Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.

    18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  17. 14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  18. 3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.

    4 Li konte fòs kantite zetwal yo.

    Li bay non a yo tout.

    5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.

    Bon konprann Li an san limit nèt.

  19. 5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou. 6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.

    7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.

  20. 3 Li te meprize e abandone pa lòm;

    yon nonm ak gwo tristès

    ki te konnen gwo soufrans,

    ak tout maladi.

    Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,

    Li te vin meprize,

    e nou pa t bay Li okenn valè.

    4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote

    ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;

    men nou te rekonèt Li kon moun pini,

    frape pa Bondye e aflije.

    5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.

    Li te kraze pou inikite nou yo.

    Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,

    e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.

  21. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  22. 23 Sepandan, mwen avè W tout tan.

    Ou te kenbe men dwat mwen.

    24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,

    e apre, resevwa mwen nan laglwa.

    25  Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?

    Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.

    26  Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,

    men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.

  23. 2 Mwen vide plent mwen yo devan L.

    Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.

    3 Lè lespri m te fin bat anndan m,

    Ou te konnen chemen mwen.

    Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.

    4 Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen.

    Nanpwen moun ki pou fè m chape.

    Nanpwen moun ki pou pran swen m.

    5 Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.

    Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen,

    pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”

    6 “Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt.

    Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo,

    paske yo twò fò pou mwen.

    7 Mennen nanm mwen sòti nan prizon,

    pou m kab bay remèsiman a non Ou.

    Moun ladwati mwen yo va antoure mwen,

    paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”

  24. 45 Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).

    46 Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”

  25. 4 Kè m fin frape tankou zèb.

    Li fennen nèt.

    Anverite, mwen bliye manje pen mwen.

    5 Akoz gwo bri kri mwen yo,

    zo m yo kole sou chè m.

    6 Mwen sanble ak yon grangozye nan dezè.

    Mwen tankou yon frize nan gran savann.

    7 Mwen kouche zye tou louvri.

    Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.

  26. 29 Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou. 30 Sove tèt Ou, e desann sou kwa a!”

    31 Menm jan an, chèf prèt yo ansanm avèk skrib yo, t ap moke Li pami yo menm e t ap di: “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove tèt Li.” 32 “Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.

    33 Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 34 Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”

  27. 3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la. 6 Men si nou aflije, se pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou.

  28. 4 Kòd lanmò yo te antoure mwen.

    Flèv mal ki sòti nan peyi a mò yo te teworize m.

    5 Kòd peyi lanmò yo te antoure mwen;

    pèlen lanmò yo te parèt devan m.

    6 Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a,

    e te kriye a Bondye pou sekou.

    Depi nan tanp li an, li te tande vwa m.

    Kri mwen pou sekou devan L

    te rive nan zòrèy Li.

  29. 1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,

    e Sila ki te fòme ou a, O Israël:

    “Pa pè, paske Mwen te rachte ou.

    Mwen te rele ou pa non ou.

    Se pa M ou ye!

    2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

    3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

    Mwen te bay Égypte kon ranson ou

    Cush ak Saba nan plas ou.

    4 Akoz ou presye nan zye M,

    akoz ou gen gran valè

    e Mwen renmen ou,

    Mwen va bay lòt moun nan plas ou

    e lòt pèp an echanj pou lavi ou.

    5 Pa pè, paske Mwen avèk ou;

    Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès

    e ranmase ou nan lwès.

  30. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  31. 10 Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan. 11  Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen? 12 Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete, pou rive nan yon peyi ke Ou te sèmante a papa yo?’ 13 Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’ 14  Mwen sèl mwen p ap kab pote tout pèp sa a; se twòp chaj pou mwen. 15  Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”

  32. Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;

    Yon sòm David.

    1 Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou

    te abandone m?

    Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.

    2 O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn.

    E nan lannwit men m pa jwenn repo.

  33. 17 Moun dwat kriye.

    SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.

    18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

    epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

    19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,

    men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.

  34. 8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”

  35. 5 Lè Saül te wè kan Filisten yo, li te pè e kè li te tranble anpil. 6 Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo. 7 Alò, Saül te pale sèvitè li yo: “Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay.”

    Sèvitè li yo te di li: “Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor.”

  36. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

  37. 11 Men pèp Mwen an pa t koute vwa M.

    Ni Israël pa t obeyi Mwen.

    12 Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo,

    pou mache nan pwòp manèv yo.

  38. 7 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?

    Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?

    8 Si mwen monte nan syèl la, Ou la.

    Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.

    9 Si mwen pran zèl nan maten,

    si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,

    10 menm la, se men Ou k ap mennen mwen,

    e se men dwat Ou k ap kenbe m.

  39. 15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,

    pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?

    Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.

    16 Gade byen, Mwen te enskri ou nan pla men Mwen.

    Miray ou yo devan Mwen tout tan.

  40. 3 Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo. 4 Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.”

    Men yo te reponn li: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”

    5 Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan sanktyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.

  41. 17 Bòpè Moïse la te di li: “Sa ke w ap fè a pa bon. 18 Ou va anverite vin epwize ou nèt, ni ou menm, ni pèp ki avè w la, paske tach la twò lou pou ou. Ou p ap kapab fè l pou kont ou.

  42. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  43. 22 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.

  44. 24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;

    men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.

  45. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

  46. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

    14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.

  47. 24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.

  48. 7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.

    Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.

    8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.

    Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

    9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.

    Anplis, chè m va toujou pwoteje.

    10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen

    nan sejou mò yo;

    ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.

    11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.

    Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.

    Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

  49. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”

  50. 10 Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. 11 Koulye a ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an. 12 Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”

  51. 5 Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.

    6 Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”

    7 Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”

    8 Jésus te di l “Leve, pran kabann ou, epi mache!”

    9 Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. Jou sa a se te jou Saba.

  52. 15 Lè dlo ki te nan kwi a, te fin sèvi, li te kite jènjan an anba yon ti ab. 16 Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di: “Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Konsa, li te chita anfas li; li te leve vwa li, e li te kriye.

  53. 6 Men mwen se yon vè,

    mwen pa menm yon moun.

    Parèt abominab devan lèzòm,

    e meprize pa tout moun.

    7 Tout moun ki wè m vin moke mwen.

    Yo separe avèk lèv yo e yo

    souke tèt yo pou di:

    8 Li mete konfyans nan SENYÈ a.

    Kite Li menm delivre li.

    Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.

    9 Sepandan, Ou menm se Sila ki te

    fè m sòti nan vant manman m nan.

    Ou te fè m gen konfyans depi m

    t ap souse tete manman m.

    10 Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen.

    Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.

    11 Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre.

    Paske nanpwen moun ki pou ede m.

  54. 9 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.

    Zye m ak kò m ak nanm mwen;

    tout fin gate nèt akoz doulè m.

    10 Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,

    ane mwen yo avèk soupi.

    Fòs mwen fin ale akoz inikite m.

    Kò mwen fin epwize.

    11 Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te

    devni yon objè abominab,

    sitou a vwazen mwen yo, e yon

    objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo.

    Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.

    12 Mwen fin bliye tankou yon moun mouri,

    disparèt nan panse moun.

    Mwen tankou yon veso ki fin kraze.

  55. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  56. 5 Alò, sila ki vrèman yon vèv, e ki kite sèl la, fikse tout espwa l sou Bondye e kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kon lannwit.

  57. 10 Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen,

    yon nonm ki fè twoub leve,

    yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a!

    Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen;

    malgre sa, yo tout ban m madichon.

  58. 10 Li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”

  59. 21 Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.

  60. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.

  61. 75 Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.