47 Bible Verses About Loyalty
Bib Sen An (BSA)
-
15 Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.”
16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”
-
5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou.
-
17 Yon zanmi renmen tout tan;
yon frè fèt pou move tan.
-
22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,
paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 Yo renouvle chak maten.
Gran se fidelite Ou.
24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”
Se sa nanm mwen di m.
Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
-
6 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.
7 “SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo, 8 men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.
9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, 10 men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.
-
24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.
-
12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.
17 “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.
-
26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen. 27 Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.
28 “Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l? 29 Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz. 30 Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
31 “Oubyen ki wa, lè li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabòkalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil? 32 Otreman, pandan lòt la toujou lwen, l ap voye yon delegasyon pou mande kondisyon pou fè lapè.
33 “Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li parenonse ak tout sa li posede.
-
1 Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. 2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo. 3 Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj. 4 Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo. 5 Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi akoz bon konsyans pa nou.
-
14 “Koulye a, pou sa, gen lakrent SENYÈ a e sèvi Li avèk bon kè ak verite. Mete akote dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a ak an Égypte pou sèvi SENYÈ a. 15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”
-
22 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a.
Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an.
23 Paske tout òdonans Li yo te devan m.
Règleman Li yo, mwen pa t janm kite.
24 Anplis, mwen te san fot devan L.
Mwen te rete lib de inikite mwen.
-
33 Men Pierre te reponn e te di Li: “Menm lè tout lòt yo fè bak akoz de Ou menm, mwen menm, mwen p ap fè bak.”
34 Jésus te di li: “Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”
35 Pierre te di Li: “Menm si mwen oblije mouri avèk Ou, mwen p ap janm nye Ou.” Tout lòt disip yo te di menm bagay sila a tou.
-
1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv
-
24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;
men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.
-
9 “Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo.
Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo pa ta janm inonde latè ankò,
konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou,
ni ke Mwen p ap repwoche nou.
10 Paske mòn yo kapab deplase,
e kolin yo ka disparèt,
men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.
Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”
di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.
-
10 Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.
11 “Sa se yon vre pawòl:
Paske si nou te mouri avèk Li,
nou va osi viv avèk Li.
12 Si nou andire,
nou va osi renye avèk Li.
Si nou rejte Li,
Li tou va rejte nou.
13 Si nou pa fidèl
Li rete fidèl;
paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”
-
1 Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li. 2 Saül te pran li nèt nan jou sa a e pa t kite li retounen lakay papa l. 3 Epi Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li. 4 Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li.
-
15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
-
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
23 Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen youn lòt, kon Li te kòmande nou an.
24 Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
-
4 “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.
5 “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
-
7 Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen;
-
23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
-
10 “Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.
-
18 Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò
pou yo ak bèt chan yo,
zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo.
Mwen va aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a,
e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.
19 Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan.
Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis,
nan lanmou dous ak konpasyon.
20 Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite.
Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.
-
8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.
Ki sa SENYÈ a egzije de ou?
Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,
e mache nan imilite ak Bondye ou a?
-
13 Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite 14 oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo.
-
21 Sila ki swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
-
3 Prete zòrèy nou e vin kote Mwen.
Koute pou nou ka viv.
Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan,
selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
-
33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:
“Mwen va mete lalwa M anndan yo
e sou kè yo Mwen va ekri l;
epi Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,
e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’
paske yo tout va konnen Mwen,
soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”
deklare SENYÈ a,
“paske Mwen va padone inikite yo,
e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
-
29 Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm.
-
10 Tout chemen Bondye se nan
lanmou dous avèk verite
pou sila ki kenbe akò Li yo ak
temwayaj Li yo.
-
14 Paske li te renmen M konsa,
pou sa, Mwen va delivre li.
Mwen va mete li byen solid an wo,
akoz li te rekonèt non Mwen.
15 Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.
Mwen va avèk Li nan tan twoub la.
Mwen va delivre li e bay li lonè.
16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,
e kite li wè sali mwen.
-
6 Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;
men kibò pou jwenn yon nonm onèt?
-
1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,
paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a:
Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
2 Gen joure ak madichon, vyole konfyans,
asasine moun, vòlè, fè adiltè.
Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san,
e vèse san fè san vèse plis.
3 Akoz sa, peyi a va fè dèy.
Tout moun ki rete ladann ap megri
menm ak tout sa ki viv.
Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo,
epi pwason lanmè yo va mouri.
-
42 Senyè a te reponn: “Alò, kilès ki se jeran fidèl e abil ke mèt li va mete an chaj tout lòt sèvitè yo, pou bay yo manje yo nan lè li dwe fèt? 43 Beni se esklav sila a ke mèt la twouve ap fè sa lè l vini an. 44 Anverite Mwen di nou ke li va mete li an chaj de tout byen li yo.
45 “Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou; 46 mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon lè ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.
47 “Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt. 48 Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk.
“Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.
-
31 Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen.
-
15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?”
Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”
Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”
16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”
Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”
17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”
E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”
Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.
-
42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
-
1 Kite yon moun gade nou konsa, kòm sèvitè a Kris e jeran a mistè ki pou Kris yo.
2 Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl.
-
3 Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a.
-
1 “Konsa li va ye lè tout bagay sa yo fin vini sou nou, benediksyon an avèk madichon an ke mwen te mete devan nou pou nou sonje yo nan tout nasyon kote SENYÈ a va egzile nou yo, 2 epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou a, pou obeyi vwa Li ak tout kè e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo. 3 Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo.
-
10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.
Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.
Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk
verite Ou devan gran asanble a.
11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.
Lanmou dous Ou avèk verite Ou va
prezève mwen tout tan.
-
28 Lanmou dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan,
e akò Mwen va konfime a li menm.
-
2 “Ale e pwoklame nan zòrèy a Jérusalem pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a:
“Mwen sonje de ou, jan ou te renmen M lè ou te jenn;
lanmou ou lè ou te fiyanse avè M,
jan ou te swiv Mwen nan dezè a,
nan yon peyi ki pa t konn simen.
-
57 Pandan yo t ap prale akote wout la, yon moun te di Li: “Mwen va swiv Ou Nenpòt kote Ou ale.”
58 Jésus te di Li: “Rena yo gen twou yo, e zwazo yo gen nich yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou poze tèt Li.”
59 Konsa, Li te di a yon lòt: “Swiv Mwen”.
Men li te di: “Kite m ale avan pou antere papa m.”
60 Men Li te di li: “Kite mò yo antere mò yo; men pou ou menm, alepwoklame toupatou wayòm Bondye a.”
61 Yon lòt osi te di: “Mwen va swiv Ou Senyè; men kite m dabò di orevwa a moun lakay mwen.”
62 Men Jésus te di li: “Nenpòt moun ki mete men li sou cha a pou gade pa dèyè pa dign de wayòm Bondye a.”
-
5 Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon sèvitè pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo; 6 Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.
Shows Read in context, Share and Copy.