105 Bible Verses About The Holy Spirit

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About The Holy Spirit
  1. 1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a. 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou tout bagay Lespri yo. 6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.

    9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L. 10 Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.

  2. 9 Men jan sa ekri a:

    “Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,

    ki pa janm antre nan kè a lòm;

    tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”

    10 Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a. 11 Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a. 12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye. 15 Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun. 16 “Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.

  3. 13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14 Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.

    15 “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.

  4. 15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.

    16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.

    18 “Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou. 19 Apre yon ti tan, lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou.

  5. 25 Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.

  6. 3 Konsa, mwen fè nou konnen ke pa gen pèsòn k ap pale pa Lespri Bondye a ki di: “Jésus madichonnen”. Ni pèsòn p ap ka di: “Jésus se Senyè a”, eksepte pa Lespri Sen an.

    4 Alò, gen plizyè kalitie don, men se menm Lespri a. 5 Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a. 6 Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun. 7 Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun. 8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.

  7. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.

    16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.

  8. 26 “Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen. 27 E nou va fè temwayaj tou, paske nou te avèk Mwen depi nan kòmansman.”

  9. 10 Men yo te fè rebèl

    e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris.

    Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo;

    Li te goumen kont yo pou kont Li.

    11 Men konsa, Li te vin sonje ansyen jou yo

    ak Moïse e pèp Li.

    Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè

    ak bèje a bann mouton Li yo?

    Kote Li, Sila ki te mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”

    12 Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la?

    Ki te divize dlo yo devan yo

    pou fè pou pwòp tèt Li

    yon non ki ta dire pou tout tan?

    13 Ki te mennen yo atravè fon yo

    tankou cheval nan dezè a,

    pou yo pa chape tonbe?

    14 Tankou bèt ki te desann nan vale yo,

    Lespri SENYÈ a te bay yo repo.

    Konsa, Ou te mennen pèp Ou a

    pou fè pou Ou yon non ki plen laglwa.

  10. 1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,

    akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.

    Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,

    pou pwoklame libète a kaptif yo

    e delivrans a prizonye yo;

    2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a

    e jou a vanjans Bondye nou an;

    pou konsole tout moun ak kè ki tris,

    3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;

    pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,

    ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la,

    ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.

    Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,

    yon plantasyon SENYÈ a,

    pou Li kapab resevwa glwa.

  11. 4 Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan. 5 Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”

    6 Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”

    7 Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L. 8 Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”

  12. 44 Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.

    45 Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou. 46 Paske yo te tande yo pale an lang, e egzalte Bondye.

    Alò, Pierre te reponn: 47 “Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?” 48 Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri.

    Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.

  13. 1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a

    e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.

    2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li,

    lespri a sajès ak bon konprann,

    lespri a konsèy ak pwisans lan,

    lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.

  14. 2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”

    3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.

    4 Konsa, ranvwaye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre. 5 Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Jean te la pou ede yo.

  15. 1 Lè jou Pannkòt la te rive, yo tout te ansanm nan yon sèl plas. 2 Sibitman, te sòti nan syèl la yon bwi tankou yon van vyolan k ap kouri, e li te ranpli tout kay kote yo te chita a. 3 Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak. 4 Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.

  16. 25 Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo. 26 Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè. 27 Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo. 28 Nou va rete nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo. Konsa, nou va pèp Mwen, e Mwen va Bondye pa nou.

  17. 7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou. 8 E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. 9 Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen, 10 Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11 Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.

  18. 14 Men tèt yo te vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve. 15 Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo. 16 Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti. 17 Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète. 18 Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.

  19. 26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

  20. 1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. 2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.

  21. 15 “Epi lè mwen te kòmanse pale Lespri Sen an te vin tonbe sou yo menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an. 16 Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: ‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’

    17 “Donk, si Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”

    18 Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”

  22. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.

    16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito.

  23. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

    25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a. 26 Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.

  24. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  25. 7 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?

    Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?

    8 Si mwen monte nan syèl la, Ou la.

    Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.

    9 Si mwen pran zèl nan maten,

    si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,

    10 menm la, se men Ou k ap mennen mwen,

    e se men dwat Ou k ap kenbe m.

  26. 13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.

  27. 1 O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te piblikman prezante kòm krisifye a? 2 Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande avèk lafwa? 3 Èske nou si tèlman ensanse? Èske nou te kòmanse avèk Lespri a, epi koulye a nou ap vin pafè pa lachè? 4 Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven—si vrèman se te anven? 5 Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande ak lafwa.

  28. 6 Yo te travèse rejyon a Phrygie ak Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie. 7 Lè yo te vini Mysie, yo te eseye antre Bithynie, men Lespri Jésus a pa t pèmèt yo. 8 Lè yo te kite Mysie, yo te desann Troas.

    9 Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.” 10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.

  29. 9 Epi li te di mwen: “Pwofetize a souf lavi a! Pwofetize, fis a lòm, e di a souf lavi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYÈ a: “Vin sòti nan kat van yo, O souf lavi, e soufle sou sila ke yo te touye yo, pou yo ka vin vivan.”’”

    10 Konsa, mwen te pwofetize jan Li te kòmande mwen an. Souf lavi a te antre nan yo. Yo te vin vivan e te kanpe sou pye yo, yon lame gran depase.

    11 Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’ 12 Pou sa, pwofetize e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ouvri tonm nou yo pou fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an; epi Mwen va mennen nou antre nan peyi Israël. 13 Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin ouvri tonm nou yo e fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an. 14 Mwen va mete Lespri M anndan nou, nou va vin vivan e Mwen va mete nou sou pwòp tèren pa nou. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te fin pale, e te fè sa,” deklare SENYÈ a.’”

  30. 19 Men lè yo livre nou nan men yo, pa enkyete pou sa n ap di; paske nou va resevwa nan lè sa, sa nou gen pou nou pale. 20 Paske se pa nou menm k ap pale, men se Lespri Papa nou an k ap pale nan nou.

  31. 32 Jean te fè temwayaj epi te di: “Mwen wè Lespri a vin desann kon yon toutrèl ki soti nan syèl la epi Li te rete sou Li. 33 Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’ 34 Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se Fis Bondye a.”

  32. 9 Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne. 10 Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.

  33. 17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an.

  34. 6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!”

  35. 1 Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo.

    David, fis a Jesse a deklare,

    Mesye ki te leve anwo a deklare,

    Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la,

    Chantè dous Israël la,

    2 Nan mwen, Lespri SENYÈ a te pale,

    Pawòl pa Li te sou lang mwen.

  36. 31 Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.

  37. 10 Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, 11 pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.

    12 Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.

  38. 19 Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.

    20 Men konnen sa davans, ke nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive. 21 Paske okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.

  39. 6 Epi Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun. 7 Li va rive ke lè sign sa yo parèt sou ou, ou va fè pou kont ou sa ke okazyon an mande, paske Bondye avèk ou.

  40. 4 Se Lespri Bondye ki te fè m,

    e souf Toupwisan an ki ban m lavi.

  41. 16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li.

  42. 11 “Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.

  43. 34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, 35 men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm. 36 Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.

    37 “Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a; 38 sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.

  44. 13 Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te sele nan Li menm avèk Lespri Sen a pwomès la, 14 ki bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.

  45. 2 Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou. 4 Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa Li menm de nou an. 5 Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.

  46. 11 “Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di; 12 paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”

  47. 37 Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè! 38 Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’” 39 Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.

  48. 5 Lè yo te tande sa, yo te batize nan non Senyè a Jésus Kri. 6 Pandan Paul te poze men l sou yo, Lespri Sen an te vini sou yo, e yo te kòmanse pale avèk lang ak pwofetize.

  49. 18 “Lespri Senyè a sou Mwen,

    paske Li te onksyone M pou preche

    bòn nouvèl la a malere yo.

    Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,

    pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.

    19 Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”

    20 Li te fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li. 21 Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”

  50. 31 Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.

  51. 28 “Paske li te parèt bon pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: 29 pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”

  52. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  53. 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Gade, Mwen te rele Betsaléel pa non li, fis Uri a, nan tribi Juda. 3 Mwen te ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo, 4 pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz, 5 epi nan koupe pyè bijou pou monti, ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv.

    6 “Epi gade byen, Mwen menm te nonmen ansanm avèk li Oholiab, fis Ahisamach la, nan tribi Dan lan; epi osi nan kè tout moun ki ranpli avèk kapasite, Mwen te mete kapasite sa a, pou yo ta kapab fè tout sa ke M te kòmande ou yo:

  54. 10 Lè yo te rive la, nan kote ti mòn nan, yon gwoup pwofèt te rankontre li. Epi Lespri Bondye a te vini sou li avèk fòs, jiskaske li te pwofetize pami yo.

  55. 13 Konsa, Samuel te pran poban lwil la pou te onksyone li nan mitan frè li yo. Epi Lespri SENYÈ a te vini byen fò sou David depi jou sa a, ale nèt.

    Epi Samuel te leve pou te ale Rama. 14 Alò, Lespri SENYÈ a te vin kite Saül e yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a te teworize li.

  56. 21 Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”

  57. 8 Alò, Pierre ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, 9 Si nou parèt devan tribinal jodi a pou benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11 ‘Se Li menm ki wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’

    12 “Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”

  58. 28 Li va vin rive apre sa,

    ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè.

    Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,

    e granmoun nou yo va fè vizyon yo.

    29 Menm sou sèvitè ak sèvant yo,

    mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.

    30 Mwen va montre mèvèy yo

    nan syèl la ak sou tè a:

    san, dife, ak gwo kolòn lafimen.

    31 Solèy la va vin tou nwa,

    e lalin nan tankou san

    devan gwo jou tèrib SENYÈ a.

    32 Epi li va vin rive ke nenpòt moun

    ki rele non SENYÈ a, li va delivre;

    paske nan Mòn Sion ak Jérusalem,

    va gen sila ki chape yo,

    jan SENYÈ a te di a,

    menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.

  59. 21 Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri, 22 e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”

  60. 5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la. 6 Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri. 7 Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’ 8 Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”

  61. 16 Men sa ki te pale pa pwofèt Joël la:

    17 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di:

    Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.

    Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,

    Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo,

    e granmoun nou yo va fè rèv.

    18 Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason,

    nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen,

    e yo va pwofetize.

  62. 15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,

  63. 27 Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.

  64. 9 Alò, Josué, fis a Nun nan, te ranpli avèk lespri sajès la, paske Moïse te poze men l sou li. Pou sa, fis Israël yo te koute li e te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.

  65. 20  Ou te bay bon lespri pa Ou pou enstwi yo. Lamàn Ou, Ou pa t refize fè antre nan bouch yo. Ou te bay yo dlo pou lè yo te swaf.

  66. 1 “Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an;

    sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a.

    Mwen te mete Lespri M sou Li.

    Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.

  67. 21 “Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”

  68. 10 Nan menm moman ke Li te sòti nan dlo a, Li te wè syèl la vin louvri, e Lespri a kon yon toutrèl te vin desann sou Li.

  69. 25 Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li. 26 Li te revele a li menm ke li pa t ap wè lanmò avan ke li te wè Kris a Senyè a. 27 Konsa, li te nan Lespri a lè l te antre nan tanp lan nan menm lè paran Jésus yo te pote pitit la, pou akonpli pou Li koutim Lalwa a. 28 Epi li te ranmase li nan bwa li. Li te beni Bondye, e te di:

    29 “Koulye a Senyè, W ap kite sèvitè Ou a

    pati anpè selon pawòl Ou.

    30 Paske zye m gen tan wè delivrans Ou,

    31 ke ou prepare devan tout nasyon yo;

    32 “yon limyè revelasyon pou payen yo,

    epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”

  70. 29 Alò Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.

  71. 10 Lespri SENYÈ a te vini sou li pou li te jije Israël lè li te sòti pou fè lagè. SENYÈ a te livre Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie an, nan men l, e li te vin genyen sou Cuschan-Rischeathaïm.

  72. 1 Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila ki chwazi davans yo, 2 selon konesans davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.

  73. 16 Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou?

  74. 35 Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye.

  75. 33 “Konsa, akoz Li te leve wo rive kote men dwat Bondye, e te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te fè vide sa ke nou wè, ak tande a.

  76. 8 Men kanta mwen menm,

    mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a,

    ak jistis ak kouraj Li,

    pou fè Jacob konnen zak rebelyon li an;

    menm a Israël, peche pa l la.

  77. 45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48 Nou menm se temwen a bagay sa yo. 49 Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”

  78. 34 Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Paske Li bay Lespri a san mezi.

  79. 63 “Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.

  80. 3 Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a. 4 Men nou menm nou va dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”

    5 Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche.

  81. 6 Se Sila ki vini pa dlo ak san an, Jésus Kri; pa sèlman avèk dlo, men avèk dlo ak san. Se Lespri ki pote temwayaj la, akoz se Lespri a ki verite. 7 Paske gen twa ki bay temwayaj; 8 Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo an akò kon yon sèl.

    9 Si nou resevwa temwayaj a lòm, temwayaj Bondye a pi gran. Paske temwayaj Bondye a se sa; ke Li te pote temwayaj konsènan Fis Li a. 10 Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwayaj nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye a te fè L vin yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwayaj ke Bondye pote konsènan Fis Li a.

  82. 3 Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. 4 Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”

  83. 14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.

  84. 14 Jésus te retounen Galilée anba pouvwa Lespri a. Nouvèl Li te gaye toupatou nan tout andwa ki antoure distri yo. 15 Li te kòmanse enstwi nan sinagòg yo, e te resevwa lwanj a tout moun.

  85. 18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

  86. 16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  87. 7 Konsa, jan Lespri Sen an di a:

    “Jodi a, si nou tande vwa Li,

    8 pa fè tèt nou di, jan lè yo te fè M fache a,

    pandan jou tribilasyon yo nan dezè a,

    9 kote Papa nou yo te fè eprèv mwen nan

    tante Mwen, e te vin wè zèv Mwen yo

    pandan karant ane.

    10 Konsa, Mwen te fache avèk jenerasyon sila a,

    e M te di:

    ‘Yo toujou vin egare nan kè yo;

    e yo pa t konnen chemen Mwen yo’.

    11 Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an,

    ‘Yo p ap antre nan repo Mwen’.

  88. 14 Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.

    15 Epi Lespri Sen an temwaye osi a nou menm. Paske apre Li te di:

    16 “Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo

    apre jou sa yo, di Senyè a;

    Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo,

    e nan panse yo, Mwen va ekri yo.”

    Li di answit:

    17 “Epi peche ak inikite yo,

    Mwen p ap sonje yo ankò.”

  89. 18 ke yo t ap di a nou ke “Nan dènye tan yo, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.” 19 Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun k ap reflechi kon lemonn, ki san Lespri a.

    20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.

  90. 7 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.

  91. 38 Alò, Farawon te di a sèvitè li yo: “Èske nou kapab twouve yon lòt moun konsa, nan sila a ki gen Lespri Bondye?”

    39 Epi Farawon te di a Joseph: “Akoz Bondye te fè ou konprann tout sa, nanpwen okenn lòt moun ki gen konprann ak sajès tankou ou menm.

  92. 25 Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe. 26 Si se Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe? 27 Epi si Mwen menm pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou. 28 Men si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou. 29 Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.

  93. 14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.

  94. 24 Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.

  95. 3 Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.”

  96. 6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:

    pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.

  97. 16 Vin toupre Mwen, koute sa:

    “Depi nan kòmansman, Mwen pa t pale an sekrè;

    depi tan sa te rive a, Mwen te la.”

    Epi koulye a Senyè BONDYE a te voye Mwen ak Lespri Li.

    17 Konsa pale SENYÈ a,

    Redanmtè ou a,

    Sila Ki Sen an Israël la:

    “Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi,

    ki mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.

  98. 11 “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife. 12 Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”

  99. 15 Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l.

    Anpil moun te swiv Li, e Li te geri yo tout.

    16 Epi Li te pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:

    18 “Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a;

    byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an.

    M ap mete lespri Mwen sou Li,

    e Li va pwoklame jistis a payen yo.

  100. 16 Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife. 17 Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk dife ki pa kapab etenn.”

  101. 21 Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”

    22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.

    23 “Si nou padone peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padone. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”

  102. 18 Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, 19 nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la. 20 Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun,

  103. 3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.

  104. 21 Koulye a, Sila ki etabli nou avèk ou menm an Kris la, epi ki te onksyone nou an, se Bondye. 22 Se Li ki te mete so Li sou nou e te bannou Lespri a nan kè nou kòm yon pwomès.

  105. 13 Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.