89 Bible Verses About Encouraging Others

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Encouraging Others
  1. 11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.

  2. 11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.

    12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.

    Viv nan lapè avèk youn lòt.

    14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun. 15 Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.

  3. 23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.

    24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.

  4. 1 Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. 2 Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. 3 Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.”

  5. 19 Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt. 20 Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun. 21 Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite.

  6. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.

  7. 3 Men yon moun ki pwofetize pale ak moun pou fè yo konprann plis, pou egzòte yo, e pou konsole yo.

    4 Sila ki pale an lang lan, edifye tèt li, men sila ki pwofetize a edifye legliz la.

    5 Alò, mwen ta kontan si nou tout te pale an lang men menm plis, ke nou tout ta pwofetize. Paske pi gran an se sila ki pwofetize a, pase sila ki pale an lang lan, amwenske li entèprete, pou legliz la kapab vin edifye.

  8. 13 Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.

  9. 11 Paske mwen anvi wè nou pou m kapab bannou kèk don Lespri a, pou nou kapab byen etabli. 12 Sa vle di, pou mwen menm kapab ankouraje ansanm avèk nou pandan mwen pami nou, nou chak pa lafwa a lòt, lafwa pa nou ak lafwa pa m tou.

  10. 32 “Epi koulye a, mwen rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.

  11. 13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.

    15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.

    16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.

    18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

  12. 23 Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye. 24 Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou.

  13. 12 Alò, nou menm osi, paske nou gen zèl pou don Lespri yo, toujou chèche ranpli ak yo pou edifikasyon legliz la.

  14. 26 Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.

    27 Si yon moun pale an lang, li ta dwe pa plis ke de moun, o menm twa. Fòk li an lòd, youn apre lòt, e yon moun dweentèprete.

    28 Men si pa gen entèprèt, li dwe rete an silans nan legliz la, e kite li pale ak tèt li e ak Bondye.

    29 Kite de oubyen twa pwofèt pale, e kite lòt yo jije sa.

    30 Men si yon revelasyon vin fèt a yon moun ki chita, premye a dwe fè silans.

  15. 19 Èske ou kwè ke n ap sèlman fè eskiz pwòp tèt nou devan nou menm. Anverite se te devan zye Bondye ke nou pale an Kris la. Men nou fè tout sa pou edifikasyon nou, byeneme yo.

  16. 31 Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.

  17. 10 Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.

  18. 3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.

  19. 2 Lagras avèk nou ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.

    3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la.

  20. 20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.

  21. 4 Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.

  22. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

  23. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  24. 32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun. 33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.

    36 Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an 37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.

  25. 21 Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche. 22 La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”

  26. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  27. 33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  28. 22 Nouvèl yo te rive nan zòrèy a legliz la nan Jérusalem, e yo te voye Barnabas Antioche.

    23 Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.

  29. 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.

  30. 6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. 7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.

  31. 4 Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo 5 paske mwen tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo. 6 Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la. 7 Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.

  32. 3 Ankouraje men ki pèdi fòs,

    e ranfòse jenou ki fèb la.

    4 Pale a sila ki gen kè twouble yo,

    “Pran kouraj!

    Pa pè!

    Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans.

    Rekonpans Li an va rive.

    Li va vini, e Li va sove nou.”

  33. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

    11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo

    va vin wont e dezonore.

    Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo va peri.

    12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,

    men ou p ap jwenn yo.

    Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo p ap egziste ankò.

  34. 25 Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.

    27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

  35. 58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.

  36. 19 Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a, 20 ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm wòch la ki fòme ang prensipal la. 21 Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni yon tanp ki sen nan Senyè a. 22 Nan Li menm, nou osi ap vin bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.

  37. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

  38. 1 Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: 2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.

  39. 8 Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”

  40. 6 Chak moun ap ede vwazen li.

    Yo di a frè yo: “Pran kouraj!”

    7 Konsa, bòs atizan an ankouraje bòs fonn metal la.

    Sila ki fè metal vin poli ak mato a

    ankouraje sila k ap bat fè a.

    Li di a sila k ap soude a: “Li bon”.

    Li kloure li ak klou pou l rete nan plas li.

  41. 5 Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: 6 Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.

    7 Konsa aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a.

  42. 9 Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12 Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. 13 Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.

  43. 8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”

  44. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  45. Yon Sòm pou monte vè tanp lan

    1 Mwen leve zye m vè mòn yo.

    Se kibò sekou mwen va sòti?

    2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,

    ki te fè syèl la ak tè a.

  46. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  47. 36 Apre kèk tan, Paul te di Barnabas: “Annou retounen pou vizite chak vil kote nou te pwoklame pawòl Senyè a pou nou wè kijan yo ye.”

    37 Barnabas te vle pran Jean Marc pou ale avèk yo tou.

    38 Men Paul te ensiste ke yo pa ta dwe pran li ki te abandone yo nan Pamphylie, e pa t akonpanye yo nan travay la.

    39 Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou Chypre.

    40 Men Paul te chwazi Silas e te pati. Frè yo te remèt li nan gras Senyè a. 41 Li te vwayaje travèse Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo.

  48. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

    4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

  49. 4 Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.

    5 Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.

  50. 3 Gade byen, ou te enstwi anpil lòt moun;

    ou te ranfòse menm fèb yo.

    4 Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe,

    e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.

  51. 4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  52. 24 Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj,

    nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.

  53. Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson

    1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,

    yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.

    2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè

    ta chanje e malgre mòn yo

    ta chape antre nan fon lanmè.

    3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,

    malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan

  54. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  55. 25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;

    men yon bon pawòl fè l leve.

  56. 13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.

  57. 7 Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun.

  58. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  59. 1 Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan Athènes sèl. 2 Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou, 3 pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke nou te destine pou sa.

  60. 15 Konsa, frè m yo, kanpe fèm e kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.

    16 Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17 rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.

  61. 7 Ou se kote ke m konn kache a.

    Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.

    Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.

    8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen

    nan sila ou dwe ale a.

    Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.

  62. 24 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;

    dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.

  63. 17 Aprann fè sa ki bon;

    chache lajistis,

    fè sekou oprime yo,

    defann òfelen yo,

    plede ka a vèv la.

  64. 1 “Konsole, O konsole pèp Mwen an,”

    pale Bondye ou an.

    2 “Pale ak dousè ak Jérusalem.

    Rele a li menm, ke konfli li fini an,

    ke inikite li retire a,

    ke li te resevwa nan men SENYÈ a

    doub pou tout peche li yo.”

  65. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou.

  66. 16 Answit, sila ki te gen lakrent SENYÈ yo te pale a youn lòt; konsa, SENYÈ a te prete zòrèy Li. Li te tande yo, e yon liv souvni te ekri devan Li pou sila ki te gen lakrent SENYÈ yo, e ki te bay gwo respè a non Li yo. 17 “Konsa, yo va vin pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.” 18 Konsa, nou va retounen pou nou byen konprann diferans lan antre ladwati ak mal, antre sila k ap sèvi Bondye, ak sila ki p ap sèvi Li.

  67. 6 “Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye. 7 Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.

  68. 22 Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo. 23 Yo te voye lèt sa a avèk yo:

    “Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.

    24 “Akoz ke nou tande ke kèk nan nou ki pa t resevwa enstriksyon de nou menm, ap twouble nou avèk pawòl k ap boulvèse nanm nou, 25 li te sanble bon pou nou, akoz nou tout te vin dakò ansanm, pou chwazi kèk mesye pou voye kote nou avèk byeneme nou yo, Barnabas ak Paul. 26 Se mesye yo ki riske lavi yo pou non a Senyè nou an, Jésus Kri.

    27 “Konsa, nou voye Jude ak Silas ki yo menm va osi bay rapò a menm bagay sila yo pa pawòl nan bouch yo.

    28 “Paske li te parèt bon pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: 29 pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”

    30 Donk, lè yo te voye yo ale, yo te desann Antioche. Yo te rasanble tout asanble a ansanm pou te livre lèt la. 31 Lè yo te li li, yo te rejwi yo akoz ankourajman li te bay. 32 Jude ak Silas, ki te pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long.

    33 Apre yo fin pase tan la a, frè yo te voye yo anpè, pou retounen kote sila ki te voye yo. 34 Men li te sanble bon pou Silas pou l te rete la.

    35 Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou preche e enstwi pawòl Senyè a.

  69. 31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis.

  70. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.

  71. 13 Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.

  72. 16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.

  73. 12 Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la. 13 Paske anprizonman mwen pou koz a Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo. 14 Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.

  74. 9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.

  75. 10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.

    12 Avèk èd Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vre gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann!

  76. 11 Chache SENYÈ a avèk fòs Li.

    Chache figi Li san rete.

  77. 22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.

    Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.

  78. 17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,

    epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo.

    Wi, konfime zèv men nou yo.

  79. 28 Nanm mwen ap kriye akoz doulè.

    Ban m fòs selon pawòl Ou a.

  80. 2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

  81. 40 Yo te kite prizon an e te antre lakay Lydie. Lè yo te wè frè yo, yo te ankouraje yo, e yo te pati.

  82. 27 Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo. 28 Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre atravè Ekriti Sen yo ke Jésus se te Kris la.

  83. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  84. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  85. 14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.

    20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

  86. 3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.

  87. 15 Pale, egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.

  88. 13 Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo bebe toujou. 14 Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.

  89. 12 Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, 13 epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.