90 Bible Verses About Worshiping God

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Worshiping God
  1. 21 Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.

    23 “Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vre adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L. 24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”

  2. 1 O vini, annou chante a SENYÈ a!

    Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

    2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

    Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

    3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e

    yon gran wa pi wo ke tout dye yo.

    4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a.

    Pwent mòn yo osi se pou Li.

    5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l.

    Ak men L, Li te fòme tè sèch la.

    6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.

    Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.

    7 Paske se Li menm ki Bondye nou an.

    Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.

    Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,

  3. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.

  4. Yon Sòm Remèsiman an

    1  Rele fò a SENYÈ tout latè a!

    2  Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!

    Vini devan Li avèk chan lajwa.

    3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.

    Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye.

    Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.

    4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

    e nan lakou Li yo avèk lwanj.

    Ba Li remèsiman!

    Beni non Li!

  5. Yon sòm David

    1 Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,

    bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.

    2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.

    Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen.

  6. 8 Bay a SENYÈ a glwa a non Li.

    Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.

    9 Adore SENYÈ a nan abiman ki sen.

    Tranble devan L, tout latè a.

  7. 8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”

    9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

  8. 14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  9. 28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29 Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.

  10. 15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

    16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

  11. 5 Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni. 6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl dè syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.

  12. 29 Bay a SENYÈ a glwa ke non Li dwe genyen an.

    Pote lofrann yo vini devan L.

    Adore SENYÈ a avèk tout bagay sen yo.

  13. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.

  14. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

  15. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.

  16. 9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”

    11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”

  17. 8 Alò, Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.

    9 Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de liv sa a. Olye sa, adore Bondye.”

  18. 9 Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:

    “Dign se Ou menm pou pran liv la,

    e kase so li yo.

    Paske Ou te touye,

    e Ou te achte pou Bondye avèk

    san Ou;

    lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.

    10 Ou te fè nou vin wa ak prèt yo

    a Bondye nou an;

    epi nou va renye sou tè a.”

    11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”

    13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”

    14 Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.

  19. 7 SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.”

    Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.

    8 Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel. Li te monte tant li, avèk Béthel nan lwès, ak Aï nan lès. La li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a.

  20. 1 Bondye te pale tout pawòl sa yo e te di: 2 “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.

    3 “Ou pa pou gen lòt dye devan M.

    4 “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.

    5 “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.

  21. 1 Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè.

    2 Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.

    3 Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di:

    ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwòch Mwen yo,

    e devan tout pèp la Mwen va onore.’”

    Konsa, Aaron te gade silans.

  22. 1 Alò, nan venn-katriyèm jou nan mwa sa a, fis Israël yo te rasanble fè jèn abiye ak twal sak ak tè yo mete sou yo. 2 Desandan Israël yo te separe yo soti nan tout etranje yo, e te kanpe pou konfese peche pa yo avèk inikite a papa zansèt yo. 3 Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.

  23. Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a.

    1 O Bondye, Ou se Bondye mwen.

    Mwen va chache Ou ak tout kè m.

    Nanm mwen swaf pou Ou.

    Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.

    2 Konsa, mwen te wè Ou nan sanktyè a,

    ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.

    3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,

    lèv mwen va louwe Ou.

    4 Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv.

    Mwen va leve men m nan non Ou.

  24. 13 Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè, 14 pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”

  25. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.

    43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.

    44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.

    Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

  26. 7 Nou menm ipokrit; anverite, Ésaïe te bay pwofesi sou nou lè l te di:

    8 Pèp sa a onore M avèk lèv yo,

    men kè yo byen lwen Mwen.

    9 An ven yo adore M;

    lè yo enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.

  27. 8 Jésus te reponn. Li te di l konsa: “Sa ekri ‘Ou va adore Senyè a Bondye ou a, e sèvi Li menm sèlman.’”

  28. 29 Alò, Moïse avèk Aaron te ale e te reyini tout ansyen nan fis Israël yo. 30 Konsa, Aaron te pale tout mo ke SENYÈ a te pale bay Moïse yo. Epi li te fè tout sign yo devan zye a pèp la. 31 Alò pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li.

  29. 31 Kite syèl yo kontan e

    kite lemond rejwi:

    32 Kite lanmè a fè gwo bwi,

    avèk tout sa ki ladann!

    Kite chan an ranpli ak jwa,

    ak tout sa ki ladann!

    33 Konsa, tout bwa forè yo

    va chante avèk jwa devan SENYÈ a.

    Paske L ap vini pou jije latè.

    34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

    paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

    35 Di: “Sove nou,

    O Bondye a delivrans nou an!

    Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo,

    pou bay remèsiman a non sen pa W la,

    pou nou triyonfe nan lwanj Ou.”

    36 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

    Pou letènite, jis rive nan letènite a.

    Tout pèp la te di: “Amen” e te louwe SENYÈ a.

  30. 3 Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di:

    “Konsa Li bon,

    paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”

  31. 22 Mwen va pale non Ou a frè m yo.

    Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.

    23 Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li.

    Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa!

    Kanpe byen sezi devan L,

    nou tout, desandan Israël yo.

  32. Pou direktè koral la; yon chan, yon Sòm

    1  Rele fò ak lajwa a Bondye, tout latè a!

    2 Chante glwa a non Li!

    Ranpli lwanj Li ak laglwa!

    3 Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”!

    Akoz grandè a pwisans Ou, menm,

    lènmi Ou yo va soumèt a Ou.

    4  Tout latè va fè adorasyon a Ou menm.

    Li va chante lwanj Ou.

    Tout va chante lwanj a non Ou; Tan

  33. 24 Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo nan chèn.

    25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.

    26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.

  34. 14 Paske nou pa pou adore okenn lòt dye, paske SENYÈ a, ak yon non ke yo rele Jalou, se yon Dye ki jalou.

  35. Yon chan lwanj pa David

    1 Mwen va leve Ou wo,

    O Bondye mwen, O Wa a.

    Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.

    2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen

    va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.

    3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.

    Grandè Li pa kab fin sonde menm.

    4 Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.

    Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.

  36. 3 Louwe Li ak son twonpèt la!

    Louwe Li ak ap avèk gita!

    4 Louwe Li ak tanbouren ak dans!

    Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!

    5 Louwe Li ak senbal byen fò!

    Louwe Li ak senbal k ap retanti!

    6 Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a!

  37. 8 Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo. 9 Li te di Li: “Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”

    10 Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.

  38. 52 Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa. 53 Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.

  39. 1 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf!

    Chante a SENYÈ a tout latè a.

    2 Chante a SENYÈ a!

    Beni non Li!

    Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.

    3 Pale glwa Li pami nasyon yo,

    zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

    4 Paske gran se SENYÈ a!

    Li merite gran lwanj.

    Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.

    5 Paske tout dye a pèp yo se zidòl,

    men SENYÈ a te fè syèl yo.

    6  Tout bèlte ak majeste devan L.

    Pwisans ak bèlte rete nan sanktyè Li a.

  40. 10 Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te konn fè oparavan an.

  41. 3 Paske nou menm se vre sikonsizyon an, ki adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè.

  42. 3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:

    “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,

    O Senyè, Bondye Toupwisan an!

    Jis e vrè, se chemen Ou yo,

    Wa a nasyon yo.

    4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,

    epi bay glwa a non Ou?

    Paske se Ou sèl ki sen.

    Paske tout nasyon yo va vini

    pou adore devan Ou.

    Paske zèv ladwati Ou yo,

    Ou gen tan revele.”

  43. 20 Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore. 21 Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.”

  44. 8 Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè,

    ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.

    9  Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou

    adore devan Ou, O Senyè,

    e yo va bay non Ou glwa.

    10 Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye.

    Se Ou sèl ki Bondye.

  45. 5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an!

    Adore nan machpye twòn Li an.

    Se sen ke Li ye.

  46. 6 Li te reponn yo: “Byen jis Ésaïe te fè pwofesi sou nou kon ipokrit, lè li te ekri: ‘Pèp sa bay Mwen lonè avèk lèv yo, men kè yo lwen Mwen. 7 Men anven yo adore Mwen lè y ap enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.’

  47. 9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.

  48. 4 Konsa, venn-kat ansyen yo ak kat kreyati vivan yo a te tonbe pou adore Bondye ki chita sou twòn nan e t ap di: “Amen, Alelouya!”

    5 Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”

    6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye. 7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.”

  49. 20 Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse. 21 Marie te reponn yo:

    “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo.

    Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”

  50. 27 Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la. 28 Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.

    29 Alò, nan fen tout ofrann brile yo, wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon. 30 Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.

  51. Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.

    1 Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan.

    Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.

    2 Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a.

    Enb yo va tande l, e yo va rejwi.

    3 O leve SENYÈ a byen wo avè m.

    Annou leve non L wo ansanm.

  52. 3 Kite yo louwe non Li avèk dans!

    Kite yo chante lwanj a Li

    avèk tanbouren ak gita.

  53. 20 Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a. 21 Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e yon lòt sou. 22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.

    23 Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an. 24 Lè L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: “Pran, manje. Sa se kò Mwen ki kase pou nou. Fè sa nan memwa a Mwen menm.” 25 Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.” 26 Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a jiskaske Li vini.

    27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va koupab de kò ak san Senyè a. 28 Men yon moun dwe egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la.

  54. 6 Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.

    7 Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”

  55. 9 Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vre pawòl a Bondye.”

    10 Answit, mwen te tonbe nan pye li pou adore li. Men li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy ak ou, e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a. Adore Bondye, paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”

  56. 9 Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse.

    10 Lè tout pèp la te wè pilye a nwaj la ki te kanpe nan antre tant lan, tout pèp la te leve adore, chak moun depi nan antre a tant pa li a.

  57. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  58. 22 Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo.

  59. Pou direktè koral la; Yon sòm David

    1 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;

    Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.

    2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;

    Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.

  60. 11 Ou te chanje doulè mwen, e

    sa te fè m vin danse ak lajwa;

    Ou te demare rad twal sak mwen an,

    e te mare senti m avèk kè kontan.

    12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans.

    O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va

    bay Ou glwa pou tout tan, nèt.

  61. 4 Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a,

    Bondye lajwa m ki depase limit lan.

    Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,

    O Bondye, Bondye mwen an.

  62. Yon Sòm David

    1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

  63. 16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

  64. 12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.

  65. 15 Lè Gédéon te tande afè rèv la ak entèpretasyon li, li te bese an adorasyon. Li te retounen nan kan Israël la, e li te di: “Leve, paske SENYÈ a gen tan mete kan Madian an nan men nou.”

  66. 11 Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole divizyon sèvis pa yo), 12 epi tout chantè Levit yo, Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a lotèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap soufle twonpèt yo, 13 ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di:

    “Paske Li bon,

    lanmou dous Li a dire pou tout tan!”

    Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj, 14 jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a.

  67. 15 Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a. 16 Paske koulye a, Mwen gen tan chwazi e konsakre kay sila a pou non Mwen kapab la jis pou tout tan. Zye Mwen ak kè Mwen va la pou tout tan.

  68. 5 Esdras te ouvri liv la devan zye tout pèp la, paske li te kanpe pi wo ke tout pèp la. Lè li te ouvri li, tout pèp la te kanpe. 6 Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a.

    Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè.

  69. 25 Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti

    nan gran asanble a;

    Mwen va akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.

    26 Aflije yo va manje e va satisfè.

    Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a.

    Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!

    27 Tout ekstremite tè a nèt va sonje.

    Yo va vire bò kote SENYÈ a.

    Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va

    adore devan Ou.

    28 Paske wayòm nan se pou SENYÈ a,

    e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.

  70. 3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?

    Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?

    4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,

    ki pa leve nanm li vè sa ki fo,

    ni ki pa fè fo temwayaj.

    5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,

    ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.

    6 Sa se jenerasyon a sila k ap chache Li yo,

    k ap chache figi Ou—menm Jacob. Tan

  71. 1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!

    Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.

    2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.

    Pale sou tout mèvèy Li yo.

    3 Bay non Li glwa!

    Kite kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.

    4 Chache SENYÈ a ak fòs Li.

    Chache fas Li san rete.

    5 Sonje mèvèy ke Li te fè yo,

    mirak Li yo avèk jijman ke bouch Li te pale yo.

    6 O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la,

    sila ke Li te chwazi yo!

  72. 1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.

  73. 6 “Anplis, etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a,

    pou sèvi Li,

    pou renmen non a SENYÈ a,

    pou vin sèvitè Li,

    yo tout ki pa derespekte Saba a,

    e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;

    7 menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an,

    e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an.

    Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an;

    paske kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”

  74. 28 Nebucadnetsar te pale. Li te di: “Beni se Bondye a Schadrac, Méschac ak Abed-Nego a, ki te voye zanj Li pou te delivre sèvitè Li yo ki te mete konfyans yo nan Li, ki te chanje lòd a wa a e ki te sede bay kò yo pou yo pa ta sèvi ni adore okenn lòt dye sof ke Bondye pa yo a.

  75. 5 Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.

  76. 10 Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la. 11 Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.

    12 Men anpil nan prèt yo avèk Levit yo avèk chèf lakay zansèt yo, ansyen granmoun ki te konn wè premye tanp lan, te kriye avèk yon gran vwa lè fondasyon a kay sila a te poze devan zye yo. Anpil nan yo te rele fò avèk jwa, 13 jiskaske pèp la pa t kab distenge antre son lajwa ak son kriye a pèp la, paske pèp la te rele ak gran vwa e son an te koute soti byen lwen.

  77. 2 Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a,

    e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;

    Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.

  78. 21 Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo,

    ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.

    22 Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal,

    Mwen p ap aksepte yo;

    ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a

    bèt gra nou yo.

    23 Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;

    Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.

    24 Men kite jistis koule desann tankou dlo,

    e ladwati tankou yon gwo larivyè,

  79. 6 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,

    e bese m ba devan Bondye anlè a?

    Èske mwen ta vini ak ofrann brile,

    ak ti bèf ki gen yon lane?

    7 Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo?

    Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?

    Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay

    pou zak rebelyon mwen yo?

    Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?

    8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  80. 16 Mwen te tande,

    e zantray mwen te tranble.

    Lèv mwen te tranble ak son vwa a.

    Pouriti a antre nan zo m,

    mwen te tranble sou plas,

    paske mwen oblije tann jou detrès la, byen kalm,

    tann pèp k ap leve a vin anvayi nou.

    17 Menmsi pye fig la pa ta fleri,

    ni pa gen fwi sou branch rezen yo,

    menmsi donn oliv la vin sispann,

    e chan yo pa pwodwi manje,

    menmsi bann mouton an ta koupe

    separe de pak la,

    e pa gen bèf nan pak la,

    18 mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a.

    Mwen va rejwi nan Bondye, sali mwen an.

    Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.

  81. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

    22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.

  82. 26 Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.

    27 Si yon moun pale an lang, li ta dwe pa plis ke de moun, o menm twa. Fòk li an lòd, youn apre lòt, e yon moun dweentèprete.

    28 Men si pa gen entèprèt, li dwe rete an silans nan legliz la, e kite li pale ak tèt li e ak Bondye.

    29 Kite de oubyen twa pwofèt pale, e kite lòt yo jije sa.

    30 Men si yon revelasyon vin fèt a yon moun ki chita, premye a dwe fè silans.

    31 Paske nou tout kapab pwofetize youn apre lòt, pou nou tout kapab konprann e nou tout kapab jwenn egzòtasyon.

    32 Konsa, lespri a pwofèt yo se sijè a pwofèt yo.

    33 Paske Bondye se pa yon Bondye ki mennen konfizyon, men lapè, tankou nan tout legliz a sen yo.

    34 Ke fanm yo rete an silans nan legliz la; paske yo pa pèmèt pou yo pale, men kite yo vin anba lòd, jan Lalwa anplis konn di a.

    35 Si yo dezire aprann yon bagay, kite yo mande pwòp mari yo lakay yo; paske se pa pwòp pou yon fanm pale nan legliz la.

    36 Ki sa a? Èske se nan nou menm pawòl Bondye a te sòti premyèman? Oubyen èske li vini a nou menm sèlman?

    37 Si yon moun panse ke li se yon pwofèt, oswa plen lespri, kite li rekonèt ke bagay ke mwen ekri a nou menm yo se kòmandman a Senyè a.

    38 Men si yon moun pa rekonèt sa, li menm, osi li p ap rekonèt.

    39 Konsa, frè m yo Se pou nou gen yon dezi sensè pou pwofetize, e pa anpeche moun pale an lang.

    40 Men tout bagay dwe fèt byen pwòp ak nan lòd.

  83. 25 Paske gran se SENYÈ a,

    e gran pou resevwa lwanj yo.

    Anplis, fòk nou gen lakrent Li

    plis pase tout lòt dye yo.

  84. 3 Sepandan, Ou sen;

    Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.

  85. Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo.

    1 Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a,

    nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.

  86. 9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.

    Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.

  87. 4 Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li!

    Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo:

    non l se SENYÈ a!

    Rejwi devan Li an!

    5 Yon papa pou òfelen yo

    e yon jij pou vèv yo,

    se Bondye nan lye sen Li an.

  88. 8 Bouch mwen plen avèk lwanj Ou

    ak glwa Ou tout lajounen.

  89. 1 Louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo!

    Louwe Li kote ki wo yo!

    2 Louwe Li, tout zanj Li yo.

    Louwe Li tout lame Li yo!

    3 Louwe Li, solèy ak lalin nan.

    Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!

    4 Louwe Li, pi wo syèl yo,

    ak dlo ki anwo syèl yo.

    5 Kite yo louwe non SENYÈ a,

    paske Li te pase lòd, e sa te fèt.

  90. 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.