34 Bible Verses About Confession

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Confession
  1. 13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. 14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a. 15 Konsa, priyè ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. 16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.

    Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay. 17 Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa. 18 Answit, li te priye ankò, epi syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.

    19 Frè m yo si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen, 20 fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.

  2. 6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.

    8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

    10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.

  3. 9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

  4. 2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,

    e nan lespri a sila ki pa gen manti a.

    3 Lè m te kenbe silans selon peche mwen,

    kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.

    4 Paske lajounen kon lannwit,

    men Ou te lou sou mwen.

    Fòs mwen te epwize vin bese

    tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan

    5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,

    e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.

    Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,

    epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.

    6 Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm,

    nan yon lè ke Ou toujou disponib.

    Anverite, nan gran flèv dlo yo,

    yo p ap kab rive kote Li ankò.

  5. 3 “Fè atansyon! Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l. 4 Epi si li peche kont nousèt fwa pa jou, e retounen vè nou sèt fwa pou di ‘Mwen repanti’, padone l.”

  6. 13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;

    men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.

    14 A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a!

    Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.

  7. Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.

    1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.

    Selon grandè a mizerikòd ou,

    efase transgresyon mwen yo.

    2 Lave m nèt de inikite mwen yo e

    netwaye m de peche mwen an.

    3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.

    Peche mwen yo devan m tout tan.

    4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,

    e te fè mal devan zye Ou.

    Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.

    5 Gade byen, mwen te fèt nan inikite,

    e se nan peche manman m te vin ansent mwen.

  8. 32 Pou sa, tout moun ki konfese M devan lòm, Mwen menm osi, M ap konfese l devan Papa m ki nan syèl la. 33 Men nenpòt moun ki renye m devan lòm, M ap renye l devan papa M ki nan syèl la.

  9. 18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo. 19 Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan.

  10. 5 Se konsa li va ye lè li vin koupab nan youn nan sa yo, ke li va konfese nan sa ke li te fè peche a.

  11. 40 “Si yo konfese inikite pa yo, ak inikite zansèt yo, nan enfidelite ke yo te komèt kont Mwen yo, ak jan yo aji avèk ostilite kont Mwen an— 41 Mwen te aji osi avèk ostilite kont yo, pou mennen yo nan peyi lènmi yo—oubyen si kè ensikonsi yo a ta vin imilye pou yo kapab, answit, aksepte pinisyon pou inikite yo a. 42 Nan lè sa a, Mwen va sonje akò Mwen avèk Jacob, Mwen va sonje osi akò Mwen avèk Isaac, ni akò Mwen avèk Abraham, e Mwen va sonje peyi a.

  12. 6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

    7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.

  13. 6 Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”

    7 Epi konsa, Li te leve ale lakay li. 8 Lè foul la te wè sa, yo te etone, e yo te bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.

  14. 20 “Lè li fin fè ekspiyasyon pou lye sen an, tant asanble a, ak lotèl la, li va ofri kabrit vivan an. 21 Alò, Aaron va poze de men li sou tèt kabrit vivan an, e li va konfese sou li tout inikite a fis Israël yo, tout transgresyon pa yo selon tout peche yo. Li va poze yo sou tèt kabrit la e li va voye li nan dezè a pa men yon moun ki prepare pou sa. 22 Kabrit la va pote sou li menm tout inikite pa yo pou rive nan yon peyi izole. Li va lage kabrit la nan dezè a.

  15. 11 Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.

    12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13 Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.

    14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

  16. 5 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 6 “Pale avèk fis Israël yo: ‘Lè yon nonm, oswa yon fanm fè yon lòt mal, aji avèk mank lafwa kont SENYÈ a, e moun sa a koupab, 7 alò, li va konfese peche ke li te fè yo; li va peye pou tò ke li te fè a, li va peye yon senkyèm nan valè donmaj la anplis, e li va bay sa a sila ke li te fè tò a.

  17. 17 “Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou. 18 Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. 19 Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’ 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.

    “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.

  18. 22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. 23 Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e mare nan inikite.”

    24 Men Simon te reponn e te di: “Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”

  19. 9 Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm. 10 Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò. 11 Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a.

  20. 24 Alò, Saül te di a Samuel: “Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo.

  21. 13 Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.”

    Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri.

  22. 1 Alò, nan venn-katriyèm jou nan mwa sa a, fis Israël yo te rasanble fè jèn abiye ak twal sak ak tè yo mete sou yo. 2 Desandan Israël yo te separe yo soti nan tout etranje yo, e te kanpe pou konfese peche pa yo avèk inikite a papa zansèt yo. 3 Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.

  23. 19 “Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; 20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè,

  24. 24 “Si pèp Ou a ta vin bat devan yon lènmi akoz peche ke yo konn fè kont Ou, e yo retounen kote Ou pou konfese non Ou; si yo priye devan Ou e fè siplikasyon devan Ou nan kay sa a, 25 alò, koute soti nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a, Israël. Mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay a yo menm avèk zansèt pa yo.

    26 “Lè syèl yo vin fèmen e nanpwen lapli akoz peche ke yo fè kont Ou, si yo fè lapriyè vè plas sa a e konfese non Ou, pou yo vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo; 27 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo selon bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, epi voye lapli sou tè ke Ou te bay a pèp Ou a kòm eritaj la.

  25. 15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a.

  26. 1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.

  27. 19 Epi Josué te di Acan: “Fis mwen, souple, bay glwa a SENYÈ a, Bondye a Israël la, epi konfese a Li menm. Di mwen koulye a sa ou te fè a. Pa kache li de mwen.”

  28. 1 Alò, pandan Esdras t ap priye e t ap fè konfesyon, t ap kriye e pwostène li devan lakay Bondye a, yon trè gran asanble, gason, fanm, ni timoun, te rasanble vè li soti an Israël; paske pèp yo te kriye byen anmè.

  29. 12 Se kilès ki kab rekonèt fot li?

    Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.

  30. 23 “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, 24 kite ofrann ou an la devan lotèl la e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.

  31. 12 Epi padone nou ofans nou yo

    menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.

  32. 19 M ap bay ou kle wayòm syèl la; nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”

  33. 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

    12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”

  34. 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.