23 Bible Verses About Summer

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Summer
  1. 22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”

  2. 5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an,

    se yon fis ki aji ak sajès;

    men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,

    fè gwo wont.

  3. 12 Men Bondye se Wa mwen depi nan tan ansyen yo.

    Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.

    13 Ou te divize lanmè a ak fòs kouraj Ou.

    Ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.

    14 Ou te kraze tèt Levyatan an.

    Ou te bay li kon manje pou bèt sovaj.

    15 Ou te fè pete sous ki koule dlo fre.

    Ou te seche gwo rivyè pwisan yo.

    16 Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou.

    Ou te prepare limyè a avèk solèy la.

    17 Ou te etabli tout lizyè latè yo.

    Ou te fè sezon ete ak sezon livè.

  4. 6 Ale kote foumi, o parese.

    Veye abitid li yo e vin saj!

    7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,

    8 konn prepare manje li nan gran sezon an

    e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.

  5. 32 “Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou. 33 Ou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, rekonèt ke Li pwòch, Li parèt menm nan pòt la.

  6. 18 Tristès Mwen depase gerizon;

    kè M fennen anndan m!

    19 Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an

    soti nan yon peyi byen lwen:

    “Èske SENYÈ a pa nan Sion?

    Èske wa li a pa nan li?”

    “Poukisa yo pwovoke fache Mwen ak imaj taye yo;

    ak zidòl etranje yo?”

    20 “Rekòlt la fin pase.

    Gran sezon an fini,

    e nou poko sove.”

    21 Akoz fi a pèp mwen an brize,

    mwen menm brize tou;

    mwen fè dèy konsi pou yon mò.

    Mwen kraze ba nèt.

    22 Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad?

    Èske nanpwen doktè la?

    Alò poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?

  7. 25 Foumi se pa yon pèp ki fò;

    men yo prepare manje yo nan gran sezon.

  8. 29 Answit Li te di yo yon parabòl: Veye byen pye figye frans lan, avèk tout pyebwa yo. 30 Depi yo pouse fèy, nou va wè sa, e nou vakonnen pou kont nou ke gran sezon chalè a toupre kounye a. 31 Menm jan an, nou menm tou, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke wayòm Bondye a toupre.

  9. 1 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, te gen yon panyen fwi gran sezon.

    2 Li te di: “Kisa ou wè, Amos?”

    Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.”

    Konsa, SENYÈ a te di mwen:

    “Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël.

    Mwen p ap pwoteje yo ankò.

    3 Kantik a tanp lan va tounen chan lamantasyon

    nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a.

    “Kadav yo va anpil.

    Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.

    4 Tande sa, nou menm k ap vale malere yo nèt,

    pou mete fen a tout pòv yo,

    5 k ap di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini

    pou nou ka vann sereyal la?

    Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a?

    N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo.

    Anplis, n ap twonpe ak balans malonèt,

    6 pou achte sila ki san sekou a pou lajan,

    ak malere a pou de grenn sapat.

    Menm balizaj ble a n ap vann!’”

  10. 1 Malè a mwen menm!

    Anverite, mwen tankou moun

    k ap ranmase fwi gran sezon,

    k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven.

    Pa gen grap rezen pou manje,

    ni yon grenn premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute.

  11. 1 Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt,

    se konsa respè pa merite rive sou yon moun ensanse.

  12. 15 Kay sezon livè a, Mwen va frape

    ansanm avèk kay sezon lete a.

    Kay livwa yo va vin peri,

    e gran mezon yo p ap la ankò,”

    di Senyè a.

  13. 28 “Alò, konprann parabòl de pye fig etranje a. Lè branch li vin vèt, e l ap pouse fèy, nou konnen ke gran sezon an prèt pou rive. 29 Menm jan an nou menm, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke Li menm Li prè, Li nan pòt la menm.

  14. 35 Epi fè a, ajil la, bronz ak ajan an te vin kraze nan menm moman an e te vin tankou pay ki sòti sou glasi vannen nan gran sezon. Konsa, van te pote yo ale jiskaske yo pa t menm jwenn tras yo. Men wòch ki te frape estati a te vin fè yon gwo mòn, e te ranpli tout latè.

  15. 4 Epi flè ki kanpe sou tèt vale fètil la, va vin pèdi bèlte li tankou premye fwi figye etranje ke yon moun wè avan gran sezon an. Yon moun jwenn li, epi lapoula, li vale l.

  16. 8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,

    ki lonje rasin li akote yon sous dlo.

    Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.

    Li p ap twouble nan ane sechrès la,

    ni sispann bay fwi.

  17. 6 Yo va lese atè ansanm pou zwazo mòn ki manje chè yo; pou bèt latè yo. Zwazo ki manje chè yo va pase tout gran sezon an nan manje yo, e tout bèt latè yo va manje yo nan sezon livè.

  18. 14 “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,

    li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;

    menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.

    15 Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin,

    kon flèv ravin ki vin sèch;

    16 ki vin sal tankou glas k ap fonn

    kote lanèj kon kache.

    17 Nan sezon sèch, yo pa la;

    lè li cho, yo disparèt sou plas yo.

  19. 4 Paske lajounen kon lannwit,

    men Ou te lou sou mwen.

    Fòs mwen te epwize vin bese

    tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan

  20. 4 Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen: “Mwen va gade soti nan kote ke M rete byen kalm la. Mwen va tankou gwo chalè nan plen solèy, tankou yon nwaj lawouze nan chalè rekòlt la.”

  21. 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.

  22. 10 Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase diven an, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.”

    11 Menm jan an osi, tout Jwif ki te Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziye sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an. 12 Epi tout Jwif yo te retounen soti tout kote ke yo te chase ale yo pou te vini nan peyi Juda, kote Guedalia nan Mitspa e te ranmase diven nan gran sezon an an gran kantite.

  23. 8 Li va rive nan jou sa a, kouran dlo yo va koule sòti Jérusalem; mwatye nan yo vè pati lès lanmè a, e lòt mwatye a vè pati lwès lanmè a. Li va konsa ni nan sezon ete ni nan sezon ivè.