33 Bible Verses About Retirement
Bib Sen An (BSA)
-
23 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 24 “Sa se lòd ki aplike pou Levit yo: soti nan laj venn-senkan e plis, yo va antre pou fè sèvis nan travay a Tant Asanble a. 25 Men nan laj a senkantan, yo va pran retrèt nan sèvis travay la. Yo p ap travay ankò. 26 Sepandan, yo va asiste frè yo nan Tant Asanble a, pou kenbe devwa yo, men yo pa pou travay yo menm. Konsa ou va aji avèk Levit yo konsènan devwa yo.”
-
12 Moun dwat la va fleri tankou palmis.
Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.
13 Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis.
Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.
14 Yo va bay fwi toujou lè yo vin vye.
Yo va plen ak dlo bwa vèt.
Y ap rete vèt nèt.
15 Konsa, yo deklare ke SENYÈ a toujou dwat.
Li se wòch mwen,
e nanpwen anyen ki pa dwat nan Li.
-
3 Koute Mwen, O lakay Jacob
ak tout retay lakay Israël la;
nou menm ki te pote menm depi nan nesans,
ki te pote depi nan vant.
4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,
e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou.
Mwen te fè, e Mwen va pote.
Mwen va pote, e Mwen va delivre.
5 A kilès nou ta fè Mwen sanble,
fè Mwen vin egal e konpare Mwen,
konsi nou te menm bagay?
-
31 Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa;
li jwenn nan chemen ladwati a.
-
31 Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.
32 “Pa krent, ti bann mouton an, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
-
1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo,
-
18 Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.”
19 Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a. 20 Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.”
21 Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan. 22 Men lè l parèt li pa t kapab pale avèk yo. Konsa, yo te vin konprann ke se te yon vizyon ke li te fè nan tanp lan. Li te kontinye fè sign bay yo, e te rete bèbè.
23 Lè jou a sèvis li kon prèt te fini, li te retounen lakay li. 24 Apre jou sa yo, Elizabeth te vin ansent. Li te kache pandan senk mwa, e te di: 25 “Se konsa ke Senyè a aji avè m nan jou ke Li te voye gras Li sou mwen, e Li te retire wont mwen pami lèzòm”.
-
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
-
16 Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo,
akmajeste Ou a pitit yo.
17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,
epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo.
Wi, konfime zèv men nou yo.
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.
-
31 Li te di yo: “Vini apa pou kont nou nan yon plas apa pou pran yon ti repo”. Paske anpil moun t ap antre, sòti, e yo pa t menm gen tan manje.
32 Yo te kite la nan yon kannòt pou ale nan yon plas apa pou kont yo.
-
16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
21 “Konsa se mesye a kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
-
23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
-
25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,
men mwen poko wè moun dwat ki abandone,
ni desandan li yo k ap mande pen.
-
5 Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,
Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.
6 Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt.
Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m.
Tout tan se Ou menm ke m louwe.
7 Mwen parèt kon yon mèvèy pou anpil moun,
men se Ou ki fò refij mwen.
8 Bouch mwen plen avèk lwanj Ou
ak glwa Ou tout lajounen.
9 Pa jete mwen akote nan tan vyeyès mwen.
Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli.
-
6 Ale kote foumi, o parese.
Veye abitid li yo e vin saj!
7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
8 konn prepare manje li nan gran sezon an
e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
-
22 Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li;
men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
-
20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan vale tout.
-
19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
-
3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.
-
10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo.
-
16 Mwen va vini ak zèv pwisan SENYÈ Bondye a.
Mwen va pale ladwati Ou, sèl de Ou menm.
17 O Bondye, Ou te enstwi mwen depi jenès mwen.
Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.
18 Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m,
jiskaske mwen fin deklare fòs Ou a jenerasyon sila a,
ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.
19 Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo.
Ou menm ki te fè gwo bagay yo.
O Bondye, se kilès ki tankou Ou menm?
-
1 Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen,
apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;
-
15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
24 Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.
-
2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9 Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
-
8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
-
11 Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye. 12 Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a. 13 An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.
14 Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch. 15 Paske kèk nan yo deja detounen pou swiv Satan.
-
17 Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo. 18 Paske Lekriti a di: “Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”
19 Pa resevwa yon akizasyon kont yon ansyen eksepte sou baz a de oswa twa temwen.
20 Sila ki kontinye nan peche yo repwoche yo nan prezans a tout moun, pou lòt yo tou kapab pè fè peche.
-
7 Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
Shows Read in context, Share and Copy.