85 Bible Verses About God Provides

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God Provides
  1. 25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?

    27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?

    “Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!

    31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

    34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

  2. 29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.

  3. 1 Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”

    2 Pawòl SENYÈ a te vini a li e te di: 3 “Kite andwa sila a, vire vè lès e kache akote flèv Kerith ki nan lès a Jourdain an. 4 Li va fèt ke ou va bwè nan flèv la e mwen te kòmande zwazo kòbo pou ba ou pwovizyon.” 5 Konsa, li te ale e te fè selon pawòl SENYÈ a; paske li te ale viv akote flèv Kerith la, ki te vè lès a Jourdain an. 6 Kòbo yo te mennen ba li pen avèk vyann, e nan aswè li ta bwè nan flèv la.

  4. 13 Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl

    e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.

    14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.

    Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.

    15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.

    Ou bay yo manje yo nan lè yo.

    16 Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi

    a tout sila k ap viv yo.

  5. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.

    26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.

    28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’

  6. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a. 20 Koulye a, a Bondye nou an ak Papa a, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

    21 Salye chak fidèl nan Kris Jésus a. Frè ki avè m yo salye nou. 22 Tout fidèl yo salye nou, sitou sila ki lakay César yo.

    23 Ke lagras Senyè a Jésus Kri kapab avèk nou tout. Amen

  7. 3 Li p ap kite pye ou chape.

    Sila ki kenbe Israël la p ap kabicha, ni dòmi.

    4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.

    5 SENYÈ a se gadyen ou.

    SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.

    6 Solèy p ap frape ou lajounen,

    ni lalin pandan lannwit.

    7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.

    Li va kenbe nanm ou.

    8 Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,

    depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

  8. 11 Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!”

    Li te reponn: “Men mwen isit la.”

    12 Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.”

    13 Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a. 14 Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”

  9. 11 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di: 12 “Mwen tande plent a fis Israël yo. Pale ak yo pou di: ‘Nan aswè avan li fènwa, nou va manje vyann, e nan maten, nou va vin plen avèk pen. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”

    13 Alò, li vin rive nan aswè ke zwazo kay yo te monte. Yo te kouvri tout kan an. Nan maten, te gen yon kouch lawouze ki te antoure kan an. 14 Lè kouch lawouze a te disparèt, gade, sou sifas dezè a, te gen yon bagay ki te sanble yon ti kal byen fen, ki sanble frechè lawouze sou tè a. 15 Lè fis Israël yo te wè li, yo te di a youn lòt: “Kisa sa ye?” Paske yo pa t konnen kisa li te ye.

    Epi Moïse te di yo: “Sa se pen ke SENYÈ a bannou pou nou manje. 16 Men sa ke SENYÈ a kòmande: ‘Chak moun ranmase ladann selon sa ke li va manje. Nou va pran yon omè pou chak, selon kantite moun chak nan nou genyen nan tant li.’”

    17 Fis Israël yo te fè sa, kèk te pran plis, e kèk te pran mwens. 18 Lè yo te mezire li avèk yon omè, sa ki te pran anpil yo pa t gen twòp, ni sa ki te pran piti yo pa t manke. Chak moun te ranmase sa ke li te dwe manje.

  10. 39 “Èske ou kab fè lachas pou bay lyon an manje,

    oswa satisfè apeti a jenn ti lyon yo,

    40 Lè yo kouche nan kav pa yo

    e kouche tann pèlen bò lakay yo?

    41 Se kilès ki prepare manje pou kòbo a

    lè pitit li rele kote Bondye e mache gaye grangou?

  11. 15 Lè li te vin fènwa, disip yo te vin di Li: “Plas sa a dezète, e lè a gen tan depase. Konsa, voye foul la ale pou yo kapab rive nan bouk yo pou achte kèk manje.”

    16 Men Jésus te di yo: “Yo pa bezwen ale. Nou menm, bay yo manje!”

    17 Yo te di Li: “Nou gen sèlman senk pen ak de grenn pwason.”

    18 Li te di: “Pote yo ban Mwen!” 19 Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la. 20 Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz panyen byen plen. 21 Te gen anviwon senk-mil gason ki te manje san konte fanm avèk timoun.

  12. 17 Men malgre sa Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”

  13. 42 Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”

    43 Asistan li an te di: “Kisa, èske mwen va mete sa a devan san moun?”

    Men li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje, paske se konsa SENYÈ a pale: ‘Yo va manje e va genyen ki rete.’”

    44 Konsa, li te mete li devan yo, yo te manje e te genyen ki te rete, selon pawòl SENYÈ a.

  14. 6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl dè syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.

  15. 9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,

    menm Pi Wo a, kote pou ou rete.

    10  Nanpwen mal k ap rive ou,

    Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.

    11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,

    pou veye ou nan tout chemen ou yo.

    12 Yo va leve ou byen wo nan men yo,

    pou ou pa frape pye ou kont wòch.

    13 Ou va pile sou lyon an ak koulèv la.

    Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.

  16. 27 Yo tout ap tann Ou pou bay yo manje nan lè yo.

    28 Ou bay yo, e yo ranmase li.

    Ou ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.

  17. 7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.

    Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,

    8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,

    ki founi lapli pou tè a,

    ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.

    9 Li bay bèt la manje li,

    ak jenn kòbo k ap kriye yo.

  18. 1 Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;

    epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.

    2 Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo.

    Yo te kontinye fè sakrifis bay Baal yo,

    e brile lansan bay zidòl yo.

    3 Malgre sa, se te Mwen

    ki te montre Éphraïm jan pou l mache.

    Nan bra M, Mwen te pran yo;

    men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.

    4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,

    ak lyann lanmou.

    Konsa, Mwen te vini pou yo

    kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.

    Mwen te bese mete manje devan yo.

  19. 24 “Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.

    25 “Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li? 26 Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?

  20. 3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.

  21. 10 Moun pa Ou yo te vin rete ladann.

    Ou te founi tout bonte Ou pou

    malere yo, O Bondye.

  22. 6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:

    “Li te gaye toupatou.

    Li te bay a malere yo.

    Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”

    10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.

  23. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.

    Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.

  24. 8 Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm.

  25. 5 Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou. 6 Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou dèzane sa yo, e gen senk ane toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt. 7 Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.

    8 “Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.

  26. 20 Pou nou menm, nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun.

  27. 1 Alò, tout asanble a fis Israël yo te vwayaje pazapa vè dezè Sin nan. Selon kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan nan Rephidim, men pa t gen dlo pou moun yo bwè. 2 Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.”

    Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”

    3 Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak bèt nou yo avèk swaf.”

    4 Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.”

    5 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pase devan pèp la, e pran avè w kèk nan ansyen Israël yo. Epi pran nan men ou baton ou avèk sila ou te frape Nil lan, e ale. Ou va frape wòch la, e dlo va sòti ladann, pou pèp la kapab bwè.” 6 Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo. 7 Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?”

  28. 1 Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe. 2 Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: “Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”

    3 Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la. 4 Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”

    5 Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!”

    6 Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò. 7 Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.”

    8 Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Horeb, mòn Bondye a.

  29. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

  30. 23 ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    24 epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

    25 ki bay manje a tout chè,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    26 Bay remèsiman a Bondye syèl la,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

  31. 26 Mwen va fè yo menm ak tout kote ki antoure kolin Mwen yo vin yon benediksyon. Epi Mwen va fè bèl lapli tonbe, e lapli sa a va yon lapli ki pote benediksyon. 27 Anplis, pyebwa nan chan yo va donnen fwi yo. Latè a va donnen pwodwi li, e yo va ansekirite nan peyi yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin kase fè jouk yo a, e delivre yo soti nan men a sila ki te fè yo esklav yo. 28 Yo p ap viktim a nasyon yo ankò, e bèt latè yo p ap devore yo ankò. Men yo va viv ansekirite e pèsòn p ap fè yo pè. 29 Mwen va etabli pou yo yon plantasyon ki plen rekonesans. Yo p ap viktim a gwo grangou ankò, ni yo p ap sipòte ensilt a nasyon yo ankò.

  32. 38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”

  33. 35 Li te di yo: “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.

  34. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.

  35. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  36. 20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.

    21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.

    22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”

  37. 15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”

  38. 31  Alò, te vin souleve yon van sòti nan SENYÈ a. Li te mennen zwazo kay sòti nan lanmè, e Li te kite yo tonbe akote kan an, anviwon distans de yon vwayaj yon jounen sou yon bò, e vwayaj a yon jounen de lòt bò a, toutotou kan an, epi plis oswa mwens de koude (twa pye) pwofondè sou sifas tè a.

    32 Pèp la te pase tout jounen, tout nwit lan, ak tout jou aprè a nan ranmase zòtolan. Sila ki te ranmase mwens lan, te ranmase dis omè (ven lit), e yo te poze yo gaye pou yo toupatou nan kan an.

  39. 7 “Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”

  40. 11 Men peyi kote nou prèt pou travèse pran an, yon peyi avèk ti mòn ak vale, k ap bwè dlo ki sòti nan lapli syèl la, 12 yon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, renmen anpil. Zye a SENYÈ a, Bondye nou an, toujou sou li, soti nan kòmansman jis rive nan fen ane a.

  41. 7 SENYÈ a fè pòv ak rich.

    Li abese e anplis, Li leve.

    8 Li leve malere sòti nan pousyè.

    Li leve sila ki nan bezwen an

    soti nan pil sann nan,

    pou yo chita avèk prens yo,

    e jwenn yon chèz donè kòm eritaj.

    Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye.

    Li te plase lemond sou yo.

  42. 9 L ap pwoteje pye a sen Li yo;

    men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la;

    paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.

  43. 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.

  44. 21 Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.”

  45. 6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,

    ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.

    O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.

  46. 28 Paske SENYÈ a renmen jistis,

    e li pa abandone fidèl li yo.

    Yo prezève pou tout tan,

    men mechan yo va vin koupe retire nèt.

  47. 9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e

    nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.

  48. 6 Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,

    nan syèl la oswa sou tè a,

    nan lanmè yo ak nan tout fon yo.

    7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.

    Ki fè rive loray avèk lapli yo,

    ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.

  49. 5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,

    sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,

    6 Ki te fè syèl la avèk tè a,

    lanmè ak tout sa ki ladann.

    Ki fidèl jis pou tout tan.

    7 Ki egzekite jistis pou oprime yo.

    Ki bay manje a moun grangou yo.

    SENYÈ a mete prizonye yo an libète.

    8 SENYÈ a ouvri zye a avèg yo.

    SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.

    SENYÈ a renmen moun ladwati yo.

    9 SENYÈ a pwoteje etranje yo.

    Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,

    men Li jennen wout mechan an.

  50. 4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray.

  51. 3 Mwen, SENYÈ a, se jeran li. Mwen wouze li tout tan. Pou pèsòn pa fè l donmaj, Mwen veye li lajounen kon lannwit.

  52. 5 Tankou zwazo k ap vole,

    se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem.

    Li va pwoteje li e delivre li.

    Li va pase sou sa pou sove li.

  53. 4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,

    e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou.

    Mwen te fè, e Mwen va pote.

    Mwen va pote, e Mwen va delivre.

  54. 43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

  55. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.

  56. 32 Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: “Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la.”

    33 Disip Li yo te mande L: “Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?”

    34 Jésus te mande yo: “Konbyen pen nou genyen”?

    Yo te di: “Sèt, avèk kèk ti pwason.”

    35 Li te kòmande foul la chita atè. 36 Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la. 37 Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran panyen byen plen. 38 Sila ki te manje yo te kat mil gason plis fanm avèk timoun.

  57. 12 Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: “Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole.”

    13 Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.” 14 (Paske te gen anviwon senk-mil moun.)

    Li te di a disip Li yo: “Fè yo chita nan gwoup de senkant chak.”

    15 Konsa yo te fè; yo te fè tout moun chita.

    16 Answit, Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni yo. Li te kase yo, e te lonje bay disip yo pou mete devan foul la.

    17 Yo te manje jis vant tout moun te plen. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz panyen byen ranpli.

  58. 6 “Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye. 7 Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.

  59. 29 “Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pakontinye enkyete nou. 30 Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo. 31 Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.

  60. 36 Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.

  61. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm 11 nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li, 12 afenke nou menm ki te premye espere nan Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.

  62. 17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.

  63. 24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.

  64. 10 “Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.

  65. 24 Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a;

    konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?

  66. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  67. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  68. 20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

  69. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  70. 3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. 4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.

  71. 17 Moun dwat kriye.

    SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.

    18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

    epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

    19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,

    men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.

    20 Li konsève tout zo li yo.

    Pa menm youn nan yo va kase.

  72. 9 Ou vizite tè a e fè li gen abondans.

    Ou anrichi li anpil.

    Flèv Bondye a plen ak dlo.

    Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou òganize l.

    10 Ou wouze tranch li yo an abondans.

    Ou fè do li vin poze.

    Ou fè l vin mou ak lapli an abondans;

    Ou beni kwasans plant li.

    11 Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou.

    Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.

    12  Patiraj nan dezè yo gen abondans,

    Epi kolin yo mare senti yo ak jwa.

    13 Chan yo abiye menm ak bann mouton.

    Vale yo fin ranpli ak sereyal.

    Yo rele fò ak lajwa!

    Konsa, yo chante.

  73. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm.

  74. 13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.

  75. 43 Konsa, SENYÈ a te bay Israël tout peyi ke Li te sèmante pou bay a zansèt pa yo, e yo te posede li pou viv ladann. 44 Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo. 45 Pa menm youn nan bon pwomès ke SENYÈ a te fè kay Israël la pa t manke akonpli. Yo tout te vin rive.

  76. 35 Anplis, Ou te ban mwen

    boukliye sali Ou e

    men dwat Ou te ban m soutyen.

    Se bonte Ou ki fè m gran.

  77. 5 Ou ranje yon tab devan mwen

    nan prezans lènmi mwen yo.

    Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.

    Tas mwen fin debòde nèt.

  78. 19 Men a la gran, bonte ke Ou

    te konsève pou sila ki krent Ou yo,

    ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!

  79. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  80. 9 Panse a lòm fè plan pou wout li;

    men SENYÈ a dirije pa li yo.

  81. 33 Tiraj osò fèt nan fon wòb;

    men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.

  82. 6 ‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo lapè ak verite an abondans. 7 Mwen va restore bonè a Juda ak bonè a Israël, e Mwen va rebati yo jan yo te ye o kòmansman an. 8 Mwen va netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te fè transgresyon kont Mwen yo. 9 Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M fè pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M fè pou li.’”

  83. 10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li.

  84. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  85. 18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi.