71 Bible Verses About God is Love

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God is Love
  1. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

    9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.

    10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

    11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.

    12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.

  2. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

    20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.

  3. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

  4. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

    11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.

  5. 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  6. 36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

    40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

  7. 7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.

    9 “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen. 10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.

    11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

  8. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile. 9 Paske nou konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 10 men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. 11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. 12 Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.

  9. 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.

  10. 34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”

  11. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  12. 43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  13. 14 Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.

    15 Nenpòt moun ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.

    16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

    19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondane nou, Bondye bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.

  14. 1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

    2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.

  15. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.

  16. 1 Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.

    2 Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

  17. 1 “Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a, 2 pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje.

    3 “O Israël, ou dwe koute e fè atansyon ak sa, pou sa kapab ale byen pou nou, e pou nou kapab miltipliye anpil, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo te pwomèt nou an, nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.

    4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou.

  18. 25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.

  19. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  20. 29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

    31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

    32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”

    34 Lè Jésus te wè ke li te reponn avèk bon konprann, Li te di li: “Ou pa lwen wayòm Bondye a”.

    Apre sa, pèsòn pa t tante poze Li okenn lòt kesyon.

  21. 21 “Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”

  22. 15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?”

    Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”

    16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”

    17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”

    E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”

    Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo. 18 Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”

  23. 3 SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di:

    “Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini.

    Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.

  24. 27 Paske Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen te sòti nan Papa a.

  25. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  26. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

  27. 1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.

  28. 13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.

  29. 18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.

  30. 9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,

  31. 15 Men Ou menm, O SENYÈ,

    Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

  32. 17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.

  33. 23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”.

  34. 22 Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl. 23 Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.

  35. 9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.

  36. 12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13 Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.

  37. 8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.

    9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.

  38. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.

  39. 5 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,

    fidelite Ou nan syèl la.

    6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,

    ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.

    O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.

    7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye!

    Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.

  40. 26 Bay remèsiman a Bondye syèl la,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

  41. 31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.

    32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.

    35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.

  42. 5 Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.

    6 Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean.

  43. 23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

  44. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.

  45. 14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.

    16 Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.

  46. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  47. 15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,

    pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?

    Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.

    16 Gade byen, Mwen te enskri ou nan pla men Mwen.

    Miray ou yo devan Mwen tout tan.

  48. 1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye.

  49. 24 “Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.

  50. 1 Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. 2 Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. 3 Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.”

  51. 8 Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.

    9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.

  52. 6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,

    e Li fwete tout fis ke L resevwa.”

    7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

    9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  53. 22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.

  54. 9 Sila ki di ke li nan limyè a, men rayi frè l, li nan tenèb la jiska prezan. 10 Sila ki renmen frè l la, li nan limyè a, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li. 11 Men sila ki rayi frè l la, li nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap prale, paske tenèb la fin fè l avèg.

  55. 33 “‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò. 34 Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  56. 12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.

  57. 12 Rayisman pwovoke konfli;

    men lanmou kouvri tout fot.

  58. 6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou,

    tankou yon so sou bra ou.

    Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.

    Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;

    lè l pete se tankou dife k ap pete.

    Vrèman se flanm SENYÈ a.

    7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,

    ni rivyè p ap ka inonde l.

    Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,

    sa ta konplètman meprize.

  59. 10 Paske mòn yo kapab deplase,

    e kolin yo ka disparèt,

    men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.

    Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”

    di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.

  60. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.

  61. 17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”

  62. 35 Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36 Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li. 37 Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen. 38 Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen.

  63. 26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.

  64. 42 Jésus te di yo: “Si Bondye te Papa nou, nou ta renmen M, paske Mwen sòti nan Li, e se nan Li ke M vini. Mwen pa vini pou kont Mwen, men se Li ki voye M.

  65. 26 E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lanmou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”

  66. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a.

  67. 9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou,

  68. 9 Men byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale.

    10 Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo.

  69. 8 Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.

  70. 3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.

  71. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.