53 Bible Verses About Loving Your Children

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Loving Your Children
  1. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

    4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  2. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

    18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.

    19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.

    20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.

    21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.

  3. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

    Fwi a vant la se yon rekonpans.

    4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  4. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

  5. 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

    40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

  6. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  7. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

    9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.

    10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

    11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.

    12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.

  8. 34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”

  9. 9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.

  10. 1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”

    2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.

    5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen. 6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.

  11. 41 Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.

    43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  12. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

  13. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

  14. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

    20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.

  15. 15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?”

    Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”

    16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”

    Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”

    17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

    Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”

    E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”

    Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo. 18 Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”

  16. 8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.

  17. 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a.

  18. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

  19. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

    19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:

  20. 12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.

  21. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.

  22. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

    9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,

    ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

  23. 29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

    31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

    32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”

    34 Lè Jésus te wè ke li te reponn avèk bon konprann, Li te di li: “Ou pa lwen wayòm Bondye a”.

    Apre sa, pèsòn pa t tante poze Li okenn lòt kesyon.

  24. 24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;

    men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.

  25. 35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”

    36 Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”

  26. 13 Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.

    14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo. 15 Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”

    16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.

  27. 6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,

    e Li fwete tout fis ke L resevwa.”

    7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

    9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  28. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

  29. 35 Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36 Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li. 37 Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen. 38 Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen.

  30. 13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

    14 Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”.

  31. 16 Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”

  32. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

  33. 1 Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.

    2 Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

  34. 15 Foli mare nan kè a yon timoun;

    baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.

  35. 13 Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a;

    pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.

  36. 31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.

    32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.

    35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.

  37. 26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.

  38. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  39. 37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  40. 13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.

    16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo.

  41. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  42. 25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li.

  43. 1 Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite.

    2 Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou an bòn sante a. 3 Paske mwen te tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwayaj a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.

  44. 2 Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,

    Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,

    pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.

  45. 6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,

    e glwa a fis yo se papa yo.

  46. 10 “Veye pou nou pa meprize youn nan timoun sa yo, paske Mwen di nou ke zanj yo nan syèl la toujou wè figi a Papa M ki nan syèl la.

  47. 7 Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a.

    Jésus te di l: “Ban M bwè”.

  48. 24 “Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.

  49. 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.

  50. 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.

  51. 1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.

  52. 7 Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m. 8 Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.

    9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.

  53. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9 Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.

    10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.