32 Bible Verses About Parenting

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Parenting
  1. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

    4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  2. 20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.

    21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.

  3. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

    Fwi a vant la se yon rekonpans.

    4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  4. 15 Baton ak repwòch bay sajès;

    men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.

    16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;

    men moun dwat yo va wè tonbe yo.

    17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;

    anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.

  5. 5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:

    “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,

    ni vin febli lè nou korije pa Li;

    6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,

    e Li fwete tout fis ke L resevwa.”

    7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

    9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  6. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  7. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  8. 24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;

    men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.

  9. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

    9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,

    ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

    10 Fis mwen an, si pechè yo vin tante ou, pa dakò.

    11 Si yo di: “Vini avèk nou, annou kouche yon pyèj pou san,

    annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;

    12 Annou vale yo vivan tankou Sejou mò yo,

    menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.

  10. 13 Pa ralanti disiplin sou yon timoun;

    malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.

    14 Ou va frape li ak baton

    pou delivre nanm li de sejou mò yo.

  11. 15 Foli mare nan kè a yon timoun;

    baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.

  12. 22 Koute papa ou ki te fè ou a,

    e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.

  13. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  14. 14 Sa fè pou yon twazyèm fwa ke m prè pou vin kote nou, e mwen p ap yon chaj pou nou; paske mwen p ap chèche sa ke nou posede, men kè nou menm. Paske se pa timoun yo ki responsab pou ekonomize pou paran yo, men paran yo pou timoun yo.

  15. 12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.

  16. 3 Onore vèv ki vrèman vèv yo; 4 men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repeye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.

  17. 13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,

    se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.

  18. 18 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;

    pa chache lanmò li.

    19 Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li;

    paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.

  19. 31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

    34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

  20. 13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

    14 Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”.

  21. 1 Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.

    Evite moun konsa yo.

  22. 1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2 se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3 Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.

  23. 15 Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.

    16 Sila ki kidnape yon nonm, oswa ke li vann li, oswa yo twouve li nan posesyon li, li va vrèman mete a lanmò.

    17 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.

  24. 18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ 21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.

  25. 1 Pwovèb a Salomon yo.

    Yon fis ki saj fè papa li kontan,

    men yon fis ki plen ak foli

    se yon gwo doulè pou manman l.

  26. 22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

  27. 1 Sa se yon vre pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon pastè, se yon bon zèv li dezire fè a. 2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?) 6 Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la. 7 Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.

  28. 8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.

  29. 16 Pou sa, David te mande Bondye pou pitit la. Li te fè jèn e li te ale kouche tout nwit lan atè.

  30. 11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

    ni rayi repwòch Li,

    12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

    jis tankou yon papa konn korije

    fis nan sila li pran plezi a.

  31. 1 Fis mwen an, kenbe pawòl mwen yo

    e kache kòmandman mwen yo anndan ou.

    2 Kenbe kòmandman mwen yo pou viv,

    ak enstriksyon mwen yo

    kon de grenn zye nan tèt ou.

    3 Mare yo sou dwèt ou;

    ekri yo sou tablo a kè ou.

    4 Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,”

    e rele sajès pi bon zanmi ou,

    5 Pou li kab anpeche ou ale

    jwenn ak yon fanm adiltè;

    yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.

  32. 23 Li te sipliye Li byen fò e te di: “Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv.”