77 Bible Verses About Anger
Bib Sen An (BSA)
-
25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt. 26 “Vin fache, e malgre sa, pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27 epi pa bay Dyab la opòtinite. 28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.
21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.
22 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.
-
1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.
-
12 Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo. 13 Li te di yo: “Li ekri: ‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon twou kachèt pou vòlè!”
-
21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
23 “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, 24 kite ofrann ou an la devan lotèl la e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.
25 “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon. 26 Anverite Mwen di nou, nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan.”
-
10 Epi Moïse avèk Aaron te reyini asanble a devan wòch la. Li te di yo: “Koute m koulye a, nou menm k ap fè rebèl; èske n ap fè dlo sòti nan wòch sila a?” 11 Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.
-
7 Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;
Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,
Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.
Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste
9 Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt,
men sila k ap tann SENYÈ yo,
va vin genyen peyi a kon eritaj yo.
10 Men yon ti tan ankò, mechan an va disparèt.
Ou va chache avèk atansyon plas li,
men li p ap egziste.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.
-
9 Pa chofe kè ou pou vin fache; paske fache rete nan kè a moun ensanse.
-
17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
-
1 Yon repons ki dous kalme kòlè;
men yon mo sevè pwovoke gwo fache.
2 Lang a saj la gen pou mèt, konesans;
men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
-
32 Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo;
e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila k ap kaptire yon gran vil.
-
11 Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè;
se glwa li pou bliye yon transgresyon.
12 Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò;
men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.
-
1 Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch. 2 Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.
3 Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”
4 Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.
5 Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.
6 Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.
-
22 Yon nonm an kòlè pwovoke konfli
e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.
-
3 Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a. 4 Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo.
Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la, 5 men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
6 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? 7 Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”
8 Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.
-
18 Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli;
men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.
-
29 Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann;
men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.
-
11 Moun san konprann toujou fache;
men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
-
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
-
5 Siméon avèk Lévi se frè yo ye.
Nepe pa yo se zouti vyolans.
6 Pa kite nanm mwen antre nan konsèy pa yo;
pa kite glwa mwen vin reyini avèk asanble pa yo.
Akoz nan kòlè yo, yo te touye moun,
e nan volonte egoyis pa yo, yo te koupe blese jarèt bèf.
7 Modi se kòlè yo, paske li fewòs;
epi vanjans yo, paske li te mechan.
Mwen va separe yo nan Jacob,
e gaye yo nan Israël.
-
16 Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal;
men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.
17 Yon nonm kolerik aji nan foli,
e yon nonm koken va rayi pa lòt yo.
-
24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;
oswa ale ak yon moun kolerik,
25 sinon, ou va aprann mès li yo
e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
-
4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
-
33 Paske lèt k ap laboure vin fè bè,
ak peze nen pote san;
se konsa laboure kòlè pwodwi konfli.”
-
8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,
lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.
9 Li p ap toujou goumen ak nou,
ni Li p ap kenbe kòlè Li jis pou tout tan.
10 Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo,
ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.
11 Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a,
menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.
-
8 Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute. 9 Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè,
-
13 Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.
14 Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo. 15 Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo. 16 A sa yo ki t ap vann toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”
17 Disip Li yo te sonje ke li te ekri “Zèl pou lakay Ou va devore M.” 18 Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: “Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”
-
16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. 17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.
18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis.
-
4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
-
7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp;
-
4 Moïse te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Vè minwit M ap prale nan mitan Égypte la. 5 Epi tout nan premye ne nan peyi Égypte yo va mouri, soti nan premye ne Farawon ki chita sou twòn li an, jiska premye ne nan fi esklav ki dèyè wòch moulen yo; menm tout nan premye ne nan bèt yo tou. 6 Anplis de sa, va gen yon gran kri lamantasyon jan li pa t genyen avan, ak jan li p ap janm genyen ankò. 7 Men kont fis Israël yo, menm yon chen p ap jape, ni kont moun ni kont bèt, pou nou kapab konprann, jan SENYÈ a fè yon distenksyon antre Égypte avèk Israël.
8 “‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.
-
17 “‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.
18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.
-
16 Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit;
men sila ki saj la evite wont.
-
3 Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa;
men moun ensanse k ap anmède a
pi lou pase yo tou de.
4 Fachez rèd fè move.
Kòlè se yon inondasyon.
Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.
-
19 Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, li te wè jèn towo a ak tout dans yo. Konsa, kòlè te briye nan Moïse. Li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan. 20 Li te pran jèn towo ke yo te fè a; li te brile li avèk dife. Li te kraze l fè poud, e li te gaye li sou tout sifas dlo a. Konsa, li te fè fis Israël yo bwè li.
21 Moïse te di a Aaron: “Kisa pèp sa te fè ou la a, pou ou ta mennen yon si tèlman gwo peche sou yo?”
22 Aaron te di: “Pa kite kòlè a mèt mwen briye. Ou konnen pèp sa a ou menm, ke yo toujou panche vè lemal. 23 Paske yo te di mwen: ‘Fè yon dye pou nou ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a, mesye ki te mennen nou monte sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.’” 24 “Mwen te di yo: ‘Nenpòt moun ki gen nenpòt lò, ke yo chire retire li.’ Alò, yo te ban mwen li, mwen te jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt.”
-
30 Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou. 31 Paske depi fis Jesse a rete sou latè, ni ou menm ni wayòm ou a p ap etabli. Alò, pou sa, voye mennen li kote mwen, paske fòk li mouri.”
32 Men Jonathan te reponn Saül, papa li: “Poukisa li dwe mouri? Kisa li te fè?”
33 Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò. 34 Epi Jonathan te leve sou tab la byen anraje e li pa t manje nan dezyèm jou nouvèl lin nan, paske kè l te fè l mal akoz papa li te derespekte l konsa.
-
6 Epi mwen te byen fache lè mwen te tande kriye ak pawòl sila yo. 7 Mwen te konsilte avèk tèt mwen, e mwen te kanpe fèm ak gwo chèf yo, avèk gwo moun yo epi te di yo: “Nou ap egzije enterè, soti nan men frè nou yo!” Akoz sa, mwen te reyini yon gran asanble kont yo.
-
28 Tankou yon gran vil ki kase antre san miray,
se konsa yon nonm ki pa kontwole pwòp tèt li.
-
21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
-
1 Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo? 2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande.
-
10 “Konsa, kòlè SENYÈ a te brile nan jou sa a, Li te sèmante, e te di: 11 ‘Okenn nan mesye sa yo ki monte kite Égypte, ki gen laj plis ke ventan p ap wè peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob la; paske yo pa t swiv Mwen nèt, 12 sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’ 13 Konsa, chalè a SENYÈ a te brile kont Israël, e Li te fè yo vin egare nan dezè a pandan karantan, jiskaske tout jenerasyon sa a pami sila ki te fè mal nan zye SENYÈ a yo, te vin detwi.
14 “Koulye a, veye byen, nou te vin leve nan plas papa nou yo, yon nich moun plen peche, pou vin mete menm plis sou kòlè SENYÈ a kont Israël. 15 Paske si nou vire akote, e nou pa swiv Li, Li va, yon fwa, ankò abandone yo nan dezè a; epi nou va detwi tout pèp sa yo.”
-
2 Paske rankin va touye moun ki plen foli,
e jalouzi va touye moun senp lan.
-
4 Tranble, men pa fè peche.
Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan
-
6 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo.
-
42 Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou. 43 Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale Charan, vè frè mwen, Laban! 44 Rete avè l pandan kèk jou jiskaske kòlè frè ou a vin bese, 45 jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?”
-
15 Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: “Pa aksepte ofrann pa yo! Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.”
-
19 Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li;
paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.
-
16 Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.
-
28 Konsa, tout sinagòg la te anraje lè yo te tande bagay sa yo; 29 Yo te soulve, yo te pouse bourade Li deyò vil la, e te mennen Li nan
-
36 Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakòlè Bondye va rete sou li.
-
20 Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj.
-
15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras.
-
23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.
24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.
-
6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”
-
19 Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an.
-
8 Mokè yo, fè gwo vil la pran dife;
men moun saj yo kalme kòlè.
-
11 Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda. 12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.
-
4 SENYÈ a te di: “Èske ou gen bon rezon pou ou fache a?”
-
54 Alò, lè yo te tande sa, yo te blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.
55 Men ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki te kanpe bò men dwat Bondye. 56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”
57 Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa, 58 e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.
-
3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
-
15 Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn. 16 Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an. 17 Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”
-
36 Alò, Jacob te vin fache. Li te konfwonte Laban. Jacob te di l: “Ki tò mwen te fè ou? Ki peche mwen te fè konsa pou ou vin pouswiv mwen tou cho konsa?
-
9 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se yon pèp tèt di. 10 Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”
11 Men Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an? 12 Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’”
“Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la. 13 Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’”
14 Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a.
-
27 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te kouche anba Balaam. Pou sa, Balaam te fache e li te frape bourik la avèk baton li.
-
19 SENYÈ a te wè sa e te meprize yo
akoz pwovokasyon fis ak fi Li yo.
20 “Alò, Li te di: ‘Mwen va kache figi Mwen sou yo.
Mwen va wè kijan yo fini;
Paske yo se yon jenerasyon pèvès,
fis ki pa fidèl.
21 ‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo.
Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo.
Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo.
Mwen va pwovoke yo a lakòlè
avèk yon nasyon ki san konprann.
22 Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen,
ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo.
Li manje latè a avèk tout don li yo,
e limen dife a nan fondasyon mòn yo.
-
10 Alò, Asa te fache avèk konseye a, e li te mete li nan prizon, paske li te anraje avèk li pou bagay sa a. Epi nan menm lè a, Asa te oprime kèk moun nan pèp la.
-
4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.
Bay remèsiman a sen non Li.
5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,
men Bonte Li se pou tout tan.
Kriye a kapab dire pou nwit lan,
men kri lajwa a vin parèt nan maten.
-
27 Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans;
e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.
-
1 Men sa te fè Jonas pa kontan anpil e li te vin fache. 2 Li te priye a SENYÈ a. Li te di: “Souple, SENYÈ, èske se pa sa ke m te di lè m te nan pwòp peyi mwen an? Alò, se pou m te evite sa ki fè m te sove ale rive Tarsis. Paske mwen te konnen ke Ou se yon Bondye ki plen gras ak mizerikòd, ki lan nan kòlè, ki ranpli ak lanmou dous, e Ou se Sila ki ralanti selon malè a.
-
28 “Men li te vin fache, e li pa t dakò antre. Papa l te soti. Li te kòmanse plede avè l.
29 “Men li te reponn e te di a papa l: “Gade, pandan konbyen ane m ap sèvi ou, e mwen pa janm neglije yon lòd ou; men malgre sa, ou pa janm ban mwen yon kabrit pou m ta kapab fè fèt avèk zanmi mwen yo. 30 Men lè fis sila a te vini, li menm ki devorebyen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
11 Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an,
‘Yo p ap antre nan repo Mwen’.
-
8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
-
10 li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. 11 Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.
-
19 Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li an.
-
15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.
Shows Read in context, Share and Copy.