91 Bible Verses About Communication
Bib Sen An (BSA)
-
29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.
-
18 Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;
e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;
men sila ki frennen lèv li gen sajès.
20 Lang a moun dwat yo se tankou ajan pi chwazi a;
men kè a mechan an vo piti.
21 Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje;
men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
-
1 Yon repons ki dous kalme kòlè;
men yon mo sevè pwovoke gwo fache.
2 Lang a saj la gen pou mèt, konesans;
men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
-
11 Tankou pòm an lò ki monte sou ajan,
se konsa yon mo byen plase nan moman li.
12 Tankou yon zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen
se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.
13 Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt,
se konsa yon mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo,
paske li rafrechi nanm a mèt li yo.
14 Tankou nwaj ak van san lapli,
se konsa yon nonm ki ogmante don li yo ak manti.
-
34 Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35 Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36 Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
-
23 Kè moun saj la enstwi bouch li;
li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.
24 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;
dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
-
20 Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li;
l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.
21 Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;
e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
-
25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt. 26 “Vin fache, e malgre sa, pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27 epi pa bay Dyab la opòtinite.
-
13 Sila ki bay repons avan li koute a;
plen foli ak wont.
-
28 Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons;
men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.
-
6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
-
18 Genyen yon moun ki pale san pridans
tankou sila k ap goumen ak nepe yo;
men lang a saj la pote gerizon.
-
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
-
2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;
men sèlman nan devwale pwòp panse li.
-
8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.
9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:
“Sila ki dezire lavi a,
pou renmen e wè anpil jou ki bon,
dwe gade lang li kont sa ki mal
e lèv li kont bay manti.
11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;
kite li chache lapè e pouswiv li.
12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,
e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;
men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”
-
27 Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans;
e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.
28 Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj;
lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.
-
19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
-
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
3 Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.
Veye dri sou pòt lèv mwen yo.
-
4 Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi;
men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.
-
20 Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi?
Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
-
9 Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ 10 Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen?
“Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li.
-
1 Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.
2 Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.
3 Koulye a si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.
4 Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito. 5 Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay.
Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti! 6 Konsa lang lan se yon dife, yon vre mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
7 Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. 8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.
-
26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
-
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Syèl yo ap pale glwa Bondye a.
Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
2 Jou apre jou, l ap pale san rete;
Nwit apre nwit, li revele konesans.
3 Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl
kote nou pa tande vwa yo.
4 Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,
ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.
Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,
5 ki tankou yon jennonm ki fenk marye
k ap sòti nan chanm li.
Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.
-
14 Kite pawòl bouch mwen a avèk
refleksyon kè m
vin akseptab devan zye Ou,
O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
-
23 Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis,
e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!
-
3 Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respè;
alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.
4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;
akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
-
37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.
-
19 Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.
-
1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.
2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.
Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.
-
22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;
men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
-
2 Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon;
men volonte moun enfidèl se vyolans.
3 Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li;
sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
-
10 Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”
11 Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt. 12 Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 13 Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann. 14 Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di:
‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann;
nou va kontinye gade, men nap manke apèsi.
15 Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò.
Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo;
otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo,
konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’
-
26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
-
1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.
-
11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
-
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
-
9 Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”
10 Li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”
11 Pou sa, Li te di: “Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.”
Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a. 12 Apre van an yon dife, men SENYÈ a pa t nan dife a. Epi apre dife a, yon ti bwi tankou yon souf lejè. 13 Lè Élie te tande l, li te fin vlope figi li nan manto li a e li te ale deyò nan antre kav la. Epi vwala, yon vwa te parèt a li menm e te di: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”
-
13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
-
12 Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt; 13 Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz. 14 Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo.
Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li.
-
14 Yo te bliye pran pen, e pa t gen plis ke yon mòso nan kannòt la avèk yo.
15 Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”
16 Konsa, yo te kòmanse diskite youn avèk lòt pwoblèm ke yo pa t gen pen an.
17 Jésus te konprann sa byen, e te di yo: “Poukisa nou ap pale afè pen an? Èske nou poko wè ni konprann? Èske nou gen kè di? 18 Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje 19 lè Mwen te kase senk pen yo pou senk mil moun, konbyen panyen plen avèk mòso kase nou te ranmase?”
Yo te di Li: “Douz”.
20 “Epi lè Mwen te kase sèt pou kat mil moun yo, konbyen gwo panyen plen avèk mòso kase nou te ranmase?”
Yo te di li: “Sèt”.
21 Li te mande yo: “Èske nou poko menm konprann?”
-
46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48 Nou menm se temwen a bagay sa yo. 49 Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”
-
26 “Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen.
-
1 Agrippa te di a Paul: “Ou gen dwa pale pou tèt ou.”
Epi Paul te lonje men li pou te kòmanse fè defans li. 2 “Konsènan tout bagay ke mwen akize pa Jwif yo, mwen konsidere ke mwen gen gwo chans, Wa Agrippa, pou m kapab fè defans mwen devan ou jodi a; 3 Sitou paske ou se yon ekspè nan tout koutim ak kesyon pami pèp Jwif yo. Pou sa, mwen mande w pou koute mwen avèk pasyans.
4 “Alò konsa, tout Jwif yo konnen kalite vi mwen depi nan jenès mwen, ki soti nan kòmansman an ki te pase pami pwòp nasyon mwen, ak nan Jérusalem. 5 Paske yo konnen mwen depi lontan, si yo dakò temwaye. Mwen te viv kon yon Farizyen, selon sèkt ki pi disipline nan tout relijyon nou an.
6 “Konsa, koulye a, mwen kanpe devan tribinal la pou lespwa pwomès ki te fèt pa Bondye a zansèt nou yo. 7 Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo. 8 Poukisa pami nou, nou twouve li enkwayab ke Bondye kapab leve mò yo?
9 “Alò mwen te reflechi a mwen menm, ke mwen te oblije aji avèk anpil fòs kont non a Jésus de Nazareth la. 10 Epi sa, mwen te fè menm Jérusalem; non sèlman ke m te fèmen anpil nan sen sila yo nan prizon, men avèk otorite ke m te resevwa soti nan chèf prèt yo, lè yo te mete yo a lanmò mwen te dakò pou yo aji kont yo. 11 Epi pandan mwen te pini yo souvan nan tout sinagòg yo, mwen te eseye fòse yo fè blasfèm. Tèlman mwen te anraje avèk yo, mwen te kouri dèyè yo menm nan vil etranje yo.
12 “Pandan mwen te angaje konsa, mwen te fè yon vwayaj nan Damas avèk otorite ak pèmisyon a chèf prèt yo. 13 Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo. 14 Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan lang Ebre a: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’
15 “Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’
“E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. 16 Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm; 17 k ap delivre ou de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo, 18 pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’
19 “Konsa, Wa Agrippa, mwen pa t dezobeyisan a vizyon selès la, 20 men mwen te kontinye deklare premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.
21 “Pou rezon sa a, kèk Jwif te sezi mwen nan tanp lan e te eseye mete m a lanmò. 22 Alò, avèk èd Bondye ke m te twouve, mwen kanpe jiska jou sa a pou temwaye a piti kòm gran, pou pa pale anyen men sa ke pwofèt yo ak Moïse te di ki t ap pral rive yo. 23 Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”
24 Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! Gran konesans ou fè ou vin fou.”
25 Men Paul te reponn li: “Mwen pa pèdi tèt mwen trè ekselan Festus, men mwen pale pawòl ak verite byen rezone. 26 Paske Wa a okouran de tout bagay sila yo, e mwen pale ak li osi avèk konfyans, akoz ke m konvenk ke anyen nan bagay sila yo pa kapab chape anba atansyon li, akoz ke nanpwen anyen ki fèt nan yon kwen. 27 Wa Agrippa, èske ou kwè nan pwofèt yo? Mwen konnen ke ou kwè.”
28 Agrippa te reponn a Paul: “Ak yon ti bourade konsa, ou vle pèswade m pou devni yon Kretyen?”
29 Paul te reponn: “Mwen ta vle devan Bondye, ke menm si se ak piti, oswa ak gran, ke non sèlman ou menm, men tout sila ki koute mwen nan jou sa a, ta kapab vini menm jan ke mwen ye a, sof pou chèn sila yo.”
-
18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.
-
33 Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”
-
1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.
-
14 Fè yo sonje bagay sa yo, eanchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo. 15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
16 Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.
17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète: 18 Moun ki te egare kite verite yo nan di ke rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.
19 Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”
-
16 Paske nou pa t swiv vye listwa koken lè nou te fè nou konnen pwisans ak retou a Senyè nou an, Jésus Kri, men zye nou te temwen majeste Li. 17 Paske, lè Li te resevwa laglwa ak lonè Bondye, Papa a, yon pawòl konsa te fèt a Li pa Laglwa Majeste a: “Sa se Fis byeneme Mwen an; avèk Li, Mwen byen kontan.” 18 Epi nou menm te tande pawòl sa yo, fèt depi nan syèl la, lè nou te avèk Li sou mòn sen an.
19 Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.
20 Men konnen sa davans, ke nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive. 21 Paske okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.
-
9 Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li;
men ak konesans, moun dwat yo va delivre.
-
25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;
men yon bon pawòl fè l leve.
-
14 Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo;
konsa, kite kont lan avan l kòmanse.
-
20 Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou
kab vin saj pou tout rès vi ou.
-
19 Li pi bon pou rete nan dezè
pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
-
23 Sila ki veye bouch li ak lang li
pwoteje nanm li kont gwo twoub.
-
7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou. 8 E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. 9 Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen, 10 Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11 Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
-
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.
-
1 Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean, 2 ki te temwaye pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo.
3 Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. Paske tan an pwòch.
-
2 Zanj Bondye a te parèt kote li nan yon flanm dife ki t ap brile nan mitan yon ti bwa. Li te gade, e vwala, ti bwa a t ap fè flanm dife, men brile a pa t fè l disparèt.
3 Alò, Moïse te di: “Se fò pou m vire akote koulye a pou m al wè bagay etonan sila a, poukisa ti bwa a pa brile nèt.”
4 Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li depi nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!”
Li te di: “Men Mwen.”
5 Li te di: “Pa vin pre isit la. Retire sapat nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a se tè sen.” 6 Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.”
Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.
-
16 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.
-
11 Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi,
men bouch a mechan an kache vyolans.
12 Rayisman pwovoke konfli;
men lanmou kouvri tout fot.
13 Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès;
men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
14 Moun saj yo ranmase konesans;
men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.
-
13 Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo;
men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.
-
19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan;
men lang ki bay manti a rete pou yon moman.
-
44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
-
11 Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li.
-
9 Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse.
-
27 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te kouche anba Balaam. Pou sa, Balaam te fache e li te frape bourik la avèk baton li. 28 Konsa, SENYÈ a te ouvri bouch a femèl bourik la, e li te di a Balaam: “Kisa m te fè ou, pou ou bat mwen twa fwa sa yo?”
29 Alò, Balaam te di a bourik la: “Akoz ou te pase m nan rizib! Si m te gen yon nepe nan men m, Mwen ta gen tan touye ou deja.”
30 Bourik la te di Balaam: “Èske mwen pa bourik ou, sou sila ou te monte pandan tout vi ou jis rive Jodi a? Èske Mwen janm te konn abitye fè ou sa?” Epi li te reponn: “Non”.
31 Alò, SENYÈ a te ouvri zye a Balaam. Konsa, li te wè zanj a SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe a rale nan men li. Balaam te bese jiska tè.
-
2 Kite yon lòt moun ba ou lwanj,
e pa fè ak pwòp bouch ou.
Kite l fèt pa yon moun ou pa konnen,
e pa de pwòp lèv ou.
-
11 Moun san konprann toujou fache;
men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
-
9 Li te di: “Ale di pèp sa a:
‘Kontinye koute, men pa wè;
kontinye gade, men pa konprann.’
10 Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè;
otreman, petèt yo ta wè ak zye yo,
tande ak zòrèy yo,
konprann ak kè yo
e retounen pou resevwa gerizon.”
-
12 Yo te fè kè yo di tankou silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo.
-
5 Douz sila yo Jésus te voye lè Li te fin enstwi yo konsa: “Pa antre nan chemen payen yo, ni pa antre nan okenn vil ki pou Samariten yo, 6 Men pito ale vè mouton ki pèdi lakay Israël yo. 7 Pandan n ap prale, preche epi di: ‘Wayòm syèl la prèt pou rive.’ 8 Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis. 9 Nou pa pou pran ni lò, ni lajan ni kwiv pou mete nan bous senti nou, 10 Ni yon sak pou vwayaj nou, pa menm de chemiz, ni sapat, ni baton; paske yon ouvriye merite soutyen li.
11 “Nan nenpòt vil oubyen bouk ke nou antre, mande kilès ki gen merit nan li, epi ak li pou nou rete jis lè nou kite vil sa a. 12 Pandan n ap antre nan kay la, bay li salitasyon nou. 13 Epi si kay la gen merit, ke benediksyon lapè nou rete sou li, men si li pa gen merit, ke benediksyon lapè nou retounen sou nou. 14 Nenpòt moun ki pa resevwa nou, ni pa okipe pawòl nou, lè nou kite kay sa a, oubyen vil sa a, souke pye nou pou pousyè li pa rete. 15 Anverite Mwen di nou, l ap pi tolerab pou peyi Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a.”
-
7 Li te rele douz yo e te kòmanse voye yo sòti de pa de, e Li te bay yo otorite sou move lespri yo. 8 Konsa, Li te avèti yo ke yo pa t pou pran anyen pou vwayaj la sof ke yon baton; ni pen, ni yon sak, ni lajan pou mete nan senti yo; 9 men yo te gen pou mete sapat yo, e Li te di anplis: “Pa menm mete de tinik (yon wòb lejè)”.
10 Li te di yo: “Nenpòt kote nou antre nan yon kay, rete la jouk lè nou kite vil la. 11 Epi nenpòt kote ki pa resevwa nou, oswa koute nou, pandan nou ap kite la, souke retire menm pousyè ki anba pye nou kon temwayaj kont yo. Asireman mwen di ou, l ap pi tolerab pou Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a!”
12 Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti. 13 Yo t ap chase anpil move lespri, yo t ap onksyone malad yo avèk lwil, e t ap geri yo.
-
9 Konsa yon zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz. 10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. 11 Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a.
-
9 Disip Li yo te kòmanse poze L kesyon sou sa ke parabòl sa a ta kapab vle di.
10 Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.
11 “Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.
12 “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.
13 “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.
14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.
15 “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.
-
18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.
-
49 “Paske Mwen pa t pale pou kont Mwen, men Papa a, Li menm, ki te voye M te kòmande Mwen kisa pou M pale, e kisa pou M di.
-
15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
-
13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini.
-
15 “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
-
36 “Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”
37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.
-
17 “Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun nan non sila a.” 18 Yo te rele yo, e te kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.
19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20 Paske nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”
-
17 Soti nan Milèt li te voye Ephèse pou rele ansyen a legliz yo pou rive kote l. 18 Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan 19 pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz konplo a Jwif yo. 20 Kòman mwen pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay. 21 Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.
22 “Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la, 23 sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen. 24 Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.
25 “Epi koulye a, veye byen, mwen konnen ke nou tout, pami sila mwen te pase, e te preche wayòm nan, p ap wè figi m ankò. 26 Alò, mwen temwaye a nou nan jou sa, ke mwen inosan de san tout moun. 27 Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout volonte a Bondye a nèt.
-
16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.
-
14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:
“A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl
a bon bagay yo bèl!”
-
18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun.
-
6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!”
-
23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.
24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.
-
16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.
Shows Read in context, Share and Copy.