73 Bible Verses About Abuse

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Abuse
  1. 19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.

  2. 4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  3. 1 Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? 2 Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li?

  4. 17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.

    20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

    21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

  5. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

  6. 7 Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.

    8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.

    9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:

    “Sila ki dezire lavi a,

    pou renmen e wè anpil jou ki bon,

    dwe gade lang li kont sa ki mal

    e lèv li kont bay manti.

    11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;

    kite li chache lapè e pouswiv li.

    12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,

    e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;

    men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”

  7. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  8. 22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.

    25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se manm a kò Li.

  9. 21 Ou pa pou fè mal a yon etranje, ni oprime li, paske se te etranje nou te ye nan peyi Égypte la.

    22 Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen. 23 Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, Mwen va anverite tande kri li; 24 epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa.

  10. 13 “Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. 14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a. 16 Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.

    17 “Nou te fatige SENYÈ a ak pawòl nou yo. Malgre sa, nou di: ‘Nan kisa nou te fatige Li a?’ Paske n ap di: ‘Tout moun k ap fè mal, bon nan zye SENYÈ a, e Li pran plezi nan yo;’ oswa ‘Kote Bondye jistis la ye?’”

  11. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  12. 18 Konsa, kisa ki rekonpans mwen an? Sa, lè m preche levanjil la, mwen kapab ofri levanjil la san frè, pou m pa sèvi tout dwa ke m gen nan levanjil la.

  13. 20 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl. 21 Mwen te ba li tan pou repanti, e li pa vle repanti de imoralite li yo.

    22 “Gade byen, Mwen va jete li sou yon kabann plen maladi, e sila ki fè adiltè yo avèk li nan gran tribilasyon an, amwenske yo repanti de zèv li yo.

  14. 8 Li te di mwen: ‘Se ki moun ou ye?’ Epi mwen te reponn li: ‘Mwen se yon Amalekit’. 9 Alò li te di mwen: ‘Souple, kanpe akote mwen pou touye mwen; paske gwo doulè gen tan sezi mwen akoz lavi m toujou rete nan mwen.’ 10 Konsa, mwen te kanpe akote li pou te touye li; paske mwen te konnen ke li pa t kab viv lè l te fin tonbe a. Epi mwen te pran kouwòn ki te sou tèt li a, ak braslè ki te nan bra li a, e mwen te mennen yo isit la kote mèt mwen.”

  15. 5 SENYÈ a sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;

    men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.

  16. 9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.

  17. 1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.

    5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.

    12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

  18. 9 Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12 Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la.

  19. 34 Jésus te reponn yo “Anverite, anverite, Mwen di nou, tout moun ki fè peche se esklav a peche a.

    35 “Epi esklav la p ap toujou rete nan kay la, men Fis la ap toujou la. 36 Se pou sa, si Fis la fè nou lib, nou ap vrèman lib.

  20. 13 Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”.

  21. 12 Konsa, pa kite peche renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo.

  22. 15 Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt!

  23. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

  24. 15 Nou menm ki se Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo, 16 sepandan, nou konnen ke yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye. 17 Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt! 18 Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè. 19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”

  25. 13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt.

  26. 9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.

  27. 16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye.

  28. 6 Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.”

    Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li.

  29. 25 Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.

    26 “Li pa konsa pami nou, men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou. 27 Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou. 28 Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”

  30. 41 Lè yo tande sa, dis lòt yo te kòmanse santi ke yo te mekontan avèk Jacques ak Jean.

    42 Konsa, Jésus te rele yo a Li menm. Li te di yo: “Nou konnen ke sila ki rekonèt kon chèf pami payen yo domine sou yo, epi gwo chèf yo egzèse otorite sou yo. 43 Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou. 44 Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout. 45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”

  31. 27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.

    29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.

    30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.

  32. 6 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo.

  33. 4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa.

  34. 2 Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon;

    men volonte moun enfidèl se vyolans.

  35. 1 Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.

    2 Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.

    3 Koulye a si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.

    4 Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito. 5 Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay.

    Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti! 6 Konsa lang lan se yon dife, yon vre mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.

    7 Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. 8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.

    9 Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye. 10 Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.

    11 Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la? 12 Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre.

  36. 2 SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.

    Li ranmase egzile Israël yo.

    3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.

    4 Li konte fòs kantite zetwal yo.

    Li bay non a yo tout.

    5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.

    Bon konprann Li an san limit nèt.

    6 SENYÈ a bay soutyen a aflije yo.

    Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.

  37. 31 Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,

    ni pa chwazi chemen li yo.

  38. 22 Pa vòlè malere a paske li pòv,

    ni kraze aflije nan pòtay la;

    23 paske, SENYÈ a va plede ka yo

    e pran lavi a sila ki vòlè yo.

  39. 17 “Men zye ou ak kè ou rete sèlman

    sou richès ki ranmase nan zak malonèt,

    nan vèse san inosan,

    nan opresyon ak vyolans.”

  40. 2 “Fis a lòm, pwofetize kont bèje Israël yo. Pwofetize e di a bèje sila yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè, bèje Israël yo k ap nouri pwòp tèt yo! Èske bèje yo pa dwe bay manje a bann mouton an? 3 Nou manje grès e fè abiman ak len an. Nou kòche mouton gra a, san bay manje a bann mouton an. 4 Sila ki manke lasante yo, nou pa t ranfòse yo. Sa ki malad yo, nou pa t geri yo. Sa ki brize yo nou pa t panse yo. Sa ki gaye yo, nou pa t mennen yo retounen, ni nou pa t chache sa ki pèdi yo. Men ak opresyon e ak severite, nou te domine sou yo. 5 Yo te gaye akoz yo te manke yon bèje. Yo te devni manje pou tout bèt sovaj nan chan an, e yo te vin gaye nèt. 6 Bann mouton Mwen an te mache egare nan tout mòn yo, ak sou tout wo kolin yo. Bann mouton Mwen an te gaye sou tout sifas tè a, e pa t gen moun pou ale jwenn yo, ni chache yo.”

  41. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

  42. 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.

  43. 4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou.

  44. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

  45. 26 Si yon mesye frape zye esklav li, kit mal, kit femèl, e li pèdi zye a, li va bay li libète akoz pèt zye a. 27 Si li kraze fè pèt a yon dan esklav li, kit mal, kit femèl, li va ba li libète akoz dan an.

  46. 43 Nou pa pou domine li avèk severite, men onore Bondye nou an.

  47. 14 Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo.

  48. 9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;

    yon sitadèl nan tan twoub la.

  49. 12 Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou;

    aflije a tou, lè l san soutyen an.

    13 Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an.

    Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.

    14 Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans,

    e san yo va chè nan zye Li.

  50. 8 Yo giyonnen moun.

    Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.

    Yo pale konsi se anwo sa soti.

  51. 6 SENYÈ a fè zèv ladwati pou tout sila ki oprime yo.

  52. 134 Rachte mwen anba opresyon a lòm,

    pou m kab kenbe òdonans Ou yo.

  53. 24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;

    oswa ale ak yon moun kolerik,

    25 sinon, ou va aprann mès li yo

    e jwenn yon pèlen pou tèt ou.

  54. 29 Pèp peyi a te pratike opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo, e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.

  55. 10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’

  56. 11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen.

  57. 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.

  58. 1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a.

  59. 1 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.

  60. 26  “Vin fache, e malgre sa, pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a,

  61. 19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.

    21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.

  62. 23 Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.

  63. 28  Ou fè sekou a sila ki aflije yo,

    men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo,

    pou Ou fè yo bese.

  64. 18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

    epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

  65. 7 Paske pou koz Ou, mwen te pote repwòch.

    Dezonè fin kouvri figi mwen.

    8 Mwen vin izole de frè m yo,

    tankou yon etranje de fis a manman m yo.

    9 Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt.

    Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.

    10 Lè mwen te kriye nan nanm mwen, e te fè jèn,

    sa te vin yon repwòch pou mwen.

    11 Lè m te fè twal sak sèvi kon rad mwen,

    mwen te vin yon vye pawòl,

    yon rizib pou yo menm.

    12 Sila ki chita nan pòtay yo pale afè mwen,

    e moun sòt yo fè chan sou mwen.

  66. 12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,

    e fè jistis pou malere a.

  67. 11 Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi,

    men bouch a mechan an kache vyolans.

  68. 19 Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li;

    paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.

  69. 34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”

  70. 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.

    35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  71. 1 Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. 2 Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. 3 Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.”

  72. 26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.

  73. 3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li.