30 Bible Verses About Freedom
Bib Sen An (BSA)
-
13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.
16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa.
-
30 Pandan Li t ap pale, anpil moun te vin kwè nan Li.
31 Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen. 32 E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”
33 Yo te reponn Li: “Nou se pitit Abraham. Nou pa t janm esklav a pèsòn. Kijan ou kapab di ‘nou va vin lib?’”
34 Jésus te reponn yo “Anverite, anverite, Mwen di nou, tout moun ki fè peche se esklav a peche a.
35 “Epi esklav la p ap toujou rete nan kay la, men Fis la ap toujou la. 36 Se pou sa, si Fis la fè nou lib, nou ap vrèman lib.
-
1 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
2 Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. 3 Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou kenbe tout Lalwa a. 4 Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou tonbe kite lagras.
-
16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
19 M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon. 20 Paske lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati. 21 Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò. 22 Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl.
-
1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a.
-
19 Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.
20 Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.
21 Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.
22 Pou fèb yo mwen te vin fèb, pou m te kapab konvenk fèb yo. Mwen te vini tout bagay pou tout moun pou m ta kapab pa tout mwayen sove kèk.
-
15 Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt!
-
23 Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye.
-
15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.
16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye. 17 Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.
-
17 Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète. 18 Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.
-
1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,
akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.
Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,
pou pwoklame libète a kaptif yo
e delivrans a prizonye yo;
2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a
e jou a vanjans Bondye nou an;
pou konsole tout moun ak kè ki tris,
-
11 Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
12 Konsa, pa kite peche renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. 14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.
-
12 Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen.
-
21 Èske nou te resevwa apèl la pandan nou te esklav? Pa enkyete nou pou sa, men si nou kapab osi vin lib, pito nou fè l. 22 Paske sila ki te rele pa Senyè a pandan li te esklav la, se moun lib a Senyè a; menm jan an sila ki te rele pandan li te lib la, se esklav a Kris la.
23 Nou te achte a yon pri; pa devni esklav a lèzòm.
-
18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an.
-
8 Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. 9 Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12 Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. 13 Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.
-
1 Oubyen èske nou pa konnen, frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan? 2 Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. 3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason. 4 Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te oblije mouri a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye. 5 Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te fè move pasyon yo leve nan nou, ki t ap travay nan manm kò nou yo, pou donnen fwi pou lanmò. 6 Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.
-
22 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo. 23 Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa. 24 Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.
25 Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.
-
20 Paske si, apre yo fin chape de tout bagay sal mond sa a pa konesans Senyè ak Sovè a Jésus Kri, yo bwouye ladan yo ankò e vin simonte dènye eta yo a vin pi mal pase premye a. 21 Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te livre a yo menm nan. 22 Men sa ki vin rive a yo menm selon vre pwovèb la: “Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benyen, li retounen woule kò l nan labou a.”
-
14 Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kraze pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; 15 e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.
-
4 Men se te akoz de fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj.
-
17 Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt! 18 Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè. 19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”
-
3 Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an esklavaj anba prensip de baz a mond lan. 4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa 5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis. 6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” 7 Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.
-
12 Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa lalwa libète a.
-
1 Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? 2 Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li?
-
21 Konsa, èske Lalwa a vin kont pwomès a Bondye yo. Ke sa pa ta janm fèt! Paske si te gen yon lwa ki ta kapab bay lavi, alò, ladwati ta vrèman baze sou Lalwa. 22 Men Lekriti sen an anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.
23 Men avan lafwa te vini, nou te kenbe kòm yon depandan anba Lalwa, san aksè a lafwa ki t ap vin revele pita. 24 Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, pou nou ta kapab jistifye pa lafwa. 25 Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba yon pwofesè lekòl ankò.
-
15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
-
1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. 3 Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. 4 Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5 Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.
6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
-
39 “Si yon moun peyi parèy nou vin tèlman pòv pami nou menm, e li vin vann tèt li bannou, nou pa pou desann li nan sèvis esklavaj. 40 Li va rete avèk nou kòm yon jounalye, menm kòm yon demere. Li va sèvi avèk nou jis rive nan ane jibile a. 41 Konsa li va sòti de nou menm, li menm avèk fis li yo avè l, e li va retounen vè fanmi li, pou li kapab retounen nan tèren zansèt li yo. 42 Paske yo se sèvitè Mwen ke Mwen te mennen sòti nan peyi Égypte la. Yo pa pou vann kon vant esklav la.
-
28 Kòmandan an te reponn: “Mwen te twouve tit sitwayen sa a ak yon gwo sòm lajan.”
Paul te di: “Men mwen te ne sitwayen.”
Shows Read in context, Share and Copy.