46 Bible Verses About Drugs
Bib Sen An (BSA)
-
16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
6 Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
-
12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
-
8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.
-
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
14 Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri.
-
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou yo nan lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.
-
1 Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten;
nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.
-
16 Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou? 17 Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.
-
9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a. 10 Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.
11 Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan. 12 Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.
13 Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite 14 oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo. 15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.
16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye. 17 Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.
-
1 Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3 Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou. 5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak mò yo a.
6 Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.
-
8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
-
20 Pa bwè twòp diven,
ni fè voras nan manje vyann;
21 paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;
e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
-
13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”
17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm.
-
23 Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.
-
4 Se pa pou wa yo, O Lemuel,
se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
5 Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la,
e tòde dwa a sila ki aflije yo.
6 Bay bwason fò a sila k ap peri a,
ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
7 Kite li bwè pou bliye mizè li
e pa sonje pwoblèm li ankò.
8 Ouvri bouch ou pou bèbè a;
pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
-
11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
-
6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.
7 “Malè a mond sa a akoz wòch chite li yo! Wòch chite sa yo pa kapab pa vini, men malè a moun sila a ki fè yo parèt.
8 “Si men nou oubyen pye nou fè nou tonbe, koupe l e jete l lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi tankou yon kokobe oubyen bwate, pase ak toude men ak pye nou pou nou ta jete nan lanfè etènèl la.
9 “Epi si zye nou fè nou tonbe, rache li jete li byen lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi avèk yon sèl grenn zye olye avèk toude pou nou ta jete nan lanfè dife a.
-
12 Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen.
-
33 Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”
-
7 Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.
-
1 Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. 2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo. 3 Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj. 4 Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo. 5 Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi akoz bon konsyans pa nou.
-
11 Lavi pwostitisyon, diven,
ak diven nèf retire bon konprann.
12 Pèp mwen an mande konsèy
a zidòl ki fèt ak bwa yo.
Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo;
yo te enfidèl a Bondye yo a.
-
1 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
-
5 Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.
-
17 Sa yo se sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la. 18 Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo, 19 k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.
-
8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
-
11 Malè a sila ki leve granmaten yo
pou yo ka kouri dèyè bwason fò,
sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.
-
13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
-
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
36 Se pou sa, si Fis la fè nou lib, nou ap vrèman lib.
-
10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.
“Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt. 19 Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a. 20 Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an.
-
12 Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo. 13 Pa kite pèsòn di lè l tante: “Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn. 14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.
16 Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.
17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
-
7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.
-
10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.
-
16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa.
-
2 Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou an bòn sante a.
-
29 Se kilès ki gen gwo pwoblèm?
Se kilès ki gen tristès?
Se kilès ki gen konfli?
Se kilès k ap plenyen?
Se kilès ki blese san rezon?
Se kilès ki gen zye wouj?
30 Sila ki mize sou diven an,
sila ki ale goute diven mele an.
31 Pa gade diven an lè l wouj,
lè l fè klè nan tas la,
lè l desann byen dous.
32 Nan dènye moman an, li mòde tankou sèpan;
li brile tankou bouch koulèv.
33 Zye ou va wè bagay ki dwòl,
e panse ou va twouble anpil.
-
7 Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman. 8 Paske tout tab yo plen ak salte vomisman an; pa menm gen yon kote ki pwòp.
-
12 Konsa, pa kite peche renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. 14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.
15 Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt!
-
16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati?
-
17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.
Shows Read in context, Share and Copy.