90 Bible Verses About Wisdom
Bib Sen An (BSA)
-
18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye. 19 Paske sa ekri:
“Mwen va detwi sajès a saj yo,
e entèlijans moun save yo,
mwen va mete sou kote.”
20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.
26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti.
-
2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.
5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, 8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.
-
13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.
-
1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
4 si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
6 Paske, SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.
Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
8 K ap veye chemen lajistis yo,
e pwoteje chemen a fidèl Li yo.
9 Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis,
e menm egalite avèk tout bon chemen yo.
10 Paske, sajès va antre nan kè ou,
e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.
-
7 Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti. 8 Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte. 9 Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”
10 Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a. 11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, 12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou. 13 Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo. 14 Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”
-
2 pou konnen sajès avèk enstriksyon,
Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,
3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,
ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.
5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li
e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.
7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;
sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
-
1 Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a. 2 Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a. 3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.
6 Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanfin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase. 7 Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te planifye menm avan tan yo pou laglwa nou; 8 sajès ke okenn nan chèf a tan sila yo pa konprann. Paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a. 9 Men jan sa ekri a:
“Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,
ki pa janm antre nan kè a lòm;
tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”
10 Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a. 11 Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a. 12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye. 15 Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun.
-
10 Pran konsèy mwen olye ajan,
e konesans olye pi chwa nan lò pi.
11 Paske, sajès pi bon ke bijou;
epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.
Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.
13 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès.
14 Konsèy ak bon sajès se pou mwen.
Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
15 Akoz mwen, wa yo vin renye;
e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;
tout moun ki fè jijman ki bon yo.
17 Mwen renmen sila ki renmen m yo.
Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
18 Richès ak lonè avè m;
richès k ap dire ak ladwati.
19 Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi.
Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
20 Mwen mache nan ladwati,
nan mitan wout lajistis yo,
21 Pou m bay a sila ki renmen m, richès;
pou m kab ranpli kès yo.
22 SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li;
menm avan zèv ansyen Li yo.
23 Depi nan etènite, mwen te etabli,
depi nan kòmansman, depi nan tan pi ansyen mond lan.
-
8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;
repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
11 Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye,
e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
12 Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou;
e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
-
13 A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 Li pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se richès ak lonè.
17 Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
19 SENYÈ a ak sajès te fonde latè a;
ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
20 Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri,
e syèl yo te vin degoute lawouze.
21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
kenbe bon sajès ak bon konprann.
22 Konsa yo va lavi pou nanm ou
ak dekorasyon pou kou ou.
23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,
e pye ou p ap chape.
-
29 Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè. 30 Sajès a Salomon te depase sajès a tout fis a lès yo ak tout sajès an Égypte la. 31 Paske li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo. 32 Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk. 33 Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason. 34 Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.
-
9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye,
-
20 Sajès rele fò nan lari.
Li leve vwa li nan plas la.
21 Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò.
Nan antre pòtay lari yo,
li fè moun tande tout pawòl li yo:
22 “Jiskilè, O moun san bon konprann yo,
nou va renmen rete san konprann anyen?
Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e
moun san konprann yo rayi konesans?
23 Vire sou repwòch mwen an.
Gade byen, mwen va vide lespri m sou nou.
Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.
24 Akoz mwen te rele nou e nou te refize;
mwen te lonje men m, e pèsòn pa t okipe sa,
25 men nou te neglije tout konsèy mwen yo,
e nou pa t vle tande repwòch mwen;
26 konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo.
Mwen va moke nou lè gran laperèz la rive,
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
-
19 Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon vizyon lannwit lan. 20 Daniel te di:
“Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,
paske sajès ak pouvwa se pou Li.
21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.
Li retire wa e Li etabli wa.
Li bay sajès a moun saj yo,
e konesans a moun ki gen bon konprann.
22 Se Li menm ki revele sekrè pwofon yo.
Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,
e se limyè a ki rete avè L.
23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,
mwen remèsye Ou.
Mwen bay Ou lwanj,
paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.
Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa
ke nou te mande Ou a,
Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”
-
30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”
-
16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a.
-
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Gade, Mwen te rele Betsaléel pa non li, fis Uri a, nan tribi Juda. 3 Mwen te ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo, 4 pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz, 5 epi nan koupe pyè bijou pou monti, ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv.
-
1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a
e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li,
lespri a sajès ak bon konprann,
lespri a konsèy ak pwisans lan,
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.
Li p ap jije selon sa ke zye l wè,
ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
-
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.
Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.
Lwanj Li dire jis pou tout tan!
-
28 Konsa, a lòm Li te di:
‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès;
epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
-
1 Sajès bati kay li a;
li taye sèt gwo pilye li yo.
2 Li te prepare manje li,
li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
3 Li voye demwazèl li yo deyò,
li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
4 “Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”
Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:
5 “Vin manje manje mwen an,
e bwè diven ke m te melanje a.
6 Kite foli ou pou ou ka viv;
epi avanse nan chemen bon konprann nan.”
-
6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;
men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
7 Kite prezans a yon moun ensanse,
sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.
8 Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;
men betiz a moun ensanse a se desepsyon.
-
18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.
19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.” 20 Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.”
-
12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,
pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.
-
MEM
97 O! A la mwen renmen lalwa Ou a!
Se sou li ke m reflechi tout lajounen.
98 Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo,
Paske yo toujou pou mwen.
99 Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo,
Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
100 Mwen gen konprann plis pase granmoun yo,
akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.
-
5 Vin ranmase sajès!
Ranmase bon konprann!
Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
6 Pa abandone li e li va pwoteje ou;
renmen li e li va veye sou ou.
7 Men sa ki kòmansman sajès la:
Ranmase sajès!
Epi avèk sa ou rasanble a,
chache bon konprann.
-
33 O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!
34 Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?”
Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”
35 Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay
pou Li kapab repeye li ankò?”
36 Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.
-
12 Sajès rete ak granmoun;
yon lavi ki long gen bon konprann.
13 “Avèk Bondye se sajès ak pwisans.
A Li menm se konsèy avèk bon konprann.
-
16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò!
Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.
-
16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
-
1 Èske sajès pa rele?
Èske bon konprann pa leve vwa li?
2 Anlè wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;
la li pran pozisyon li.
3 Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la,
nan antre pòtay yo, li kriye fò:
4 Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele!
Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
5 O moun ensanse yo, vin aprann pridans!
Moun fou yo, vin konprann sajès!
6 Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.
Lè lèv mwen louvri, y ap devwale bagay ki kòrèk.
-
1 Pa fè anvi a moun mechan,
ni dezire pou avèk yo;
2 paske panse yo fòmante vyolans
e lèv yo pale inikite.
3 Avèk sajès, kay la bati
e avèk bon konprann, li vin etabli.
4 Pa konesans, chanm yon moun vin
ranpli avèk tout bèl kalite richès.
5 Yon nonm saj byen fò,
e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
6 Paske ak konsèy saj ou va fè lagè,
e ak konseye an abondans, gen viktwa.
7 Sajès twò wo pou moun ensanse a;
li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
-
12 “Men se kibò yo twouve sajès?
Epi kibò yo jwenn sajès la?
13 Lòm pa konnen valè li,
ni valè li pa kab twouve nan peyi
moun vivan yo.
14 Labim nan di: “Li pa nan mwen”.
Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’.
15 Lò pi pa egal ak valè l,
ni ajan pa kab peze kon pri li.
16 Valè li pa kab konpare ak lò Ophir,
oswa oniks presye, oswa safì.
17 Ni lò ni vit pa egal avè l,
ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.
-
2 Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv;
men avèk moun enb lan, se sajès.
-
24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
-
30 Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès,
epi lang li va pale jistis.
-
24 O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil!
Nan sajès, Ou te fè tout bagay.
Latè ranpli ak byen Ou yo.
-
20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;
beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
21 Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann;
e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
22 Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l;
men pou disipline moun ensanse yo se foli.
23 Kè moun saj la enstwi bouch li;
li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.
24 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;
dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
-
12 Konsa mwen te vire konsidere sajès, afè moun ensanse menm ak foli; paske se kisa yon nonm ki swiv wa sila a ka fè, sinon sa ki te konn fèt deja? 13 Epi mwen te wè ke sajès toujou genyen sou vanite, tankou limyè genyen sou tenèb. 14 Zye a mesye saj la anndan tèt li; men moun ensanse a mache nan tenèb. Sepandan, mwen konnen ke se menm desten ki va rive yo tou de. 15 Konsa, mwen rive di tèt mwen: “Kon desten a moun ensanse a, se konsa l ap rive m. Alò, poukisa mwen te fòse fè anpil sajès?” Alò, pou sa mwen te di tèt mwen: “Sa, anplis, se vanite.” 16 Paske nanpwen okenn memwa k ap sonje nonm saj la, menm jan pou ensanse a, akoz nan tout jou k ap vini yo, tout moun va bliye yo nèt. Epi konsa, nonm saj la ak ensanse a mouri tou de!
-
26 Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.
-
1 Se kilès ki tankou nonm saj ki konnen sans a yon bagay? Sajès a yon nonm klere li e fè vizaj sevè li a vin briye.
-
13 Sa osi, mwen te vin konprann kon sajès anba solèy la, e li te etone panse m. 14 Te gen yon ti vil ak kèk grenn moun ladann. Yon gran wa te parèt sou li, te antoure li, e te konstwi zam syèj kont li. 15 Men te twouve ladann yon malere byen saj; li te delivre vil la avèk sajès li. Men pa t gen pèsòn ki te sonje moun malere sila a. 16 Konsa mwen te di: “Sajès pi bon pase pwisans.” Men sajès a malere a meprize, e pou pawòl li, pèsòn pa tande yo. 17 Pawòl a saj k ap koute lè tout bagay kalm pi bon pase vwa chèf k ap rele fò nan mitan moun ensanse. 18 Sajès pi bon ke zam lagè; men yon sèl pechè detwi anpil ki bon.
-
18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo.
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.
-
33 Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;
avan onè, fòk imilite.
-
8 Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li.
Sila ki kenbe ak bon konprann nan va jwenn sa ki bon.
-
26 Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;
men sila ki mache ak sajès la va delivre.
-
16 Lè mwen te bay kè m pou aprann sajès ak pou m wè tach ki te konn fèt sou tè a, (malgre sa ta fè yon moun pa janm dòmi ni lajounen, ni lannwit), 17 konsa, lè mwen te wè tout zèv Bondye te fè, mwen te vin aprann ke lòm p ap kapab dekouvri travay ki te konn fèt anba syèl la. Malgre lòm ta chache ak tout dilijans, li p ap twouve li. Malgre yon nonm saj ta di: “Mwen konnen”, li p ap ka dekouvri li.
-
4 Alò, gen plizyè kalitie don, men se menm Lespri a. 5 Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a. 6 Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun. 7 Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun. 8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
-
12 Li anile manèv a sila ki gen riz yo
pou men yo pa reyisi.
13 Li kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo,
e konsèy a moun k ap twonpe moun nan
vin kontrekare byen vit.
-
8 Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la;
men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.
9 Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite;
men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
-
13 Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon;
wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.
14 Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou;
si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.
-
10 Pa di: “Poukisa jou lontan yo te pi bon pase jodi a”? Paske nanpwen sajès nan kesyon sa a.
11 Sajès ansanm ak eritaj bon, e se yon avantaj pou sila ki konn wè solèy yo. 12 Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.
13 Konsidere zèv Bondye yo, paske se kilès ki ka drese sa ke Li menm te koube? 14 Nan jou bonè yo fè kè kontan; men nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.
-
21 Malè a sila ki saj nan pwòp zye yo
e ki sipoze ke yo byen koken yo!
-
13 Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè, 14 pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”
-
23 Konsa pale SENYÈ a:
“Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.
Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,
ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
-
9 Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo;
Sila ki pridan an, kite li konnen yo.
Paske, chemen a SENYÈ yo dwat,
e moun ladwati a va mache ladan yo;
men transgresè yo va glise tonbe nan yo.
-
54 Li rive nan vil pa Li a, e Li te kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo?
-
14 Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou. 15 Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.
-
4 Lè rèn a Séba te vin konprann tout sajès a Salomon an, kay ke li te bati a, 5 manje sou tab li, kapasite sèvitè li yo, jan moun ki te sèvi tab yo te atantif, jan yo abiye, pòtè tas diven yo, ak eskalye li, kote li te monte rive lakay SENYÈ a, li te vin pa gen kouraj ankò. 6 Konsa, li te di a wa a: “Rapò ke m te tande soti nan peyi mwen selon pawòl ou avèk sajès ou a te vrè. 7 Men mwen pa t kwè rapò yo jiskaske mwen te rive e zye m te wè li. Epi vwala, yo pa t pale m mwatye verite. Ou depase nan sajès avèk richès rapò ke m te tande a. 8 Jan mesye pa ou yo beni! Beni se sèvitè ki kanpe devan ou yo tout tan pou tande sajès ou.
-
36 Se kilès ki te mete sajès nan kè lòm,
oswa te bay bon konprann nan panse a?
37 Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès,
oswa vide gwo krich dlo syèl yo,
-
HE
33 Enstwi mwen, O SENYÈ, nan chemen règleman Ou yo
e mwen va obsève li jiska lafen.
34 Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou.
Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.
35 Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo,
paske sa fè kè m kontan.
-
1 Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen,
apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;
2 pou ou kab kenbe sajès
e pou lèv ou ka konsève konesans.
-
10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;
men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.
-
20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan vale tout.
21 Sila ki swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
-
30 Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
-
16 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Men gade, mwen te fè sajès vin grandi e ogmante plis pase tout lòt wa ki te sou Jérusalem avan mwen yo. Wi, panse mwen te obsève anpil richès ak sajès avèk konesans.” 17 Mwen te dirije panse mwen pou konnen sajès e pou konnen sa ki ensanse ak sa ki foli nèt. Konsa, mwen te vin wè ke sa osi se chache kouri dèyè van. 18 Paske nan anpil sajès gen anpil tristès, e nan anpil konesans gen anpil doulè.
-
5 Sila ki swiv yon kòmand wayal pa jwenn twoub; paske yon kè saj konnen tan ak mwayen ki bon pou aji.
-
52 Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.
-
2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, 4 pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.
5 Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an. 6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
-
6 Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.
Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.
-
43 Se kilès ki saj? Kite li bay atansyon a bagay
sa yo e konsidere lanmou dous SENYÈ a.
-
32 “Alò, pou sa, fis yo, koute mwen;
paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
33 Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
34 Beni se moun ki koute mwen an,
k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,
k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
35 Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi
e resevwa lonè devan SENYÈ a.
36 Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal;
tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”
-
30 Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi,
e sila ki saj yo va sove nanm yo.
-
33 Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan;
menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.
-
3 Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan;
men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.
-
15 Baton ak repwòch bay sajès;
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
-
11 Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.
-
8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,
ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.
9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,
konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,
e panse Mwen yo ke panse pa w yo.
-
7 Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li.
Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo;
men pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.
8 “‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’,
epi lalwa SENYÈ a avèk nou?”
Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.
9 Mesye saj yo vin wont, yo vin deranje e sezi.
Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ a.
Ki kalite sajès k ap rete nan yo?
-
20 Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.
-
11 Gen yon nonm nan wayòm ou a, nan li menm twouve lespri a dye sen yo; epi nan jou a papa ou yo, limyè, bon konprann, ak sajès tankou sajès a dye yo te twouve nan li. Epi Wa Nebucadnetsar, papa ou, Wa a, te chwazi li chèf sou majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. 12 Se te akoz yon lespri ekstrawòdinè, konesans, bon konprann, entèpretasyon a rèv yo, eksplikasyon a fraz ki nwa ak kapasite pou rezoud pwoblèm difisil. Tout sa te twouve nan Daniel sila a, ke wa a te rele Beltschatsar. Kounye a, kite yo rele Daniel e li va fè deklarasyon a entèpretasyon an.”
-
3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan. 4 Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”
-
25 Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. 26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou. 27 Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
-
21 Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”
-
23 Konsa, Wa Salomon te vin pi gran ke tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès. 24 Tout latè t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès li ke Bondye te mete nan kè li.
-
13 Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès;
men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
14 Moun saj yo ranmase konesans;
men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.
-
17 Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo;
epi aplike ou a konesans mwen.
18 Paske sa va byen agreyab pou ou
si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
19 Pou konfyans ou kapab nan SENYÈ a,
mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
20 Èske mwen pa t ekri ou trant bèl bagay,
de konsèy ak konesans yo?
21 Pou fè ou konnen vre pawòl verite yo,
pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
-
12 Bondye te fè tè a pa pouvwa Li.
Li te etabli lemonn ak sajès Li;
ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
Shows Read in context, Share and Copy.