37 Bible Verses About New Year
Bib Sen An (BSA)
-
1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.
-
17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.
-
12 Se pa ke m rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.
13 Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, 14 mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondyenan Kris Jésus a. 15 Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa Bondye va osi revele sa a nou.
-
22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,
paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 Yo renouvle chak maten.
Gran se fidelite Ou.
24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”
Se sa nanm mwen di m.
Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,
a moun ki chache Li a.
-
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a
-
11 Chache SENYÈ a avèk fòs Li.
Chache figi Li san rete.
12 Sonje zèv mèvèy ke Li te fè yo,
mèvèy Li yo ak jijman,
ki sòti depi nan bouch Li,
13 O desandan Israël, sèvitè Li yo,
fis a Jacob yo, sila Li te chwazi yo!
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
9 Panse a lòm fè plan pou wout li;
men SENYÈ a dirije pa li yo.
-
11 Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou.
Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.
-
12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,
pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.
-
11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi.
-
17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
-
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
-
17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon. 18 Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.
-
1 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf!
Chante a SENYÈ a tout latè a.
2 Chante a SENYÈ a!
Beni non Li!
Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
3 Pale glwa Li pami nasyon yo,
zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
-
13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
-
5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.
8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Paske, sila ki manke kalite sa yo avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo.
10 Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe.
-
4 Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou,
e akonpli tout plan ou yo!
-
25 Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo. 26 Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè. 27 Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo. 28 Nou va rete nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo. Konsa, nou va pèp Mwen, e Mwen va Bondye pa nou.
-
17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.
-
11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
2 “Mwa sa a va vin premye nan mwa yo pou nou. Li va premye mwa nan ane a pou nou.
-
18 Anverite, gen davni,
e espwa ou p ap anile.
-
18 “‘Lè yo vini la, yo va retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann. 19 Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè, 20 pou yo ka mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste. 17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.
-
11 Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.
-
26 Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
27 “Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.
-
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
-
20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.
-
2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman.
Shows Read in context, Share and Copy.